POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 2 avril 2015  

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

M-DCPS FÈ EVÈNMAN KOUPE RIBAN POU PWOJÈ BON AN NAN
SANT EDIKASYONÈL E KOLÈJ TEKNIK MIAMI LAKES  

  

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl la Perla Tabares Hantman, ak lidè kominotè te reyini nan Sant Edikasyonèl e Kolèj Teknik Miami Lakes jodi a pou yon evènman koupe riban ki se rezilta apwobasyon eksepsyonèl votè yo pou Bon Obligasyon Jeneral $1.2 milya.  Yo ap sèvi avèk GOB a pou modènize e konstwi bilding lekòl atravè distri a, ogmante kapasite elèv, mete plis sekirite nan etablisman yo, e ofri modènizasyon teknoloji nan tout lekòl.

Yo te finanse pwojè renovasyon Sant Edikasyonèl e Kolèj Teknik Miami Lakes la nan Premye Ane pwogram GOB a pou apeprè $2.5 milyon.  Li te gen ladan repare e pentire krepi sou deyò lekòl la, enstalasyon yon nouvo pasrèl kouvri nan zòn otobis depoze elèv yo, ranplasman planche nan oditoryòm nan ak divès lòt zòn yo seleksyone, amelyorasyon sistèm alam pou dife e pou sekirite, ak enstalasyon nouvo teknoloji nan salklas.  Achitèk pou pwojè a te M. C. Harry & Associates, Inc. e kontraktè a te Link Construction Group Inc., yon konpayi ki sètifye kòm M/WBE avèk distri a.  Pwojè a te fini avan lè e li pa depase bidjè a.  Gen yon dezyèm pwojè GOB, yo finanse pou 2016-2017 pou apeprè $5 milyon ki ap konplete renovasyon kanpous yo.   

Pou resevwa plis enfòmasyon konsènan avansman pwojè referandòm Komisyon Konsèy Lekòl la, vizite   bondsforschools.dadeschools.net.

Sipèentandan Lekòl yo   Alberto M. Carvalho ak Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Perla Tabarez Hantman (mitan) ansanm avèk anplwaye e elèv nan Sant Edikasyonèl e Kolèj Teknik Miami Lakes jodi a nan yon evènman koupe riban pou pwojè bon an.  

 

###

15-DGD/235/DF/CM

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès