POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 6 mas 2015

KONTAK: Carline Faustin
305-995-1188

DEPATMAN PLAS AK REKREYASYON MIAMI-DADE ONORE YON ADMINISTRATÈ
M-DCPS KÒM YON FI ENFLYAN NAN SID FLORID

Yo te onore Asosye Sipèentandan Lekòl Leta Miami-Dade County Iraida Mendez-Cartaya yèswa nan 27yèm seremoni Prim Anyèl “In the Company of Women” (Nan Konpayi Fi), Macy’s prezante e Depatman Plas ak Rekreyasyon Miami-Dade patwone.

Mendez-Cartaya, ki pa t ka ale nan evènman sa a, te nan Tallahassee ap travay nan Lejislati Eta a pou plis pase 350,000 timoun ki nan sistèm lekòl la. Mendez-Cartaya sipèvize relasyon entè-gouvènmantal nan nivo lokal, eta, federal ak entènasyonal pou distri lekòl la, ansanm ak akizisyon e jesyon don. Anba direksyon li, valè dola finansman siplemantè pou distri lekòl la ogmante konsiderableman a plis pase $700 milyon.

Mendez-Cartaya, yon anplwaye 25 ane Lekòl Leta Miami-Dade County di, “Mwen kontan travay avèk paran ak lidè kominotè yo, e an jeneral travay avèk lòt moun pou amelyorasyon sèvis edikasyonèl timoun nou yo... Mwen kontan jwenn fason pou nou fè patenarya ansanm, yon fason pou n jwenn solisyon e amelyore kalite lavi nan Miami-Dade.”

Mendez-Cartaya gradye nan University of Miami avèk yon diplòm nan administrasyon biznis ak taksasyon. Li te kòmanse yon karyè nan edikasyon, sepandan, ki te pèmèt li fè sa l pi renmen: pran swen timoun e asire l yo itilize dola taks konte a byen.

Yo te kreye In the Company of Women an 1989 kòm yon fason pou ini popilasyon divèsifye Miami-Dade County a nan rekonèt fi ekstrawòdinè ki fè enpak nan kominote nou an yon fason pozitif. Resipyan yo sot nan plizyè pwofesyon ki gen ladan gouvènman ak politik, dwa, sante, edikasyon, ar, espò, biznis, jounalis ak syans sosyal.

###

15-DGD/219/GC/RL

Retounen sou Nòt pou Laprès