POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 27 janvye 2015 

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

M-DCPS AP PREZANTE EVÈNMAN LANSMAN PWOJÈ BON AN  


Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, Manm Komisyon Konsèy Lekòl ak lidè kominotè pral patisipe nan yon seri evènman espesyal ki ap fèt atravè Miami-Dade County pou lanse pwojè bon an nan lekòl yo ki se rezilta apwobasyon eksepsyonèl votè yo pou Bon Obligasyon Jeneral $1.2 milya a.  Yo ap sèvi avèk bon an pou modènize e konstwi bilding lekòl atravè distri a, ogmante kapasite elèv, mete plis sekirite nan etablisman yo, e ofri modènizasyon teknoloji nan tout lekòl.   

Modènizasyon ak nouvo bilding pou lekòl yo nan pwosesis planifikasyon kounye a, an preparasyon pou konstriksyon.  Yo enstale nouvo enfrastrikti sanfil debaz, nan prepare chemen pou lekòl yo antre nan epòk dijital la.

Nan pran tout avantaj teknoloji ki genyen jodi a ak anviwònman aprantisaj dijital yo, e ranplase oubyen mete ajou ansyen bilding lekòl yo, distri lekòl la bay tout elèv posiblite pou yo gen aksè sou pwogram akademik dènye kri ak mezi pwoteksyon e sekirite modèn.

Evènman yo pwograme yo gen ladan:

Vandredi 30 janvye 2015
9è dimaten
American Senior High School
18350 N.W. 67 Avenue
Miami, Florida 33015
(Estimasyon Depans: Apeprè: $7.4
Milyon)           

Lendi 2 fevriye 2015
9è dimaten
Miami Sunset Senior High School
13125 S.W. 72 Street
Miami, Florida 33183
(Estimasyon Depans: Apeprè: $5.8 milyon)

Jedi 5 fevriye 2015
9è dimaten
Cutler Bay Academy
19400 Gulfstream Road    
Cutler Bay, Florida 33157 
(Estimasyon Depans: Apeprè:  $12.6 milyon)

Lendi 9 fevriye 2015
9è dimaten
West Homestead K-8 Center
1550 S.W. 6 Street
Homestead, Florida 33030
(Estimasyon Depans: Apeprè: $10.2 milyon)

###

14-DGD/181/TTR/RL

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès