POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 1ye me 2015 

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

ÒGANIZASYON EDIKASYONÈL, SYANTIFIK AK KILTIRÈL NASYONZINI NONMEN PWOGRAM EDIKASYON FIZIK LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY KÒM YON PWOGRAM EGZANPLÈ

“United Nations’ Educational, Scientific and Cultural Organization (UNESCO) (Òganizasyon Edikasyonèl, Syantifik ak Kiltirèl Nasyonzini) nonmen pwogram Edikasyon Fizik Lekòl Leta Miami-Dade County a kòm yon pwogram egzanplè nan rapò etid ka yo a, “Quality Physical Education” (Edikasyon Fizik Dekalite). Yo devlope piblikasyon an an patenarya avèk Komisyon Ewopeyen, Konsil Entènasyonal Edikasyon Syans ak Espò, Komite Olenpik Entènasyonal, Pwogram Devlopman Nasyonzini, Fon Timoun Nasyonzini, Espò Nasyonzini pou Devlopman ak Lapè, ak Òganizasyon Sante Mondyal. Yo bay distri lekòl rekonesans sa a poutèt yo transfòme konsantrasyon edikasyon fizik soti nan espò trandisyonèl pou lòt aktivite avèk yon konsantrasyon sou aktivite ki konsantre sou bòn fòm timoun ak adolesan renmen, ki mete anplas yon estanda pou lòt suiv.

Elèv vin tounen pwen santral planifikasyon pwogram ak chwa aktivite Miami-Dade la. Kourikoulòm nan konsantre sou aktivite inovatif, sant byennèt, ak yon pwogram espò nan dlo solid kote elèv vle kontinye patisipe. Pwogram sa yo ansanm avèk teknoloji apwopriye pral pèmèt yo fè mouvman.

Daprè etid la, 61 pousan elèv yo pase senk sou sis nan mezi yo mete nan “FITNESSGRAM” la; elèv yo te devlope entegralite ak respè pami kamarad yo; e yo te obsève chanjman pozitif nan nitrisyon ak atitid anvè aktivite yo te transfere nan anviwònman lakay yo.

Pou enfòmasyon adisyonèl, silvouplè kontakte Dtè. David K. Moore, Asistan Sipèentandan, Biwo Sipò Akademik, nan 305-995-1405, oubyen Dtè. Jayne D. Greenberg, Direktè Distri, Edikasyon Fizik ak Fòmasyon Debaz sou Sante nan 305-995-1963.

 

###

14-DGD/260/TC/RL

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès