POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 15 avril 2015

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

PWOJÈ ETABLISMAN M-DCPS YO KREYE EKSPANSYON LEKÒL, PATENARYA

MIAMI – Biwo Etablisman Lekòl “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ap avanse pou pi devan pou eksplore davantaj plizyè potansyèl patenarya piblik/prive Komisyon Konsèy Lekòl la te apwouve nan reyinyon avril la.  Patenarya sa yo, ki vize sou ogmante opòtinite chwa lekòl pou elèv ak paran, gen ladan sa ki ap suiv yo:

  • Yon patenarya avèk Vil Doral ak Flordade, LLC pou konstwi e aprè posede e fè fonksyone yon etablisman K-8 sou yon andwa apwoksimatif 4-kawo tè ki lokalize nan Doral, atravè yon echanj pwopriyete kote yo ap twoke andwa lekòl la pou pwopriyete Komisyon Konsèy la posede avèk konpansasyon adisyonèl pou Komisyon Konsèy la.
  • Yon patenarya finansman avèk antite piblik e prive ki pa la pou fè pwofi pou posiblite redevlopman kanpous Lekòl Henry S. West Laboratory, ki gen ladan posiblite pou re-amenaje kanpous la, ekspansyon ak lòt opòtinite redevlopman ki konsantre sou itilizasyon konjwent fasilite yo alavni.
  • Yon posiblite kolaborasyon avèk Vil Miami e devlopman kominote Brickell ki ka eksplore opsyon ogmante kapasite lekòl an koneksyon avèk pwopozisyon devlopman bilding kondominyòm nan zòn jeneral Brickell la.  Revitalizasyon mache imobilye Sid Florid la e espesifikman nan koulwa Brickell Vil Miami ak nan mitan “Downtown” (Anba Lavil) yo ap atann pou pote plizyè milye apatman rezidansyèl an liy nan pwochen deseni an, ki ap kreye an retou bezwen pou agrandi kapasite lekòl la.
  • Yon vant pasyèl pwopriyete oubyen yon kontra pou anfème alontèm ap bay andwa a valè monetè kote “Design and Architecture Senior High School (DASH)” (Lekòl Segondè Desen ak Achitekti) lokalize e jenere ase finansman pou agrandi DASH e bay plis aksè nan pwogram chwa ki pi wo klase pou konsidere plis elèv. Ekspansyon an tou ka konsidere posiblite kreyasyon opòtinite eskolè sou kanpous la pou desen ak achitekti aprè lekòl segondè pou elèv DASH.

 

###

15-DGD/243/TTR/SD

 

Retounen sou Nòt pou Laprès