POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 23 fevriye 2015

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

ELÈV EKSPLORE OPSYON EDIKASYONÈL YO NAN FWA KOLÈJ NASYONAL 2015 LA KI TE BYEN REYISI

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) te fè yon fwa Kolèj Nasyonal ki byen reyisi nan Doubletree Miami Airport Hotel.  Plizyè milye elèv ak paran yo te ale nan evènman katrèdtan an pou rankontre avèk reprezantan plis pase 200 kolèj ak inivèsite ki soti toupatou nan mond lan, pou poze kesyon sou admisyon, èd finansye e demand pou egzamen yo mande.

“Fwa Kolèj la ofri fanmi enfòmasyon ekselan ki pral ede pitit yo planifye etid kolèj yo, deside domèn etid akademik yo, e chwazi yon chemen karyè,” daprè Chèmann Komisyon Konsèy Perla Tabares Hantman, ki se ko-Chèmann Komite Fwa Kolèj Nasyonal lokal la depi 19 ane.

Soti Goch rive Dwat: Vis Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Dtè. Lawrence Feldman; Sipèentandan Alberto M. Carvalho; Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Perla Tabares Hantman; ak manm Komisyon Konsèy yo fèk nonmen Lubby Navarro pandan yo ap koupe riban ki ouvè Fwa Kolèj la.

 

###

15-DGD/208/TC/RL

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès