POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 2 fevriye 2015  

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

CORAL GABLES PREP GENYEN 2YÈM PLAS NAN KONPETISYON ETA A
“NOU MENM PÈP LA”

Jou 23 janvye, “Global Leaders Club” (Klib Lidè Global) la soti nan “Coral Gables Preparatory Academy” (Akademi Preparatwa Coral Gables) genyen dezyèm plas pou finalis eta a nan konpetisyon “We The People” (Nou Menm Pèp La).

“We the People” se yon konpetisyon similasyon odyans kongrèsyonèl kote elèv yo demontre konpetans yo sou Konstitisyon Etazini ak Dwa yo. Yo dwe kapab entèprete e aplike lwa li yo ki gen pou wè ak evènman aktyèl yo.

Se yon panèl manm distenge nan kominote a ki gen ladan jij ak avoka ki jije ekip elèv yo. Konpetisyon an genyen ladan sis gwoup twa elèv ki chita devan yon panèl jij e fè deba e diskite sijè global ak domestik e kòman yo aplike Konstitisyon Etazini an nan sijè sa yo.

Kilb Lidè Global la gen ladan pwofesè Cristina Velasquez-Colon ak elèv ki ap suiv yo: Nicolle Anillo, Sophia Del Granado, Isabella Del Granado, Robin Garrido, Sophia Jarjour, Sebastian McGraw, Bryan Hehir, Sebastian Stiefel, Lucas Picciano, Katya Gutierrez, Kristen Sosa, Marisol Hernandez, Aiko Puerto, Justin Rodriguez, Kamil Segebre ak Lucas Virgil.

Ekip gayan dezyèm plas la soti nan Akademi Prep Coral Gables.

 

###

15-DGD/185/KD/CF

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès