POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 13 fevriye 2015

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

YO ENVITE DE DIREKTÈ LEKÒL M-DCPS POU PATISIPE
NAN PREMYE KONGRÈ LIDÈ LEKÒL SEGONDÈ

De (2) direktè nan Lekòl Leta Miami-Dade County: Dtè. Stacey Mancuso nan Lekòl Segondè “Design and Architecture” ak Dtè. Omar Monteagudo nan “School for Advanced Studies” te vin rankontre avèk lidè lekòl ak ekspè ki soti nan tout peyi a, semèn pase, pou yon kongrè de (2) jou Fondasyon Jack Kent Cooke nan Washington, D.C. te òganize.

Patisipan nan kongrè a te chèche fason pou idantifye solisyon pou fèmen eka ekselans la – inegalite enkyetan ki genyen nan pèfòmans akademik ant elèv paran yo gen revni ba ak sa ki gen revni wo nan nivo avanse yo.  Fondasyon Jack Kent Cooke ofri pi gwo bousdetid nan peyi a bay elèv ki ap pèfòme nan nivo wo ki gen bezwen finansye.   

Fondasyon Cooke te envite Monteagudo ak Mancuso pèsonèlman pou kolabore avèk plis pase 100 lòt direktè lekòl Segondè yo seleksyone, ansanm ak lidè òganizasyon tankou Konsòsyòm Nasyonal Lekòl Segondè STEM, chèchè ki konsantre sou elèv ki ap pèfòme nan nivo wo, elèv paran yo gen revni ba, lòt founisè bousdetid, defansè edikasyon, ak John B. King Jr., konseye espesyal Sekretè Edikasyon Etazini Arne Dunkan, pou yo ka aprann sou rechèch dènye kri e pataje ak idantifye pi bon pratik pou sipòte elèv ki ap pèfòme nan nivo wo, ki gen bezwen finansye. 

Nan evènman istorik sa a, yo te kreye yon nouvo òganizasyon avèk direktè sa yo, “Coalition of Liders for Advanced Students Success” (Kowalisyon lidè pou Siksè Elèv Avanse), avèk yon  ajanda pou sipòte e defann elèv ki ap pèfòme nan nivo wo ki gen bezwen finansye. 

Fondasyon Jack Kent Cooke detèmine pou avanse avèk edikasyon elèv ki eksepsyonèlman briyan ki gen bezwen finansye.  Fondasyon an, yo te fonde nan ane 2000, ofri plis pase $130 milyon nan bousdetid bay plis pase 1,900 elèv e plis pase $80 milyon nan don.   
www.jkcf.org

 

###

15-DGD/202/DF/CM

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès