POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 5 fevriye 2015   

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

MAGNET MIZIK SANT K-8 SOUTH MIAMI GEN ANPIL POU LI SELEBRE

Twa elèv ki soti nan Sant K-8 South Miami te pami gwoup elèv Florid yo te chwazi pou patisipe nan “Florida Music Educators Association Elementary All-State Choir” (Koral Elemantè a Asosyasyon Edikatè Mizik Florid nanTout-Eta a mwa pase.

Yo te chwazi elèv, Enzo Araya ak Nicholas Rodriguez, toude, elèv senkyèm ane eskolè, ak Isabella Figueroa, katriyèm ane eskolè, aprè yon pwosesis odisyon trè konpetitif, kote yo pèmèt chak lekòl soumèt sèlman senk odisyon elèv.  Yon fwa yo te chwazi yo, triyo a te fè preparasyon pandan tout vakans ivè a, e aprè yo te ale nan yon pwomnad twa jou pou yo pèfòme nan Tampa.

Yo te rankontre ak yon koral timoun 200 manm ki reprezante meyè chantè katriyèm ak senkyèm ane eskolè nan eta a.

Anplis, yo te onore Vivian Gonzalez, pwofesè magnet mizik Sant K-8 South Miami kòm yon semi-finalis pou Prim Edikatè Mizik pou ane 2015 lan.  Kòm rezilta, Sant K-8 South Miami resevwa yon donasyon $ 4,000 nan men Ford “Drive 4Ur School” (Kolekte Lajan pou Lekòl Nou yo), yon prim Fondasyon Ford, Ryan Seacrest ak Fondasyon Grammy kreye pou onore e sipòte edikatè ekselan mizik atravè peyi a.

###

15-DGD/195/HD/SD

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès