Home
English-Version


AKSELERASYON ATRAVÈ DOUB ANWOLMAN

Doub Anwolman se yon pwogram eta a patwone kote elèv lekòl segondè pran kou kolèj e yo resevwa toulède kredi kolèj ak kredi lekòl segondè.  Eta a peye pri ekolaj la e Distri a peye liv yo.  Paske elèv yo pran kou sa yo nan yon kanpous kolèj la, elèv yo responsab pou pwòp transpòtasyon yo. 

Selon kou espesifik la, elèv nan klas Doub Anwolman genyen youn oubyen de pwen bonis ki ale nan total mwayèn jeneral yo “weighted GPA.”  Elèv yo dwe fini 9yèm ane eskolè pou yo kab patisipe nan Doub Anwolman.  Anplisdesa, elèv yo dwe gen yon mwayèn total “unweighted GPA” 3.0 e yo dwe pase Egzamen Plasman Kolèj la oubyen yo dwe fè nòt minimòm yo mande sou nòt SAT oubyen ACT.  Elèv yo dwe soumèt relve nòt yo bay konseye gidans lekòl segondè yo pou yo resevwa kredi pou kou Doub Anwolman. 

Pou plis enfòmasyon, kontakte Divizyon Pwogram Akademik Avanse nan 305-995-1993.

TOP


EDIKASYON ADILT TEKNOLOJI APLIKE

         Lekòl Leta Miami-Dade County ofri plis pase 100 pwogram etid nan teknoloji aplike e edikasyon adilt.  Plis pase 105,686 elèv patisipe nan klas lajounen e leswa nan 21 sant edikasyon pou adilt atravè konte a.

         Pwogram teknoloji aplike yo enkli agribiznis, teknoloji biznis, syans fanmi e konsomatè, syans sante, teknik pou fè pwomosyon (Maketing) e sèvis edikasyon piblik. 

         Pwogram edikasyon jeneral pou adilt la:

ede adilt pou vin konn li e vin gen konesans ak ladrès nesesè pou jwenn travay e vin endepandan ak tèt yo

ede paran vin gen ladrès edikasyonèl nesesè pou vin patnè total nan edikasyon pitit yo

ede adilt nan fini kritè pou gradyasyon nan lekòl segondè oubyen ekivalan an.

         Adilt kab avanse dapre nivo pwogrè yo sou lekti, lang, redaksyon e matematik.  Anplisdesa, elèv yo kab sèvi ak òdinatè ki gen Entènèt pou resevwa enstriksyon nan sèvi ak yon kourikoulòm san parèy nan pwogram yo sou sijè akademik oubyen vokasyonèl.

         Èd finansye kab disponib pou endividi ekonomi yo ba oubyen travayè ki gen dezabilite.  Pou plis enfòmasyon kontakte yon sant adilt, ladrès, oubyen sant teknik ki pre w, oubyen kontakte liy enfòmasyon an nan 305-558-8000.

 


TOP

SWEN ANVAN, APRE LEKÒL NAN LEKÒL ELEMANTÈ

         Ane sa a 212 lekòl elemantè leta nan Miami-Dade County ap ofri pwogram swen apre lekòl nan jou lekòl yo.   Y ap ofri pwogram swen anvan lekòl lè gen yon bezwen.

         Pwogram swen apre lekòl yo fèt osito lekòl lage jiska 6è diswa.  Pwogram swen anvan lekòl yo kòmanse apeprè inèdtan anvan klas kòmanse.  Paran yo dwe tcheke ak lekòl pitit yo a pou lè espesifik yo kòmanse.

         Tout pwogram swen apre lekòl yo ofri aktivite ki planifye, ki enkli asistans ak devwa, jwèt yo kab jwe anndan oubyen deyò, ar oubyen ouvraj, yon tan pou pran yon ti manje, epi yon varyete aktivite rekreyatif.  Plizyè pwogram ofri leson nan lekti ak matematik, mizik, seramik, echèk, ar dramatik e lòt klas ki fèt pou ofri patisipan yo yon varyete eksperyans edikasyonèl anrichisan.  Pwogram swen anvan lekòl yo ofri elèv ki sou siveyans yo aktivite trankil.

         Pri pwogram swen apre lekòl la se $30 pa semèn; pri pwogram swen anvan lekòl la koute $15 pa semèn.

         Se youn nan kat ajans sa yo ki ofri pwogram yo: Lekòl Leta Miami-Dade County, “the Young Men’s Christian Association (YMCA)” (Asosyasyon Jèn Gason Kretyen), “the Young Women’s Christian Association (YWCA) (Asosyasyon Jèn Fi Kretyen) e "Family Christian Association of America (FCAA)" (Asosyasyon Fanmi Kretyen ann Amerik).

         Paran ki enterese dwe kontakte biwo direksyon lekòl pitit yo pou yo konnen ki pwogram yo ofri.  Ou ka gen plis enfòmasyon lè w ale sou Entènèt nan http://sacc.dadeschools.net, oubyen rele 305-253-9920, ekstansyon 2194.

TOP


PWOGRAM POU SÈVI PARAN BILENG

 

         Nouvo fanmi imigran nan Miami-Dade kab jwenn enfòmasyon sou edikasyon, sèvis kominotè, ak dwa e responsablite paran atravè seminè gratis, ann Espayòl e/oubyen an Kreyòl, Pwogram pou Sèvi Paran Bileng la ofri.  Pwogram sa a, Divizyon Edikasyon Bileng ak Lang Mondyal ofri a, se yon sèvis pou ale jwenn paran imigran, e/oubyen paran ki limite ann Anglè.  Yo ofri patisipan nan seminè yo gadri gratis.

         Ou kab resevwa orè  seminè yo lè ou rele Doktè Yvonne Lim-Petersen, Divizyon Edikasyon Bileng ak Lang Mondyal, nan 305-995-1920 oubyen vizite paj Entènèt la nan  http://bilingual.dadeschools.net.


TOP


BAY SAN

   Pwogram “Blood Drive” (Bay San) an non sèlman edike e fè pwomosyon sou enpòtans sèvis sante kominotè, mentou li ede sove kèk lavi pandan pwosesis la.

Ane lekòl sa a aktivite bay san anplwaye ak elèv, 17 tan e pi gran, ki nan Lekòl Leta Miami-Dade County kowòdone, bay rezilta 19,225 lit san kòm donasyon e nou ede sove 76,000 vi.  Se rezon sa a ki fè M-DCPS, gen kontra ak: “Community Centers of South Florida (CBCSF)” (Sant pou Bay San nan Sid Florid) se nimewo en nan eta Florid la. 

         Lekòl ak biwo ki genyen 15 oubyen plis moun ki angaje yo pou bay san kab telefone pou fè randevou ak bis mobil pou pran san an nan kontakte Alex Martinez, CBCSF, nan 786-573-7240 oubyen Connie Rodriguez nan 305-398-0400.

Pou plis enfòmasyon, silvouplè kontakte Diana Venturini, Direktris, “Office of Community Services” (Biwo pou Sèvis Kominotè) nan 305-523-0545.

TOP


LEKÒL "CHARTER"

          Lekòl "charter" se lekòl leta ki fonksyone anba yon akò kontra ak komisyon konsèy lekòl nan zòn nan. Yo se enstitisyon ki pa la pou pwofi, ki tipikman gouvène pa yon gwoup paran oubyen pwofesè, òganizasyon, lakomin, inivèsite, e/oubyen yon konbinezon ki gen plis pase yon gwoup. 

         Genyen 50 lekòl "charter" kounye a k ap fonksyone nan Miami-Dade County avèk 12 lòt lekòl "charter" ki gen pou ouvè nan Otòn 2007. 

          Pou plis enfòmasyon sou lekòl "charter," avèk kote yo lokalize, silvouplè kontakte Pwogram Espesyal - Operasyon Lekòl "Charter" nan 305-438-2220 oubyen vizite lekòl "charter" sou Paj Entènèt http://choice.dadeschools.net.

TOP


PWOGRAM CHWA YO

               Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) kontinye ap devlope pwogram ak lekòl anba estati “post-unitary” (pos-initè) ki satisfè bezwen elèv e prepare yo pou anviwonman travay la.  Pou sipòte inisyativ distri a nan elaji pwogram chwa ki pwomote egalite ak aksè egal, M-DCPS gen 119 pwogram chwa disponib ki enkli: pwogram magnèt yo, chwa kontwole, sant detid satelit (satellite learning cernters), chwa lekòl inovatif (I Choose!)(Mwen Chwazi!), e sant K-8 (klas jadendanfan rive nan 8yèm ane eskolè).

            Pwogram magnèt yo atire elèv atravè konte yo pou etidye nan domèn espesyalize.  Magnèt nou yo prezante edikasyon pwovokan e enteresan nan tèm tankou Karyè ak Pwofesyon, Kominikasyon, Edikasyon Entènasyonal, Matematik, Syans ak Teknoloji, “Montessori” e Ar Vizyèl ak Ar Dramatik.

            Chwa Kontwole, Pwogram Mwen Chwazi!, ak lekòl yo ofri yon opsyon anwolman lib pou rezidan nan fontyè jewografik espesifik konte a olyede lekòl ki nan katye yo oblije ale.  De (2) sant satelit ofri anplwaye Sant Medikal Mt. Sinai ak Assurant Solutions opsyon pou anwole pitit yo e pou yo ale lekòl nan menm kote yo travay la.  Anplisdesa, sant K-8 yo ofri paran opsyon pou yo kenbe pitit yo menm kote jiskaske yo rive nan uityèm ane eskolè, oubyen pou yo ale nan yon lekòl mwayen tradisyonèl.

            Ou kab jwenn plis enfòmasyon, ki enkli lis tout pwogram sa yo ak adrès e telefòn yo, lè ou rele Pwogram Espesyalize – Lekòl Chwa, nan 305-995-1922, oubyen vizite http://choice.dadeschools.net.

 

TOP


PWOGRAM ASISTANS POU KOLÈJ

             Pwogram Asistans pou Kolèj “College Assistance Program (CAP),” ki nan Divizyon Sèvis Elèv la, ofri preparasyon pou kolèj ansanm ak èd finansye e atelye sou bousdetid pou elèv avèk paran yo.           

              Nan chak lekòl segondè, konseye CAP yo ede elèv yo ranpli aplikasyon pou yo pran egzamen pou antre nan kolèj, enskri nan enstitisyon apre lekòl segondè, èd finansye e bousdetid. 

            Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) an kolaborasyon ak Asosyasyon Konsèy Nasyonal pou Admisyon nan Kolèj patwone Fwa Nasyonal Kolèj anyèl la, ki ap fèt 17 fevriye 2008.  Li prezante plis pase 180 kolèj ak inivèsite atravè peyi a.

            Pwogram Asistans pou Kolèj, Inc., (CAP, Inc.), se yon òganizasyon 501(c)(3) ki pap chèche pwofi, bay dè milye de dola pou ede elèv ki prepare pou yo antre nan kolèj. 

            Pou plis enfòmasyon, elèv yo dwe kontakte konseye CAP lekòl yo nan Depatman Sèvis Elèv la oubyen rele Divizyon Sèvis Elèv nan 305-995-1743.

TOP


OU VLE ALE NAN KOLÈJ?
FWA NASYONAL KOLÈJ AP VIN MIAMI, DIMANCH 17 FEVRIYE

Elèv ak Paran nan Sid Florid la kab rankontre reprezantan k ap soti nan plis pase 180 kolèj ak inivèsite nan Fwa Nasyonal Kolèj 2008 nan Miami a midi pou 4è nan aprèmidi, dimanch 17 fevriye 2008, nan Sheraton Miami Mart Hotel (ki te rele Radisson Mart), 777 N.W. 72 Ave.

            Elèv, paran e lòt moun envite nan fwa gratis la.

            Evènman an ap pèmèt elèv ak lòt moun rankontre ak reprezantan kolèj e jwenn repons pou kesyon yo ta genyen.  Y ap ofri tou sesyon enfòmasyon sou èd finansye, planifikasyon pou kolèj e sa yo mande pou admisyon ak pou pran tès.

            Sant konseye ak òdinatè ap pèmèt elèv yo gen aksè sou karyè ki enterese yo e enfòmasyon sou preparasyon pou kolèj, admisyon e bousdetid.

            Asosyasyon Nasyonal Konseye pou Admisyon nan Kolèj “The National Association for College Admission Counseling (NACAC) ” e Lekòl Leta Miami-Dade County ap patwone evènman an.  Manm Komisyon Konsèy Lekòl Perla Tabares Hantman se vis-prezidan komite lokal Fwa Nasyonal Kolèj la.  Chak ane NACAC patwone fwa nan 48 vil atravè peyi a ki atire plis pase 650,000 elèv ak paran.

            Pou plis enfòmasyon, kontakte Liy Enfòmasyon pou Kolèj la nan 305-995-1743 oubyen vizite http://www.nacacnet.org.

 

TOP


LEKÒL KOMINOTÈ OFRI OPÒTINITE EDIKASYONÈL NAN PRI KI ABÒDAB

         Lekòl Leta Miami-Dade County genyen 36 lekòl kominotè ak 20 lokal edikasyon adilt ki ofri klas nan prèske tout sijè – depi kòmanse sou yoga pou rive sou lang etranje ak fotografi – swa yo gratis oubyen yo nan pri trè ba.  Yo ofri pifò kou yo nan aprèmidi oubyen nan aswè.

         Plis pase 100,000 moun pran avantaj nan opòtinite edikasyonèl sa yo, e si yon gwoup vle aprann yon nouvo ladrès, Lekòl Leta Miami-Dade County ap fè aranjman pou yo genyen yon klas nan yon lekòl ki nan katye a.

         Lekòl kominotè ofri klas pou moun tout laj, nan tout nivo ladrès, e nan kapasite langaj.   Ladrès travay kab amelyore kay elèv ki enskri nan klas daktilografi oubyen klas òdinatè.  kèk nan kou yo kab menm sèvi pou kredi kolèj.  Pou plis enfòmasyon sou avantaj ki genyen nan lekòl kominotè yo, rele nan 305-253-9920, ekstansyon 2194 oubyen ale sou Entènèt nan http://communityed.dadeschools.net.

TOP


PWOGRAM KONPREYANSIF SÈVIS ELÈV
POU SATISFÈ BEZWEN ELÈV YO

              Lekòl Leta Miami-Dade County ofri elèv li yo ak fanmi yo plizyè sèvis sipò. 

            Divizyon Sèvis Elèv mete an fonksyon Pwogram Sèvis Konpreyansif Elèv sot nan klas matènèl rive nan pwogram adilt baze sou yon Ankadreman Devlopman Debaz Elèv la pou adrese bezwen akademik, pèsonèl/sosyal, kominotè/karyè, ak sante e byennèt chak elèv.  Pwogram nan asire yon tranzisyon nan sèvis li ofri yo avèk yon ekip konseye gidans, konseye Pwogram Asistans pou Kolèj yo “College Assistance Program (CAP),” espesyalis “TRUST,” Espesyalis pou Lekòl Ansekirite, travayè sosyal lekòl, mann Ekip Manajman Kriz Sèvis Elèv, pwofesè edikasyon fizik ak sante, e moun ki fè depistaj sou sante.

            Bi pwogram sèvis elèv yo se pou diminye obstak nan akonplisman siksè elèv yo e pou ofri yon tranzisyon san pwoblèm pou elèv nan klas matènèl rive nan klas adilt.  Estrateji ki pi enpòtan yo enkli amelyorasyon sèvis sante ak byennèt; ofri aktivite sou atikilasyon, tranzisyon, e oryantasyon pou tout elèv; kenbe yon nivo prevansyon efektif, preparasyon, repons, e sèvis pou retablisman; e etabli ak elaji patnè avèk swen sante e lòt òganizasyon kominotè debaz yo.

            Pou plis enfòmasyon, kontakte konseye gidans lekòl la oubyen responsab Sèvis Elèv la nan lekòl pitit ou a.  Ou kab kontakte tou Divizyon Sèvis Elèv nan 305-995-7338 oubyen vizite http://studentservices.dadeschools.net.

TOP


PWOGRAM LEKTI KONPREYANSIF K-12 KI BAZE SOU RECHÈCH
K-12 COMPREHENSIVE RESEARCH-BASED READING PROGRAM (CRRP)

            Lekòl Leta Miami-Dade County genyen youn nan pwogram ki pi konpreyansif pou lekti nan peyi a pou tout elèv nan jadendanfan rive nan 12yèm ane eskolè, ki mete ansanm pwogram lwa federal "No Child Left Behind  (NCLB)" (Okenn Timoun Pap Ret Dèyè) ak "Just Read, Florida! Requirements" (Demand pou Annik Li, Florid!).

            Plan an mande enstriksyon nan senk eleman esansyèl pou lekti; son, rekonèt son, lekti kouran, vokabilè ak konpreyansyon.  Evalyasyon yo gen ladan inisyal, depistaj ak dyagnostik. 

            Se anplwaye ak asistans “Ad Hoc Reading Committee” (Komite pou Amelyore Lekti), ki te devlope pwogram la, kote yo idantifye li nan nivo nasyonal e nan nivo eta a kòm yon pwogram lekti egzanplè ki te lakoz elèv yo jwenn bonjan pwofi.

             Pwogram obligatwa Eta sa a mande estrateji ak demand k ap suiv anba yo:

     •Katrevendis minit enstriksyon lekti/redaksyon chak jou pou elèv nan klas jadendanfan rive nan senkyèm ane eskolè;

    •Nan lekòl segondè: yo ofri Lekti Entansif oubyen Lekti Entansif + (Plis) pou elèv ki pa twò maton nan fè lekti.

    •Evalye konpreyansyon lekti elèv yo, nan sèvi ak depistaj, siveyans sou pwogrè e evalyasyon sou dyagnostik lè gen bezwen

    •Ofri entèvansyon entansif imedya, lè gen bezwen, nan tout nivo ane eskolè yo pou akselere siksè nan lekti;

    •Ranfòse chak jou, enstriksyon sistematik, e enstriksyon presi sou fonetik (son) nan jadendanfan rive nan twazyèm ane eskolè.

    •Yo anseye lekti kouran, vokabilè ak konpreyansyon fòmèlman nan tout lekòl segondè.

            Eleman kle pwogram nan se devlopman pwofesyonèl detaye pou pwofesè yo nan tout nivo, yon  apwòch estriktire sou enstriksyon lekti e yon ranfòsman sou lekti atravè tout materyèl nan kourikoulòm la avèk atant yo defini klèman nan chak nivo ane eskolè.  Administratè lekòl la, antrenè pou lekti, Ekip Lidè pou Lekti, ak anplwaye distri a kisenkwonize egzekisyon efektif plan an ofri sipò sistematik.

            Se yon gran varyete òganizasyon kominotè, enstitisyon edikasyonèl wo nivo, ak ajans lokal ki sipòte pwogram K-12 CRRP  a. 

            Pou Plis enfòmasyon kontakte Divizyon Redaksyon ak Lekti nan 305-995-3122.

TOP


PATNÈ DADE YO

            Nan ane 1978 Lekòl Leta Miami-Dade County te kreye pwogram Patnè Dade yo pou yo te reyini biznis e resous kominote yo ak lekòl nan zòn yo.  Pwogram nan envite biznis, lidè kominotè ak ajans lokal e òganizasyon non-likratif yo pou vin tounen moun k ap pran desizyon e patisipan nan edikasyon leta Miami-Dade County.

Depi l te kòmanse, Patnè Dade yo grandi plis pase 3,000 antite, ki fòme pase 3,950 patnè ant òganizasyon yo e lekòl nou yo.   Ansanm tout patnè sa yo kontinye ap pataje konesans yo e ofri lekòl nou yo yon miltitid resous, ki enkli leson patikilye e entèn, founiti klasik e materyèl, anmenmtan tou lajan evènman pou rekonèt pwofesè ak elèv.

Pou plis enfòmasyon sou Patnè Dade yo, silvouplè kontakte Christina Scott, Sipèvizè, Pwogram Patnè Dade yo nan 305-995-2775.

 

TOP


OU BEZWEN ÈD AVÈK DEVWA? 
ANNIK RELE “DIAL-A-TEACHER” (RELE-YON-PWOFESÈ)

            Pou jèn ak paran yo nan Lekòl Leta Miami-Dade County, èd avèk devwa tou pre menm jan ak yon apèl telefònik, oubyen klike yon sourit òdinatè.

            “Dial-A-Teacher,” (Rele-Yon-Pwofesè) nan nimewo 305-995-1600, ofri èd avèk devwa pa telefòn nan men pwofesè ki sètifye apatide 5:30 nan aprèmidi rive 8è diswa, lendi rive jedi, nan sware jou ki gen lekòl.  N ap jwenn èd disponib nan lang Espayòl ak Kreyòl tou.

            Pou gen aksè avèk paj Entènèt “Dial-A-Teacher” a, ale nan www.dial-a-teacher.com.  Elèv ak paran kab voye kesyon sou devwa yo bay anplwaye “Dial-A-Teacher” yo pa lèt elektwonik, oubyen yo kab tcheke “database” la (enfòmasyon sou òdinatè) pou kesyon yo mande pi souvan yo.

TOP


PWOSEDI NAN KA IJANS

                 Elèv yo dwe gen nan dosye lekòl yo enfòmasyon pou asire yo avèti paran yo rapidman osnon lòt endividi yo te deziye sou kat ijans la pou lè gen yon ijans konsènan pitit yo.

            Paran yo dwe founi enfòmasyon sa a sou yon kat dosye elèv depi premye fwa yo ap enskri pitit yo nan yon lekòl leta Miami-Dade County; apre sa, yo mete enfòmasyon an ajou chak ane.  Sepandan, li enpòtan pou paran yo mete enfòmasyon an ajou alekri diran ane lekòl la si ta vin gen chanjman tankou non, telefòn oubyen adrès.   Anplisdesa, pòtal paran a, ki se youn nan inisyativ teknoloji M-DCPS yo pèmèt paran ale sou Entènèt e fè chanjman nan nimewo telefòn yo.

            Lè yon elèv gen yon ijans nan lekòl li osnon pandan yon aktivite lekòl la te otorize, responsab yo nan lekòl la dwe avèti youn nan paran yo imedyatman.  Si yo pa ka kontakte okenn nan paran yo, yo dwe rele yon fanmi oubyen yon zanmi ki gen non li mansyone sou kat ijans la.  Yo pap remèt elèv la bay yon moun si non moun sa a pa sou lis kat ijans timou nan.  Si yo pa jwenn ni zanmi, ni fanmi epi maladi oubyen blesi elèv la grav, yo dwe rele ekip sèvis sekouris la e/oubyen lapolis.

TOP


PWOGRAM  EKSTANSYON LANG ETRANJE

            Yo mete an fonksyon Pwogram Ekstansyon Lang Etranje (EFL) kòm yon modèl "lekòl anndan yon lekòl" e ki sèvi elèv ki enterese nan devlope ladrès bileng e edikasyon ann Anglè e yon lòt lang.  Patisipan nan pwogram nan kòmanse nan yon laj byen bonè pou yo kab vrèman vin kouran nan lang.  Elèv ki nan pwogram EFL la resevwa dezèd tan enstriksyon nan dezyèm lang yo vize a, tankou Espayòl, Italyen, Fransè, Kreyòl oubyen Chinwa.

            Elèv ki patisipe nan pwogram nan pou yon ane konplè otomatikman enskri nan lòt nivo ane eskolè nan ane k ap suiv la.  Pwogram nan ofri yon etid bileng k ap kontinye jisrive nan 12yèm ane eskolè. 

            N ap jwenn enfòmasyon adisyonèl, ansanm ak yon lis tout lekòl ki ofri pwogram EFL la ak pwogram doub langaj, lè nou rele Doktè Joanne H. Urrutia, Direktè Administratif, Divizyon pou Edikasyon Bileng e Lang Mondyal, nan 305-995-1945 oubyen vizite paj Entènèt la nan http://bilingual.dadeschools.net. 

TOP


PAJ DETAY

Kantite lekòl
Elemantè   210
Sant K-8 (Jandendanfan-8yèm ane eskolè) 22
Mwayen 69
Segondè 52
Konbinezon 3
Altènatif/Espesyalize
22
TOTAL 
378
Demografi elèv
Espayòl
216,181 61.2%
Nwa
94,862 26.9%
Blan
33,234 9.4%
Lòt
8,939 2.5%

Kantite elèv

353,216
 
Kantite anplwaye
Pwofesè 22,006
A Plentan 39,564
A Demitan 10,707
Total Anplwaye  50,271

Baz minimòm ak maksimòm salè pwofesè:

  • $38,000-$67,225 (avèk yon Bachelye)
  • $41,100-$70,325 (avèk yon Metriz)
  • $43,150-$72,375 (avèk yon diplòm Espesyalis)
  • $45,200-$74,425 (avèk yon Doktora)

Bidjè Distri a: $6.4 Milya

 

Dis (10) premye lang elèv itilize kòm lang
prensipal yo

Espayòl  192,008
Kreyòl-Ayisyen 18,291
Fransè  2,234
Pòtigè 1,643 
Zhongwen(Chinwa) 729
Arab 510
Ris 448
Idou (Urdu) 423
Ebre 244
Vyetnamiz 232

Kantite elèv ak andikap e elèv ki gen don

Don 26,733
Andikap Espesifik pou Aprann 12,603
Elèv Edikasyon Eksepsyonèl 

56,054 (enkli elèv ki gen don ak andikap espesyal pou aprann)

Kantite pwogram magnèt/lekòl chwa
Lekòl
74 
Anwolman
37,789
Kantite bis lekòl ak wout yo fè
Bis
1,540
Wout
1,319
Kantite elèv yo transpòte
56,418

 


TOP


FWA AK EKSPOZISYON MIAMI-DADE COUNTY

         Y ap kòmanse fwa a 13 avril ane sa a pou montre talan elèv yo e ofri fanmi yo 18 jou amizman!  Fwa a tou ofri elèv yo yon bous demil dola ki pa renouvlab pou yo ale nan yon kolèj ki renome, inivèsite oubyen yon pwogram lekòl ki sètifye.  Elèv lekòl segondè oubyen adilt/vokasyonèl yo dwe aplike nan lekòl nan katye yo.  Y ap onore tout resipyan yo nan yon seremoni dine nan Fwa a.

         Prim Apresyasyon pou Jèn “The Walter B. Arnold Youth Hall of Fame” Fwa ofri a te kreye pou rekonpanse elèv nan 6-12 ane eskolè  pou sèvis remakab yo nan lekòl yo e/oubyen kominote yo.  Y ap onore tout finalis yo nan yon seremoni dine nan Fwa a e yo ap resevwa $100 ak yon plak.  Chak resipyan “The Youth Hall of Fame” yo ap resevwa $1000 e y ap kwoke foto yo pou onore yo nan mi “Youth Wall of Fame” nan Fwa a.  Elèv yo dwe aplike nan lekòl yo.

         Pou plis enfòmasyon  sou sa yo e lòt pwojè Fwa ak Ekspozisyon, egzibisyon e lòt opòtinite silvouplè ale sou paj entènèt nan www.fairexpo.com oubyen kontakte Diane Venturini, Direktris nan Biwo Sèvis Kominotè nan Lekòl Leta Miami-Dade nan  305-1367.

TOP


ENSKRIPSYON ANN OTÒN, ORÈ LEKÒL

            Lekòl Leta Miami-Dade County yo ap ouvri pòt yo lendi 20 out pou kòmanse ane lekòl 2007- 2008 la.  39 Lekòl ki nan Zòn pou Amelyore Lekòl la ap kòmanse ane lekòl la 20 out.

            Elèv lekòl matènèl, klas jadendanfan ak elèv premye ane eskolè yo pral lekòl a 8:30 dimaten pou 2è nan aprèmidi.  Elèv dezyèm ane jiska sizyèm ane eskolè yo ap gen klas de 8:30 dimaten jiska 3è nan aprèmidi.  Elèv nan Sant klas Jadendanfan jiska uityèm ane eskolè (K-8 Centers) yo ap fonksyone de 8:30 dimaten jiska 3è nan aprèmidi.  Lè mèkredi tout elèv nan lekòl elemantè yo ap lage a 2è nan aprèmidi.  Silvouplè mande nan lekòl pitit ou a pou konfime lè yo kòmanse ak lè yo lage, akoz lekòl yo gen diferan orè.

            Orè lekòl mwayen yo ap a 9è dimaten pou 3:40 nan aprèmidi. Orè lekòl segondè yo ap a 7:30 dimaten pou 2:30 nan aprèmidi.  Kèk lekòl elemantè, segondè menm jan ak kèk klas jadendanfan jisrive 8yèm ane eskolè espesyal e kèk sant edikasyon altènatif ap fonksyone sou orè endividyèl pa yo.  Paran yo dwe telefone lekòl pitit yo pou orè sa yo.  Plizyè lekòl mwayen fonksyone sou lè lekòl segondè.  Silvouplè mande nan lekòl pitit ou a pou konfime lè yo kòmanse ka lè yo lage.

            Lekòl ki nan Zòn pou Amelyore Lekòl la fonksyone sou lòt orè.  Elèv nan lekòl matènèl, klas jadendanfan ak premye ane eskolè yo pral lekòl a 8:20 dimaten pou 3è nan aprèmidi.  Elèv dezyèm ane jisrive sizyèm ane eskolè pral lekòl a 8:20 dimaten pou 4è nan aprèmidi.  Lè mèkredi, tout elèv nan lekòl elemantè yo ap lage a 3è nan aprèmidi. Orè lekòl segondè pou nevyèm ane jisrive 12yèm ane eskolè, ap a 7:30 dimaten pou 3:30 nan aprèmidi.  Lè mèkredi, tout elèv nan lekòl segondè yo ap lage a 2:30 nan aprèmidi.  Lekòl mwayen ki nan Zòn nan ak kèk lekòl segondè fonksyone sou orè endividyèl yo.  Paran yo dwe telefone lekòl pitit yo pou orè sa yo.

            Paran ki pa konnen nan ki lekòl pitit yo prale dwe telefone Depatman Sèvis Prezans, Limit Zòn lekòl la nan 305-883-5651.

            Menmsi pa gen datlimit pou enskripsyon, yo ankouraje elèv yo enskri bonè pou evite reta nan pwosesis la, e pou asire y ap ka antre lekòl depi jou ouvèti lekòl la.

            Elèv k ap antre nan pifò pwogram matènèl (pre-kindergarden) dwe gen (4) katran 1ye septanm osnon anvan 1ye septanm 2007.

            Elèv k ap antre nan klas jadendanfan (kindergarten) dwe gen (5) senkan anvan osnon 1ye septanm 2007.

            Pou antre nan premye ane eskolè (1st grade) elèv la dwe gen (6) sizan anvan osnon 1ye septanm 2007, e fò li pase klas jadendanfan an.

            Elèv k ap antre nan sistèm lekòl leta Miami-Dade County a pou premye fwa dwe prezante dokiman sa yo: 

  • prèv laj;
  • prèv dènye egzamen fizik ki enkli tès tibèkiloz (ak tretman apwopriye si tretman te nesesè); e
  • yon sètifika vaksinasyon. 

De prèv adrès aktyèl sou fòm deklarasyon ajans koutye osnon avoka, yon nòt paran yo achte kay la oubyen prezante yon dokiman ofisyèl ki montre paran yo lwe oubyen anfème kay la, depo pou kouran, resi oubyen fakti pou kouran e/oubyen yon kat ki montre rediksyon pou peye taks aktyèl (Homestead Exemption card).  Epitou yo mande pou yo ranpli yon fòm ki rele "Disclosure at Time of Registration" “Devwale Enfòmasyon nan Lè Enskripsyon an," yo ka jwenn fòm sa a nan biwo Sèvis Prezans.

            Elèv k ap transfere sot nan lòt distri lekòl dwe prezante dènye kanè yo osnon lòt dosye dènye lekòl yo te ye a.

            Elèv etranje yo ap suiv menm pwosedi ki pou natif-natal yo.  Elèv k ap antre nan sistèm nan pou premye fwa, kit se elèv etranje, kit se elèv ki sot nan lòt eta yo, kab enskri nan lekòl yo.  Pou klarifikasyon ki gen pou wè ak timoun ki fèt nan lòt peyi, paran yo dwe kontakte Sèvis Prezans, Depatman Dosye Etranje/Viza Elèv nan 305-884-2044 pou pwogram jadendanfan jisrive 12yèm ane eskolè (program K-12), oubyen 305-883-1445 pou pwogram adilt la.

 

TOP


“FLORIDA KIDCARE:” PWOGRAM ASIRANS SANTE POU TIMOUN

         “Florida KidCare” (Swen pou Timoun nan Florid) se pwogram asirans sante eta a bay timoun ki pa gen asirans ki ant 0-18 an daj.  Li fèt an kat pati:  “MediKids, Healthy Kids” (Timoun Ansante), Rezo Sèvis Medikal pou Timoun ki gen bezwen swen sante espesyal e “Medicaid” (Asistans Medikal) pou timoun.  Lè n ap ranpli aplikasyon an, “Florida KidCare” ap tcheke pou konnen pou ki pwogram timoun nan ka elijib selon laj li e revni fanmi li.

         Plas yo kab limite nan kèk nan pwogram “Florida KidCare” yo, e yo aksepte aplikasyon sou baz premye-rive, premye-sèvi.  Lè “MediKids”, “Healthy Kids” e Rezo Sèvis Medikal pou Timoun yo ranpli, y ap fèmen enskripsyon pou pwogram sa yo.  “Medicaid” ap toujou ouvè pou timoun ki kalifye.

         Pou li kalifye, timoun nan dwe ranpli kondisyon elijiblite revni an e fò li anba 19 an daj, fò li pa gen asirans, fò li se yon sitwayen Ameriken oubyen li pa sitwayen Ameriken men li kalifye, fò li pa depandan yon anplwaye eta a ki elijib pou asirans sante, e fò li pa nan yon enstitisyon piblik.

         Pandan pa gen okenn frè pou “Medicaid’ pou timoun, lòt pwogram yo gen depans mansyèl pou asirans selon kantite moun ki nan kay la ak revni kay la.  Pifò fanmi peye $15 oubyen $20 pa mwa.  Si pri a plis, “Florida KidCare” ap enfòme paran an (yo).  Kab gen ti frè tou oubyen ko-peman pou kèk sèvis.  Yon timoun ki se yon manm nan yon tribi Endyen Ameriken leta federal rekonèt oubyen ki soti nan tribi Natif Natal Alaska kab kalifye pou asirans “Florida KidCare” gratis.

         Pou yon aplikasyon oubyen plis enfòmasyon, rele “KidCare” nan 1-888-540-5437, oubyen vizite www.floridakidcare.org.

TOP


MANJE GRATIS, NAN PRI REDUI

            Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) sèvi manje ki gen bonjan nitrisyon chak jou. Elèv yo kab peye repa-midi davans sou Entènèt nan www.PayPams.com oubyen nan kafeterya lekòl la ak chèk oubyen kach. Yo sèvi dejene gratis pou elèv nan tout Lekòl Leta Miami-Dade County. 

Timoun k ap viv nan kay ki satisfè obligasyon finans federal elijib pou repa-midi gratis oubyen nan yon pri redui. Tout manje yo dwe satisfè kritè Depatman Agrikilti Etazini etabli.  Pri redui pou repa-midi koute .40 santim pa jou.

            Chak lekòl ansanm ak Depatman Manje ak Nitrisyon sistèm lekòl la gen kopi règ ki disponib pou piblik la kab wè. M-DCPS suiv règ gouvènman federal la ki pèmèt yo apwouve elèv nan sètifikasyon dirèk.  Pwovizyon sa a di elèv ki sot nan fanmi ki resevwa Koupon Manje (Food Stamps) oubyen Asistans Tanporè pou Fanmi ki nan Bezwen elijib pou sètifikasyon dirèk.  Elèv yo apwouve anba sètifikasyon dirèk pa oblije gen yon aplikasyon nan dosye yo pou yo resevwa repa-midi gratis.

            Yo voye fòm aplikasyon nan tout kay ak yon lèt bay paran oubyen gadyen timoun yo nan kòmansman chak ane lekòl.  Pou aplike pou manje gratis oubyen nan pri redui, paran e/oubyen gadyen elèv ki pat jwenn apwobasyon pou sètifikasyon dirèk la dwe ranpli yon aplikasyon pou chak fanmi, menmsi timoun yo ale nan diferan Distri lekòl, e retounen aplikasyon an bay youn nan lekòl ki konsène yo.  Gen kopi adisyonèl nan direksyon chak lekòl yo.

            Ou ka jwenn plis enfòmasyon nan rele Depatman Manje ak Nitrisyon sistèm lekòl la nan nimewo 786-275-0400. 

SAN DISKRIMINASYON:            Daprè lwa Federal ak règ Depatman Agrikilti Etazini, enstitisyon sa a defann yo diskrimine sou baz ras, koulè, nasyonalite orijin, sèks, laj, oubyen andikap.  Pou pote yon plent pou diskriminasyon, ekri USDA, Director, Office of Civil Rights, Room 326-W, Whitten Building, 1400 Independence Avenue, SW, Washington DC 20250-9410, oubyen rele (202)720-5964 (vwa ak TDD [kominikasyon pou moun soud]).  USDA se yon founisè ak anplwayè ki bay tout moun menm opòtinite.            

 
 TOP
SÈVIS TOTAL LEKÒL LETA OFRI SÈVIS SANTE E SÈVIS IMEN

         Yo deziye diznèf Lekòl Leta Miami-Dade kòm Lekòl Sèvis Total.  Yo entegre edikasyon, medikal e/oubyen sèvis sosyal e imen nan lekòl yo pou satisfè plizyè bezwen timoun ak fanmi yo.

         Inisyatif Lekòl Sèvis Total la vize pou ofri ankourajman pou lekòl, distri lekòl e pou ajans sèvis sante e imen eta a e lokal piblik e prive pou yo devlope relasyon kolaboratif ki amelyore aksè pou jwenn sèvis pou timoun ak fanmi yo.  Epitou, inisyatif la vize pou kowòdone pwovizyon sèvis yo ofri, elimine menm sèvis yo ki pa nesesè atravè ajans yo, e sipòte pèfòmans timoun yo lekòl.

KONEKSYON SANTE NAN LEKÒL NOU YO
HEALTH CONNECT IN OUR SCHOOLS (HCiOS)

         “The Children’s Trust,” Lekòl Leta Miami-Dade County ak Depatman Sante Miami-Dade County ansanm ak patnè kominotè yo devlope “Health Connect in Our Schools (HCiOS)” pandan ane lekòl 2005-2006 la pou adrese zafè sante elèv ak sante mantal nan yon fason ki egalego nan Lekòl Leta Miami-Dade County.  Plizyè ekip pwofesyonèl ak semi-pwofesyonèl (founisè sante  ak sante mantal) ap estasyonen nan plis pase 100 lekòl pandan ane lekòl 2007-2008 la.  Apre sa chak ane lekòl k ap suiv plis lekòl pral resevwa yon ekip sante / sante mantal.  Bi a se genyen 100 pousan lekòl kouvri anba yon ekip sante / sante mantal nan ane 2011 konsa.  Bi HCiOS la se konekte elèv ak yon kay sante medikal / mantal pèmanan andeyò lokal lekòl la kote prevansyon ak pwomosyon pratik lasante fè elèv ak fanmi yo rive gen vi ki pi ansante e anmenmtan jwenn amelyorasyon nan siksè elèv.

         Pou plis enfòmasyon, kontakte Deborah Montilla, Direktè Administratif, Divizyon Sèvis Elèv, Pwogram Sante Konpreyansif, Sèvis Total Lekòl ak Koneksyon Sante nan Lekòl nou yo nan 305-995-7324.

TOP


KONDISYON POU GRADYE

         Elèv k ap chèche gradye nan yon lekòl segondè leta Miami-Dade gen twa opsyon:  pwogram estanda katran, 24-kredi; oubyen de lòt pwogram gradyasyon akselere, ki mande pou elèv yo fini 18 kredi nan twazan.  Elèv ak paran yo gen pou chwazi youn nan opsyon gradyasyon akseslere yo pa pi ta pase fen nevyèm ane eskolè a.  Si yon seleksyon pa fèt, y ap konsidere elèv la te chwazi pwogram estanda katran, 24-kredi a.

            Tout opsyon yo mande pou elèv la pase egzamen 10yèm ane eskolè a ki se Egzamen “Comprehensive Assessment Test (FCAT)” (Evalyasyon Konpreyansif nan Florid) la e pou akonpli travay kou a mande a. De (2) pwogram akselere yo se Trak Opsyon Gradyasyon Preparatwa pou Kolèj ak Trak Preparatwa pou Karyè.  Yo mande yon nòt pwen mwayèn jeneral 2.0 sou yon total 4.0 pou demand gradyasyon nan pwogram estanda a, pandan yo mande yon nòt pwen mwayèn jeneral 3.5 sou yon total 4.0 pou trak preparatwa pou kolèj e 3.00 sou 4.0 pou trak preparatwa pou karyè.

            Pou elèv ki ap antre nan 9yèm ane eskolè pou ane lekòl 2007-2008 la, demand pou gradyasyon yo chanje.  Yo mande pou elèv yo satisfè demand sa yo pou yo ka gradye:  kat kredi nan lekti/redaksyon avèk yon gwo konsantrasyon nan disètasyon ak literati; kat kredi nan matematik, ki gen ladan Aljèb I ak Jewometri; twa kredi nan syans; ak twa kredi nan syans sosyal; yon kredi nan ar rafine; e yon kredi nan edikasyon fizik ak entegrasyon lasante.  Anplisdesa, elèv yo ap gen pou konplete kat kou nan yon sijè yo enterese nan domèn etid yo ki apwouve e kat kredi elektif. 

            Pou elèv ki te antre nan 9yèm ane eskolè pou ane lekòl 2006-2007 la oubyen anvan, kou yon mande pou yo gradye gen ladan: kat kredi nan lekti/redaksyon avèk yon gwo konsantrasyon nan disètasyon ak literati; twa kredi nan matematik, ki gen ladan Aljèb I ak Jewometri; twa kredi nan syans; ak twa kredi nan syans sosyal.  Pwogram estanda a mande kou adisyonèl, ki gen ladan yon semès chak nan Ladrès pou Manajman Lavi, Edikasyon Fizik, Ar Pèfòmans Rafine, ak Ar Pratik, e 8.5 kredi nan kou elektif jeneral.  Yo mande tou yon pwojè sèvis kominotè pou elèv nan pwogram estanda katran, 24-kredi a.

         Anplisde 13 kredi ki nan lis anwo yo, tout elèv dwe fini avèk siksè, yo mande pou elèv sa yo ki chwazi Trak Opsyon Preparatwa Kolèj yo dwe fini avèk siksè de kredi nan menm lang etranje a, twa kredi elektif; e nan 18 kredi yo mande yo, sis ladan yo dwe nan kou akademik avanse, pa egzanp kou onè, AP, IB, AICE.  Elèv ki chwazi Opsyon Preparatwa pou Karyè yo ap gen pou yo fini twa a senk kredi yo dwe pran nan yon pwogram vokasyonèl/karyè/edikasyon e de kredi elektif, amwenske yo te gen tan pran senk kredi nan yon pwogram vokasyonèl/karyè/edikasyon.

         Elèv ak paran yo kab jwenn enfòmasyon sou opsyon pou gradyasyon sa yo lè yo rele lekòl mwayen oubyen segondè kote elèv yo te enskri a. 


TOP


SWEN SANTE; VAKSEN ETA A MANDE

            Timoun ki gen pou antre nan klas matènèl jisrive nan 12yèm ane eskolè pou ane lekòl 2007-2008 la bezwen pran vaksen apwopriye oubyen yo pap kab antre lekòl. 

