POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 5 fevriye 2015

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

YO NONMEN GEOFFREY ALADRO MEYÈ PWOFESÈ M-DCPS POU ANE A, DESIREE AMBER CHASE SE GAYAN MEYÈ PWOFESÈ DEBITAN

Yo nonmen Geoffrey Aladro, yon pwofesè “International Baccalaureate (IB)” (Bakaloreya Entènasyonal) nan Sant K-8 Frank C. Martin kòm Meyè Pwofesè Francisco R. Walker 2016 pou Miami-Dade County nan yon seremoni nan DoubleTree by Hilton Miami Airport & Convention Center aswè a.

Senk finalis te nan konpetisyon ane sa a pou tit dezire sa a, ki gen ladan yon moun yo nonmen nan chak twa rejyon Distri yo, youn nan Biwo Transfòmasyon Edikasyonèl e youn nan Edikasyon Altènatif.

Aladro, ki fyè dèske li se yon gradye Lekòl Leta Miami-Dade County, ap anseye Istwa Etazini nan 8yèm ane eskolè.  Veteran ansèyman sèt ane a abitye ak gwo onè nan ansèyman.  Yo te nonmen li Meyè Pwofesè Debitan pou Ane a pou lekòl li pandan premye ane ansèyman li.  Youn nan objektif li nan kòmansman chak ane se pou l kreye yon koneksyon avèk chak adilt oubyen timoun li rankontre nan lekòl li a.  Akoz li ap anseye nan yon Sant K-8 e elèv ka rete nan menm anviwònman an pou omwen nèf ane, Aladro kwè li pral evantyèlman anseye oubyen gen yon lyen ak pifò elèv nan lekòl li a.  Christine Rodriguez ki soti nan Lekòl Segondè Hialeah Gardens se dezyèm meyè pwofesè pou ane a.

Yo rekonèt tou nan evènman an meyè pwofesè debitan yo.  Yo nonmen Desiree Amber Chase, yon pwofesè nan MAST @ Homestead, kòm Meyè Pwofesè Debitan pou Ane a.  Rebekah Erdvig, yon pwofesè nan Pwogram Sansibilizasyon Edikasyon Altènatif, te dezyèm Meyè Pwofesè Debitan pou Ane a. 

Meyè Pwofesè  Francisco R. Walker 2016 pou Ane a Geoffrey Aladro, goch, Sipèentandan Lekòl Miami-Dade Alberto M. Carvalho, ak Meyè Pwofesè Debitan 2015 pou Ane a Desiree Amber Chase.

 

###

15-DGD/193/GC/SD

 

Retounen sou Nòt pou Laprès