POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 26 janvye 2015 

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

OU VLE ALE NAN KOLÈJ?
FWA KOLÈJ NASYONAL LA AP VIN MIAMI, 22 FEVRIYE
ENSKRI DAVANS SOU ENTÈNÈT KOUNYE A!

Reprezantan prèske 200 kolèj ak inivèsite ap nan Fwa Kolèj Nasyonal 2015 la nan Miami, midi pou 4è nan aprèmidi, dimanch 22 fevriye, nan Doubletree Miami Airport Hotel & Convention Center, 777 N.W. 72 Ave.

Fwa gratis la ap pèmèt elèv, paran ak lòt manm nan piblik la rankontre avèk reprezantan kolèj yo e jwenn repons pou kesyon yo. Yo pral ofri tou sesyon enfòmasyon gratis sou èd finansyè, planifikasyon ak admisyon nan kolèj, e demand pou egzamen yo mande. Yo ap prezante sesyon yo chwazi ann Espayòl e an Kreyòl. Konseye ak sant òdinatè pral pèmèt elèv yo jwenn aksè sou sondaj karyè ki enterese yo ak enfòmasyon sou preparasyon pou kolèj, admisyon ak bousetid.

Mande enfòmasyon nan plizyè kolèj oubyen inivèsite nan Fwa Kolèj la pral pi fasil ane sa a ankò pou elèv. Lè elèv enskri davans kounye a, yo ka enprime yon konfimasyon ki kode ak ba, kòm yon idantifikasyon elektwonik e yo pap bezwen ranpli kat enfòmasyon yo. Elèv ak fanmi yo ka enskri davans nan www.gotomyncf.com.

Se “The National Association for College Admission Counseling (NACAC)” (Asosyasyon Nasyonal Konseye Admisyon pou Kolèj) ak Lekòl Leta Miami-Dade County ki patwone evènman an. Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Perla Tabares Hantman se ko-chèmann komite lokal Fwa Kolèj Nasyonal la. Madan Hantman, ki ko-chèmann komite fwa lokal la depi 19 ane konsekitif di, “Fwa Kolèj la bay fanmi yo aksè fasil ak ekselan enfòmasyon sou opòtinite edikasyonèl… Se yon bonjan fason pou fanmi vin enfòme e pou yo dekouvri opsyon pou edikasyon apre lekòl segondè.”

Chak ane NACAC patwone fwa nan 50 vil atravè peyi a ki atire 650,000 elèv ak paran. Pou plis enfòmasyon, kontakte liy telefòn Fwa Kolèj la nan 305-995-1739 oubyen vizite www.nacacnet.org

Nòt Editè a:
SILVOUPLÈ METE ANONS SA A SOU KALANDRIYE KOMINOTÈ/LIS AKTIVITE KI PRAL FÈT.
#collegefairmiami

 

###

15-DGD/180/jam/RL

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès