POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 4 jen 2015

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY OFRI ELÈV
YON VARYETE CHWA POU ETE SA A

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) pral ofri timoun yon gran varyete chwa edikasyonèl pou ete sa a, ki gen ladan kan ete, Aprantisaj 24/7, ak sèvis edikasyonèl yo vize. 

Pwogram Kan Ete

Pwogram Kan Ete M-DCPS ofri elèv aktivite yo planifye nan yon varyete eksperyans edikasyonèl ak anrichisman ki gen ladan enfòmatik, ar ak artizana, mizik, seramik, “chess” (jwèt echèk), teyat, rekreyasyon espòtif, pwomnad akademik ak leson patikilye. Elèv ka chwazi pami plis pase 77 diferan pwogram kan ete ki lokalize nan lekòl elemantè yo deziyen, Sant K-8 ak lekòl mwayen.  Pwogram tout jounen ak demi jounen disponib. Kan ete kòmanse depi 8 jen e genyen kèk y ap pwolonje jiska 21 out. Dat ak lè yo diferan youn ak lòt, kidonk paran bezwen klarifye avèk andwa yo chwazi a lè y ap enskri pitit yo.

Moun ka jwenn enfòmasyon sou kan ete peye yo nan http://sacc.dadeschools.net/SummerCamps/retrieve_summer_school.asp, oubyen nan biwo Pwogram Edikasyon Kominotè a nan 305 817-0014.
Dejene ak repa-midi gratis pou tout patisipan. Pri pwogram nan se $100 pou pwogram tout jounen e $60 pou pwogram demi jounen. “Early Leaning Coalition (ELC)” (Kowalisyon Aprantisaj Bonè) ofri frè redui pou elèv ki kalifye. Aplikasyon ELC disponib nan www.ELCmdm.org oubyen nan rele (305) 646-7220. M-DCPS ofri tou pri redui pou elèv ki kalifye pou repa-midi gratis oubyen nan pri redui.

Aprantisaj 24/7

Anplisdesa, pou katriyèm ane suivi, Miami-Dade pral ofri lyen pou aplikasyon sou Entènèt, zouti, ak jwèt elèv ka jwenn atravè Pòtal Elèv 24/7.  Resous sa yo pral pèmèt elèv nan jadendanfan-12yèm ane eskolè egzèse e aplike sa yo te aprann pandan ane lekòl la e eksplore nouvo konsèp.  Kontni yo pral gen ladan aplikasyon distri a lisansye, ansanm ak nouvo resous yo mete disponib pou ete 2015 la sèlman. 

 

Sèvis Edikasyonèl yo Vize

Yo planifye sèvis edikasyonèl yo vize nan lekòl yo chwazi pandan sesyon ete a, ki pwograme pou 6 jiyè – 31 jiyè 2015.

 

Pwogram pou Lekòl Ete / ajoute youn

  • 3yèm ane Ekolè

Yo fè sèvis sa yo pou ede elèv yo chwazi satisfè nivo akademik yo mande pou ane eskolè yo.  Yo pral ofri elèv ki pa pase 3yèm ane eskolè Konpreyansyon Lekti e ladrès Aprann Li ak Ekri ansanm ak Evalyasyon Altènatif pou yo pase 3yèm ane eskolè. Yo pral ofri elèv “Rising Grade 3” (ap travay pou pase 3yèm ane eskolè) yo mete sou lis “2015 Summer Services Eligibility Roster of Rising Grade 3 students” (Lis 2015 Elijibilite Sèvis Ete pou Elèv ki Ap Travay pou Pase 3yèm Ane Eskolè) Konpreyansyon Lekti e ladrès Aprann Li ak Ekri. Toude pwogram 3yèm ane eskolè yo ap fèt kòmanse 8:35 pou 11:50 dimaten.
Note: Depatman Edikasyon Florid konfime li pap atann rezilta Evalyasyon Estanda Florid yo anvan fen ane lekòl 2014-2015 la pou elèv 3yèm ane eskolè.  Konsa, yo mande distri lekòl la pou idantifye e aplike kritè ki disponib yo pral itilize pou detèmine desizyon pou yon elèv pase nan 3yèm ane eskolè.  M-DCPS pral itilize rezilta nan “i-Ready 3rd Diagnostic and Stanford Achievement Test, Tenth Edition”, kòm endikatè pou pase elèv pou 4yèm ane eskolè.  Anplis, yo pral aplike tou tout jistifikasyon legal yo itilize pou pwomosyon, tankou Dosye Travay Elèv 3yèm Ane eskolè.

  • Èlèv 8yèm Ane Eskolè (e plas disponib pou elèv 7yèm ane eskolè)

Yo pral ofri Kou pou Ratrape Kredi pou elèv 8yèm ane eskolè (7yèm ane eskolè, baze sou disponiblite plas) ki pa pase yon kou oubyen ki manke yon kou ki ka pèmèt yo pase. Pwogram pou elèv 8yèm ane eskolè, avèk plas disponib pou elèv 7yèm ane eskolè, ap fèt kòmanse 8:35 pou 11:35 dimaten nan Sant K-8 yo, e 9:20 dimaten pou 12:20 nan aprèmidi nan lekòl mwayen yo.

  • Elèv Edikasyon Espesyal

Elèv Edikasyon Espesyal ki satisfè kritè elijibilite ka patisipe nan sèvis ete ki apwopriye ak laj yo daprè Plan Edikasyonèl Endividyèl yo, ki gen Ladan Ane Lekòl Pwolonje.  Lis sant enstriksyonèl jandendan-8yèm ane eskolè ki ouvè pou ete a disponib sou Entènèt apati 22 me 2015 nan http://summerschool.dadeschools.net/implementation_doc.asp.

  • Elèv Lekòl Segondè

Yo ofri atravè Sant Edikasyon Adilt/Kominotè yo, kote elèv 9yèm–12yèm ane eskolè ka enskri, yon varyete kou edikasyonèl, rekreyasyonèl, kiltirèl, sosyal ak anrichisman, ki gen ladan kou pou ratrape kredi ak pwomosyon/gradyasyon, jan li apwopriye.  Moun ka jwenn enfòmasyon sou Pwogram Edikasyon Adilt/Kominotè nan http://adulted.dadeschools.net, oubyen nan biwo Edikasyon Adilt/Kominotè nan 305 995‑1556. 

###

15-DGD/295/JJS/RL

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès