POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 9 jen 2015

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

KAN ETE S.T.E.A.M. “SEA CORPS” (BRIGAD MARITIM) PRAL EGZAMINE OGMANTASYON NIVO LANMÈ, CHANJMAN KLIMA

Pandan ogmantasyon nivo lanmè nan Sid Florid kontinye ap domine konvèsasyon syantis ak ofisyèl gouvènman lokal yo, 10 elèv nan Kanpous MAST@FIU Biscayne Bay (BBC) kòmanse yon kan ete chak jou pou yon mwa, ki konsantre sou “science, technology, engineering, arts, and mathematics (S.T.E.A.M.)” (syans, teknoloji, jeni, ar, ak matematik) ki pral kreye solisyon ak teyori ki gen rapò ak anviwònman Sid Florid la ki ap chanje.

Kan an, “Student Environmental Advocacy (SEA) Corps” (Brigad Elèv ki ap Defann Anviwònman), fèt pou entwodui elèv lekòl segondè nan aktivite nan dlo e adrese sitiyasyon anviwònman lokal yo.  SEA Corps, ki kòmanse 8 jen jiska 30 jen, pral aprann elèv sèvi ak mask pou respire e plonje anba lanmè avèk mask yo, ansanm ak fè eksperyans ki gen rapò avèk plant e animal nan kanpous Biscayne bay.  Yo ap egzamine pwobabilite pwoblèm ak solisyon pou chanjman klima ak ogmantasyon nivo lanmè.

Dtè. Matthew Welker, direktè MAST@FIU BBC di, “Se yon bèl opòtinite pou edikatè, jounalis, syantis, ak atis pèfòmans vizyèl met tèt ansanm pou enfòme, responsabilize e enspire pwochen jenerasyon elèv ki ap defann anviwònman yo… Kòm yon brigad jèn, elèv sa yo pral pwomouvwa chanjman e y ap prezante solisyon pou kèk nan sitiyasyon ki pi ijan pou anviwònman nou an jodi a.  Nou pa kapab fè sa   si yo pa enterese e si yo pa patisipe.”

Elèv ki nan kan Sea Corps yo ap dokimante eksperyans yo nan itilize divès mwayen kominikasyon pou rakonte istwa yo pral pwodui nan difizyon bonjan istwa, animasyon, ak son mizik.
Dtè. Robert E. Gutsche, Jr., yon pwofesè jounalis nan FIU e ki ap gide elèv yo sou pòsyon atistik e    jounalistik pwogram nan di, “Kòm jounalis ekolojik, elèv sa yo alavangad nan chanjman anviwònman   global yo.”

NÒT EDITÈ A: Pou plis enfòmasyon konsènan pwogram nan, pou pwograme yon vizit sou plas   e/oubyen entèvyou avèk elèv yo, silvouplè kontakte Biwo Relasyon Piblik nan 305-995-2060.  

###

15-DGD/297/HD/CM

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès