POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 6 me 2015

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

M-DCPS ANONSE AMELYORASYON NAN CHEMEN POU KONN LI E EKRI DE LANG NAN EDIKASYON ELEMANTÈ

Sipèentandan Miami-Dade Alberto Carvalho te bay yon rapò sou pwogrè Pwogram “Extended Foreign Language (EFL)” (Lang Etranje Pwolonje) nan yon reyinyon komite komisyon konsèy lekòl la te fè jodi a. Rapò a adrese re-ajisteman pwogram sa a e kreyasyon yon chemen adisyonèl pou konn li e ekri de (2) lang. An 2012, distri a te entwodui pwolongasyon pwogram chwa EFL pou yo ka ajoute rijidite nan enstriksyon lang etranje nan nivo lekòl elemantè avèk tchèck sou pwogrè k ap fèt nan devlopman pwogram nan.

Carvalho di, “Kounye a, aprè kèlke ane enplemantasyon, nou fè yon gwo koudèy sou devlopman EFL la e nou fè ajisteman pou nou ka satisfè bezwen tout elèv nou yo e demand paran nou yo… Pwodui elèv ki bileng e ki konn li e ekri de lang se yo valè santral distri sa a, e nou re-angaje nou nan enplemante yon pwogram lang mondyal ki fè sa sèlman.”

Pwolonjman EFL la te soti nan ogmantasyon enkyetid paran te genyen ak rezilta pwogram Espayòl S ak SL ki la kounye a. Aksyon sa a te pèmèt elèv nan jadendanfan rive nan senkyèm ane eskolè chwazi pou pran enstriksyon lang etranje nan ane bonè yo e ogmante tan enstriksyonèl kòmanse 150 minit pou 300 plis minit pa semèn.  Lè yo konpare rezilta pwogram Espayòl S ak SL yo, EFL pi rijid, bay plis rezilta akademik favorab, e li resevwa plis aplodisman depi enplemantasyon li an 1997.

Re-ajisteman enstriksyon lang etranje a pral adrese defi nan enplemantasyon pandan dènye twa ane yo, tankou mank pwofesè ki gen konpetans lengwistik nan lekòl yo chwazi e limitasyon nan fason pou antre pwogram nan. Nan ete 2014, M-DCPS te konvoke yon Ekip Travay EFL pou jwenn diferan pèspektiv ak rekòmandayson sou kòman pou pi byen transmèt pwogram enstriksyon bileng nan distri a.

Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Perla Tabares Hantman di, “Komisyon Konsèy la ak mwen te istorikman sipòte edikasyon bileng ak lang etranje… Se yon eleman trè enpòtan nan yon pwogram akademik konpreyansif e plan ki etale jodi a se evidans angajman Komisyon Konsèy la pou l kenbe pwogram lang etranje solid nan lekòl Miami-Dade yo.”

Nan avanse pou pi devan enstriksyon pral kontinye fèt anndan pwogram EFL la, kòmanse ak klas jadendanfan pou rive nan senkyèm ane eskolè. Anplisdesa, nou pral ofri elèv 2yèm-5yèm ane eskolè yon nouvo kou opsyonèl paralèl ki pral bay plis opòtinite toujou pou enstriksyon bileng nan nivo lekòl elemantè.
Nou pral konvoke yon komite konsèy ki gen ladan pwofesè Espayòl ki la deja, pwofesè inivèsite, ekspè enstriksyon lang etranje, ak defansè pou edikasyon bileng pandan ete a e nou pral travay atravè pwochen ane lekòl la pou planifye nouvo chemen pou elèv 2yèm rive 5yèm ane eskolè konn li e ekri de lang.  Nou pral lanse pwogram sa a nan otòn 2016 e li pral rive nan menm moman avèk adopsyon nouvo materyèl enstriksyonèl lang etranje distri a.

###

15-DGD/266/RL

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès