POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 21 janvye 2015

KONTAK: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

ELÈV AKADEMI KARYÈ PRAL PATISIPE NAN JOUNEN
NASYONAL AKTIVITE “GROUNDHOG JOB SHADOW”

KIYÈS: 
Elèv Akademi Karyè Depatman Karyè ak Edikasyon Teknik M-DCPS ak “National Academy Foundation (NAF)” (Fondasyon Akademi Nasyonal) ak patnè kominotè
KISA:
Jounen Nasyonal “Groundhog Job Shadow”  
KILÈ: 

Madi 3 fevriye 2015
9è dimaten – 1è nan aprèmidi

KI KOTE: 
Diferan Konpayi atravè Miami-Dade County   
POUKISA:
Jounen Nasyonal “Groundhog Job Shadow” sipòte aprantisaj ki ap fèt andeyò salklas e ofri elèv yon opòtinite pou wè koneksyon ant akademik ak demand mache travay la.  
 
Evènman sa a fè pati patenarya e patisipasyon Distri a nan Plan Enplemantasyon Endistri  “One Community One Goal” (Yon Kominote Yon Bi) yo Sible pou ankouraje angajman biznis nan edikasyon e ede elèv prepare pou karyè. Elèv ki enskri nan akademi karyè ak tèm ki gen ladan Jeni, Ospitalite ak Touris, Finans, Enfòmatik ak Syans Sante, ap prepare pou fè estaj nan ete a.

Li pa twò ta pou angaje w nan patwone yon elèv oubyen yon gwoup elèv pou evènman sa a.  Pou plis detay oubyen enfòmasyon, kontakte Depatman Karyè ak Edikasyon Teknik nan 305-693-3030 oubyen klike sou lyen ki anba a pou enskri anvan dènye dat enskripsyon an: madi 27 janvye 2015: http://bit.ly/1xtZ2ZV.
 
Suiv evènman sa a nan sèvi ak #JobShadowMDCPS.

# # #

15-DGD/177/DF/RL

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès