POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 9 fevriye 2015  

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

PLIS PASE 10,000 MOUN PATISIPE NAN EKSPOZISYON STEM MIAMI-DADE

Ekspozisyon STEM Miami-Dade la rasanble ansanm elèv ki pi kreyatif, entelijan e ki gen plis resous pou fè konpetisyon e demontre ladrès yo nan aktivite STEM.  Tèm ane sa a se te “from iDeas to Reality” (Kite Lide Antre nan Reyalite).  Ekspozisyon STEM nan ekspoze fwi travay di elèv yo e ofri yon eksperyans aprantisaj sou responsablite pou kominike rechèch ak plan jeni STEM bay kominote a.

Vis Amiral Vivek H. Murthy, Minis Sante Etazini, ansyen elèv Lekòl Segondè Miami Palmetto,  te fè yon prezantasyon e li te rankontre elèv yo.  Dtè. Murthy te “Valedictorian” Klas 1994  Miami Palmetto a.

Vis Amiral Vivek H. Murthy, Minis Sante Etazini, ak Sipèentandan Alberto Carvalho rankontre elèv STEM yo pandan Ekspozisyon STEM Miami-Dade la.

 

###

15-DGD/198/DF/CM

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès