POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 15 jen 2015

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

MANM KOMISYON KONSÈY LEKÒL MIAMI-DADE COUNTY ONORE ELÈV KI GEN DOSYE PREZANS PAFÈ ATRAVÈ TAN YO PASE NAN M-DCPS

Manm Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County pral onore 136 elèv gradye ki reyisi avèk siksè pou yo prezan chak jou lekòl padan tan yo pase nan Lekòl Leta Miami-Dade County. Evènman an pral fèt mèkredi sa a 11è dimaten pandan segman rekonesans espesyal reyinyon komisyon konsèy lekòl la.

Prezans e ponktyalite regilye nan lekòl se youn nan faktè ki pi enpòtan pou elèv fè pwogrè nan lekòl. Yo lajman gade prezans lekòl kòm yon eleman santral nan pèfòmans akademik e konduit elèv. Pou resevwa rekonesans sa a, elèv yo dwe te antre nan M-DCPS nan swa jadendanfan oubyen premye ane eskolè e yo dwe te ale lekòl chak jou nan chak ane jiska 12yèm ane eskolè.

Manm Komisyon Konsèy Lekòl Lubby Navarro di, “Elèv nou onore jodi a vrèman remakab… paske yo distenge tèt yo atravè plizyè ane travay di pou yo jwenn yon dosye prezans pafè atravè ane lekòl elemantè ak segondè yo.”

Elèv yo pral resevwa yon sètifika reyisit pou yon ekselan akonplisman poutèt devosyon, disiplin, angajman, ak pèseverans yo nan atenn yon dosye prezans lekòl ki pafè.

###

15-DGD/302/TC/RL 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès