Home
Printer-Friendly Version


AKSELERASYON ATRAVÈ OPÒTINITE POU DOUB ANWOLMAN

       Doub Anwolman se yon pwogram eta a patwone kote elèv lekòl segondè pran kou kolèj e yo resevwa toulède kredi kolèj ak lekòl segondè.  Eta a peye ekolaj la e Distri a peye liv yo.  Paske elèv pran kou sa yo nan kanpous kolèj la, elèv yo responsab pou pwòp transpòtasyon yo.

       Selon kou espesifik la, elèv nan klas Doub Anwolman genyen youn oubyen de pwen bonis ki ale nan total mwayèn jeneral yo “weighted GPA.”  Elèv dwe fini 9yèm ane eskolè pou yo kab patisipe nan Doub Anwolman.  Anplisdesa, elèv yo dwe gen yon mwayèn total “unweighted GPA” 3.0 e yo dwe pase Egzamen Plasman Kolèj la oubyen yo dwe fè nòt minimòm yo mande sou nòt SAT oubyen ACT.  Elèv dwe soumèt relve nòt yo bay konseye gidans lekòl segondè yo pou yo resevwa kredi pou kou Doub Anwolman.

       Pou plis enfòmasyon, kontakte Divizyon Pwogram Akademik Avanse nan 305-995-1993.

TOP


KLAS EDIKASYON ADILT
AK KARYÈ TEKNIK

       Lekòl Leta Miami-Dade County ofri plis pase 100 pwogram etid nan aplikasyon teknolojik e edikasyon adilt.  Plis pase 128,582 elèv patisipe nan klas lajounen e leswa nan 21 sant edikasyon pou adilt atravè konte a.

       Pwogram aplikasyon teknolojik yo enkli agribiznis, biznis teknoloji, syans fanmi e konsomatè, syans sante, teknik pou fè pwomosyon (Maketing) e sèvis edikasyon piblik. 

       Pwogram edikasyon jeneral adilt la:

  • ede adilt pou vin konn li e vin gen konesans ak ladrès nesesè pou jwenn travay e vin endepandan
  • ede paran vin gen ladrès edikasyonèl nesesè pou vin patnè total nan edikasyon pitit yo
  • ede adilt nan fini kritè pou gradyasyon nan lekòl segondè oubyen ekivalan an.

       Adilt kab avanse dapre nivo pwogrè yo sou lekti, lang, redaksyon e matematik.  Anplisdesa, elèv yo kab sèvi ak òdinatè ki gen Entènèt pou resevwa enstriksyon nan sèvi ak yon kourikoulòm san parèy nan pwogram yo sou sijè akademik oubyen vokasyonèl.

       Èd finansye kab disponib pou endividi ekonomi yo ba oubyen travayè ki andikape.  Pou plis enfòmasyon kontakte yon sant adilt, ladrès, oubyen sant teknik ki pre w, oubyen kontakte liy enfòmasyon an nan 305-558-8000.


TOP

SWEN ANVAN, APRE LEKÒL NAN LEKÒL ELEMANTÈ

            Ane sa a 209 lekòl elemantè leta nan Miami-Dade County ap ofri pwogram swen apre lekòl nan jou lekòl yo.   Y ap ofri pwogram swen anvan lekòl lè gen yon bezwen.

            Pwogram swen apre lekòl yo fèt osito lekòl lage jiska 6è diswa.  Pwogram swen anvan lekòl yo kòmanse apeprè inèdtan anvan klas kòmanse.  Paran dwe tcheke ak lekòl pitit yo a pou lè espesifik yo kòmanse.

            Tout  pwogram swen apre lekòl yo ofri aktivite ki planifye, ki enkli asistans ak devwa, jwèt yo kab jwe anndan oubyen deyò, ar oubyen ouvraj, yon tan pou pran yon goute, epi yon varyete aktivite rekreyatif.  Plizyè pwogram ofri leson nan lekti ak matematik, mizik, seramik, echèk, dram e lòt klas ki fèt pou ofri patisipan yo yon varyete eksperyans edikasyonèl anrichisan.  Pwogram swen anvan lekòl yo ofri elèv yo aktivite trankil, ki sou siveyans.

            Pri pwogram swen apre lekòl la se $30 pa semèn; pri pwogram swen anvan lekòl la koute $15 pa semèn.

            Se youn nan kat ajans sa yo ki ofri pwogram yo: Lekòl Leta Miami-Dade County, “the Young Men’s Christian Association (YMCA)” (Asosyasyon Jèn Gason Kretyen), “the Young Women’s Christian Association (YWCA) (Asosyasyon Jèn Fi Kretyen) e "Family Christian Association of America (FCAA)" (Asosyasyon Fanmi Kretyen ann Amerik).

            Paran ki enterese dwe kontakte biwo direksyon lekòl pitit yo pou yo konnen ki pwogram yo ofri.  Ou ka gen plis enfòmasyon lè w ale sou Entènèt nan http://sacc.dadeschools.net oubyen rele 305-253-9920, ekstansyon 2194.

 

TOP


PWOGRAM POU SÈVI PARAN BILENG

         Fanmi imigran ki nouvo nan Miami-Dade kab jwenn enfòmasyon sou edikasyon, sèvis kominotè, ak dwa e responsablite paran atravè seminè gratis, ann Espayòl e/oubyen an Kreyòl, Pwogram pou Sèvi Paran Bileng la ofri.  Pwogram sa a, Divizyon Edikasyon Bileng ak Lang Mondyal ofri a, se yon sèvis pou paran imigran, e/oubyen paran ki limite ann Anglè.  Yo ofri patisipan nan seminè yo gadri gratis.

         Ou kab resevwa orè  seminè yo lè ou rele Doktè Yvonne Lim-Petersen, Divizyon Edikasyon Bileng ak Lang Mondyal, nan 305-995-1920 oubyen vizite paj Entènèt la nan  http://bilingual.dadeschools.net.


TOP


LEKÒL "CHARTER"

         Lekòl "charter" se lekòl leta ki fonksyone anba yon akò kontra ak komisyon konsèy lekòl nan zòn nan. Yo se enstitisyon ki pa la pou pwofi, ki tipikman gouvène pa yon gwoup paran oubyen pwofesè, òganizasyon, lakomin, inivèsite, e/oubyen yon konbinezon ki gen plis pase yon gwoup. 

         Genyen 50 lekòl "charter" kounye a k ap fonksyone nan Miami-Dade County avèk 12 lòt lekòl "charter" ki gen pou ouvè nan Otòn 2006. 

          Pou plis enfòmasyon sou lekòl "charter," avèk kote yo lokalize, silvouplè rele Pwogram Espesyal - Operasyon Lekòl "Charter" nan 305-438-2220 oubyen vizite lekòl "charter" sou Paj Entènèt http://choice.dadeschools.net.


TOP


PWOGRAM CHWA

         Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) kontinye ap devlope pwogram ak lekòl anba estati “post-unitary” (pos-initè) ki satisfè bezwen elèv e prepare yo pou anviwonman travay la.  Pou sipòte inisyativ distri a nan elaji pwogram chwa ki pwomote egalite ak aksè egal, M-DCPS gen 119 pwogram chwa disponib ki enkli: pwogram magnèt yo, chwa kontwole, sant detid satelit (satellite learning cernters), chwa lekòl inovatif (I Choose!)(Mwen chwazi!), e sant K-8 (klas jadendanfan rive nan 8yèm ane eskolè).

         Pwogram magnèt yo atire elèv atravè peyi a pou etidye nan domèn espesyalize.  Magnèt nou yo prezante edikasyon pwovokan e estimilan nan tèm tankou Karyè ak Pwofesyon, Kominikasyon, Edikasyon Entènasyonal, Matematik, Syans ak Teknoloji, “Montessori” e Ar Vizyèl ak Pèfòmans.

         Chwa Kontwole, Pwogram Mwen Chwazi!, ak lekòl yo ofri yon opsyon anwolman lib pou rezidan nan fontyè jewografik espesifik konte a olyede lekòl ki nan katye yo.  De (2) sant satelit ofri anplwaye Sant Medikal Mt. Sinai ak Assurant Solutions opsyon pou anwole pitit yo e pou yo ale lekòl nan menm kote yo travay la.  Anplisdesa, sant K-8 yo ofri paran opsyon pou yo kenbe pitit yo menm kote jiskaske yo rive nan uityèm ane eskolè, oubyen pou yo ale nan yon lekòl mwayen tradisyonèl.

         Ou kab jwenn plis enfòmasyon, ki enkli lis tout pwogram sa yo ak adrès e telefòn yo, lè ou rele Pwogram Espesyalize – Lekòl Chwa, nan 305-995-1922, oubyen vizite http://choice.dadeschools.net.

TOP


PWOGRAM ASISTANS POU KOLÈJ

         Pwogram Asistans pou Kolèj “College Assistance Program (CAP),” ki nan Divizyon Sèvis Elèv la, ofri preparasyon pou kolèj ansanm ak èd finansye e atelye sou bousdetid pou elèv avèk paran yo.        

           Nan chak lekòl segondè, konseye CAP yo ede elèv ranpli aplikasyon pou yo pran egzamen pou rantre nan kolèj, enskri nan enstitisyon apre lekòl segondè, èd finansye e bousdetid. 

         Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) an kolaborasyon ak Asosyasyon Konsèy Nasyonal pou Admisyon nan Kolèj patwone Fwa Nasyonal Kolèj anyèl la ki prezante plis pase 180 kolèj ak inivèsite atravè peyi a, e yo fè li chak prentan.

         Pwogram Asistans pou Kolèj, Inc., (CAP, Inc.), se yon òganizasyon 501(c)(3) ki pap chèche pwofi, ki bay dè milye de dola pou ede elèv ki prepare pou yo rantre nan kolèj. 

         Pou plis enfòmasyon, elèv yo dwe kontakte konseye CAP lekòl yo nan Depatman Sèvis Elèv la oubyen rele Divizyon Sèvis Elèv nan 305-995-1743.

TOP


OU VLE ALE NAN KOLÈJ?
FWA NASYONAL KOLÈJ AP VIN MIAMI, DIMANCH 18 FEVRIYE

Elèv ak Paran nan Sid Florid la kab rankontre reprezantatif k ap soti nan plis pase 180 kolèj ak inivèsite nan Fwa Nasyonal Kolèj 2007 nan Miami a midi pou 4è nan aprèmidi, dimanch 18 fevriye, nan Sheraton Miami Mart Hotel (ki te rele Radisson Mart), 777 N.W. 72 Ave.

         Elèv, paran e lòt moun envite nan fwa gratis la.

         Evènman an ap pèmèt elèv ak lòt moun rankontre ak reprezantatif kolèj e jwenn repons pou kesyon yo ta genyen.  Y ap ofri tou sesyon enfòmasyon sou èd finansye, planifikasyon pou kolèj e sa yo mande pou admisyon ak pou pran tès.

         Sant konseye ak òdinatè ap pèmèt elèv yo gen aksè sou karyè ki enterese yo e enfòmasyon sou preparasyon pou kolèj, admisyon e bous detid.

         Asosyasyon Nasyonal Konseye pou Admisyon nan Kolèj “The National Association for College Admission Counseling” (NACAC) e Lekòl Leta Miami-Dade County ap patwone evènman an.  Manm Komisyon Konsèy Lekòl Perla Tabares Hantman se vis-prezidan komite lokal Fwa Nasyonal Kolèj la.  Chak ane NACAC patwone fwa nan 48 vil atravè peyi a ki atire plis pase 650,000 elèv ak paran.

         Pou plis enfòmasyon, kontakte Liy Enfòmasyon pou Kolèj la nan 305-995-1743 oubyen vizite http://www.nacacnet.org.

TOP


LEKÒL KOMINOTÈ OFRI OPÒTINITE EDIKASYONÈL NAN PRI KI ABÒDAB

         Lekòl Leta Miami-Dade County genyen 32 lekòl kominotè ak 18 lokal edikasyon adilt ki ofri klas nan prèske tout sijè – depi kòmanse sou yoga pou rive sou lang etranje ak fotografi – swa yo gratis oubyen yo nan pri trè ba.  Yo ofri pifò kou yo nan aprèmidi oubyen nan aswè.

         Plis pase 98,000 moun pran avantaj nan opòtinite edikasyonèl sa yo, e si yon gwoup vle aprann yon nouvo ladrès, Lekòl Leta Miami-Dade County ap fè aranjman pou yo genyen yon klas nan yon lekòl ki nan katye a.

         Lekòl kominotè ofri klas pou moun tout laj, nan tout nivo ladrès, e nan kapasite langaj.   Ladrès travay kab amelyore kay elèv ki enskri nan klas daktilografi oubyen klas òdinatè.  kèk nan kou yo kab menm sèvi pou kredi kolèj.  Pou plis enfòmasyon sou avantaj ki genyen nan lekòl kominotè yo, rele nan 305-253-9920, ekstansyon 2194 oubyen ale sou Entènèt nan http://sacc.dadeschools.net.

TOP


PLAN KONPREYANSIF POU MATEMATIK AK SYANS
“COMPREHENSIVE MATHEMATICS AND SCIENCE PLAN (CMSP)”

         Plan Konpreyansif pou Matematik ak Syans (CMSP) ede elèv fini baz nesesè nan matematik ak syans pou yo gen siksè nan edikasyon apre etid segondè yo e kòm anplwaye nan travay yo.

         Bi pwogram nan e demand yo enkli eleman sa yo:

         •  chak elèv ki gradye nan lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) dwe fini pran yon minimòm Aljèb I, Jewometri (oubyen matyè ki ekivalan), e yon lòt nivo kou matematik ki pi wo e l ap kapab ititlize prensip matematik pou rezoud pwoblèm nan kontèks lavi reyèl; e

         •  chak elèv ki gradye nan M-DCPS dwe fini pran yon minimòm Syans Espas/Latè, Biyoloji ak Chimi (oubyen Syans Fizik) e l ap kab itilize prensip syans nan kontèks lavi reyèl.

         Sa ki pi enpòtan pou siksè nouvo inisyatif sa a se yon apwòch estriktire pou amelyore kapasite pwofesè pou anseye matematik ak syans pou transfòme pratik ansèyman pou vize sou yon konsèp enfòmasyon e rezoud pwoblèm.

         Pwogram nan ranfòse kontni akademik e amelyore enstriksyon Lekòl Leta Miami-Dade yo.  Anplisdesa, li ogmante siksè elèv yo nan egzamen estanda FCAT la nan matematik ak syans, li ogmante enskripsyon nan nivo wo nan kou matematik ak syans, li ogmante nonb elèv ki pase nan kou Aljèb I ak Chimi e li ogmante patisipasyon paran ak kominote a.

         Patnè kominotè yo, ki enkli inivèsite lokal yo, bibliyotèk yo ak gouvènman minisipal yo kontinye ede konekte enstriksyon matematik ak syans nan sitiyasyon lavi reyèl e karyè. 

         Pou plis enfòmasyon, silvouplè rele swa Doktè Valtena Brown, Direktè Administratif Divizyon Matematik oubyen Cyd Heyliger-Browne, Direktè Administratif Pwovizwa, Divizyon Edikasyon Syans, nan 305-995-2341.

TOP


PWOGRAM KONPREYANSIF SÈVIS ELÈV
SATISFÈ BEZWEN ELÈV YO

         Lekòl Leta Miami-Dade County ofri elèv li yo ak fanmi yo plizyè sèvis sipò. 

         Divizyon Sèvis Elèv enplemante Pwogram Sèvis Konpreyansif Elèv Lekòl Matènèl-Adilt baze sou Ankadreman Debaz Devlopman Elèv pou adrese bezwen akademik, pèsonèl/sosyal, kominotè, karyè, ak sante e byennèt chak elèv.  Pwogram nan dirije sèvis li ofri yo avèk yon ekip konseye gidans, konseye Pwogram Asistans pou Kolèj la “College Assistance Program (CAP),” espesyalis karyè, espesyalis “TRUST”, Espesyalis pou Lekòl Ansekirite, travayè sosyal lekòl, sikològ lekòl, Ekip Manajman Kriz Distri a, e moun ki fè depistaj sou sante.

         Bi pwogram sèvis elèv yo se pou redui baryè nan akonplisman siksè elèv e pou ofri yon tranzisyon san pwoblèm pou elèv nan lekòl matènèl rive nan lekòl adilt.  Estrateji ki pi enpòtan yo enkli reyose sèvis sante ak byennèt; kenbe yon nivo prevansyon efektif, preparasyon, respons, e sèvis pou retablisman; e yo etabli ak elaji patnè avèk swen sante e lòt òganizasyon kominotè-debaz.

         Pou plis enfòmasyon, kontakte konseye gidans lekòl la oubyen responsab Sèvis Elèv la nan lekòl pitit ou a.  Ou kab rele tou Divizyon Sèvis Elèv nan 305-995-7338 oubyen vizite http://studentservices.dadeschools.net

TOP


PWOGRAM LEKTI KONPREYANSIF K-12 KI BAZE SOU RECHÈCH
K-12 COMPREHENSIVE RESEARCH-BASED READING PROGRAM (CRRP)

         Lekòl Leta Miami-Dade County genyen youn nan pwogram ki pi konpreyansif pou lekti nan peyi a pou tout elèv nan jadendanfan rive nan 12yèm ane eskolè, ki mete ansanm pwogram lwa federal "No Child Left Behind  (NCLB)" (Okenn Timoun Pap Ret Dèyè) ak "Just Read, Florida! Requirements" (Demand pou Annik Li, Florid!).

         Plan an enkli enstriksyon nan senk eleman esansyèl pou lekti, twa fòm evalyasyon nan salklas, enstriksyon inisyal ak imedya, entèvansyon entansif lè gen bezwen. 

         Se anplwaye ak asistans “Ad Hoc Reading Committee” (Komite pou Amelyore Lekti), ki te devlope pwogram la, kote yo idantifye li nan nivo nasyonal e nan nivo eta a kòm yon pwogram lekti egzanplè ki te lakoz elèv yo jwenn bonjan pwofi.

         Pwogram sa a Komisyon Konsèy Lekòl la mande a enkli estrateji ak demand k ap suiv anba yo:

     •Enstriksyon lekti/redaksyon pou dezèdtan konsekitif chak jou pou elèv nan klas jadendanfan rive nan senkyèm ane eskolè;

         •Ankadreman pou travay enstriksyonèl pou elèv 6yèm rive nan 12yèm ane eskolè;

         •Evalye konpreyansyon lekti elèv yo, nan sèvi ak depistaj, siveyans sou pwogrè e evalyasyon sou dyagnostik lè gen bezwen;

         •Ofri entèvansyon entansif imedya, lè gen bezwen, nan tout nivo ane eskolè pou akselere siksè nan lekti;

         •Ranfòse chak jou, enstriksyon sistematik, e enstriksyon presi sou fonetik nan jadendanfan rive nan twazyèm ane eskolè.

         Eleman kle pwogram nan se devlopman pwofesyonèl detaye pou pwofesè yo nan tout nivo, yon  apwòch estriktire sou enstriksyon lekti e yon ranfòsman sou lekti atravè tout materyèl nan kourikoulòm la avèk atant yo defini klèman nan chak nivo ane eskolè.  Administratè lekòl la, antrenè ak lidè pou lekti, espesyalis edikasyonèl, ak anplwaye distri a ki senkwonize enplemantasyon efektif plan an ofri sipò sistematik.

         Se yon gran varyete òganizasyon kominotè, enstitisyon edikasyon wo nivo, ak ajans lokal ki sipòte Pwogram Lekti Konpreyansif K-12 ki Baze sou Rechèch la. 

         Pou Plis enfòmasyon kontakte Divizyon Ar Langaj ak Lekti nan 305-995-3122.

TOP


PATNÈ DADE YO

         Nan ane 1978 Lekòl Leta Miami-Dade County te kreye pwogram Patnè Dade yo pou te ka reyini biznis e resous kominote yo ak lekòl nan zòn yo.  Pwogram nan envite biznis, lidè kominotè ak ajans lokal e òganizasyon non-likratif yo pou vin moun k ap pran desizyon e patisipan nan edikasyon leta Miami-Dade County.

Depi l te kòmanse, Patnè Dade grandi plis pase 3,859 antite, ki fòme pase 3,000 patnè ant òganizasyon yo e lekòl nou yo.   Ansanm tout patnè sa yo kontinye ap pataje konesans yo e ofri lekòl nou yo yon miltitid resous, ki enkli leson patikilye e entèn, founiti klasik e materyèl, anmenmtan tou lajan evènman pwofesè e elèv.

Pou plis enfòmasyon sou Patnè Dade yo, silvouplè kontakte Christina Scott, Sipèvizè, Pwogram Patnè Dade yo nan 305-995-2775.

TOP


OU BEZWEN ÈD AVÈK DEVWA? 
ANNIK RELE “DIAL-A-TEACHER”

         Pou jèn ak paran yo nan Lekòl Leta Miami-Dade County, èd avèk devwa tou pre menm jan ak yon apèl nan telefòn, oubyen klike yon sourit òdinatè.

         “Dial-A-Teacher,” (Rele Yon Pwofesè) nan nimewo 305-995-1600, ofri èd avèk devwa pa telefòn nan men pwofesè ki sètifye apatide 5:30 rive 8:00 diswa, lendi rive jedi, nan jou ki gen lekòl.  N ap jwenn èd nan lang Espayòl ak Kreyòl tou.

         Pou gen aksè avèk paj Entènèt “Dial-A-Teacher” a, ale nan www.dial-a-teacher.com.  Elèv ak paran kab voye kesyon sou devwa yo bay anplwaye “Dial-A-Teacher” yo pa lèt elektwonik, oubyen yo kab tcheke “database” la (enfòmasyon sou òdinatè) pou kesyon yo mande pi souvan yo.

         Se Biwo Adilt/Vokasyonèl Altènatif ak Edikasyon Kominotè ki responsab pwogram “Dial-A-Teacher.”

         Pou plis enfòmasyon, rele 305-995-1822.

TOP


PWOSEDI NAN KA IJANS

         Elèv yo dwe gen nan dosye lekòl yo enfòmasyon pou asire yo avèti  paran yo rapidman osnon lòt endividi yo te deziye sou kat ijans la pou lè gen yon ijans konsènan pitit yo.

         Paran yo dwe founi enfòmasyon sa a sou yon kat dosye elèv depi premye fwa yo ap enskri pitit yo nan yon lekòl leta Miami-Dade County; apre sa, yo mete enfòmasyon an ajou chak ane.  Sepandan, li enpòtan pou paran yo mete enfòmasyon an ajou alekri diran ane lekòl la si ta vin gen chanjman tankou non, telefòn oubyen adrès.

         Lè yon elèv gen yon ijans nan lekòl li osnon pandan yon aktivite lekòl la te otorize, responsab yo nan lekòl la dwe avèti youn nan paran yo imedyatman.  Si yo pa ka kontakte okenn nan paran yo, yo dwe rele yon fanmi oubyen yon zanmi ki gen non li mansyone sou kat ijans la.  Si yo pa jwenn ni zanmi, ni fanmi epi maladi oubyen blesi elèv la grav, yo dwe rele ekip sèvis sekouris la e/oubyen lapolis.

TOP


PWOGRAM  EKSTANSYON LANG ETRANJE

         Yo enplemante Pwogram Ekstansyon Lang Etranje (EFL) kòm yon model "lekòl anndan yon lekòl" e ki sèvi elèv ki enterese nan devlope ladrès bileng e edikasyon ann Anglè e yon lòt lang.  Patisipan nan pwogram nan kòmanse nan yon laj byen bonè pou yo kab vrèman vin kouran nan lang.  Pwogram EFL la, yo ofri nan chak nivo ane eskolè, vize pou delivre 60 pousan enstriksyon ann Anglè e 40 pousan nan dezyèm lang yo vize a, tankou Espayòl, Italyen, Fransè, oubyen Kreyòl.

         Elèv ki patisipe nan pwogram nan pou yon ane konplè otomatikman enskri nan lòt nivo ane eskolè nan ane k ap suiv la.  Pwogram nan ofri yon etid bileng k ap kontinye jisrive nan douzyèm ane eskolè. 

         N ap jwenn enfòmasyon adisyonèl, ansanm ak yon lis tout lekòl ki ofri pwogram EFL la ak lòt pwogram bileng, lè nou rele Doktè Joanne H. Urrutia, Direktè Administratif, Divizyon pou Edikasyon Bileng e Lang Mondyal, nan 305-995-1945 oubyen vizite paj Entènèt la nan http://bilingual.dadeschools.net.

TOP


PAJ DETAY

Kantite lekòl
Elemantè   197
Sant K-8 (Jandendanfan-8yèm ane eskolè) 9
Mwayen 54
Segondè 37
Altènatif/Espesyalize 70
TOTAL  
367
Demografi elèv
Espayòl
218,332 60.4%
Nwa
99,730 27.6%
Blan
34,763 9.6%
Lòt
8,725 2.4%

Kantite elèv

361,550
 
Kantite anplwaye
Pwofesè 21,161
A Plentan 38,497
A Demitan 10,978
Total Anplwaye  49,475

Baz minimòm ak maksimòm salè pwofesè:

  • $34,200-$62,225 (avèk yon Bachelye)
  • $37,200-$65,225 (avèk yon Metriz)
  • $39,200-$67,225 (avèk yon diplòm Espesyalis)
  • $41,200-$69,225 (avèk yon Doktora)

Bidjè Distri a: $5.7 Milya

Lajan chak elèv koute: $7,045

Kantite manje yo sèvi: 63.9 milyon chak ane (nan tout sikisal manje yo)

Dis (10) premye lang elèv itilize kòm lang
prensipal yo

Espayòl  195,433
Kreyòl-Ayisyen 19,595
Fransè  2,394
Pòtigè 1,591 
Zhongwen(Chinwa) 728
Arab 493
Ris 472
Idou (Urdu) 432
Ebre 238
Vyetnamiz 204

Kantite elèv ak andikap e elèv ki gen don

Don 25,569
Andikap Espesifik pou Aprann 15,766
Elèv Edikasyon Eksepsyonèl 

58,948 (enkli elèv ki gen don ak andikap espesyal pou aprann)

Kantite pwogram magnèt/lekòl chwa
Lekòl
67  
Anwolman
31,861
Kantite bis lekòl ak wout yo fè
Bis
1,600
Wout
1,400
Kantite elèv yo transpòte
72,000

 


TOP


FWA AK EKSPOZISYON MIAMI-DADE COUNTY

         Y ap kòmanse fwa a 15 avril ane sa a pou montre talan elèv yo e ofri fanmi yo 18 jou amizman!  Fwa a tou ofri elèv yo yon bous demil dola ki pa renouvlab pou yo ale nan yon kolèj ki renome, inivèsite oubyen yon pwogram lekòl ki sètifye.  Elèv lekòl segondè oubyen adilt/vokasyonèl yo dwe aplike nan lekòl nan katye yo.  Y ap onore tout resipyan yo nan yon seremoni dine nan Fwa a.

         Prim Apresyasyon pou Jèn “The Walter B. Arnold Youth Hall of Fame” Fwa ofri a te kreye pou rekonpanse elèv nan 6-12 ane eskolè  pou sèvis remakab yo nan lekòl yo e/oubyen kominote yo.  Y ap onore tout finalis yo nan yon seremoni dine nan Fwa a e yo ap resevwa $100 ak yon plak.  Chak resipyan “The Youth Hall of Fame” yo ap resevwa $1000 e y ap kwoke foto yo pou onore yo nan mi “Youth Wall of Fame” nan Fwa a.  Elèv yo dwe aplike nan lekòl yo.

         Pou plis enfòmasyon  sou sa yo e lòt pwojè Fwa ak Ekspozisyon, egzibisyon e lòt opòtinite silvouplè ale sou paj entènèt nan www.fairexpo.com oubyen kontakte Diane Venturini, Direktris nan Biwo Sèvis Kominotè nan Lekòl Leta Miami-Dade nan  305-1367.

TOP


ENSKRIPSYON AK ORÈ LEKÒL

         Lekòl Leta Miami-Dade County yo ap ouvri pòt yo lendi 14 out pou kòmanse ane lekòl 2006- 2007 la.  39 Lekòl ki nan Zòn pou Amelyore Lekòl la ap kòmanse ane lekòl la 7 out.

         Elèv lekòl matènèl, jadendanfan ak elèv premye ane eskolè yo pral lekòl a 8:30 dimaten pou 2è nan aprèmidi.  Elèv dezyèm ane jiska sizyèm ane eskolè yo ap gen klas de 8:30 dimaten jiska 3è nan aprèmidi.  Elèv nan Sant Jadendanfan jiska uityèm ane eskolè (K-8 Centers) yo ap fonksyone de 8:30 dimaten jiska 3è nan aprèmidi.  Lè mèkredi tout elèv nan lekòl elemantè yo ap lage a 2è nan aprèmidi.

         Orè lekòl mwayen yo ap a 9è dimaten pou 3:40 nan aprèmidi. Orè lekòl segondè yo ap a 7:30 dimaten pou 2:30 nan aprèmidi.  Kèk lekòl elemantè, segondè menmjan ak kèk klas jadendanfan jisrive 8yèm ane eskolè espesyal e kèk sant edikasyon altènatif ap fonksyone sou orè endividyèl pa yo.  Paran yo dwe telefone lekòl pitit yo pou orè sa yo. 

         Lekòl ki nan Zòn pou Amelyore Lekòl la fonksyone sou lòt orè.  Elèv nan lekòl matènèl, jadendanfan ak premye ane eskolè yo pral lekòl a 8:20 dimaten pou 3è nan aprèmidi.  Elèv dezyèm jisrive sizyèm ane eskolè pral lekòl a 8:20 dimaten pou 4è nan aprèmidi.  Lè mèkredi, tout elèv nan lekòl elemantè yo ap lage a 3è nan aprèmidi. Orè lekòl segondè pou nevyèm ane jisrive 12yèm ane eskolè, ap a 7:30 dimaten pou 3:30 nan aprèmidi.  Lè mèkredi, tout elèv nan lekòl segondè yo ap lage a 2:30 nan aprèmidi.  Lekòl mwayen ki nan Zòn nan ak kèk lekòl segondè fonksyone sou orè endividyèl yo.  Paran yo dwe telefone lekòl pitit yo pou orè sa yo.

         Paran ki pa konnen nan ki lekòl pitit yo prale dwe ale nan deskripsyon limit zòn lekòl nan paj Entènèt Lekòl Leta Miami-Dade County, http:/www.dadeschools.net/schools/locator.htm, oubyen telefone Divizyon Sèvis Prezans, Kat Jewografi, Depatman Limit Zòn, nan 305-883-5651.

         Menmsi pa gen datlimit pou enskripsyon, yo ankouraje elèv yo enskri bonè pou evite reta nan pwosesis la, e pou asire y ap ka antre lekòl depi jou ouvèti lekòl la.

         Elèv k ap antre nan pifò pwogram matènèl (pre-kindergarden) dwe gen (4) katran 1ye septanm osnon anvan 1ye septanm 2006.

         Elèv k ap antre nan klas jadendanfan (kindergarten) dwe gen (5) senkan anvan osnon 1ye septanm 2006.

         Pou antre nan premye ane eskolè (1st grade) elèv la dwe gen (6) sizan anvan osnon 1ye septanm 2006, e fò li pase klas jadendanfan an.

         Elèv k ap antre nan sistèm lekòl leta Miami-Dade County a pou premye fwa dwe prezante dokiman sa yo:  prèv laj; prèv dènye egzamen fizik ki enkli tès tibèkiloz (ak tretman apwopriye si tretman te nesesè); e yon sètifika vaksinasyon.  Anplisdesa, de prèv adrès aktyèl sou fòm deklarasyon ajans koutye osnon avoka, yon nòt paran yo achte kay la oubyen prezante yon dokiman ofisyèl ki montre paran yo lwe oubyen anfème kay la, depo pou kouran, resi oubyen fakti pou kouran e/oubyen yon kat ki montre rediksyon pou peye taks aktyèl (Homestead Exemption card).  Epitou yo mande pou yo ranpli yon fòm ki rele "Disclosure at Time of Registration" “Devwale Enfòmasyon nan Lè Enskripsyon an," yo ka jwenn fòm sa a nan biwo Sèvis Prezans.

         Elèv k ap transfere sot nan lòt distri lekòl dwe prezante dènye kanè yo osnon lòt dosye dènye lekòl yo te ye a.

         Elèv etranje yo ap suiv menm pwosedi ki pou natifnatal yo.  Elèv k ap antre nan sistèm nan pou premye fwa, kit se elèv etranje, kit se elèv ki sot nan lòt eta yo, kab enskri nan lekòl yo.  Pou klarifikasyon ki gen pou wè ak timoun ki fèt nan lòt peyi, paran yo dwe kontakte Sèvis Prezans, Depatman Dosye Etranje/Viza Elèv nan 305-884-2044 pou pwogram jadendanfan jisrive 12yèm ane eskolè (program K-12), oubyen 305-883-1445 pou pwogram adilt la.

         Pwojeksyon sou enskripsyon pou jou ouvèti a pa disponib, kwak enskripsyon pou premye jou ane pase a te 330,718; chif dènye jou a te 349,574.

TOP


PLAN CHWA-LEKÒL-SENKAN

       Elèv Miami-Dade kontinye gen plis chwa nan ki lekòl leta yo vle ale.  Inisyativ “Mwen Chwazi: Lekòl Leta Miami-Dade County” ap elaji anba Depatman Edikasyon Etazini pwogram Chwa Volontè Lekòl Leta ki finanse ak $14.6 milyon lajan federal.  Anba slogan “I Choose: Miami-Dade County Public Schools” (Mwen Chwazi: Lekòl Leta Miami-Dade County), lekòl ki patisipe yo bati pwogram ki gen siksè nan repwodui chwa kourikoulòm ki popilè, pandan yo rete kreyatif nan enplemantasyon tèm yo chwazi yo.

       Pandan twazyèm ane pwojè a ap kòmanse, apwoksimativman 45,000 elèv nan “Zòn Chwa Lekòl 1” yo e 60,000 elèv nan “Zòn Chwa Lekòl 2,” yo elijib pou travèse fontyè tradisyonèl prezans e enskri nan 11 lekòl elemantè, twa lekòl mwayen e kat lekòl segondè yo chwazi.  Yo ofri pwogram espesyalize oubyen kourikoulòm yo refòme nan lekòl sa yo konsa:

  • Lekòl Elemantè Thena C. Crowder, Yon Vilaj k ap Aprann – Kominote, Sousye e Karyè
  • Lekòl Elemantè Earlington Heights - Edikasyon Entènasyonal
  • Lekòl Elemantè Lillie C. Evans - Alfabetizasyon Atravè Ar yo
  • Lekòl Elemantè Holmes - Lekòl Dekouvèt Syans Espas Ayeryèn
  • Lekòl Elemantè Martin Luther King - Pwogram Lekti Bonè
  • Lekòl Elemantè Lorah Park - Edikasyon Entènasyonal/Doub Lang
  • Lekòl Elemantè Liberty City - Yon Lekòl Preparatwa Istwa ak Prezèvasyon
  • Lekòl Elemantè Melrose - Etid Global/Plizyè Entèlijans
  • Lekòl Elemantè Ada Merritt - Etid Entènasyonal/Doub Lang
  • Lekòl Elemantè Poinciana Park - Ar Medikal/Matematik/Syans/Teknoloji
  • Lekòl Elemantè Dr. Henry S. Mack/West Little River - “Leap Frog:” Matematik e Syans
  • Lekòl Mwayen Brownsville - Akademi Etid Global
  • Lekòl Mwayen Lamar Louise Curry – Edikasyon Entènasyonal
  • Lekòl Mwayen Riviera - “Music Industry Experience (MIX)” (Eksperyans Endistri Mizik)
  • Lekòl Segondè John A. Ferguson - Bakaloreya Entènasyonal 
  • Sant Edikasyonèl Robert Morgan - Lekòl Segondè Tout Akademi
  • Lekòl Segondè Booker T. Washington – Lekòl Segondè Tout Akademi, ki enkli Lang Etranje e Relasyon Entènasyonal

         Pou plis enfòmasyon konsènan inisyativ “Mwen Chwazi: Lekòl Leta Miami-Dade County,” kontakte Pwogram Espesyalize nan 305-995-1922 oubyen vizite paj Entènèt Chwa Lekòl nan http://choice.dadeschools.net.

TOP


MANJE GRATIS E NAN PRI REDUI

         Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) sèvi manje ki gen bonjan nitrisyon chak jou. Elèv yo kab peye  repa-midi davans pa semèn oubyen pa mwa nan ekri yon chèk oubyen ak kach. Yo sèvi dejene gratis pou elèv nan tout Lekòl Leta Miami-Dade County.  Timoun k ap viv nan kay ki satisfè obligasyon finans federal elijib pou repa-midi gratis oubyen nan yon pri redui. Pri redui pou repa-midi koute .40 santim pa jou.

         Chak lekòl ansanm ak Depatman Manje ak Nitrisyon sistèm lekòl la gen kopi règ ki disponib pou piblik la kab wè. M-DCPS suiv règ gouvènman federal la ki pèmèt yo apwouve elèv nan sètifikasyon dirèk.  Pwovizyon sa a di elèv ki sot nan fanmi ki resevwa Koupon Manje (Food Stamps) oubyen Asistans Tanporè pou Fanmi ki nan Bezwen elijib pou sètifikasyon dirèk.  Elèv yo apwouve anba sètifikasyon dirèk pa oblije gen yon aplikasyon nan dosye yo pou yo resevwa repa-midi gratis.

         Lekòl yo voye fòm aplikasyon nan tout kay ak yon lèt bay paran oubyen gadyen timoun yo nan kòmansman chak ane lekòl.  Pou aplike pou manje gratis oubyen bon mache, paran e/oubyen gadyen elèv ki pat jwenn apwobasyon pou sètifikasyon dirèk dwe ranpli yon aplikasyon pou chak fanmi, menmsi timoun yo ale nan diferan Distri lekòl e retounen aplikasyon an bay youn nan lekòl ki konsène yo.  Gen kopi adisyonèl nan direksyon tout lekòl yo.

         Pou plis enfòmasyon, rele Depatman Manje ak Nitrisyon sistèm lekòl la nan nimewo 786-275-0400. 

         SAN DISKRIMINASYON:         Annakò avèk lwa Federal ak règ Agrikilti Depatman Etazini, yo defann enstitisyon sa a diskrimine sou baz ras, koulè, nasyonalite orijin, sèks, laj, oubyen andikap.  Pou pote yon plent diskriminasyon, ekri USDA, Director, Office of Civil Rights, Room 326-W, Whitten Building, 1400 Independence Avenue, SW, Washington DC 20250-9410 oubyen rele (202) 720-5964 (vwa ak TDD [kominikasyon pou moun soud]).  USDA se yon founisè ak anplwayè ki bay tout moun menm opòtinite.                                    

 TOP
SÈVIS TOTAL LEKÒL LETA OFRI SÈVIS SANTE E SÈVIS IMEN

         Yo deziye diznèf Lekòl Leta Miami-Dade kòm Lekòl Sèvis Total.  Yo entegre edikasyon, medikal e/oubyen sèvis sosyal e imen nan lekòl yo pou satisfè plizyè bezwen timoun ak fanmi yo.

         Inisyatif Lekòl Sèvis Total la vize pou ofri ankourajman pou lekòl, distri lekòl e pou ajans sèvis sante e imen eta a e lokal piblik e prive pou yo devlope relasyon kolaboratif ki amelyore aksè pou jwenn sèvis pou timoun ak fanmi yo.  Epitou, inisyatif la vize pou kowòdone pwovizyon sèvis yo ofri, elimine menm sèvis yo ki pa nesesè atravè ajans yo, e sipòte pèfòmans timoun yo lekòl.

KONEKSYON SANTE NAN LEKÒL NOU YO
HEALTH CONNECT IN OUR SCHOOLS (HCiOS)

         “The Children’s Trust,” Lekòl Leta Miami-Dade County ak Depatman Sante Miami-Dade County ansanm ak patnè kominotè yo devlope “Health Connect in Our Schools (HCiOS)” pandan ane lekòl 2005-2006 la pou adrese zafè sante elèv ak sante mantal nan yon fason ki egalego nan Lekòl Leta Miami-Dade County.  Plizyè ekip pwofesyonèl ak semi-pwofesyonèl (founisè sante  ak sante mantal) ap estasyonen nan plis pase 70 lekòl pandan ane lekòl 2006-2007 la.  Apre sa chak ane lekòl k ap suiv plis lekòl pral resevwa yon ekip sante / sante mantal.  Bi a se genyen 100 pousan lekòl kouvri anba yon ekip sante / sante mantal nan ane 2011 konsa.  Bi HCiOS la se konekte elèv ak yon kay sante medikal / mantal pèmanan andeyò lokal lekòl la kote prevansyon ak pwomosyon pratik lasante fè elèv ak fanmi yo rive gen vi ki pi ansante e anmenmtan jwenn amelyorasyon nan siksè elèv.

         Pou plis enfòmasyon, kontakte Madan Deborah Montilla, Direktè Administratif, Divizyon Sèvis Elèv, Pwogram Sante Konpreyansif, Sèvis Total Lekòl ak Koneksyon Sante nan Lekòl nou yo nan 305-995-7324.

TOP


KONDISYON POU GRADYE

         Elèv k ap chèche gradye nan yon lekòl segondè leta Miami-Dade gen twa opsyon:  pwogram estanda katran, 24-kredi; oubyen de lòt pwogram gradyasyon akselere, ki mande pou elèv yo fini 18 kredi nan twazan.  Elèv ak paran yo gen pou chwazi youn nan opsyon gradyasyon akseslere yo pa pi ta pase fen nevyèm ane eskolè a.  Si yon seleksyon pa fèt, y ap konsidere elèv la te chwazi pwogram estanda katran, 24-kredi a.

         Tout opsyon yo mande pou pase egzamen 10yèm ane eskolè a ki se Egzamen “Comprehensive Assessment Test (FCAT)” (Evalyasyon Konpreyansif nan Florid) la e pou akonpli travay kou a mande a.  Yo mande yon nòt pwen mwayèn jeneral 2.0 sou yon total 4.0 pou gradyasyon nan pwogram estanda a, pandan yo mande yon nòt pwen mwayèn jeneral 3.0 sou yon total 4.0 pou toude pwogram akselere yo.  Toude pwogram akselere yo se Trak Opsyon Gradyasyon Preparatwa pou Kolèj ak Trak Preparatwa pou Karyè.

         Kou yo mande pou tou lè twa opsyon pou gradyasyon yo se: kat kredi nan ar langaj avèk yon gwo konsantrasyon nan konpozisyon alekri ak literati; twa kredi nan matematik, ki gen ladan Aljèb I ak Jewometri; twa kredi nan syans; ak twa kredi nan syans sosyal.  Pwogram estanda a mande kou adisyonèl, ki gen ladan yon semès chak nan Ladrès pou Manajman Lavi, Edikasyon Fizik, Pèfòmans nan Ar Dewot Kalite, ak Ar Pratik, e 8.5 kredi elektif jeneral.  Yo mande tou pou elèv nan pwogram katran, 24-kredi a fè yon pwojè sèvis kominotè.

         Anplisde 13 kredi ki nan lis anwo yo, tout elèv dwe fini avèk siksè, yo mande pou elèv sa yo ki chwazi Trak Opsyon Preparatwa Kolèj yo dwe fini avèk siksè de kredi nan menm lang etranje a, twa kredi elektif; e nan 18 kredi yo mande yo, sis ladan yo dwe nan kou akademik avanse, pa egzanp kou onè, AP, IB, AICE.  Elèv ki chwazi Opsyon Preparatwa pou Karyè yo ap gen pou yo fini twa a senk kredi yo dwe pran nan yon pwogram vokasyonèl/karyè/edikasyon e de kredi elektif, amwenske yo te gen tan pran senk kredi nan yon pwogram vokasyonèl/karyè/edikasyon.

         Elèv ak paran yo kab jwenn enfòmasyon sou opsyon pou gradyasyon sa yo lè yo rele lekòl mwayen oubyen segondè kote elèv yo te enskri a. 


TOP


SWEN SANTE; VAKSEN ETA A MANDE

         Timoun ki gen pou antre nan lekòl matènèl jisrive nan 12yèm ane eskolè pou ane lekòl 2006-2007 la bezwen pran vaksen apwopriye oubyen yo pap kab antre lekòl. 

          Pwogram vaksen lekòl eta a mande pou tout elèv ki nan jadendanfan jisrive nan 12yèm ane eskolè resevwa yon dezyèm dòz vaksen pou sawonpyon.  Tout timoun k ap antre nan klas matènèl jisrive nan 12yèm ane eskolè dwe pran yon seri vaksen epatit B anplisde vaksen sa yo te deja mande pou yo pran pou difteri, koklich, tetanòs, polyo, sawonpyon, malmouton e lawoujòl.

         Tout timoun k ap antre, ki deja lekòl oubyen k ap transfere nan klas matènèl, jadendanfan, premye ane, dezyèm ane, twazyèm ane, katriyèm ane e senkyèm ane eskolè nan Florid yo mande pou yo pran vaksen varisèl (chicken pox) oubyen yo dwe dokimante yon istwa maladi varisèl sou Fòm DH 680 an.  Demand sa a aplikab tou pou elèv ki pat pase klas matènèl jisrive nan senkyèm ane eskolè.

         Elèv kab ale lekòl si yo nan pwosesis pou yo pran seri vaksen yo e yo genyen yon fòm medikal tanporè ki eskize yo ki klase nan dosye lekòl la. Se sèl Sètifika Depatman Sante pou Vaksen an, Fòm DH 680, yo kab aksepte kòm verifikasyon elèv yo anrèg pou vaksen.

         Nou ankouraje paran/gadyen pou kontakte doktè yo pou mete yon randevou pou timoun ki afekte daprè demand pou vaksen lekòl.  Pifò asirans kouvri vaksen yo mande yo.        

         Timoun paran yo pa ka peye pou vaksen yo kab resevwa vaksen anba pwogram Vaksen pou Timoun, ki ofri vaksen gratis nan tout sant depatman sante nan konte a.

         Pou plis enfòmasyon, kontakte Biwo Pwogram Vaksen Espesyal nan Depatman Sante Miami-Dade County, nan 786-845-0550.

         Lekòl Leta Miami-Dade County ofri diferan kalite tès pou evalye sante elèv yo, anba sipèvizyon anplwaye lekòl la oubyen anplwaye ki bay swen sante. 

           Yo fè tès pou vizyon chak ane pou elèv nan klas jadendanfan, premye ane, twazyèm ane, sizyèm ane, dizyèm ane eskolè, e nouvo elèv nan Florid nan dezyèm ane, katriyèm ane ak senkyèm ane eskolè.

         Yo fè tès pou tande chak ane pou elèv nan klas jadendanfan; premye ane, dezyèm ane; twazyèm ane, sizyèm ane, dizyèm ane eskolè e nouvo elèv nan Florid ki nan katriyèm ane ak senkyèm eskolè. 

         Yo konseye paran elèv ki pa pase nenpòt nan tès yo oubyen ki sanble li ka gen yon pwoblèm vizyon osnon yon pwoblèm tande, pou y al chèche swen medikal kay doktè yo.  

         Chak ane yo fè tès “scoliosis” kolòn vètebral pou elèv ki nan sizyèm ane eskolè.  Yo fè tès pou elèv 10yèm ane eskolè pou wè si yo pa fè tansyon.

         Pwogram Lekòl Ansekirite/Sante Elèv distri a mande tès sou sante nan konpòtman, tout elèv nan sizyèm ane eskolè distri a ap resevwa yon tès sou sante nan konpòtman pou adrese obstak nan reyisit ak ajisteman sosyal/pèsonèl.  Sèvis Lekòl ak kominotè ap disponib pou asiste elèv yo idantifye.

         Lè elèv yo gen maladi alontèm oubyen maladi kwonik oubyen andikap ki mande pou yo pran medikaman, anplwaye lekòl la kab ede elèv yo, pou yo pran medikaman an alè, sitou lè moman pou elèv la pran medikaman an pa kab ajiste pou l koresponn ak lè li lakay li.

         Yon paran oubyen gadyen dwe siyen yon fòm konsantman, epi yon doktè lisansye dwe siyen yon plan tretman alekri ki eksplike nesesite medikaman an.  Fò yo ranpli fòm otorizasyon sa yo sèlman yon fwa pandan ane eskolè a.  Lè yo mande chanjman medikaman an, paran an osnon gadyen an ak doktè a dwe bay nouvo fòm otorizasyon.

         Direktè a ap sere medikaman an yon kote anba kle.  Pou plis enfòmasyon, kontakte Wilma Steiner, Sipèvizè Enstriksyonèl, ki se sipèvizè sèvis sante konpreyansif nan sistèm lekòl la, nan 305-995-1235.

TOP


“FLORIDA KIDCARE:” PWOGRAM ASIRANS SANTE POU TIMOUN

         “Florida KidCare” (Swen pou Timoun nan Florid) se pwogram asirans sante eta a bay timoun ki pa gen asirans ki anba 19 an daj.  Li fèt an kat pati:  “MediKids, Healthy Kids” (Timoun Ansante), Rezo Sèvis Medikal pou Timoun ki gen bezwen swen sante espesyal e “Medicaid” (Asistans Medikal) pou timoun.  Lè n ap ranpli aplikasyon an, “Florida KidCare” ap tcheke pou konnen pou ki pwogram timoun nan ka elijib selon laj li e revni fanmi li.

         Plas yo kab limite nan kèk nan pwogram “Florida KidCare” yo, e yo aksepte aplikasyon sou baz premye-rive, premye-sèvi.  Lè “MediKids”, “Healthy Kids” e Rezo Sèvis Medikal pou Timoun yo ranpli, y ap fèmen enskripsyon pou pwogram sa yo.  “Medicaid” ap toujou ouvè pou timoun ki kalifye.

         Pou li kalifye, timoun nan dwe ranpli kondisyon elijiblite revni an e fò li anba 19 an daj, fò li pa gen asirans, fò li se yon sitwayen Ameriken oubyen li pa sitwayen Ameriken men li kalifye, fò li pa depandan yon anplwaye eta a ki elijib pou asirans sante, e fò li pa nan yon enstitisyon piblik.

         Pandan pa gen okenn frè pou “Medicaid’ pou timoun, lòt pwogram yo gen depans mansyèl pou asirans selon kantite moun ki nan kay la ak revni kay la.  Pifò fanmi peye $15 oubyen $20 pa mwa.  Si pri a plis, “Florida KidCare” ap enfòme paran an (yo).  Kab gen ti frè tou oubyen ko-peman pou kèk sèvis.  Yon timoun ki se yon manm nan yon tribi Endyen Ameriken leta federal rekonèt oubyen ki soti nan tribi Natif Natal Alaska kab kalifye pou asirans “Florida KidCare” gratis.

         Pou yon aplikasyon oubyen plis enfòmasyon, rele “KidCare” nan 1-888-540-5437, oubyen vizite www.floridakidcare.org.

 

TOP


DAT ENPÒTAN NAN ANE LEKÒL 2006-2007 LA

KONJE

  • Lendi 4 septanm -  Fèt Travay (Labor Day)
  • Jedi 10 novanm -  Fèt Ewo Lagè (Veterans Day)
  • Jedi 23 novanm -  Jou Remèsiman (Thanksgiving Day)
  • Lendi 15 janvye -  Obsèvasyon Fèt Dtè. Martin Luther King
  • Lendi 19 fevriye -  Fèt Tout Prezidan (All Presidents Day)
  • Lendi 28 me -  Fèt pou Onore Militè ki Mouri nan Sèvis (Memorial Day)
  • JOU POU PWOFESÈ FÈ PLANIFIKASYON
  • Jedi 3 out (Lekòl ki nan Zòn yo sèlman)
  • Vandredi 4 out (Lekòl ki nan Zòn yo sèlman)        
  • Lendi 2 oktòb
  • Vandredi 20 oktòb                                   
  • Madi 7 novanm
  • Vandredi 22 desanm
  • Vandredi 16 mas
  • Vandredi 30 mas
  • Jedi 31 me
  • Vandredi 1ye jen
  • Lendi 4 jen (Lekòl ki nan Zòn yo sèlman)
  • Madi 5 jen (Lekòl ki nan Zòn yo sèlman)

JOU VAKANS

  • Vandredi 24 novanm - Vakans pou Jou Remèsiman (Thanksgiving)
  • Vandredi 22 desanm jiska vandredi 5 janvye  - Vakans Ivè
  • Lendi 2 avril jiska vandredi 6 avril  - Vakans Prentan
 

TOP


KOMISYON KONSÈY LEKÒL MIAMI-DADE COUNTY

         Komisyon Konsèy Lekòl Leta Miami-Dade County, egzèse otorite lejislatif sou sistèm lekòl la, e li detèmine règ yo an konfòmite ak lwa Florid.  Chak ofisyèl eli nan komisyon konsèy nèf-manm nan reprezante yon distri espesifik nan konte a. 

         Komisyon Konsèy Lekòl la fè reyinyon abityèlman yon fwa pa mwa, le  mèkredi  a 1:00 nan aprèmidi, nan premye etaj oditoryòm Bilding Administrasyon Komisyon Konsèy Lekòl la “School Board Administration Building (SBAB),” ki sitiye nan 1450 N.E. Second Avenue.  Dat yo apwouve yo afiche nan Sant Enfòmasyon Sitwayen an nan SBAB, Chanm 158, e sou paj Entènèt Lekòl Leta Miami-Dade County nan: www.dadeschools.net/board/meetings/schedule2006.htm.  Piblik la kapab patisipe nan reyinyon yo e yo pase yo nan televizyon sou WLRN Chanèl 17 e nan radyo sou WLRN-FM 91.3 epitou nan Entènèt nan www.wlrn.org.

         Sitwayen ki enterese kapab adrese komisyon konsèy la sou sijè ki enskri nan ajanda a oubyen sijè ki pa sou ajanda a nan fè yon demand alekri bay Sant Enfòmasyon Sitwayen anvan 4:30 nan aprèmidi lendi anvan reyinyon an.  Sitwayen yo ka adrese komisyon konsèy la sou sijè ki pa nan ajanda a, sèlman pandan odyans piblik yo, pa pita pase 6:30 diswa.  Ou kab resevwa delè ak pwosedi, ki diferan, lè ou pa satisfè delè lendi a, nan Sant Enfòmasyon Sitwayen an, rele 305-995-1128.  Nenpòt moun nan piblik la ki gen pou pale e ki bezwen sèvis yon entèprèt Panyòl osnon Kreyòl, lè l ap pale devan Komisyon Konsèy la, dwe fè demand nan alekri nan menm lèt li mande pou l pale a.

         Gen fòm pou fè demand pou konparèt devan Komisyon Konsèy Lekòl la nan tout Sant Rejyonal yo ak nan Sant Enfòmasyon Sitwayen an, SBAB Chanm 158.  Nimewo faks la se 305-995-1151.

         Biwo Manm Komisyon Konsèy Lekòl yo sitiye nan Bilding Administrasyon Komisyon Konsèy Lekòl la.  Yo kab kontakte manm Komisyon Konsèy Lekòl yo nan 305-995-1334.

        

         Manm Komisyon Konsèy Lekòl Leta Miami-Dade County, Florid yo se:

         • Prezidan Agustin J. Barrera (Distri 6)

         • Vis Prezidan Perla Tabares Hantman (Distri 4)

         • Frank J. Bolaños (Distri 5)

         • Evelyn Langlieb Greer (Distri 9)

         • Robert B. Ingram (Distri 1)

         • Martin Karp (Distri 3)

         • Ana Rivas Logan (Distri 7)

         • Marta Pérez (Distri 8)

         • Solomon C. Stinson (Distri 2)

SANT ENFÒMASYON POU SITWAYEN

         Sant Enfòmasyon pou Sitwayen, nan Lekòl Leta Miami-Dade County, la pou reponn tout moun ki gen kesyon jeneral sou sistèm lekòl la.

         Li tabli kò l nan sal 158 Bilding Administrasyon Konsèy Lekòl la ki nan 1450 N.E. Dezyèm Avni, epitou sant lan founi piblik la dokiman, enfòmasyon jeneral ak ajanda pou reyinyon Komisyon Konsèy Lekòl yo.

         Sitwayen yo kapab kontakte sant lan nan 305-995-1128 oubyen vizite l lendi jiska vandredi depi 8:00 dimaten jiska 4:30 nan aprèmidi. 

         Paj Entènèt Lekòl Leta Miami-Dade County a, www.dadeschools.net, ofri yon varyete enfòmasyon sou sistèm lekòl la tou.

TOP


Anplwaye Meyè Talan Demen yo – Jodi a!

Lidè kominotè e Chèf Ofisye Egzekitif (CEO) kòporasyon yo gen chans pou antre nan nouvo mache travay global la e pou yo vin bonjan patnè nan efò n ap fè pou nouri e prepare ouvriye pou 21yèm Syèk la.

Plan Refòm Lekòl Segondè Sipèentandan Rudy Crew a “Secondary School Reform” (SSR), ki ap kòmanse ane sa a, se yon kat woutye pou chanje eksperyans edikasyonèl sibstansyèlman pou tout elèv lekòl mwayen e segondè nan Distri a, pou asire fiti gradye yo gen ladrès nesesè yo ap bezwen pou antre an konpetisyon efektivman nan nouvo mache travay global la. L ap sèvi kòm pwen depa pou angaje lidè biznis ak kominote yo re-envesti nan yon sistèm lekòl leta ki fòtifye, enèjetik, e rigoure. 

Opòtinite pou nou patisipe yo enkli ofri elèv entèn lekòl segondè yo aprantisaj pou ane lekòl ki pral vini an.  N ap jwenn materyèl pou anrejistre nan entènèt e zouti enfòmasyonèl sou paj entènèt Distri a nan www.dadeschools.net.

Pou plis enfòmasyon, kontakte Biwo Sèvis Kominotè nan 305-995-2592.


TOP


SÈVIS EDIKASYONÈL SIPLEMANTÈ OKENN TIMOUN PAP RET DÈYÈ
“NO CHILD LEFT BEHIND SUPPLEMENTAL EDUCATIONAL SERVICES (SES)”

Paran yo ka enskri pitit yo kounye a pou leson patikilye gratis!  Kòm rezilta Akò federal 2001 Okenn Timoun Pap Ret Dèyè “No Child Left Behind Act of 2001 (NCLB),” timoun kab resevwa plis èd nan sijè tankou matematik, lekti, e lekti ak redaksyon.  Yo kab resevwa leson patikilye gratis sa a si yo idantifye lekòl timoun nan kòm lekòl ki “gen bezwen pou amelyorasyon” pou twa (3) ane konsekitif paske li pat fè pwogrè nesesè pou ane a “Adequate Yearly Progress (AYP)” jan NCLB dekri li a.  Lekòl Leta Miami-Dade County pral ouvè yon peryòd pou enskripsyon pou ane 2006-2007 la pou Sèvis Edikasyonèl Siplemantè Eta a Apwouve “State Approved Supplemental Educational Services (SES)” nan kòmansman otòn nan.  Y ap voye dat pou peryòd anwolman an bay paran yo ak elèv ki ale nan lekòl ki elijib yo.

Elèv ki prale nan lekòl ki pat fè AYP pou twazan konsekitif e ki elijib pou resevwa repa-midi gratis oubyen nan pri redui kab elijib pou patisipe nan pwogram leson patikilye SES la.  SES se yon pwogram leson patikilye founisè prive, Eta Florid la apwouve, ofri gratis pou paran an.  Sèvis SES yo se sèvis ki dwe an liy avèk estanda kontni akademik Eta a.  Yo dwe ofri Sèvis Edikasyonèl Siplemantè andeyò jounen regilye lekòl la.  Paran ki enterese nan anwole pitit yo nan SES dwe ranpli yon fòm ki disponib nan lekòl pitit yo a, sou Entènèt nan http://nclbchoice.dadeschools.net oubyen nan youn nan Fwa Enfòmasyon yo.

Yon lis lekòl ki elijib pou patisipe nan SES ajou pou ane 2006-2007 la disponib nan http://nclbchoice.dadeschools.net.  Pou plis enfòmasyon, kontakte 305-995-FIND (3463) Administrasyon “Title I” nan 305-995-1519, oubyen mande nan lekòl pitit ou a.

LOKAL POU FWA ENFÒMASYON SOU CHWA PARAN POU SES

Anwolman pou Ane Lekòl 2006-2007

Jedi 24 out 2006
Lekòl Mwayen Lake Stevens
18484 N.W. 48 PL., Carol City

Madi 29 out 2006
Hialeah Middle
6027 E. 7 Ave., Hialeah   

Jedi 31 out 2006
Lekòl Mwayen Miami Edison
262 N.W. 62 St., Miami

Mèkredi 6 septanm 2006
Lekòl Segondè B.T. Washington
1200 N.W. 6 Ave., Miami

Mèkredi 6 septanm 2006
Lekòl Mwayen Mays
11700 S.W. 216 St., Goulds

Madi 12 septanm 2006
Lekòl Mwayen Campbell Drive
900 N.E. 23 Ave., Homestead

TOP


AKADEMI PARAN AN EDE PARAN YO ASOSYE NAN EDIKASYON PITIT YO

Travay elve timoun pa fasil.  Li pa vin ak yon liv ki gen repons.  Se sak fè Lekòl Leta Miami-Dade County kreye Akademi Paran An – yon sous pou ede ak reponn kesyon paran yo sou siksè ki fè efè sou lavi pitit yo, ki enkli ede timoun aprann, ladrès pou elve timoun, swen sante, e manajman finansye.

         Akademi Paran An ofri klas gratis e atelye nan plis pase 80 andwa atravè konte a nan lekòl leta, bibliyotèk, plas piblik, kolèj, biznis prive e sant nan katye yo.  N ap jwenn orè kou yo ofri ann Anglè, Espayòl e Kreyòl disponib nan www.theparentacademy.net.  Vin mete ansanm ak plis pase 18,000 paran ki deja pran yon klas nan Akademi Paran an!

Akademi Paran An ofri klas atravè nèf sijè, ki gen ladan:

  • Ladrès pou Elve Timoun
  • Ede Pitit ou Aprann Li
  • Anfans Bonè
  • Kwasans Pèsonèl
  • Edikasyon Finansye
  • Konpitè ak Teknoloji
  • Sante ak Byennèt
  • Ar ak Kilti
  • Langaj

         Akademi Paran An ofri bous pou paran ki anwole nan pwogram G.E.D. pou pran egzamen an gratis premye fwa.

         Siveye pou evènman enstriktif amizan fanmi Akademi Paran An ap fè ki ankouraje tout fanmi pou yo aprann ansanm.  Yo fè Evènman sa yo chak mwa nan amizman, edikasyonèl, e mize ki rich ak kilti e atraksyon lokal yo, ansèyman konbine, eksplorasyon, e fè dekouvèt pandan y ap ankouraje entèyaksyon pozitif ant paran ak pitit li.

         Pou plis enfòmasyon, silvouplè rele Akademi Paran An nan 305-995-2680.

TOP
PATISIPASYON PARAN: KLE POU REYISIT ELÈV

         Pandan elèv yo ap retounen lekòl, paran yo ranpli ak espwa pou reyisit pitit yo.  Bagay ki pi enpòtan paran kab fè se engaje yo nan edikasyon elèv yo a.  Biwo Patisipasyon Paran Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS), an kolaborasyon avèk sis Direktè Defansè Sant Rejyonal yo, ofri asistans ak sipò pou paran ak lekòl yo pou devlope patnè ki efektif.

         Yo ankouraje paran yo pou ale nan aktivite lekòl ak reyinyon yo, espesyalman nan Vizit Lekòl (Open House) anyèl yo e lòt reyinyon oryantasyon.  Antre nan “PTA - Parent-Teacher Association” (Asosyasyon Paran-Pwofesè) oubyen “PTSA - Parent-Teacher-Student Association” (Asosyasyon Paran-Pwofesè-Elèv) lekòl yo e patisipe nan “Educational Excellence School Advisory Council (EESAC)” (Konsil Konsèy Lekòl sou Ekselans Edikasyonèl) se lòt fason ki ekselan pou angaje w.  Patisipasyon sa a enpòtan nan chak nivo edikasyon pitit ou a, espesyalman nan ane kritik adolesans yo.  Paran bezwen kenbe kominikasyon ouvè e onèt epi travay ansanm avèk pwofesè yo pou asiste elèv yo nan pran desizyon akademik ak pou planifye pou lavni.

         Paran yo ap jwenn yon sant resous pou paran nan chak lekòl, kote yo kab jwenn enfòmasyon sou koze edikasyon ak zafè paran epitou enfòme yo sou reyinyon ak fòmasyon yo.  Yo bay paran yo plizyè rapò pandan ane a pou asiste yo nan evalye siksè elèv yo a, ansanm ak pèfòmans lekòl la anjeneral.  Règ Komisyon Konsèy Lekòl la sou patisipasyon paran (6Gx13-1B-1.011, Patisipasyon Paran – Yon Patnè Lakay - Lekòl) detaye dwa ak responsablite paran yo pandan y ap travay ak lekòl la pou asire siksè elèv la.

Kèk lòt etap enpòtan chak paran dwe pran enkli:

Ede pitit ou devlope bon abitid pou etid, bay pitit ou yon kote ki anpè, byen klere ak yon biwo oubyen tab pou l fè devwa l chak aprèmidi;

Asire w pitit ou prepare pou l aprann, nan pran bonjan repo ak nouriti e li prepare emosyonèlman pou l etidye chak jou;  

Ankouraje, asiste, gide pitit ou pou l kab fè devwa ki difisil e rezoud pwoblèm sosyal yo poukont li; e

Kenbe kontak ak pwofesè pitit ou a, voye nòt alekri oubyen mesaj pa lèt elektwonik, e fè aranjman pou pale nan telefòn oubyen fè konferans an pèsòn.  Anplwaye biwo lekòl la, asistan direktè a oubyen konseye a ap asiste w nan fè aranjman pou reyinyon sa yo.

         Pou plis enfòmasyon, paran yo kab kontakte administrasyon lekòl la, oubyen kontakte Biwo Patisipasyon Paran an nan 305-995-2680.

TOP


SANT REJYONAL YO

Lekòl Leta Miami-Dade County soudivize ant sis Sant Rejyonal.  Chak sant gen ladan liyon asistan sipèentandan ak anplwaye ki responsab pou bay sipò ak asistans pou paran ak elèv.

Paran kab adrese kesyon yo genyen oubyen pwoblèm ki konsène lekòl pitit yo ki pa ka rezoud nan nivo lekòl la bay yon direktè Sant Rejyonal.  Si paran yo pa satisfè ak rezilta a, yo kab voye desizyon an nan apèl devan asistan sipèentandan Sant Rejyonal la.

Yo dwe adrese kesyon ki relate ak limit, prezans e règleman transfè nan Sant Rejyonal la.  Men adrès ak nimewo telefòn biwo sa yo:

Sant Rejyonal I
733 East 57 St.
Hialeah, FL 33013
305-687-6565
Asistan Sipèentandan: Dtè. Alberto Rodriguez
Directors: Ms. Jennifer D. Andreu, Dtè. Marcos Moran, Ms. Neraida Smith, Mr. Richard Vidal

Sant Rejyonal 2
1515-3 N. W. 167 St., #300
Miami, FL 33169
305-624-8802
Asistan Sipèentandan: Ms. Enid Weisman
Directors: Dtè. Kathleen Caballero, Ms. Marie Harrison,
Ms. Maria Llerena, Ms. DanySu Pritchett

Sant Rejyonal 3
1080 LaBaron Dr.
Miami Springs, FL 33166
305-883-0403
Asistan Sipèentandan: Mr. George Nuñez
Directors: Dtè. Maria De Armas, Dtè. Ruby Johnson
Mr. Robert Kalinsky, Ms. Verdell King

Sant Rejyonal 4
2201 S.W. Fourth St.
Miami, FL 33135
305-642-7555
Asistan Sipèentandan: Ms. Essie Pace
Directors: Mr. Jorge Garcia, Mr. Albert Payne, Dtè. Isabel M. Siblesz, Ms. Vanassa Washington

Sant Rejyonal 5
9040 S.W. 79 Ave.
Miami, FL 33156
305-595-7022
Asistan Sipèentandan: Ms. Janet Hupp
Directors: Mr. Carlos Fernandez, Ms. Kristal Hickmon,
Dtè. Melanie Fox, Dtè. Kenneth Wheeler

Sant Rejyonal 6
30910 S.W. 157 Avenue
Homestead, FL 33033
305-246-5934
Asistan Sipèentandan: Ms. Neyda Navarro
Directors:Dtè. Janice Cruse-Sanchez, Dtè. Alexis Martinez, Ms. Vera Hirsh, Dtè. Michael Wagner

        Chak Sant Rejyonal okipe lekòl segondè ak anchènman lekòl respektif li yo.  Lekòl segondè ki nan chak Sant Rejyonal yo se:

Sant Rejyonal 1

American Senior High
Barbara Goleman Senior High
Hialeah Senior High
Hialeah-Miami Lakes Senior High
Miami Carol City Senior High
Sant Rejyonal 2

Dr. Michael M. Krop Senior High
Miami Beach Senior High
Miami Norland Senior High
North Miami Senior High
North Miami Beach Senior High

Sant Rejyonal 3

Miami Central Senior High
Miami Coral Park Senior High
Miami Northwestern Senior High
Miami Springs Senior High
Ronald W. Reagan/Doral Senior High

Sant Rejyonal 4

Coral Gables Senior High
Miami Edison Senior High
Miami Jackson Senior High
Miami Senior High
Booker T. Washington Senior High

Sant Rejyonal 5

G. Holmes Braddock Senior High
John A. Ferguson Senior High
Miami Killian Senior High
Miami Palmetto Senior High
South Miami Senior High
Southwest Miami Senior High

Sant Rejyonal 6

Homestead Senior High
Miami Southridge Sr. High
Miami Sunset Senior High
South Dade Senior High
Felix Varela Senior High

TOP


SEKIRITE NAN LEKÒL

         Sekirite nan lekòl yo se priyorite nan Lekòl Leta Miami-Dade County yo.  W ap jwenn enfòmasyon anba a sou kòman pou w repòte krim ki fèt nan lekòl yo e plis enfòmasyon sou pwogram woul la.  Toude pwogram yo fèt pou kenbe timoun ansekirite nan lekòl yo.

Pou ede elèv ak anplwaye pou yo santi yo alèz nan repòte krim nan lekòl, nou ankouraje yo pou rele 1-877-7BE-BRAVE, yon liy enfòmasyon 24 sou 24 ki pèmèt moun repòte krim k ap fèt sou plas oubyen krim yo antisipe nan lekòl san yo pa bay non yo.  Se anplwaye ki antrene pou sa k ap reponn liy telefòn nan, ki anrejistre enfòmasyon yo repòte a e asire Depatman Lapolis Lekòl Leta Miami-Dade oubyen lòt ajans pou ranfòsman lalwa apwopriye reponn byen vit.  Se menmjan tou, Pwogram “Crime Stoppers” (Sispann Krim) Distri a pèmèt piblik la pou rele 305-471-TIPS pou bay enfòmasyon san yo pa bay non yo.  Moun ki rele pou bay enfòmasyon kab elijib pou rekonpans lajan.

         Moun ki bezwen asistans ki pa yon ijans kab kontakte 305-757-COPS, ki se yon nimewo 24 sou 24 “rele pou sèvis.”

         Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) e Biwo Avoka Eta Miami-Dade County se patnè nan “Truancy Intervention Program (TIP)” (Pwogram Entèvansyon Woul) tounèf la. 

TIP deside pou redui krim jivenil nan Miami-Dade County epitou pou fè elèv ale lekòl regilyèman.  Pwogram nan konbine entèvansyon bonè ak ranfòsman pwosedi legal lalwa edikasyon ki obligatwa nan Florid.  Entèvansyon bonè ede korije faktè ki kondui nan absans debòde nan lekòl e ki pwouve li se yon pati enpòtan pou siksè pwogram nan.

Pwogram nan ki nan tout lekòl leta elemantè Miami-Dade County, te jwenn siksè nan redui woul e vyolasyon nan Kòd sou Konduit Elèv M-DCPS la, menmjan tou li ede amelyore akonplisman eskolè, pami prèske 90 pousan timoun yo vize nan pwogram nan.

Paran e/oubyen gadyen elèv ki ale nan lekòl k ap patisipe nan TIP ap resevwa lèt ann otòn sa a pou avize yo responsablite yo genyen pou asire timoun ou yo ale lekòl regilyèman e pou yo obeyi lwa eta a.  TIP se pi gwo efò koperatif Biwo Avoka Miami-Dade ak M-DCPS antreprann.  Li san parèy nan Florid la.

Pou plis enfòmasyon, rele Liy Enfòmasyon Pwogram Entèvansyon Kont Woul Depatman Pwogram Espesyal la nan 305-995-2755.

TOP


TRANSPÒTASYON LEKÒL

         Lekòl Leta Miami-Dade County ap bay transpòtasyon pou plis pase 72,000 elèv pa jou pou ane lekòl sa a, l ap itilize 1,600 otobis sou anviwon 1,400 wout bis lekòl yo pase.  Yo bay sèvis transpòtasyon an pou elèv ki abite nan yon distans plis pase demil (2 miles) bò kote lekòl yo ale yo, e pou elèv edikasyon eksepsyonèl yo.

         Anvan lekòl ouvri, paran tout elèv ki kalifye pou transpòtasyon ap resevwa yon kat sant odinatè sistèm lekòl la k ap di ki kote pou elèv la tann otobis la, ki lè otobis la ap pase pran li e ki lè l ap depoze l.

         Paran ki bezwen konnen si pitit yo kalifye pou jwenn transpòtasyon dwe kontakte lekòl pitit yo a pou enfòmasyon.

         Elèv ak paran ki gen kesyon sou zafè transpòtasyon kab telefone sèvis transpòtasyon sistèm lekòl la nan nimewo 305-995-7555, depi 31 jiyè jiska 25 out, ant 7:00 dimaten e 5:00 nan aprèmidi.


TOP


PWOGRAM VOLONTÈ LEKÒL

         Pwogram Volontè Lekòl la genyen kounye a plis pase 104,000 volontè ki anrejistre ladan li!  Volontè Lekòl ofri sèvis yo nan plizyè kote ki enkli konseye, leson patikilye, asistans nan salklas, siveyan pou pwomnad e plizyè lòt bagay ankò.  Volontè yo ofri plis pase nèf milyon è sèvis, ki tradui pou yon valè yo estime ki depase $1.7 milya dola.

         Sistèm pou anrejistre sou Entènèt Pwogram Volontè Lekòl la ofri lekòl yo yon fason pou anrejistre nouvo aplikan pou volontè pi vit e li kontwole si yo pase lè yo fin tcheke istwa sou vi pase yo.  Li ofri bonjan kominikasyon ant lekòl yo ak Biwo Volontè Lekòl Distri a.

         Verifikasyon sou vi pase volontè a resevwa a depann sou wòl volontè a jwe.  Si volontè a te chwazi youn nan wòl k ap suiv yo, li dwe fè tchèk sou anprent pase li: 

  • Konseye
  • Moun k ap Tande/“Oyente”
  • Siveyan pou Pwomnad Leswa
  • Atlèt/Asistan Espòtif
  • Volontè Sètifye

       Tout lòt wòl volontè yo mande verifikasyon sou vi pase nan nivo ki pi ba, ki enkli yon rechèch elektwonik sou òdinatè.

         Pwogram Volontè Lekòl la ap grandi e l ap chanje nan fason ki enteresan.  Pou plis enfòmasyon sou pwogram nan e kijan ou kab vin patisipe ladan, vizite Paj Entènèt Biwo Sèvis Kominotè a nan http://community.dadeschools.net e klike sou Pwogram Volontè Lekòl oubyen rele 305-995-1439.


TOP


EGZAMEN ESTANDA

         Chak ane yo mezire siksè ak pwogrè elèv nan Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) avèk èd plizyè egzamen estanda distri, eta, e nasyonal.  Kèk nan egzamen pi enpòtan yo nan lis anba a.

         "Stanford Achievement Test (SAT)" se yon egzamen ki etabli siksè nan estanda nasyonal ki sèvi pou konpare pèfòmans elèv lokal nan priyorite etid sijè ak pèfòmans elèv yo nan  peyi a.  An mas 2007, yo ap administre SAT la bay elèv dezyèm ane eskolè pou evalye ladrès yo nan lekti ak matematik. Yo ap administre egzamen lekti SAT la tou bay elèv premye ane eskolè ki anwole nan lekòl ki patisipe nan Pwogram Lekti Anvan.

         "Dynamic Indicators of Basic Early Literacy Skills (DIBELS)" (Endikatè Dinamik Debaz pou Ladrès Alfabetizasyon Bonè) evalye devlopman preparasyon pou lekti ak ladrès pou lekti bonè.  Y ap bay elèv nan jadendanfan rive nan twazyèm ane eskolè DIBELS la an septanm 2006, novanm 2006, ak janvye 2007.

           Yo evalye preparasyon tout elèv jadendanfan pou lekòl diran 30 premye jou lekòl ki fè pati evalyasyon "Florida Kindergarten Readiness Screener (FLKRS)” (Depistaj pou Preparasyon Jadendanfan nan Florid).  FLKRS la mezire ladrès, nivo ak devlopman ladrès alfabetizasyon bonè elèv yo bezwen pou reyisi nan klas jadendanfan.

         Nouvo  “Comprehensive English Language Learning Assessment (CELLA)” (Evalyasyon Konpreyansif sou Etid Lang Anglè) eta a se yon evalyasyon ki gen kat ladrès sou konesans Lang Anglè y ap enplemante nan otòn ak ete bay tout elèv nan Jadendanfan rive nan 12yèm ane eskolè (K-12) yo klasifye kòm “Limited English Proficient (LEP)” (Elèv Kapasite yo Limite nan Anglè).  CELLA teste tande, lekti, redaksyon ak pale, e rezilta yo pral bay enfòmasyon sou fòs ak feblès elèv yo nan Anglè e pwogrè jeneral elèv yo fè atravè tan yo.

         Y ap bay elèv nan 3yèm-10yèm ane eskolè Evalyasyon Pwoviswa Distri yo pou premye fwa ann oktòb, janvye ak avril e me.  Egzamen sa yo, ki fèt pou mezire estanda ak pwen referans elèv yo nan lekti ak matematik, pral ede pwofesè idantifye feblès ak fòs elèv, vize enstriksyon, e evalye pwogrè elèv.

         "Reading Student Portfolio" (Pòtfolyo Lekti Elèv) twazyèm ane eskolè a mezire kapasite nan lekti yo chwazi, nan Estanda Eta "Sunshine" la.  Y ap administre pòtfolyo a bay elèv nan 3yèm ane eskolè  pandan dezyèm semès ane lekòl la. 

         Egzamen "FCAT Writing +" (FCAT Redaksyon +) la evalye abilite elèv yo pou òganize ak eksprime ide yo klèman atravè redaksyon.  Y ap bay elèv nan katriyèm, uityèm e dizyèm ane eskolè egzamen “FCAT Writing +” la nan mwa fevriye 2007.

         Y ap bay egzamen "FCAT Sunshine State Standards (SSS)"  (Estanda Eta “Sunshine” FCAT) ki fèt pou mezire nivo kapasite elèv la jan yo mezire l nan pwen referans SSS la, an mas 2007.  Egzamen FCAT SSS la mezire ladrès lekti ak matematik elèv nan nivo twazyèm jiska dizyèm ane eskolè.  Elèv nan 5yèm, 8yèm ak 11yèm ane eskolè yo tou genyen pou pran pòsyon syans FCAT la. 

         Elèv dizyèm ane eskolè dwe resevwa yon nòt pase sou FCAT SSS 10yèm ane eskolè a pou yo satisfè kritè pou elèv segondè yo resevwa yon diplòm estanda nan gradyasyon yo.  Elèv ki pa resevwa  nòt pase nan toude pòsyon lekti ak matematik nan pòsyon FCAT SSS pou elèv dizyèm ane eskolè a, ap genyen opòtinite adisyonèl pou pase egzamen an lè yo nan onzyèm ane eskolè e lòt nivo pi wo, an septanm 2006, an mas 2007 ak an jen 2007, lè yo bay egzamen an. 

         "FCAT Norm-Reference Test (NRT)" la fè konparezon pèfòmans elèv Florid la ak pèfòmans nòm nasyonal la. Yo administre FCAT NRT a pou lekti ak matematik bay elèv nan twazyèm ane rive nan dizyèm ane eskolè an mas 2007.

         Elèv yo gen dwa chwazi pou yo patisipe nan pwogram "College Board" (Komisyon Konsèy Kolèj) ak "ACT" Inc." k ap suiv yo:

  • Y ap administre PSAT “College Board" la ofri a bay tout elèv nan 9yèm ak 10yèm ane eskolè e elèv nan 11yèm ane eskolè ki enterese ann oktòb 2006.  PSAT ofri antrènman pou pran egzamen SAT la epitou li se egzamen ki detèmine si elèv la kalifye pou pwogram "National Merit Scholarship" la ki bay bous detid.  Nan eseye pou ranfòse preparasyon pou kolèj ak pou sipòte plis seleksyon kou rigoure nan nivo wo pami elèv nan lekòl segondè nan Florid, eta Florid la fòme yon patnè ak "College Board" la pou peye frè egzamen 10yèm ane eskolè yo.  M-DCPS pral enplemante yon inisyativ parèy an 2006-2007 pou ofri SAT la bay tout elèv 9yèm ane eskolè gratis pou elèv yo.

  • SAT “College Board" la ofri a, ak ACT yo ofri atravè "ACT Inc.," la, se egzamen opsyonèl  pou rantre nan kolèj, kote elèv yo ka pran tès sa yo pandan tout ane a dapre dat ki fikse yo.  Elèv k ap pran SAT oswa ACT la ka mande pou yo voye nòt yo bay inivèsite yo chwazi yo.

    Yo fè elèv yo ak fanmi yo konnen rezilta egzamen yo nan yon tan rezonab.  Se lekòl elèv yo ki voye rezilta pwogram egzamen distri a ak egzamen eta a lakay ak elèv la.  Paran ki bezwen èd pou yo entèprete nòt sa yo, dwe kontakte pwofesè pitit yo oswa konseye gidans lekòl yo.

         Pou plis enfòmasyon sou egzamen sa yo ak lòt egzamen yo, tcheke "testing calendar" (kalandriye egzamen) an nan paj Entènèt distri a nan www.dadeschools.net.  Pou plis enfòmasyon sou chak pwogram egzamen ale nan http://oada.dadeschools.net/SAET/Assessment.asp.

TOP


ABSANS ELÈV

         Elèv lekòl mwayen ak lekòl segondè ki gen 10 oubyen plis absans san eskiz nan yon kou anyèl oubyen plis pase senk absans san eskiz nan yon kou nan yon semès espesifik pandan yon ane lekòl, kouri risk pou yo kenbe nòt final yo malgre yo pase, pandan y ap fè yon envestigasyon administratif e/oubyen yon komite ki okipe zafè prezans lekòl ap revize tout absans yo.

         Se sèlman absans pou maladi, randevou doktè, lanmò nan fanmi an, obsèvans yon fèt relijye, oubyen yon evènman lekòl la patwone e apwouve davans, ki valab pou yon elèv pa vin lekòl. Yo ankouraje paran yo pou yo rele lekòl la lè yo konnen yon elèv ap absan.

         Elèv ki gen eskiz pou yo absan ap gen opòtinite pou fè travay yo te manke yo nan yon tan rezonab.  Elèv avèk absans san eskiz ap resevwa yon nòt "F" pou travay yo te manke yo.

         Epitou, y ap remèt Depatman Motè Veyikil nan Florid la dosye prezans lekòl, pou elèv ki gen laj apwopriye, ki gen abitid fè woul (15 oubyen plis absans san eskiz nan yon kalandriye 90 jou) kote y ap bloke non yo pou yo pa ka aplike pou lisans pou kondui yo.  Si yon elèv ki abitye fè woul deja genyen yon lisans pou kondui, yo kab sispann lisans la.  Y ap avize moun sa a pa lapòs epitou sou pwosesis pou li kab genyen lisans li ankò.

TOP


KÒD POU KONDUIT ELÈV

         Kòd pou Konduit Elèv Lekòl Leta Miami-Dade County, ranfòse ak yon règ sevè sou zam mòtèl, vize pou ofri e mentni yon anbyans enstriktif ansekirite e ki pozitif pou elèv, pèsonèl, anplwaye e kominote a.

         Yon gwo konsiderasyon nan aplikasyon Kòd pou Konduit Elèv la se idantifye aksyon disiplinè ki pi apwopriye pou pote konpòtman pozitif nan elèv la.  Se poutèt sa, yo divize vyolasyon yo an sis gwoup, ansanm ak toulède aksyon disiplinè yo rekòmande e yo mandate.

         Pwofesè, konseye ak administratè travay pou sèvi ak yon varyete estrateji disiplinè oubyen gidans pwogresif anvan, pandan epi apre yo pran aksyon disiplinè fòmèl. Direktè a oubyen pwofesè a, oubyen toulède, sou baz pouvwa yo konfye yo, gen otorite pou yo pran lòt aksyon administratif anplis, si nan opinyon yo, nati move konpòtman an mande sa. 

         Diferans nan laj ak matirite se kritè ki pèmèt yo detèmine ki kalite aksyon disiplinè pou yo pran.  Sepandan, pwosedi ki nan règleman yo aplikab pou tout elèv ki anba jiridiksyon Lekòl Leta Miami-Dade County.  Kòd la anvigè pandan lè regilye lekòl, pandan y ap transpòte elèv yo nan bis lekòl nan yon evènman lekòl la ap fè, e nan lè ak andwa – ki gen ladan men ki pa nesesèman limite ak evènman lekòl la ap fè, pwomnad, aktivite espò e lòt aktivite – kote administratè apwopriye lekòl la gen jiridiksyon sou elèv yo.

         Direktè yo gen otorite pou yo pran aksyon administratif nenpòt ki lè yon elèv gen move konpòtman andeyò lekòl la depi zak elèv la gen yon move efè sou lòt elèv oubyen sou fonksyonman nòmal lekòl la.  Kalite vyolasyon yo soti depi nan move konduit anjeneral k ap twouble lòd rive sou agresyon (ak yon zam mòtèl).

         Kòd pou Konduit Elèv la mande pou elèv ki pote zam, ki menase moun avèk zam mòtèl, ki fè menas avèk bonm oubyen move rapò oubyen ki blese yon pwofesè oubyen yon anplwaye lekòl la, pou yo retire yo nan lekòl yo tousuit e pou yo resevwa aksyon disiplinè ki pi sevè lalwa a mande.  Kòd la avèti posesyon zam afe sou pwopriyete lekòl yo kab koze sanksyon kriminèl anplisde sispansyon, ekspilsyon oubyen lòt aksyon disiplinè lekòl.

         Gen plizyè kalite aksyon disiplinè yo ka pran kont move konpòtman.  Aksyon sa yo gen ladan detansyon, mete nan travay, transfè nan yon lekòl oubyen yon pwogram espesyal, sispansyon oubyen ekspilsyon.

         Pwogram "work back" (travay pou ka retounen) an bay elèv yo rekòmande pou ekspilsyon, eksepte si vyolasyon an tonbe nan Gwoup 6 vyolasyon yo, opsyon pou yo travay pou yo ka retounen nan klas regilye pi bonè anvan ekspirasyon tan maksimòm ekspilsyon eta a fikse.  Elèv yo dwe rantre nan yon pwogram altènatif, akimile kredi e mentni bon prezans e bon konduit.  Pwogram "work back" la pa yon opsyon pou elèv ki gen akizasyon gwo krim sou tèt yo tankou agresyon ki fèt ak zam mòtèl, zam afe, oubyen posesyon zam afe.

         Kòd la pale sou dwa ak responsablite ki gen pou wè ak dwa pou aprann; prezans; dosye elèv; nòt; libète pou pale, ekspresyon ak reyinyon, jounal/piblikasyon.  Li pale tou sou dwa paran yo ki dwe asire yo pitit yo jwenn opòtinite pou edikasyon yo.

         Elèv oubyen paran ki gen pwoblèm pou yo entèprete kòd la dwe mande direktè lekòl la esplikasyon.  Anplis, si pwoblèm yo pa rezoud nan nivo lekòl la, yon apèl kab fèt nan biwo rejyon an epitou nan Biwo Edikasyon Altènatif ak Pwogram Prevansyon Kite Lekòl distri a.

TOP
KÒD ABIMAN POU ELÈV

         Lekòl Leta Miami-Dade County gen yon kòd abiman pou elèv yo obsève sevèman.

         Kòd abiman an egziste pou asire aparans elèv yo pa kreye yon pwoblèm pou sante, sekirite, pwòpte oubyen anviwonman pou aprann.  Kòd la se pa pou kontwole longè cheve oubyen kalite rad elèv yo mete.

         Direktè a, pwofesè a oubyen anplwaye Komisyon Konsèy Lekòl la fè detèminasyon sou sa ki konstitiye yon danje pou sekirite ak lasante, distraksyon yon elèv nan aktivite salklas, oubyen deranje yon pwogram lekòl.

         Yo ka disipline elèv ki vyole kòd la sèlman apre yo te ba yo yon opòtinite pou korije vyolasyon an e apre yon konferans paran-pwofesè.

         Gen kèk lekòl ki resevwa apwobasyon Komisyon Konsèy Lekòl la pou adopte kòd abiman ki pi sevè pou entèdi elèv vin lekòl ak rad tankou mayo, chemizèt, chapo, kòsaj san bretèl, e rad ki gen mesaj k ap fè piblisite pou tabak, alkòl, mo sal, dwòg, oubyen sèks.

         Genyen tou, plizyè lekòl ki adopte inifòm pou ankouraje elèv yo amelyore abitid etid yo e pou idantifye yo plis ak lekòl yo. 

         Paran ki bezwen plis enfòmasyon sou kòd abiman lekòl la dwe kontakte direktè/tris lekòl pitit yo a.


TOP


DOSYE ELÈV AK ENFÒMASYON KONFIDANSYÈL

         Estati Eta Florid ki se "Family Educational Rights and Privacy Act" (Dwa pou Edikasyon Fanmi ak Akò sou Vi Prive) ansanm ak seksyon 1002.22 pwoteje vi prive e garanti paran, gadyen e elèv aksè sou enfòmasyon ki nan dosye edikasyonèl elèv yo, e ofri yo dwa pou yo kesyone egzaktitid dosye sa yo.

         Dapre lwa sa yo, yo pa gen dwa livre dosye yon elèv bay okenn moun san konsantman paran an, gadyen an oubyen elèv ki elijib la, sof nan ka eksepsyon  ki mansyone nan lwa anwo yo.  Lwa yo genyen sèten eksepsyon pou demand konsantman davans pou livre dosye elèv, ki enkli, men ki pa limite a, ofisyèl lekòl yo ki gen yon enterè lejitim nan zafè edikasyon, epitou nan ka kote tribinal voye manda oswa pase lòd tribinal.  Pou asire respè lwa yo, sistèm lekòl la pibliye enfòmasyon detaye ki di ki fason pou kenbe e livre dosye elèv yo.  Enfòmasyon sa yo nan Manyèl Dosye Edikasyonèl Elèv la, ki klase an referans nan Regleman Komisyon Konsèy Lekòl 6GX13-5B-1.07.

          Ckak lekòl dwe avèti alekri anyèlman paran yo, gadyen yo oubyen elèv ki elijib yo sou dwa yo genyen pou yo enspekte e revize dosye elèv yo.  Yon fwa yon elèv genyen 18 tan oubyen  elèv la nan yon enstitisyon kote l ap fè etid pos segondè, pèmisyon oubyen konsantman yo te mande paran yo, e dwa yo te akòde yo, vin transfere bay elèv la sèlman, amwenske elèv la kalifye kòm yon depandan anba pwovizyon lwa a.

         Elèv yo dwe kontakte biwo enskripsyon lekòl yo, si yo vle voye relve nòt yo bay kolèj yo oubyen sèvis ki bay bous detid yo.

TOP


WLRN RADYO E TELEVIZYON  PIBLIK
SÈVI KOMINOTE SID FLORID LA

         Sistèm Radyo Piblik "Public Broadcasting Sistèm (PBS)" afilye WLRN-Televizyon Chanèl 17 e  Radyo Piblik Nasyonal "National Public Radio (NPR)" afilye WLRN-FM 91.3,  lisansye anba Komisyon Konsèy Lekòl Leta Miami-Dade County. 

         Yo rekonèt WLRN-TV Chanèl 17 kòm premye estasyon nan Prepare pou Aprann "Ready to Learn (RTL)," mete ansanm ak pwogram televizyon pou timoun PBS ak yon varyete efò pou ale jwenn kominote a pou ede timoun devlope ladrès pou aprann.  RTL vize fanmi ekonomikman ba pou ofri yo atelye kominotè gratis ak resous pou paran, pwofesè e moun ki fè gadri pou timoun.

         Chanèl 17 difize tou  dokimantè PBS ki genyen prim, biyografi ak pwogram mizik tankou Nati, Eksperyans Ameriken e Gwo Pèfòmans.  Telespektatè kab gade pwogram televizyon ki pi popilè nan semèn nan ki gen ladan "Antiques Roadshow, Globe, Trekker," e lòt pwogram sou vwayaj, kuizin ak amelyorasyon nan kay.

         WLRN pwodui tou plizyè pwogram lokal ki gen ladan seri mansyèl k ap suiv yo: ArtStreet entwodui Sid Florid la nan eksplozyon ar yo; Pèspektif WLRN eksplore koze ak tandans ki fè efè sou anviwonman sosyal, kiltirèl e ekonomik Sid Florid la; Selebre Sid Florida la mennen telespektatè yo nan yon trajè dekouvèt sou evènman, kote ak moun enteresan ki nan pwòp zòn  yo; e "Class Act" prezante mond enteresan Lekòl Leta Miami-Dade County e efè pozitif li fè sou lavi timoun nou yo ak kominote nou an.

         WLRN-FM 91.3, premye estasyon NPR wo grade nan Florid la, sèvi yon odyans depase 315,000 moun pa semèn, kòmanse nan Palm Beach pou rive nan Key West, li ofri pwogram tankou "Morning Edition, All Things Considered, A Prairie Home Companion and Car Talk." Li  ofri tou youn nan pi gwo Sèvis Lekti sou Radyo - 24 sou 24, 7 jou pa semèn pou kominote nan Sid Florid la ki pa wè byen.

         WLRN manadje Bibliyotèk pou Videyo ak Film distri a, ki se yon bibliyotèk ki prete, ki mete disponib pou prete videyo ki sipòte tout faz enstriksyon edikasyonèl atravè Lekòl Leta Miami-Dade County. 

         Anplisdesa, WLRN opere e pwograme 20 chanèl  Televizyon Enstriksyonèl (ITV), ki ofri elèv yo ak pwofesè yo yon latriye chwa videyo, ki genyen ladan Chwa Pwofesè yo, yon sèvis videyo-sou-demand ki pèmèt pwofesè yo gen aksè nan lè ki konvnab pou yo, sou Entènèt, tit videyo edikasyonèl; e materyèl pou preparasyon pwofesè. 

         Pou plis enfòmasyon, rele 305-995-1717.


RADYO LEKÒL – AP BAY KOMINOTE AYISYEN-AMERIKEN AN
NOUVÈL SOU EDIKASYON

         Radyo Lekòl Leta Miami-Dade County gen pwogram nouvèl demi-èdtan sou edikasyon an Kreyòl e li sou lèzond a 9è diswa nan 91.3 FM, madi a 12:30 nan aprèmidi sou 1020 AM, mèkredi a 8:30 dimaten sou 1610 AM, e anplis, mèkredi a 4:30 nan aprèmidi sou 1580 AM pou 10 minit. 

         Pou plis enfòmasyon rele Carline Faustin nan Biwo Kominikasyon Kiltirèl, nan 305-995-1188.