POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 30 avril 2015

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

PWOGRAM SANTE MANTAL “TYPICAL OR TROUBLED?®” RESEVWA REKONESANS NASYONAL

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) pral resevwa rekonesans nasyonal semèn pwochèn poutèt yo enplemante avèk siksè pwogram sante mantal “Typical or Troubled?®” (Nòmal oubyen Pa Nòmal). Evènman an – “Substance Abuse and Mental Health Services Administration (SAMHSA)” (Administrasyon Sèvis Abi Sibstans ak Sante Mantal) la – pral fèt nan Washington, D.C. pou kowenside avèk 10yèm Jounen anyèl 2015 Konsyantizasyon sou Sante Mantal Nasyonal Timoun nan.
 
Pwogram “Typical or Troubled?®” se pati kanpay Distri a pou leve konsyantizasyon sou siy avètisman sou pwoblèm sante mantal ki parèt bonè lakay adolesan e pou pwomouvwa idantifikasyon ak entèvansyon bonè nan ka sa yo. Pwogram nan fòme konseye pwofesyonèl, administratè lekòl, pwofesè ak anplwaye sipò sou rekonesans, entèvansyon ak tretman bonè pou maladi mantal nan anviwònman lekòl yo.
 
Yo te enplemante Pwogram “Typical or Troubled?®” atravè tout Distri a an 2013, aprè Sipèentandan Alberto Carvalho te anonse patenarya ant Fondasyon Sikyatrik Ameriken ak 
M-DCPS.
 
Sipèentandan Alberto M. Carvalho di, “Rekonesans nasyonal sa a se yon temwayaj sou apwòch serye distri nou an sou defi maladi mantal lakay jèn nou yo… Atravè pwogram “Typical or Troubled?®” la, pèsonèl nou an mete tèt yo ansanm pou ede elèv konsantre sou ane adolesans yo, lè yon si gran kantite maladi mantal premye parèt, e rann lavi pi fasil pou elèv ak fanmi yo.” 
 
Yo fè sesyon “Typical or Troubled?®” nan tout lekòl segondè nan Miami-Dade County avèk pwofesè e anplwaye sipò ki pa pwofesè. Distri a elaji Pwogram “Typical or Troubled?®” pou mete ladan sesyon Edikasyon Paran, ki te kòmanse mwa sa a, e yo ap lanse yon pati “Peer-to-Peer” (Kamarad-a-Kamarad) nan otòn nan.
 
Evènman nasyonal yo rele “Strengthening Communities by Integrating Care” (Ranfòse Kominote yo nan Entegre Swen), pral fèt jedi 7 me, nan Teyat Lansburgh nan Washington, D.C.  
 
SAMHSA se yon ajans Depatman Sante Etazini ak Sèvis Imen ki dirije efò sante piblik e pwomote sante konpòtman.  Lòt òganizasyon k ap patwone evènman an gen ladan Asosyasyon Sikyatrik Ameriken, Fondasyon Sikyatrik Ameriken, Inisyativ “Health Matters” (Lasante Konte) Fondasyon Clinton, ak Fondasyon Jed.
 

 

###

15-JS/253/TC/RL 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès