POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 27 me 2015       

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

M-DCPS AP GRADYE DEPASE 21,000 ELÈV, PLIS PASE 90 POUSAN PLANIFYE POU ALE NAN KOLÈJ

MIAMI – “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) pral fè gradyasyon lekòl segondè ant 27 me pou 4 jen 2015.

Plis pase 21,000 gradye lekòl segondè ki soti nan plis pase 50 lekòl segondè atravè distri a pral resevwa diplòm lekòl segondè yo e kontinye pousuit edikasyonèl yo nan enstitisyon aprè lekòl segondè nan Florid e atravè peyi a.  Daprè done distri a, yon kantite enpresyonan 93.67 pousan gradye lekòl segondè M-DCPS planifye pou ale nan kolèj.  Anpil gradye lekòl segondè deja kòmanse ak edikasyon kolèj yo ki fè yo genyen yon “Associate in Arts degree” (diplòm dezan kolèj) atravè pwogram anwolman doub yo, ki pèmèt yo enskri nan kou kolèj pou kredi anvan gradyasyon lekòl segondè.  Anplisdesa, ane sa a, yo bay elèv lekòl segondè distri a ki prale nan kolèj bousetid ki totalize plis pase $310 milyon.

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho di, "Nou ekstrèmman fyè de gradye lekòl segondè nou yo pou travay di ak detèminasyon yo,... Nan semèn ki ap vini an, nou pral selebre etap enpòtan elèv nou yo akonpli e nou pral voye yo tou nan yon nouvo chapit nan lavi yo. Nou toujou trè rekonesan pou pwofesè ak fanmi nou yo pou gidans ak sipò yo bay gradye nou yo. "

Lekòl Leta Miami-Dade County ap difize gradyasyon lekòl segondè yo chwazi atravè “webcast” (videyo sou Entènèt).  Pou jwenn lis gradyasyon yo ap bay sou Entènèt e pou ou gade gradyasyon yo, vizite http://tv.dadeschools.net/ e chwazi bouton “Graduation.” Pou yon lis konplè gradyasyon tout lekòl segondè, vizite http://pdfs.dadeschools.net/students/grad_schd_15.pdf.

Suiv gradyasyon lekòl segondè Miami-Dade yo atravè medya sosyal nan itilize #MDCPSGrad

###

15-DGD/284/TTR/SD

 

Retounen sou Nòt pou Laprès