POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 21 avril 2015  

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

LANSMAN PWOJÈ BON $6.6 MILYA NAN MIAMI SOUTHRIDGE

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, Manm Komisyon Konsèy Lekòl Lubby Navarrow, Vis Chèmann Dtè Lawrence Feldman, Direktris Bianca Calzadilla ak reprezantan Distri a te rasanble nan Lekòl Segondè Miami Southridge maten an pou lanse pwojè konstriksyon “General Obligation Bond (GOB)” (Bon Obligasyon Jeneral la).  Pwogram GOB a ofri yon pwojeksyon total ki disponib pou pwojè a, $6,605,239.

Travay la, yo pwograme pou fini nan fen ane 2016 la, kote yo planifye renovasyon Lekòl Segodè Southridge ki gen ladan amelyorasyon andwa a, etou gwo renovasyon nan bilding yo, tankou ranplase sistèm HVAC, elektrisite, sistèm sekirite e mete ajou alam dife, amelyore plafon, limyè, planche e pentire.

Komisyon Konsèy Lekòl la komisyone Rodriquez Architects, Inc., kòm achitèk pou dokimante pwojè a.  Konpayi a, fanm posede e Distri a sètifye kòm toude M/WBE ak SBE, pran angajman pou yon patisipasyon Sou-Konsiltan SBE/MBE e objektif 10 pousan.  D. Stephenson Construction, Inc., Yon biznis Afrriken-Ameriken e M/WBE, yo komisyone li kòm kontraktè pwojè a.  Konpayi a pran angajman pou li itilize yon objektif 20 pousan travayè konstriksyon lokal atravè konte a e.

Lekòl Segondè Southridge orijinalman te ouvè pòt li nan kòmansman ane 1970 yo e diran dezane yo te agrandi li e bilding nan te resevwa ajisteman sistèm ajou yo te chwazi.

(Mitan goch-pou-adwat.)  Manm Komisyon Konsèy Lekòl Lubby Navarro, Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, Direktris Lekòl Segondè Southridge Bianca Calzadilla ak Vis Chemann Komisyon Konsèy Lekòl Dtè Lawrence Feldman antoure ak elèv Southridge yo. Pandan yo ap prepare voye kout pèl pou lanse Pwojè Bon GO a.

 

###

15-DGD/244/HD/CF

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès