POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 18 fevriye 2015

KONTAK: Carline Faustin
305-995-1188

M-DCPS AP OBSÈVE JOUNEN POU MENNEN PITIT FI AK PITIT GASON OU NAN TRAVAY 10 AVRIL 2015 AKOZ PLIZYÈ EVALYASYON

MIAMI – "Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)’’ (Lekòl Leta Miami-Dade County) pral obsève Jounen pou Mennen Pitit Fi ak Pitit Gason ou nan Travay vandredi 10 avril 2015 olyede 23 avril jou obsèvans nasyonal la pou minimize distraksyon nan egzamen (FCAT 2.0, FSA, FAIFS, ak FSA EOC).

Yo òganize li pou li plis pase yon jounen karyè, pwogram "Take Your Our Daughters and Sons To Work Day” (Jounen pou Mennen Pitit Fi ak Pitit Gason Ou Nan Travay) ale pi lwen pase ‘‘shadow’’ (asiste) eksperyans yon adilt. Ekspoze ti fi ak ti gason nan sa yon paran oubyen yon konseye ki nan vi yo ap fè pandan jounen travay li enpòtan, men montre yo valè edikasyon, ede yo dekouvri puisans ak posiblite ki asosye pou balanse travay ak lavi familyal fè plis toujou. Jounen pou Mennen Pitit Fi ak Pitit Gason Ou Nan Travay ba yo yon opòtinite pou pataje kòman yo anvizaje avni yo e kòmanse pran mezi davans anvè bi final yo. Anviwònman pratik e entèraktif sa a se kle pou yo akonpli siksè.

# # #

15-DGD/199/SO/SD

Retounen sou Nòt pou Laprès