POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 19 me 2015

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

M-DCPS PAP METE NÒT EGZAMEN ESTANDADIZE ALJÈB AK JEWOMETRI NAN NÒT FINAL ELÈV YO; YO AP DETÈMINE PWOMOSYON POU TWAZYÈM ANE ESKOLÈ LOKALMAN

Florida Department of Education (FDOE)” (Depatman Edikasyon Florid) anonse lendi, 18 me, akoz    rezilta ki verifyab yon fason ki endepandan, atravè tout eta a pa disponib pou evalyasyon Aljèb 1, Aljèb 2 ak Jewometri, “demand legal pou entegre rezilta sa yo kòm 30 pousan nòt kou final elèv yo pa fonksyonèl.”  Pakonsekan, eta a anonse distri yo ka pibliye nòt final yo san yo pa entegre kalkil 30 pousan an.   

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho di, “Malgre eta a pèmèt distri yo aplike rezilta Fen Kou Aljèb I, II, ak Jewometri pou nòt final elèv yon fason ki retwo-aktif, mwen pap fè li…  Mwen gen konfyans total nan jijman pwofesè nou yo, e elèv nou yo bezwen pou yo pwograme yo pou ane lekòl 2015-16 la.” 

Nou dwe note, demand pou elèv pase evalyasyon EOC Aljèb I pou yo gradye a toujou kenbe.      

FDOE konfime tou yo pap atann rezilta “Florida Standards Assessment (FSA)” (Egzamen Estandadize   Florid) yo ap pare avan fen ane lekòl 2014-15 la pou elèv 3yèm ane eskolè.  Pakonsekan, distri a ap     bezwen idantifye e aplike kritè ki disponib y ap gen pou itilize pou detèmine desizyon pwomosyon elèv 3yèm ane eskolè yo.  M-DCPS deside itilize rezilta Dyagnostik “I-Ready” 3yèm ane eskolè ak Egzamen Akonplisman Stanford, Dizyèm Edisyon (SAT-10) kòm endikatè pou pwomosyon elèv pou 4yèm ane eskolè.  Anplis, nou ap aplike tout rezon legal pou pwomosyon yo.  Sa gen ladan:     

  • “English Language Learners (ELL)” (Elèv ki ap Aprann Anglè) ki gen mwens pase de (2) ane enstriksyon nan yon pwogram Anglè pou Moun ki Pale Lòt Lang ki baze sou premye fwa yo antre nan yon lekòl Etazini
  • Elèv ki te double 3yèm ane eskolè oubyen ki te double Jadendanfen, 1ye oubyen 2yèm ane eskolè pou yon total dezan
  • Elèv ki demontre yo metrize Dosye Lekti Elèv 3yèm Ane Eskolè
  • Elèv ki gen andikap, avèk yon IEP ki montre patisipasyon yo nan pwogram evalyasyon FCAT/FSA atravè tout eta a pa apwopriye (elèv ki patisipe nan FAA)
  • Elèv ki gen andikap, avèk yon plan IEP/Seksyon 504  ki reflete 2 oubyen plis ane enstriksyon entansif e yo te double Jadendanfan, 1ye, 2yèm oubyen 3yèm ane eskolè   

Nou dwe note, yon fwa eta a pibliye lis elèv ki nan gwoup senk (5) ki pi ba a, y ap konplete ajisteman pou elèv ki kapab satisfè kritè pwomosyon yo tou.  

###

15-DGD/280/JJS/CM

 

Retounen sou Nòt pou Laprès