POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 20 fevriye 2015 

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

LUBBY NAVARRO PRETE SÈMAN KÒM MANM KOMISYON KONSÈY LEKÒL

Lubby Navarro, yon defansè depi lontan pou edikasyon ak sèvis piblik, e yon ansyen anplwaye Komisyon Konsèy Lekòl la, te prete sèman kòm manm Komisyon Konsèy Lekòl pou Distri 7 nan yon seremoni espesyal jodi a nan oditoryòm Bilding Administrasyon Komisyon Konsèy Lekòl la.
           
Lyetman Gouvènè Florid Carlos Lopez-Cantera te dirije prestasyon sèman Madan Navarro kit e antoure ak fanmi, zanmi, ofisyèl eli pase e prezan ak plizyè kòlèg Distri a.

Madan Navarro di, “Mwen soti nan yon fanmi edikatè.  Premye pwofesè mwen se te manman mwen, Zoila, ki te anseye jadendanfan nan peyi natal nou Cuba. Matant ak monnonk mwen se pwofesè lekòl leta nan Miami-Dade, e pitit fi mwen, Stephanie, nan lekòl segondè nan Lekòl Leta Miami-Dade County… Se yon onè pou mwen dèske Gouvènè Rick Scott wè nan mwen pasyon mwen genyen pou edikasyon, e zanmi mwen depi lontan Lyetnan Gouvènè Carlos Lopez-Cantera te la pou administre prestasyon sèman mwen an nan jounen espesyal sa a.”

Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl la Perla Tabares Hantman, Vis Chèmann Dtè. Lawrence Feldman ak manm Komisyon Konsèy Susie Castillo, Dtè. Dorothy Bendross-Mindingall, Dtè. Wilbert “Tee” Holloway ak Dtè. Marta Pérez te prezan nan seremoni an.  Pami moun ki te prezan yo nou jwenn Manm Komisyon Konsèy Lekòl retrete Dtè.  Solomon Stinson ak Demetrio Perez, Reprezantan Etazini Carlos Curbelo, Reprezantan Eta a Brian Avila, Komisyonè County Rebeca Sosa ak Bruno Barreiro.  Aprè seremoni an yo te fè yon resepsyon nan estidyo WLRN.

 

###

15-DGD/213/HD/SD

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès