POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 20 me 2015

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

M-DCPS AP FÈ TRANSFÒMASYON EKOLOJIK, ESEYE
 ASYÈT DEKONPOZAB  

Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ap lanse yon nouvo pwogram pilòt avèk asyèt won dekonpozab e òganik pou itilize nan kafeterya lekòl nou yo.  Ansanm avèk senk pi gwo distri lekòl Ozetazini, M-DCPS te patisipe nan fondasyon “Urban School Food Alliance”  (Alyans pou Manje nan Lekòl ki nan Gran Vil) yo e yo kreye patenarya nasyonal pou sipòte inisyativ dirab, ogmante valè pwodui kalite siperyè yo e ogmante   
disponibilite yo nan pwogram nitrisyon elèv nou yo.          

Alyans pou Manje nan Lekòl ki nan Gran Vil yo, ki gen ladan tou New York City, Los Angeles, Chicago, Dallas ak Orlando, travay an kolaborasyon pou devlope fòm ak desen asyèt la pou sèvi repa elèv yo nan asyèt ki won, ki ap ranplase plato enstitisyonèl rektang ki fèt an katon yo.  Depatman Manje ak Nitrisyon M-DCPS sèvi 51
milyon repa anyèlman nan 353 lekòl avèk yon bidjè fonksyònman ki totalize $189 milyon.   

Lekòl Leta Ozetazini sèvi avèk plato ki fèt an katon yo paske yo koute mwens pase sa ki dekonpozab yo.  Plato katon yo koute an mwayèn 4 santim chak, konpare avèk asyèt dekonpozab, ki koute an mwayèn 12 santim chak.  Ansanm, Alyans pou Manje nan Lekòl ki nan Gran Vil yo itilize pouvwa acha kolektif yo pou kreye yon asyèt  
dekonpozab nan yon pri abòdab 5 santim chak.

Penny Parham, direktè administratif Depatman Manje ak Nitrisyon Lekòl Leta Miami-Dade County di, “Nou devlope yon pwodui dirab e bon kalite nou pral itilize estratejikman nan kafeterya nou yo pou li ekolojikman kòrèk e nou ap mentni Pratik biznis ki efikas… Nou fyè pou opòtinite nou kreye yo.”  

Asyèt an fib yo, ki fèt Ozetazini, FDA apwouve, fèt avèk papye jounal resikle ki pa sèvi, e se Huhtamaki North America ki fabrike yo.  Li gen senk seksyon ladan, avèk seksyon pou bwason yo mete nan mitan pou balanse pwa yon repa nòmal. Desen inovatif sa a anpeche li plwaye e moun ka pote l fasilman.    

(PHOTO): Asyèt Won Dekonpozab

 

###

15-DGD/271/HD/CM

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès