POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 11 fevriye 2015

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

KOMISYON KONSÈY LEKÒL LA APWOUVE PWOJÈ GOB KI TOTALIZE POU PLIS PASE $45 MILYON 

MIAMI – Pwogram “General Obligation Bond (GOB)” (Bon Obligasyon Jeneral) $1.2 milya Lekòl Leta Miami-Dade County votè yo te eksepsyonèlman apwouve an novanm 2012 la ap avanse a gran pa pou pi devan avèk komisyònman resan twa konpayi jesyon konstriksyon ak yon konpayi achitekti/jeni pou pwojè nan diferan lekòl leta Miami-Dade.

Nan reyinyon fevriye a, Komisyon Konsèy Lekòl la te komisyone MCM, Turner Construction, D. Stephenson Construction, ak Silva Architects, LLC pou kat pwojè konstriksyon lekòl ki gen ladan espas salklas adisyonèl nan de (2) lekòl pou fasilite konvèsyon yo pou K-8, ansanm ak re-amenajman ak renovasyon salklas atravè toulèkat lekòl yo ki gen ladan ranplasman sistèm HVAC, pasaj kouvri pou pyeton, amelyorasyon andwa a, amelyorasyon enteryè tankou nouvo planche, ekleraj, ak pwoteksyon e sekirite modèn. Total konbine pou envestisman pwojè GOB nan lekòl yo depase $45 milyon. Tablo anba a bay enfòmasyon konsènan konpayi yo komisyone yo:

LEKÒL

KONPAYI

BIDJÈ PWOJÈ (GOB Finanse)

 

Madie Ives Elementary

 

Silva Architects, LLC;
MCM

 

$15,358,102

 

Cutler Bay Academy for Advanced Studies, Cutler Ridge Campus

 

Turner Construction

 

$12,631,148

 

American Senior High

 

D. Stephenson Construction

 

$7,282,826

 

West Homestead K-8 Center

 

 MCM

 

$10,275,556

Pou suiv pwogrè sou bon an, ale nan http://bondsforschools.dadeschools.net/.

 

###

15-DGD/200/TTR/RL

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès