POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 10 jen 2015

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

LEKÒL LAGE MEN EDIKASYON AP KONTINYE AVÈK APRANN SOU ENTÈNÈT: APRANN SAN KANPE

Pou katriyèm ane suivi, “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ap ofri kou sou Entènèt gratis, pwogram ki baze sou Entènèt pou elèv nan klas Jadendanfan jiska 12yèm ane eskolè, atravè “iSummer: (Aprann sou Entènèt): “Learning On-the-Go Program” (Pwogram Aprann San Kanpe).

Nan pwogram akademik anrichisan e ankourajan sa a ou ap jwenn aplikasyon, zouti, ak jwèt 24 sou 24, sèt jou pa semèn atravè Pòtal Elèv la e ki baze sou nivo ane eskolè elèv la ye kounye a. Resous sa yo pral bay elèv nan klas Jadendanfan jiska 12yèm ane eskolè opòtinite pou pratike e aplike sa yo te aprann pandan ane lekòl la e eksplore nouvo konsèp.

Pwogram nan ap ofri konsantrasyon nan redaksyon ak lekti, matematik ak preparasyon pou egzamen “SAT/ACT.
  
Pou plis enfòmasyon sou “iSummer” (Aprann sou Entènèt): “Learning On-the-Go Program” (Pwogram Aprann San Kanpe) a, kontakte lekòl pitit ou a, vizite http://summerschool.dadeschools.net/, oubyen rele 305-995-4656.

###

15-DGD/300HD/CF

 

Retounen sou Nòt pou Laprès