POU DIFIZE IMEDYATMAN
1ye jen 2015

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

GOUVÈNÈ, KOMISYONÈ EDIKASYON, SIPÈENTANDAN, MANM KOMISYON KONSÈY LEKÒL MANDE LEJISLATI A POU L OGMANTE FINANSMAN POU LEKÒL LETA

Gouvènè Rick Scott, Komisyonè Edikasyon Pam Stewart ak Sipèentandan Lekòl Miami-Dade Alberto M. Carvalho, ansanm avèk manm Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade, mande Lejislati Florid la jodi a pou l kenbe pwomès li pou timoun Florid yo nan adopte yon nivo finansman pou chak elèv nan yon minimòm, ki konsistan avèk bidjè Gouvènè Scott rekòmande yo te prezante anvan kòmansman sesyon regilye li a. Ofisyèl yo te eksprime pwendvi yo nan yon konferans pou laprès maten an nan Lekòl Elemantè Dr. Carlos J. Finlay nan Miami.

Carvalho di, “Nou ap mande pou pwomès Gouvènè a reyalize, pou yo ogmante finansman K-12 a omwen $50 anplis to finansman 2007-2008 yo… Ekonomi Florid la ansante e li ap retabli, e li tan pou nou fè edikasyon timoun nou yo yon priyorite.” 

Sipèentandan Carvalho eksprime, moun ki panse li akseptab pou distri yo finanse tèt yo pa kòrèk. Finansman ki soti nan Lekòl Miami-Dade yo reprezante yon vrè rediksyon nan dola ki disponib pou salklas la, espesyalman lè w konsidere defisi nan koleksyon taks “Value Adjustment Board (VAB)” (Konsèy Ajisteman Valè), ki ta fè yon sitiyasyon difisil vin tounen prèske enposib.

###

15-DGD/290/JJS/RL

Retounen sou Nòt pou Laprès