POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 23 avril 2015       

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

LANSMAN PWOJÈ BON $4.9 MILYA NAN LEKÒL ELEMANTÈ OAK GROVE

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, Chèmanm Komisyon Konsèy Lekòl Perla Tabares Hantman Manm Komisyon Konsèy Lekòl Distri 1 Dtè. Wilbert  “Tee” Holloway, Direktris Joyce Jones ak Reprezantan Distri a te rasanble nan Lekòl Elemantè Oak Grove  maten an pou lanse pwojè konstriksyon “General Obligation Bond (GOB)” (Bon Obligasyon Jeneral) $4,942,190 a.

Oak Grove nan wout pou fini nan otòn ane 2016 la. Pwojè lekòl prevwa pou li gen ladan yon nouvo tonèl pou “PE” (ediksyon fizik) amelyorasyon andwa a tankou pakin e yon koulwa kouvri, e gwo renovasyon bilding nan, ki gen ladan ranplase fenèt ak pòt, ranplase sistèm HVAC, elektrisite, sistèm sekirite e mete ajou alam dife, amelyore plafon, limyè, planche e pentire.

Komisyon Konsèy Lekòl komisyone konpayi Achitekti M.C.Harry & Associates, Inc. Konpayi a pran angajman pou yon patisipasyon sou-konsiltan SBE/MBE 20 pousan.  yo komisyone D. Stephenson Construction, Inc., yon Afrriken-Ameriken-mèt biznis e M/WBE, li kòm kontraktè pwojè a.  Konpayi a pran angajman pou li itilize Travayè Konstriksyon Lokal atravè konte a e objektif 20 pousan.

Lekòl Elemantè Oak Grove orijinalman te ouvè pòt li nan fen ane 1950 yo e diran dèzane yo te agrandi li e bilding nan te resevwa sistèm ajou yo te chwazi.

(Mitan goch-a-adwat)  Manm Komisyon Konsèy Lekòl Perla Tabares Hantman, Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, Manm Komisyon Konsèy Lekòl Dtè. Wilbert “Tee” Holloway mete ansanm ak Direktris Joyce Jones, Prezidan Sendika Pwofesè nan Dade Fedrick Ingram ak elèv pou voye kout pèl pou lanse Pwojè GOB a.

###

15-DGD/250/HD/CF

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès