POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 24 avril 2015  

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

“COUNCIL OF THE GREAT CITY SCHOOLS” ONORE OFISYE ANCHÈF ETABLISMAN
M-DCPS

“Council of Great City Schools” (Konsil Lekòl nan Gran Vil yo) nonmen Jaime G. Torrens, Ofisye Anchèf Etablisman pou Lekòl Leta Miami-Dade County, pou l resevwa Prim Sèvis Distenge 2015. Yo ap prezante prim nan nan reyinyon anyèl kat jou Konsil la pou Ofisye Anchèf Fonksyònman, Chèf Sekirite ak Direktè Etablisman, Transpòtasyon, Acha ak Sèvis Manje nan 67 pi gwo sistèm lekòl leta iben nan peyi a.

Torrens, yon veteran 30 ane nan sistèm lekòl la, responsab pou planifikasyon etablisman, konstriksyon, mentnans, fonksyònman ak enspeksyon. Li dirije yon pèsonèl mil moun ki responsab pou tout aspè 3,100 bilding ki gen ladan 45 milyon pye kare nan plis pase 400 kanpous lekòl ak etablisman segondè.

Torrens ap dirije tou enplemantasyon pwogram $1.2 milya Bon Obligasyon Jeneral Distri a votè te apwouve an 2012 pou renove, konstwi ak modènize etablisman lekòl atravè Miami-Dade County. Pwogram senkan sa a gen ladan mete ajou teknoloji enstriksyonèl nan chak lekòl pou mete tout kanpous yo sou menm pye egalite.

Council of the Great City Schools prezante Prim Sèvis Distenge a pou l rekonèt e onore ofisyèl biznis ki bay egzanp gouvènans, inovasyon, angajman ak pwofesyonalis nan edikasyon iben.

# # #

15-DGD/252/HD/RL

Retounen sou Nòt pou Laprès