POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 23 avril 2015   

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

M-DCPS REDUI PLIZYÈ SANTÈN EGZAMEN “FEN KOU"

Lekòl Leta Miami-Dade County elimine prèske tout 300 evalyasyon “District-Developed End-Of-Course (DDEOC)” (Fen Kou Distri Devlope) ki te orijinèlman pwograme pou prentan 2015. Yo pran desizyon an aprè lwa HB7069 te fin pase, yon lwa ki bay distri yo fleksibilite pou detèmine kijan pou mezire pwogrè elèv, ki elimine manda eta a pou egzamen fen kou Distri deziyen pou bay nan tout kou ki pa mezire atravè eta a ki deja egziste, evalyasyon estandadize.

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho di, "Anons jodi a dwe vini kòm yon nouvèl nou akeyi pou tout moun ki rekonèt twòp egzamen retire sou tan enstriksyonèl enpòtan elèv nou yo …. Nan pran desizyon sa yo, nou pran yon apwòch lojik e responsab pou adrese enkyetid elèv, pwofesè ak paran.”

Yo pran aksyon ki ap suiv yo:

  • Nou pap administre okenn DDEOC nan nivo lekòl elemantè.
  • Nou idantifye sèlman 10 sijè lekòl mwayen/segondè pou nou mete sou yon ti echèl egzamen esè.
  • Nou pap itilize rezilta egzamen esè a pou 2014-15 la.
  • Nou ap administre tout egzamen esè yo baze sou òdinatè nan itilize platfòm “Thinkgate” la.
  • Li pa sanble yo pral chwazi plis pase 4 oubyen 5 klas nan nenpòt lekòl.

Nou ap avize direktè yo si yo chwazi klas nan lekòl yo a pou patisipe nan egzamen esè an. Objektif egzamen esè a se pou detèmine pwopriyete sikometrik evalyasyon yo, pou administrasyon nan ane ki ap vini yo. Evalyasyon sa yo ap asire yo livre kontni kou eta a etabli avèk konsistans atravè Distri a, e potansyèlman kòm yon mezi nan kontni espesifik akonplisman elèv pou enfòme evalyasyon pwofesè yo.

Nou idantifye kou ki ap suiv kòm kou ki nan egzamen esè yo:

  • M/J Syans Konpreyansif 1
  • M/J Syans Konpreyansif 2
  • Syans Fizik
  • Chimi 1
  • Fizik 1
  • M/J Istwa Etazini
  • M/J Istwa Lemond
  • Istwa Lemond
  • Espayòl 1
  • Espayòl 2

Nan gade pi devan, plan yo mande pou yo fè egzamen esè plizyè nouvo egzamen chak ane.

###

15-DGD/251/SD

 

Retounen sou Nòt pou Laprès