POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 2 jen 2015

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

12 GADYE M-DCPS RESEVWA $300,000 BOUSETID NAN “SOUTH FLORIDA EDUCATIONAL FEDERAL CREDIT UNION (SFEFCU)”

“South Florida Educational Federal Credit Union (SFEFCU)” (Kowoperatif Kredi Federal Edikasyonèl Sid Florid) ap ede 12 gradye nan Lekòl Leta Miami-Dade County satisfè rèv yo pou kolèj nan ba yo $300,000 bousetid pou kolèj. Yo te rekonèt elèv yo nan 20yèm Seremoni Anyèl Bousetid Hubert O. Sibley Credit Union an te fè 21 me.

Bousetid yo bay yo gen ladan frè kolèj konplètman peye pou pwochen kat ane yo atravè  “Florida Prepaid University Plan” (Plan Peye Davans pou Inivèsite Florid). Michael Di Benedetto, Prezidan e Ofisye Egzekitif Anchèf South Florida Educational (FCU) di, “Kòm yon enstitisyon edikasyonèl finansye, nou pran fyète nan ede elèv Miami-Dade akonpli bi yo... Nou kontan dèske nou kapab finanse efò kolèj yo.”

Gayan yo se: Latela Blue, William H. Turner Technical Arts; Javier Cobas, Coral Gables Senior; Kiana Corley, Miami Northwestern; Brenda Davis, South Dade Senior; Sabrina Fonseca, Hialeah Gardens Senior; Yanely García, G. Holmes Braddock Senior; Kaycee Hodges, TERRA Environmental Research Institute; James Melvin, South Dade Senior; Robert Ortiz, TERRA Environmental Research Institute; Claudia Pérez-Brito, Coral Reef Senior; Richard Santos, North Miami Senior; ak Troy Tello, nan Felix Varela Senior.

Depi pwogram nan te kòmanse an 1995, Credit Union an rekonèt 293 elèv e li ba yo prèske $3 milyon nan bousetid. Pou vin elijib pou pwogram bousetid ekolaj la, elèv dènye ane lekòl segondè oubyen paran oubyen gadyen legal yo dwe gen yon kont aktif Credit Union an pou omwen yon ane anvan datlimit aplikasyon an. Pou plis enfòmasyon sou pwogram nan, silvouplè rele 305-270-5250 oubyen vizite sit Entènèt yo a nan: www.sfefcu.org/scholarships.

 

###

15-DGD/291/TC/RL

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès