POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 9 fevriye 2015

KONTAK: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

M-DCPS AP FÈ YON EVÈNMAN LANSMAN PWOJÈ BON AN NAN SANT K-8 WEST HOMESTEAD

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, Vis Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Dtè. Lawrence S. Feldman, ak lidè nan kominote a te rasanble nan Sant K-8 West Homestead jodi a pou yon evènman lansman pwojè bon an ki se rezilta apwobasyon eksepsyonèl votè yo pou Bon Obligasyon Jeneral $1.2 milya a. Yo ap sèvi avèk GOB a pou modènize e konstwi bilding lekòl atravè distri a, ogmante kapasite elèv, mete plis sekirite nan etablisman yo, e ofri modènizasyon teknoloji nan tout lekòl.

Pwojè renovasyon Sant K-8 West Homestead la pral gen ladan demolisyon bilding yo chwazi, nouvo konstriksyon salklas adisyonèl pou itilizasyon jeneral ak syans pou fini konplètman ak konvèsyon lekòl la pou yon sant K-8, ki ap akomode apwoksimativman 270 elèv lekòl mwayen. Pwojè a gen ladan tou teras pou ar e pou manje, espas “P.E.”, lakou pou jwe, remodle rès bilding ki egziste yo pou gen ladan amelyorasyon sistèm HVAC, remodle salklas, pasaj pyeton ki kouvri, ak amelyorasyon pakin ak andwa a. Pwogram GOB a bay yon alokasyon total $9,500,556 pou pwojè a e “CRA” Vil Homestead la pwomèt $775,000 adisyonèl pou pwojè a, pou yon alokasyon total $10,275,556.

Rodriguez Architects, Inc. se achitèk pwojè a. Achitèk la gen toude, sètifikasyon M/WBE ak SBE/MBE, e li pran angajman pou yon objektif 35 pousan patisipasyon sou-konsiltan SBE/MBE, ki depase objektif patisipasyon 25 pousan yo mande a. Nan reyinyon 11 fevriye 2015 la, Komisyon Konsèy Lekòl la pwograme pou l komisyone MCM kòm kontraktè pwojè a pou li ka bay sèvis pre-konstriksyon. Kontraktè a pran angajman pou objektif patisipasyon sou-konsiltan SBE/MBE 10 pousan pandan pre-konstriksyon an, 25 pousan pandan konstriksyon an, e 20 pousan pandan aktivite jesyon konstriksyon an. MCM pran angajman tou pou “Local Workforce Utilization Goal” (Objektif Itilizasyon Mendèv Lokal) 30 pousan, kòmanse nan yon perimèt “10-mile”, e li pral travay deprè avèk CRA Vil Homestead la e Biwo Opòtinite Ekonomik Distri a pou akonpli objektif sa a. Yo pwograme pou fini plan an nan otòn ane sa a avèk yon alokasyon pou pwojè konstriksyon nan kòmansman 2016 e dat finisman konstriksyon an desanm 2017.

 

Mitan goch a dwat – Vis Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Dtè. Lawrence S. Feldman ak Sipèentandan Alberto Carvalho rankontre ak anplwaye e elèv yo jodi a nan Sant K-8 West Homestead pou yon evènman lansman pwojè bon an.

# # #

15-DGD/197/DF/RL

 

Retounen sou Nòt pou Laprès