POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 15 me 2015       

KONTAK: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

1,500 ELÈV M-DCPS KI GEN ANDIKAP PRAL RESEVWA PATCH BON KONDISYON FIZIK PANDAN 11YÈM EVÈNMAN ANYÈL ‘MWEN KA FÈ L, OU KA FÈ L!’

KIYÈS: 
Lauren Darensbourg, Prezidan Konsil Bon Kondisyon Fizik, Espò ak Nitrisyon; reprezantan ki ap soti nan Miami Heat ak Miami Dolphins, ak 1,500 elèv Lekòl Leta Miami-Dade County ki gen andikap
KISA:
11yèm Prim Anyèl “Presidential Active Lifestyle Award (PALA+)” (Prim Prezidansyèl Estil Lavi Aktif) “I Can Do It, You Can Do It!(Mwen Ka Fè l, Ou Ka Fè l)pral onore 1,500 elèv ki gen andikap, ki te patisipe nan inisyativ inovatif nasyonal pou ogmante nivo aktivite fizik yo.
KILÈ: 

Jedi 21 me 2015
11è dimaten pou 12:30 nan aprèmidi

KI KOTE: 

Felix Varela Senior High School
15255 S.W. 96th Street
Miami, FL 33196 

POUKISA:

“Mwen Ka Fè l, Ou Ka Fè l” se yon inisyativ Biwo Andikap Depatman Sante ak Sèvis Imen Etazini devlope. Pwogram nan se yon pwogram kondisyon fizik/aktivite ki lye konseye ak elèv ki gen andikap.  Konseye a bay fòmasyon ak gidans pou asiste timoun pou yo vin aktif fizikman nan patisipe nan egzèsis 30-minit pa jou, pandan 5-jou-pa-semèn, nan entèval 8 semèn.  Elèv ki gen andikap ki fini pwogram nan resevwa patch ak sètifika Prim Prezidansyèl Estil Lavi Aktif.  Yo te fè pwogram sa a pou adrese obezite enfantil ak dyabèt Tip II yo jwenn tou lakay jèn ki gen andikap ki plis gen tandans pou yo pa aktif.   

Evènman sa a asosye ak Kanpay ‘‘Let’s Move’’ Madan Obama a e Konsil Bon Kondisyon Fizik, Espò, ak Nitrisyon Prezidan an sipòte.

KONTAK:  Dtè. Jayne Greenberg, Direktris Distri, Edikasyon Fizik ak Konesans sou Sante nan 305-995-1963 oubyen pòtab: 305-310-8230.   

# # #

15-DGD/278/HD/SD

 

Retounen sou Nòt pou Laprès