POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 16 janvye 2015  

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

SENK FINALIS NAN KONPETISYON POU PRIM MEYÈ PWOFESÈ FRANCISCO R. WALKER POU ANE 2016 LA NAN MIAMI-DADE

Lekòl Leta Miami-Dade County pral òganize dine Francisco R. Walker Meyè Pwofesè 2016 nan Miami-Dade County pou nonmen pwofesè ki pi ekstrawòdinè atravè Distri a jedi 5 fevriye a 6:00 diswa nan DoubleTree akote Hilton Miami Airport & Convention Center. Yo ap chwazi tou Meyè Pwofesè Premye Ane pou 2015. Yo ap fè evènman an nan 711 N.W. 72nd Ave.

Nan lis ki ap suiv la genyen senk finalis yo, zòn yo reprezante ak lekòl yo:

• Nò – Christine Rodriguez, Lekòl Segondè Hialeah Gardens
• Santral – Lisa Hauser, Akademi “iPreparatory”
• Sid – Geoffrey Aladro, Sant K-8 Frank C. Martin
• “Education Transformation Office (ETO)” (Biwo Transfòmasyon Edikasyon) – Tawana Akins, Lekòl Elemantè Holmes
• Edikasyon Adilt/Vokasyonèl/Altènativ – Charlemagne Olius, “Educational Alternative Outreach”

Enstitisyon ki ap patwone e prezante evènman an se United Way of Miami-Dade, Kendall Toyota ak South Florida Educational Federal Credit Union. Enstitisyon ki ap sipòte evènman an se Univision 23 ak UniMas 69, Fox-Mar Photography, ak Abraham S. Fischler School of Education nan Nova Southeastern University, nan patenarya avèk “United Teachers of Dade (UTD)” (Sendika Pwofesè nan Dade), Konsil PTA/PTSA Miami-Dade County ak “Dade Association of School Administrators (DASA)” (Asosyasyon Administratè Lekòl nan Dade). Kendall Toyota ap remèt gayan an kle yon machin nèf.

Distri a ak United Teachers of Dade ap rekonèt tou finalis Meyè Pwofesè Premye Ane pou 2015, e y ap anonse gayan an nan evènman an. Men lis finalis yo:

• Nò – Stacey Lynn Rodriguez, Lekòl Mwayen Lawton Chiles
• Sid – Desiree Amber Chase, MAST @ Homestead
• Santral – Elizabeth Rulan, Lekòl Segondè Miami Springs
• Edikasyon Adilt/Vokasyonèl/Altènativ – Rebekah Erdvig, “Educational Alternative Outreach Program”

Pou plis enfòmasyon kontakte Biwo Angajman Kominotè nan 305-995-3050.

Disponiblite pou Laprès: Si ou ta renmen fè entèvyou avèk finalis yo avan evènman an, silvouplè kontakte Biwo Relasyon Piblik la nan 305-995-2060.

# # #

15-DGD/176/DF/CM

Retounen sou Nòt pou Laprès