POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 21 me 2015

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

M-DCPS GENYEN KONKOU VIDEYO NASYONAL KI  EKSPOZE EDIKASYON MIZIK

SYo nonmen “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) kòm youn nan sis gayan konpetisyon videyo 2015 Fondasyon NANM “What Makes Music Education Great in My School or District” (Kisa ki Fè Edikasyon Mizik Ekselan nan Lekòl oubyen Distri Mwen an). Videyo de minit la prezante divès kalite edikasyon mizik ki disponib nan M-DCPS, tankou enstrimantal, koral teyatral ak dijital.

Ou ka wè videyo a sou “YouTube” nan https://www.youtube.com/watch?v=CJ9CAmCJunM&index=4&list=PLWy7ZAnb00SVMVTsrtmamXnHhLKbyCIUY.

Yo te soumèt videyo yo tout kote nan peyi a, e yo te chwazi sèlman sis pou fè yon rezidans de jou avèk The John Lennon Educational Tour Bus. Gayan yo ap resevwa tou yon fowòm sou fòm kominotè pou ekspoze pwogram mizik yo, Fondasyon NANM prezante. Fondasyon NANM, yo fonde an 2006 la, reprezante jenewozite ak filantwopi endistri pwodui mizik la.

Fondasyon NANM, yon òganizasyon ki ap sipòte NANM, Asosyasyon Nasyonal Komèsan Mizik, resevwa finansman atravè aktivite asosyasyon komès ak donasyon.

M-DCPS tou pami distri lekòl ki ap resevwa rekonesans “Best Communities for Music Education” (BCME)” (Meyè Kominote pou Edikasyon Mizik) pou efò ekstrawodinè pwofesè, administratè, paran, elèv ak lidè kominotè pou fè edikasyon mizik vin aksesib pou tout elèv.

Kounye a se sizyèm ane li, Pwogram BCME a evalye lekòl ak distri baze sou finansman, pèsonèl ki gen pwofesè ki trè kalifye, angajman pou estanda, e aksè a enstriksyon mizik.

Pou plis enfòmasyon konsènan prim nan, silvouplè kontakte Bryan Petorak, Sipèvizè Distri pou Pèfòmans Atistik, nan 305-995-1930 oubyen atravè lèt elektwonik: petorak@dadeschools.net.

###

15-DGD/281/HD/CM

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès