POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 20 mas 2015

 

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY RESEVWA DEZIYASYON MEYÈ KOMINOTE POU EDIKASYON MIZIK 2015

Fondasyon “National Association of Music Merchants (NAMM)” (Asosyasyon Nasyonal Komèsan Mizik) onore “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) paske yo chwazi li pou l resevwa Deziyasyon Meyè Kominote pou Edikasyon Mizik 2015. Yo bay distri lekòl nan peyi a deziyasyon sa a lè yo ofri plis pwogram edikasyon mizik nan lekòl yo pou jèn moun nan kominote a.

Fondasyon NAMM ki fonde an 2006, gen misyon pou l pwomouvwa patisipasyon aktif nan fè mizik atravè tout lavi nan sipòte rechèch syantifik, bay don filantwopik e pwogram sèvis piblik. Fondasyon an reprezante jenewozite ak filantwopi endistri pwodui mizik la. Kòm yon òganizasyon ki sipòte NAMM, Asosyasyon Nasyonal Kòmèsan Mizik, Fondasyon NAMM jwenn finansman atravè aktivite asosyasyon kòmèsyal ak donasyon.

 

###

15-DGD/233/TC/RL

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès