POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 13 fevriye 2015   

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

DEKLARASYON CHÈMANN KOMISYON KONSÈY LEKÒL MIAMI-DADE PERLA TABARES HANTMAN AK SIPÈENTANDAN ALBERTO M. CARVALHO KONSÈNAN GOUVÈNÈ RICK SCOTT KI NONMEN LUBBY NAVARRO, POU REPREZANTE DISTRI 7  

Deklarasyon Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Perla Tabares Hantman:

Madan Hantman di, “Mwen kontan anpil lè m resevwa anons Gouvènè Scott nonmen Lubby Navarro pou sèvi nan Komisyon Konsèy la pou reprezante Distri 7.  Mwen konnen Madan Navarro depi plizyè ane, anfèt li te sèvi yon fwa kòm asistan mwen nan komisyon konsèy la.

Madan Navarro se yon jèn dam ki eksepsyonèlman briyan e dilijan ki byen konprann konpleksite sistèm edikasyon an e sètènman li pral yon atou pou Komisyon Konsèy la, espesyalman nan moman Lejislati Florid sou wout pou l anbake nan sesyon 2015 li a.  Mwen konnen li pral itilize tout eksperyans li kòm yon pwofesyonèl, kòm yon aktivis sivik, e kòm yon manman pou l pran desizyon ki esansyèl kòm nouvo Manm Komisyon Konsèy nou an.  Kòm Chèmann, mwen met ansanm avèk kòlèg mwen yo pou nou akeyi li nan nouvo pòs li a.”

Deklarasyon Sipèentandan Alberto M. Carvalho:

Carvalho di, “Mwen trè kontan pou anons Gouvènè a fè lè l nonmen Lubby Navarro pou okipe plas vid Carlos Curbelo a aprè yo te eli l nan Kongrè Ameriken an.  Madan Navarro gen lontan depi l ap defann edikasyon piblik e li gen yon timoun nan sistèm lekòl nou an.

Sèvis li nan ekip lòbiyis Distri a fè l vin ekstrèmman enfòme sou efò Distri a pou amelyore reyalizasyon elèv yo, e mwen konnen li pral pote sou podyòm Komisyon Konsèy Lekòl la menm tenasite ak angajman pou elèv, li te toujou montre atravè tout ane li fè ap sèvi kominote sa a.  Nou akeyi nouvote Madan Navarro ap pote nan Komisyon Konsèy la e mwen pa ka tann pou m travay avèk li nan nouvo wòl li a.”

Navarro gen prèske 20 ane eksperyans sèvis piblik, kote l te sèvi tou resamman kòm direktris egzekitif Afè Entègouvènmantal nan Lekòl Leta Miami-Dade County.  Li sèvi kòm manm nan plizyè òganizasyon kominotè ki gen ladan Miami-Dade County Redland Community Council 14 ak United States Coast Guard Auxiliary, United States Homeland Security, Seventh Coast Guard District, Division 6, Flotilla 65 nan South Dade.  Navarro te resevwa diplòm bachelye li nan Florida International
University.

###

15-DGD/204/JJS/CM

 

Retounen sou Nòt pou Laprès