POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi
26 fevriye 2015

KONTAK: Carline Faustin
305-995-1188

PWOGRAM MANJE APRÈ LEKÒL DISPONIB KOUNYE A NAN M-DCPS

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) anonse enplemantasyon “Afterschool Meals Program,” (Pwogram Manje Aprè Lekòl) yon sou konpozan Pwogram Manje Timoun ak Adilt anba “U.S. Department of Agriculture (USDA)” (Depatman Agrikilti Etazini).

Pwogram nan fèt prensipalman pou ofri ti goute ak manje nourisan pou timoun nan pwogram aprè lekòl atravè distri lekòl la. Kòmanse 2 mas 2015, Snack Plus ap disponib san lòt frè frè pou timoun ki enskri nan pwogram swen aprè lekòl nan Medical Academy for Science and Technology, 1220 NW 1st. Ave., Homestead, FL 33030. Pou detay espesifik, silvouplè kontakte lekòl la dirèkteman.

USDA entèdi diskriminasyon kont kliyan li, anplwaye ak aplikan pou anplwa, sou baz ras, koulè, orijin nasyonal, laj, andikap, sèks, idantite seksyèl, relijyon, reprezay, e kote li aplikab, kwayans politik, kondisyon marital, kondisyon familyal oubyen parantal, oryantasyon seksyèl, oubyen si tout oubyen yon pati salè yon endividi soti nan pwogram asistans piblik, oubyen enfòmasyon jenetik anplwa pwoteje oubyen nenpòt pwogram oubyen aktivite Depatman an fè oubyen finanse. (Se pa tout baz yo entèdi ki pral aplikab pou tout pwogram e/oubyen aktivite anplwa.) Si w vle ranpli yon plent kont diskriminasyon nan pwogram Dwa Sivil, ranpli Fòm Plent Kont Diskriminasyon nan Pwogram USDA, ou jwenn sou Entènèt nan www.ascr.usda.gov/complaint_filing_cust.html, oubyen nan nenpòt biwo USDA, oubyen rele 866-632-9992 pou mande fòm nan. Ou ka ekri yon lèt tou ki gen tout enfòmasyon yo mande sou fòm nan. Voye fòm plent ou ranpli a oubyen lèt la ban nou pa lapòs nan U.S. Department of Agriculture, Director, Office of Adjudication, 1400 Independence Avenue, S.W., Washington, D.C. 20250-9410, pa faks 202-690-7442 oubyen lèt elektwonik nan program.intake@usda.gov. Moun ki soud, ki pa tande byen oubyen ki gen andikap langaj ka kontakte USDA atravè Sèvis Relè Federal nan 800-877-8339; oubyen 800-845-6136 (ann Espayòl). USDA se yon founisè ak anplwayè opòtinite egal ego.

# # #

15-DGD/210/TC/RL

Retounen sou Nòt pou Laprès