             Pwogram vaksen lekòl eta a mande pou tout elèv ki nan jadendanfan jisrive nan 12yèm ane eskolè resevwa yon dezyèm dòz vaksen pou sawonpyon. 

            Tout timoun k ap antre nan klas matènèl jisrive nan 12yèm ane eskolè dwe pran yon seri vaksen epatit B anplis vaksen sa yo te deja mande pou yo pran pou difteri, koklich, tetanòs, polyo, sawonpyon, malmouton e lawoujòl.

            Tout timoun k ap antre, ki deja lekòl oubyen k ap transfere nan klas matènèl, klas jadendanfan, 1ye ane, 2yèm ane, 3yèm ane, 4yèm ane, 5yèm ane oubyen 6yèm ane eskolè nan Florid yo mande pou yo pran vaksen varisèl (chicken pox) oubyen yo dwe dokimante yon istwa maladi varisèl sou Fòm DH 680 an.  Demand sa a aplikab tou pou elèv ki pat pase klas matènèl jisrive nan 6yèm ane eskolè.

            Timoun kab ale lekòl si yo nan pwosesis pou yo pran seri vaksen yo e yo genyen yon fòm medikal tanporè ki eskize yo ki klase nan dosye lekòl la. Se sèl Sètifika Depatman Sante pou Vaksen an, Fòm DH 680, yo kab aksepte kòm verifikasyon elèv yo anrèg pou vaksen.

            Yo ankouraje paran/gadyen pou kontakte doktè yo pou mete yon randevou pou timoun ki afekte daprè demand pou vaksen lekòl.  Pifò asirans kouvri vaksen yo mande yo.           

            Timoun paran yo pa ka peye pou vaksen yo kab resevwa vaksen anba pwogram Vaksen pou Timoun, ki ofri vaksen gratis nan tout sant depatman sante nan konte a.

            Pou plis enfòmasyon, kontakte Biwo Pwogram Vaksen Espesyal nan Depatman Sante Miami-Dade County, nan 786-845-0550.

            Lekòl Leta Miami-Dade County ofri diferan kalite tès pou evalye sante elèv yo, anba sipèvizyon anplwaye lekòl la oubyen anplwaye ki bay swen sante. 

              Yo fè tès pou vizyon chak ane pou elèv nan klas Jadendanfan, 1ye ane, 3yèm ane, 6yèm ane, 10yèm ane eskolè, e nouvo elèv nan Florid nan 2yèm ane, 4yèm ane ak 5yèm ane eskolè.

            Yo fè tès pou tande chak ane pou elèv nan klas Jadendanfan; 1ye ane, 2yèm ane; 3yèm ane, 6yèm ane, 10yèm ane eskolè e nouvo elèv nan Florid ki nan 4yèm ane ak 5yèm ane eskolè. 

            Yo konseye paran elèv ki pa pase nenpòt nan tès yo oubyen ki sanble yo ka gen yon pwoblèm vizyon osnon yon pwoblèm tande, pou y al chèche swen medikal kay doktè yo.  

            Chak ane yo fè tès “scoliosis” kolòn vètebral pou elèv ki nan 6yèm ane eskolè.  Yo fè tès pou elèv 10yèm ane eskolè pou wè si yo pa fè tansyon.

            Pwogram Lekòl Ansekirite/Sante Elèv distri a mande tès sou sante nan konpòtman.  Tout elèv nan sizyèm ane eskolè distri a ap resevwa yon tès sou sante nan konpòtman pou adrese obstak nan reyisit ak ajisteman sosyal/pèsonèl.  Sèvis Lekòl ak kominotè ap disponib pou asiste elèv yo idantifye.

            Lè elèv yo gen maladi alontèm oubyen maladi kwonik oubyen andikap ki mande pou yo pran medikaman, anplwaye lekòl la kab ede elèv yo, pou yo pran medikaman an alè, sitou lè moman pou elèv la pran medikaman an pa kab ajiste pou l koresponn ak lè li lakay li.

            Yon paran oubyen gadyen dwe siyen yon fòm konsantman, epi yon doktè lisansye dwe siyen yon plan tretman alekri ki eksplike nesesite medikaman an.  Fò yo ranpli fòm otorizasyon sa yo sèlman yon fwa pandan ane eskolè a.  Lè yo mande chanjman medikaman an, paran an osnon gadyen an ak doktè a dwe bay nouvo fòm otorizasyon.

            Direktè a ap klete medikaman yo nan yon kote yo deziyen.  Pou plis enfòmasyon, kontakte Wilma Steiner, RN, ki se sipèvizè sèvis sante konpreyansif nan sistèm lekòl la, nan 305-995-1235.

TOP


DAT ENPÒTAN NAN ANE LEKÒL 2006-2007 LA

KONJE

  • Lendi 3 septanm -  Fèt Travay (Labor Day)
  • Lendi 12 novanm  -  Fèt Ewo Lagè (Veterans Day)
  • Jedi 22 novanm   -  Jou Remèsiman (Thanksgiving Day)
  • Lendi 21 janvye    -  Obsèvasyon Fèt Dtè. Martin Luther King
  • Lendi 18 fevriye -  Fèt Tout Prezidan (All Presidents Day)
  • Lendi 26 me -  Fèt pou Onore Militè ki Mouri nan Sèvis (Memorial Day)

JOU POU PWOFESÈ FÈ PLANIFIKASYON

  • Jedi 16 out
  • Vandredi 17 out
  • Jedi 13 septanm
  • Lendi 8 oktòb - Devlopman Pwofesyonèl
  • Vandredi 26 oktòb
  • Vandredi 18 janvye
  • Vandredi 1ye fevriye – Devlopman Profesyonèl
  • Vandredi 21 mas
  • Vandredi 28 mas
  • Vandredi 6 jen

JOU VAKANS

  • Vandredi 23 novanm - Vakans pou Jou Remèsiman (Thanksgiving)
  • Vandredi 24 desanm jiska vandredi 4 janvye  - Vakans Ivè
  • Lendi 31 mas jiska vandredi 4 avril  - Vakans Prentan
 

TOP


KOURIKOULÒM MATEMATIK POU K – 12

Kourikoulòm Matematik K – 12 la fèt pou pouse enstriksyon ki pral ede elèv yo konprann ak itilize matematik pou yo rezone, kominike, ak rezoud pwoblèm nan mond teknoloji a.

Objektif kourikoulòm ak demand yo enkli pati k ap suiv yo:

  • Pou elèv ki ap antre nan 9yèm ane eskolè nan ane 2007-2008 e aprè, yo ap pran yon minimòm kat (4) kou matematik nan nivo lekòl segondè, ki enkli Aljèb I, nan 9yèm ane eskolè; Jewometri nan 10yèm ane eskolè, ak de (2) kou ki ekivalan ak Aljèb I oubyen pi wo.  Yon seri yo rekòmande enkli Aljèb I, Jewometri, Aljèb II, ak yon kou Pre-Kalkilis.
  • Elèv yo pral aktivman angaje nan matematik yo ap aprann nan pandan pwofesè yo ap itilize metòd enstriksyon yo rele dekouvèt la.
  • Elèv yo pral tranpe nan lekti ak redaksyon nan klas matematik la, ki pral pèmèt yo vin sitwayen ki konn matematik yo byen.
  • Yo pral ankouraje elèv yo pou yo patisipe nan konpetisyon matematik tankou “Elementary Math Bowl, MATHCOUNTS” oubyen “Mu Alpha Theta” pou ede yo devlope ak agrandi ladrès rezònman ak rezolisyon pwoblèm yo.

Pwofesè yo pral pran angajman pou yo kontinye nan devlopman pwofesyonèl yo ki enkli dènye rechèch sou sèvo a pou yo kab aktivman angaje elèv yo nan demach pou yo chèche konprann konsèp matematik yo ap aprann nan.

Plan matematik la ofri yon apwòch estriktire ki amelyore kapasite pwofesè yo pou yo anseye matematik ak pou yo transfòme fason yo anseye ki chita sou konpreyansyon matematik ak rezolisyon pwoblèm.

M-DCPS (Lekòl Leta Miami-Dade County) asosye li ak inivèsite lokal e enstitisyon matematik enfòmèl yo pou ofri pwogram ki ogmante devlopman pwofesyonèl pou pwofesè yo e yo fè pwogram konpetisyon ak enfòmasyon ansanm ak ekperyans entèn ak matematik.

Pous plis enfòmasyon, ou kab rele Madan Melanie Megias, Direktris Administratif, Kourikoulòm ak Enstriksyon (Matematik) nan 305-995-7079.

TOP


PLAN SYANS POU K – 12

 

Plan Syans K-12 Lekòl Leta Miami-Dade County a ede elèv yo jwenn konesans sou syans ki nesesè pou yo reyisi nan edikasyon aprè lekòl segondè ak pou travay.

