
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 4 fevriye 2015 |
KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
MIAMI KLASE # 1 NAN PWOFI SOU ENVESTISMAN NAN EDIKASYON, MEYÈ NAN PEYI A
Yon etid resan montre Miami, Florid gen pi gwo to nan pwofi sou envestisman nan edikasyon pami 90 pi gran vil nan Etazini. Se Wallet Hub, ki se yon sit Entènèt finansye nasyonal pou konsomatè ak pwopriyetè ti biznis ki te fè etid la. Depans edikasyon nan ‘‘Miami-Dade County Public Schools M-DCPS’’ (Lekòl Leta Miami-Dade County) montre pi gwo efikasite pase lòt gran vil atravè Etazini, ki gen ladan New York, Los Angeles, ak Chicago, menmjan ak gran vil nan Florid ki gen ladan Tampa, St. Petersburg, Orlando, Jacksonville ak Fort Lauderdale.
Sipèentandan Alberto Carvalho di, "Sa se yon nouvèl nou byen akeyi ki reflete travay di pwofesè Lekòl Leta Miami-Dade County… Malgre defi povrete ak lang, elèv yo ap resevwa yon edikasyon dekalite nan yon pri rezonab pou moun ki peye taks."
Atravè yon seri re-òganizasyon, nou te redui pou plis pase 57 pousan kantite anplwaye nan biwo santral Distri a, avèk anpil edikatè ki te retounen al anseye nan salklas. Malgre rediksyon yo, Distri a kontinye amelyore akademikman, e li te resevwa “Broad Prize” 2012 pou Edikasyon Iben, pi gwo prim edikasyon K-12 nan peyi a, yo bay ti non Pri Nobèl Edikasyon e ki onore distri lekòl ki pi byen fèmen eka akonplisman pou elèv minoritè.
Rezo a di nan yon deklarasyon, “WalletHub pran yon plezi espesyal pou li felisite Miami dèske yo nonmen li kòm Vil nan Etazini avèk Depans Edikasyon ki Pi Efikas. Miami monte nan tèt lis sa a sou 90 vil ki pi peple nan peyi a akoz konbinezon mwayèn nòt egzamen li ki wo e depans edikasyon ki ba pou chak elèv... Distri Lekòl Leta Miami-Dade County dekouvri klèman yon fòmil siksè pou adrese bezwen elèv yo nan yon fason ekonomik, e sètènman sa merite pou yo rekonèt e imite li atravè peyi a.”
Yo fè de (2) odit masif youn apre lòt sou plis pase $500 milyon nan finansman federal sans yo pa jwenn okenn erè. Apre yon dènye odit ekstèn, distri a te resevwa opinyon ki pi favorab baze sou deklarasyon finansye li yo, ki endike yo te suiv pratik kontablite finansye vyab e distri a fonksyone nan yon fason ekstrèmman responsab fiskalman.
M-DCPS resevwa sètifika ekselans nan men Asosyasyon Ofisye Finans Gouvènman an depi 29 ane e nan men Asosyasyon Ofisyèl Biznis Lekòl depi 30 ane. Anplis, an 2012, ‘‘Financial Management by th eCouncil of the Great City’’ (Konsèy Lekòl Gran Vil) yo te prezante distri lekòl la Prim dezirab pou Ekselans nan Jesyon Finansye a.
Etid la
Wallet Hub te note gen gwo varyasyon nan kalite edikasyon de vil an vil. Yon etid Harvard University ak Biwo Nasyonal Rechèch Ekonomik tire konklizyon sa a, bidjè lekòl leta depann sou taks lokal yo, e diferans nan finansman sa yo ka okazyone inegalite nan revni lè elèv yo rive nan laj adilt. Chèchè yo jwenn kalite distri lekòl yo reflete kantite lajan taks kominote a kapab ponpe nan ekonomi lokal yo. Sit Entènèt la obsève gouvènman eta ak lokal yo fè eksperyans gwo rediksyon nan bidjè yo nan dènye ane sa yo, akoz Gwo Resesyon an. Chèchè yo chwazi pou analize ak ki kalite efikasite vil yo ap depanse lajan takspeyè yo nan edikasyon lekòl leta, e kalkile pwofi sou envèstisman edikatif nan 90 vil ki pi peple nan peyi a.
Yo divize nòt total egzamen estandadize chak vil nan lekti ak matematik pou klas 4yèm ak 8yèm ane eskolè pa depans total edikasyon pou chak elèv. Yo nòmalize done yo pa kat faktè sosyo ekonomik kle: to povrete ak revni mwayèn fanmi paran selibatè ak pousantaj fanmi ki pa pale anglè. Miami se minisipalite ki pi gwo nan Miami-Dade County, kay M-DCPS, katriyèm pi gwo distri lekòl nan peyi a, avèk 350,000 elèv K-12.
###
15-DGD/190/JJS/SD
Retounen sou Nòt pou Laprès |