POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 6 jiyè 2015

 

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

ELÈV SECME M-DCPS PWOFITE NAN KONPETISYON NASYONAL

Nèf elèv “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) te pami 125 elèv lekòl mwayen ak segondè ki soti nan lekòl ak klib “SECME (Southeastern Consortium for Minorities in Engineering)” (Asosyasyon Sidès pou Minorite nan Jeni) atravè tout peyi a pou ale nan Final Konpetisyon Desen Jeni Nasyonal ki te fèt 25 jen 2015. Ekip yo te fè konpetisyon pou meyè ekip nan peyi a nan konpetisyon “Mousetrap Car Engineering Design” (Desen Jeni Machin Pèlen Sourit) (Lekòl Mwayen ak Segondè) ak konpetisyon wobo “SECME Vex Robotics”.
De nan twa lekòl M-DCPS te ranpòte prim nan konpetisyon respektif yo. Yo te prezante twofi pou konpetisyon sa yo:

  • Mousetrap Car, Lekòl Mwayen: Lekòl Mwayen South Miami te ranpòte Dezyèm plas
  • “Vex Robotics”, Lekòl Segondè: MAST @ Virginia Key te ranpòte Premye Plas

Òganizasyon nasyonal SECME te rekonèt tou gayan konpetisyon nan M-DCPS ki pat vwayaje an me:

  • Mousetrap Car, Lekòl Elemantè: Lekòl Elemantè Greenglade te ranpòte Dezyèm Plas
  • Redaksyon, Lekòl Elemantè: Sant K-8 Lekòl Dr. Rolando Espinosa te ranpòte Twazyèm Plas
  • Redaksyon, Lekòl Segondè: Lekòl Segondè Westland Hialeah te ranpòte Twazyèm Plas

Ekip yo te gen opòtinite tou pou prezante banyè SECME kreyatif yo nan yon parad lekòl nan seremoni ouvèti a. Apwoksimativman 2,500 elèv nan 118 lekòl M-DCPS te patisipe nan klib ak seminè SECME atravè ane lekòl la. Bi depatman Syans M-DCPS la se pou amelyore ansèyman ak aprantisaj nan syans pou asire tout elèv yo resevwa yon edikasyon ekitab ki baze sou estanda. Edikatè yo gen objektif tou pou enplemante opòtinite devlopman pou chak pwofesè syans amelyore pèfomans yo e pwodui refòm sistematik.

Vizyon Distri a pou Edikasyon STEM se pou angaje e prepare elèv nan “Science, Technology, Engineering and Mathematics (STEM)” (Syans, Teknoloji, Jeni ak Matematik) pou asire kominote nou an ka konte sou yon nouvo jenerasyon envantè, eksplorè, inovatè ak lidè. Pou enfòmasyon sou inisyativ STEM M-DCPS yo, ale nan http://stem.dadeschools.net/initiatives.html

 

###

15-DGD/307/TC/RL

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès