POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 19 mas 2015 

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

ADMINISTRATÈ M-DCPS RESEVWA PI GWO ONÈ GRADYASYON KI SOTI NAN LEKÒL PRESTIJE “COUNCIL OF GREAT CITY” 

Ofisye Anchèf Bidjè “Miami-Dade County Public Schools” (Lekòl Leta Miami-Dade County) Ron Steiger resamman gradye ak estanda pi wo nan Pwogram Lekòl Iben pou Egzekitif Lekòl “Council of Great City”.  Li te patisipe nan pwogram nan pandan tout ane 2014 la.  Se sèlman de (2) nan dis patisipan pwogram nan ki jwenn siksè gradye ak sètifika “Council” la.  Mesye Steiger posede kalite nesesè pou responsab yon pòs egzekitif ak eksperyans ki kapab adrese defi distri lekòl iben ap konfwonte. 

 

(Foto) Ofisye Anchèf Finans Judith Marte ak Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho ap felisite Ofisye Anchèf Bidjè Ron Steiger (mitan) nan gradyasyon resan li nan Pwogram Lekòl Iben pou Egzekitif Lekòl Council of Great City.

 

###

15-DGD/232/DF/CF

 

Retounen sou Nòt pou Laprès