Objektif plan an ak demand yo enkli pati k ap suiv yo:

  • Chak elèv ki gradye nan lekòl Leta Miami-Dade County ap pran yon minimòm twa (3) kou syans nan nivo lekòl segondè, ki enkli Syans Latè/Lespas, Byoloji, ak Chimi (oubyen Syans Fizik).
  • Elèv yo pral tranpe nan lekti ak redaksyon nan kou syans yo, ki ap pèmèt yo vin sitwayen ki konn syans yo byen.
  • Yo pral ankouraje elèv yo pou yo patisipe nan konpetisyon syans oubyen fwa syans pou ede yo avèk devlopman ak ekspansyon panse syantifik yo.

Pwofesè yo pral pran angajman pou yo kontinye nan devlopman pwofesyonèl yo e pou yo vin gen plis konesans sou matyè ak pratik pedagojik.

Plan an ofri yon apwòch estriktire pou amelyore kapasite pwofesè yo pou anseye syans ak pou yo transfòme fason yo anseye, ki chita sou fòmasyon konsèp  ak rezolisyon pwoblèm.

Biwo Kourikoulòm ak Enstriksyon (Syans) M-DCPS (Lekòl Leta Miami-Dade County) asosye li ak inivèsite lokal e enstitisyon matematik enfòmèl yo pou ofri pwogram ki ogmante devlopman pwofesyonèl pou pwofesè yo, yo fè konpetisyon, pwogram enfòmasyon, ekperyans entèn ak eksperyans syans an jeneral.

Pous plis enfòmasyon, silvouplè rele Doktè Cyd Heyliger-Browne, Direktè Administratif, Biwo Kourikoulòm ak Enstriksyon (Syans), nan 305-995-1905.

TOP


“MENTORING PROGRAMS” (PWOGRAM PARENN)

Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) genyen plizyè pwogram parenn anba tonèl li, plizyè nan yo anba direksyon Distri a atravè “Office of Community Services”  (Biwo Sèvis Kominotè).  Yo defini “Mentoring” (Parenn) kòm yon alyans ant de moun ki kreye yon espas pou dyalòg kote rezilta a mennen refleksyon, aksyon e toude ap aprann.

“BIG BROTHERS BIG SISTERS (BBBS)” (GRAN FRÈ GRAN SÈ): se yon òganizasyon parenn pou jèn, ki pi ansyen e ki pi gwo, ki pa la pou pwofi Ozetazini.  Pwogram nan te kòmanse nan Miami-Dade County an 1958, li ap sèvi plis pase 6,000 elèv Lekòl Leta Miami-Dade County depi lè yo te mete l sou pye.  Kounye a, 38 M-DCPS patisipe nan pwogram parenn BBBS la, ki ofri 404 elèv parenn youn-a-youn.  Kounye a genyen 404 parenn ki nan “database” (dokiman sou òdinatè) pou Pwogram Volontè Lekòl yo.

Cruise Industry Charitable Foundation Scholarship Program (CICF) (Pwogram Bous Fondasyon Endistri Kwazyè Charitab):  Pwogram nan angaje ak Lekòl Leta Miami-Dade County depi an 2002.  CICF ofri $100,000, pou pwogram orijinal la kote Fondasyon Peye Kolèj Davans nan Florid matche li pou bay lekòl Citrus Grove Middle ak Brownsville Middle.  Se fondasyon an ki te chwazi de lekòl sa yo.  An ete 2006 la, fondasyon an te bay yon bous $50,000 adisyonèl, pou dis (10) elèv nan M-DCPS. Kounye la bous CICF la anba direksyon anplwaye “Take Stock in Children” (Envesti nan Timoun) nan Kolèj Miami Dade.

“eMentoring Dade County Bar Young Lawyers (DCBA)” (Jèn Avoka Parenn nan Dade County): Apwoksimativman 30 jèn avoka, ki se manm Asosyasyon Bawo Avoka Florid la, se parenn youn  a youn ak elèv nan lekòl segondè Miami Carol City ak Miami Senior High.  Elèv ki ap patisipe nan pwogram parenn DCBA se elèv ki nan Sant Magnet Dwa pou Afè Legal ak Piblik. Gen dèfwa avoka ki ap patisipe nan pwogram nan fè prezantasyon nan de lekòl yo.  Epitou, diran ane lekòl la avoka yo patwone pwomnad pou ale nan yon varyete biwo dwa, pou pèmèt elèv yo pran pati nan aktivite de jou an jou nan yon enstitisyon Avoka.

“Mentor Leader Program” (Pwogram Lidè Parenn):  Yo te mete pwogram sa a soupye an desanm 2006.  Bi a se pou fòme e prepare administratè Lekòl Leta Miami-Dade pou yo ka akonpaye yon elèv nan youn nan twa Lekòl Aksyon Korèktif; Lekòl segondè Miami Central, Miami Edison e Miami Jackson.

“Listeners School Volunteer Program” (Pwogram Volontè Lekòl pou Tande):  Pwogram nan ofri yon elèv opòtinite pou asosye ak yon adilt ki pa nan yon pozisyon otorite.  Akoz li pa gen otorite, yo pa atann pou Moun ki ap Tande a eseye rezoud pwoblèm elèv la kab devwale, men pou Moun k ap Tande a sèvi kòm yon fasilitatè pou ede elèv la nan rezolisyon pwòp pwoblèm li. Kounye a, gen 114 moun k ap tande ki  ap patisipe nan pwogram nan.

“Take Stock in Children Mentoring Scholarship Program (TSIC)” (Pwogram Bous Parenn Envesti nan Timoun): Se yon òganizasyon ki pa la pou pwofi ki sèvi jèn ki soti nan fanmi ki ekonomikman ba ki nan risk tonbe nan pwoblèm nan ba yo bous, parenn, e espwa depi 1995.  Kounye a pwogram Miami-Dade la sèvi prèske katsan elèv. Depi lè lite kòmanse  an 1995, TSIC te sèvi plis pase 1,000 elèv, kote plis pase 520 ladan yo te gradye nan lekòl segondè ak siksè e 468 te gradye nan kolèj. Jodi a, yo depanse yo total 4.6 milyon dola nan bous pou elèv M-DCPS.  Kounye a Pwogram Bous Parenn TSIC la ap fonksyone nan 60 lekòl mwayen e lekòl segondè Miami Dade County. 

“’WOMAN OF TOMORROW (WOT)” (MEDAMM POU DEMEN): “The Women of Tomorrow Mentor & Scholarship Program (WOT)” (Pwogram Medamm Marenn pou Demen ak Bous) fèt pou enspire, motive e bay jèn fi ki nan risk pou tonbe nan pwoblèm jarèt pou yo atenn tout potansyèl yo atravè marenn yo ki se medamm ki rive nan nivo pwofesyonèl e yon ensantif adisyonèl ki se opòtinite pou jwenn bous.  Kounye a pwogram nan nan 48 lekòl nan Lekòl Leta Miami-Dade County e sèvi 1,100 elèv.  Jodi a , pwogram bous marenn WOT la deja ofri bous ki totalize 1,103,395, depi 2000. 

“5000 Role Models of Excellence” 5000 Wòl Modèl Ekselan:  Pwogram 5000 Ekselan Wòl Modèl vize jèn gason nan lekòl elemantè e lekòl mwayen kin an risk ki ap elve san benefis yon papa oubyen yon wòl modèl gason pozitif.  Pwogram nan suiv elèv sa yo rive nan lekòl segondè jiska gradyasyon e li itilize wòl modèl gason kòm resous pou ba yo pouvwa, pwomote santiman amou pwòp pozitif e ede nan ladrès pou pran desizyon.  Pwogram nan nan 23 lekòl elemantè, 33 lekòl mwayen e 33 lekòl segondè ki nan tout Lekòl Leta Miami-Dade County.  Gen 99 wòl modèl ki anrejistre nan “database” (dosye elektwonik) pou volontè nan M-DCPS.

Bi pou ane lekòl 2006-2007 la se te pou rekrite, fomè e plase 1,228 parenn nan sistèm lekòl leta a.  Rive premye (1) jen 2007, 1261 parenn aktif e ap gide elèv nan Lekòl Leta Miami-Dade County.

Pou plis enfòmasyon sou pwogram parenn anba direksyon Distri a atravè Biwo Sèvis Kominotè, silvouplè kontakte Patricia Lee, Anplwaye Espesyalis nan 305-995-7317 oubyen voye lèt elektwonik nan plee1@dadeschools.net.

TOP


KOMISYON KONSÈY LEKÒL MIAMI-DADE COUNTY

            Komisyon Konsèy Lekòl Leta Miami-Dade County, Florida egzèse otorite lejislatif sou sistèm lekòl la, e li detèmine règ yo an konfòmite ak lwa Florid yo.  Chak ofisyèl eli nan komisyon konsèy nèf-manm nan reprezante yon distri espesifik nan konte a. 

