POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 12 mas 2015

KONTAK: Carline Faustin
305-995-1188

YO CHWAZI YON GRADYE LEKÒL SEGONDÈ HIALEAH POU MISS CARNAVAL MIAMI 2015

Klib Kiwanis resamman nonmen Kassandra Montandon, yon ansyen elèv Lekòl Segondè Hialeah, Miss Carnaval Miami 2015. Montandon, laj 20 tan e desandan Kiben-Dominiken, te gradye ak grad Onè nan Miami Dade College.

Li ap reprezante Sid Florid pandan konkou bote Miss Florida USA, etou li ap antre nan Klib Kiwanis nan Little Havana kòm anbasadè pandan evènman kominotè a nan pwojè “goodwill” (bòn volonte) diran ane a.

Montandon pa yon etranje nan sèk konkou bote nan Sid Florid. Li ranpòte plizyè tit prestije ki gen ladan, Miss Teen Hialeah 2012, Miss Hialeah Park Teen USA 2013, Miss South Florida USA 2014, Miss South Miami USA 2015 ak Miss Florida US Supranational 2015.

# # #

15-DGD/223/GC/CF

Retounen sou Nòt pou Laprès