
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 6 me 2015 |
KONTAK: Carline Faustin
305-995-1188 |
***NÒT POU LAPRÈS***
LEKÒL SEGONDÈ MIAMI PRAL PREZANTE 37YÈM SEREMONI ANYÈL PRIM PREZÈVASYON, RESEVWA PI GWO ONÈ
|
Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, administratè “Miami-Dade County Public School (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County), anplwaye Lekòl Segondè Miami, elèv ak sitwayen ki enterese |
|
37yèm Seremoni Anyèl Prim Prezèvasyon |
KILÈ: |
Vandredi 8 me 2015
5:30-7 diswa
|
KI KOTE: |
Miami Senior High School, Auditorium
2450 S.W. 1st Street
Miami, FL 33135
|
POUKISA: |
Lekòl Segondè Miami pral prezante seremoni rekonesans kòm youn nan gayan kategori Prim Ekselans pou Restorasyon e Reyabilitasyon. Evènman an gratis e li ouvè pou piblik la.
Yo rele Lekòl Segondè Miami ki te ouvè pòt li an 1928, “The Biltmore of Education.” Yo te renove e restore premye lekòl segondè nan Miami an nan esplandè orijinal li, yo agrandi li ak nouvo adisyon, e mete l ajou avèk teknoloji enstriksyonèl dènye kri. Yo mete Lekòl Segondè Miami nan lis Achiv Nasyonal Andwa Istorik Etazini. Yo te fè renovasyon yo an patenarya avèk “Zyscovich Architects.”
|
VIZYÈL: |
- Sipèentandan an ap disponib pou medya
- Anplwaye M-DCPS ap disponib pou medya
- Administratè yo ki ap resevwa prim
- Vizit lekòl restore a |
# # #
15-DGD/265/DF/RL
Retounen sou Nòt pou Laprès |