            Komisyon Konsèy Lekòl la fè reyinyon abityèlman yon fwa pa mwa, lè mèkredi a 1:00 nan aprèmidi, nan premye etaj oditoryòm Bilding Administrasyon Komisyon Konsèy Lekòl la “School Board Administration Building (SBAB),” ki sitiye nan 1450 N.E. Second Avenue.  Dat yo apwouve yo afiche nan Sant Enfòmasyon Sitwayen an nan SBAB, Chanm 158, e sou paj Entènèt Lekòl Leta Miami-Dade County nan: http://www2.dadeschools.net/schoolboard/meetings/schedule_2007.asp.  Piblik la kapab patisipe nan reyinyon yo e yo pase yo nan televizyon andirèk sou WLRN Chanèl 17 e nan radyo sou WLRN-FM 91.3 epitou nan Entènèt nan http://www.wlrn.org.

            Sitwayen ki enterese kapab adrese komisyon konsèy la sou sijè ki enskri nan ajanda a oubyen sijè ki pa sou ajanda a nan fè yon demand alekri bay Sant Enfòmasyon Sitwayen an anvan 4:30 nan aprèmidi lendi anvan reyinyon an.  Sitwayen yo ka adrese komisyon konsèy la sou sijè ki pa nan ajanda a, sèlman pandan odyans piblik yo, pa pita pase 6:30 diswa.  Ou kab jwenn delè ak pwosedi, ki diferan lè ou pa satisfè delè lendi a, lè w rele Sant Enfòmasyon Sitwayen an, nan 305-995-1128.  Nenpòt moun nan piblik la ki gen pou pale e ki bezwen sèvis yon entèprèt Panyòl osnon Kreyòl, lè l ap pale devan Komisyon Konsèy la, dwe fè demand nan alekri nan menm lèt li mande pou l pale a.

            Fòm pou fè demand pou konparèt devan Komisyon Konsèy Lekòl la disponib sou Entènèt nan cic.dadeschools.net nan tout Sant Rejyonal yo ak nan Sant Enfòmasyon Sitwayen an, SBAB Chanm 158.  Nimewo faks la se 305-995-1151.

            Biwo Manm Komisyon Konsèy Lekòl yo sitiye nan Bilding Administrasyon Komisyon Konsèy Lekòl la.  Yo kab kontakte manm Komisyon Konsèy Lekòl yo nan 305-995-1334.

Manm Komisyon Konsèy Lekòl Leta Miami-Dade County, Florid yo se:

  • Prezidan Agustin J. Barrera (Distri 6)
  • Vis Prezidan Martin Karp (Distri 3)
  • Renier Diaz de la Portilla (Distri 5)
  • Evelyn Langlieb Greer (Distri 9)
  • Perla Tabares Hantman (Distri 4)
  • Robert B. Ingram (Distri 1)
  • Ana Rivas Logan (Distri 7)
  • Marta Pérez (Distri 8)
  • Solomon C. Stinson (Distri 2)

SANT ENFÒMASYON POU SITWAYEN

  •             Sant Enfòmasyon pou Sitwayen, nan Lekòl Leta Miami-Dade County, la pou reponn tout moun ki gen kesyon jeneral sou sistèm lekòl la.

            Li tabli kò l nan sal 158 Bilding Administrasyon Konsèy Lekòl la ki nan 1450 N.E. Dezyèm Avni, epitou sant lan founi piblik la dokiman, enfòmasyon jeneral ak ajanda pou reyinyon Komisyon Konsèy Lekòl yo.

            Sitwayen yo kapab kontakte sant lan nan 305-995-1128 oubyen vizite l lendi jiska vandredi depi 8:00 dimaten jiska 4:30 nan aprèmidi. 

            Paj Entènèt Lekòl Leta Miami-Dade County a, www.dadeschools.net, ofri yon varyete enfòmasyon sou sistèm lekòl la tou.

TOP


SÈVIS EDIKASYONÈL SIPLEMANTÈ OKENN TIMOUN PAP RET DÈYÈ
“NO CHILD LEFT BEHIND SUPPLEMENTAL EDUCATIONAL SERVICES (SES)”

Paran yo ka enskri pitit yo kounye a pou leson patikilye gratis!

Kòm rezilta Ak federal 2001 Okenn Timoun Pap Ret Dèyè “No Child Left Behind Act of 2001 (NCLB),” timoun kab resevwa plis èd nan sijè tankou matematik, lekti, e lekti ak redaksyon.  Yo kab resevwa leson patikilye gratis sa a si yo idantifye lekòl timoun nan kòm lekòl ki “gen bezwen pou amelyorasyon” paske li pat fè “Adequate Yearly Progress (AYP)” (Pwogrè Adekwat Anyèl) pou twazan (3) konsekitif oubyen plis, jan NCLB dekri li a. Nan kòmansman otòn, Lekòl Leta Miami-Dade County pral ouvè yon peryòd pou enskripsyon pou ane 2007-2008 la pou Sèvis Edikasyonèl Siplemantè Eta a Apwouve “State Approved Supplemental Educational Services (SES)”.  Anplisdesa, yo ap voye lòt dat pou peryòd anwolman pandan tout ane lekòl la.  Y ap voye dat pou peryòd anwolman yo bay paran yo ak elèv ki ale nan lekòl ki elijib yo.

Elèv ki prale nan lekòl “Title I” ki pat fè AYP pou twazan konsekitif eki elijib pou resevwa repa-midi gratis oubyen nan pri redui kab elijib pou patisipe nan Pwogram Leson patikilye SES la.  SES se yon pwogram leson patikilye founisè prive Eta Florid la apwouve, ofri gratis pou paranan.  Sèvis yo dwe annakò ak pwogram enstriksyonèl distri lekòl la e yo dwe an liy avèk estanda kontni akademik Eta a.  Yo dwe ofri Sèvis Edikasyonèl Siplemantè yo andeyò jounen regilye lekòl la (anvan oubyen apre lekòl, nan fen semèn yo, pandan entèval [vakans Ivè/Prentan oubyen ann ete]).  Paran ki enterese nan anwole pitit yo nan SES dwe ranpli yon fòm ki disponib nan lekòl pitit yo a, sou Entènèt nan http://nclbchoice.net oubyen nan youn nan Fwa Enfòmasyon SES yo.

Ou ka jwenn yon lis ajou lekòl “Title I” ki elijib pou patisipe nan SES pou ane 2007-2008 la nan http://nclbchoice.net.  Pou plis enfòmasyon, kontakte 305-995-FIND (3463) Administrasyon “Title I” nan 305-995-4549, oubyen mande nan lekòl pitit ou a.

*Lokal pou Fwa Enfòmasyon sou Chwa Paran pou SES
Anwolman pou Otòn
 Ane Lekòl 2007-2008  

Lokal

Dat/Lè

Lekòl Mwayen Lake Stevens
18484 N. W. 48th Place
Miami Gardens, FL 33055

Madi 21 out 2007
5 nan aprèmidi - 7:30 diswa

Lekòl Mwayen Campbell Drive
900 N. E. 23rd Avenue
Homestead, FL 33033

Mèkredi 22 out 2007
5 nan aprèmidi - 7:30 diswa

Sant Kominotè Joseph Caleb
5400 N. W. 22nd Avenue
Miami, FL 33142

Jedi 23 out 2007
5 nan aprèmidi - 7:30 diswa

Lekòl Mwayen North Miami
13105 N. E. 7th Avenue
North Miami, FL 33161

Samdi 25 out 2007
10 dimaten – 12:30 nan aprèmidi

Lekòl Mwayen Palm Springs
1025 W. 56th Street
Hialeah, FL 33012

Mèkredi 5 septanm 2007
5 nan aprèmidi - 7:30 diswa

Lekòl Mwayen Mays
11700 S. W. 216th Street
Miami, FL 33170

Jedi 6 septanm 2007
5 nan aprèmidi - 7:30 diswa

Lekòl Mwayen Citrus Grove
2153 N. W. 3rd Street
Miami, FL 33135

Samdi 8 septanm 2007
10 dimaten – 12:30 nan aprèmidi

*Silvouplè note dat sa yo kab chanje donk tcheke dèyne orè Fwa Enfòmasyon Paran an, ki disponib nan http://nclbchoice.net pou asire w gen enfòmasyon ki ajou.

TOP


 

PARAN AKADEMI AN: PRAN YON WÒL AKTIF NAN EDIKASYON PITIT OU

Travay yon paran pa fasil.  Li pa vini ak yon liv gid ak repons.  Se sak fè Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) te kreye Akademi Paran An – yon resous pou ede reponn kesyon paran yo sou sijè ki afekte vi timoun, ki gen ladan ede timoun yo aprann, ladrès paran, kontwòl bidjè, e sante ak byennèt.  

Akademi Paran An ofri klas ak atelye gratis nan plis pase 200 andwa atravè Konte a nan lekòl leta, bibliyotèk, pak, kolèj, biznis prive e sant nan katye yo.  Yon orè ki gen kou yo ofri ann Anglè, Espayòl ak Kreyòl disponib nan www.theparentacademy.net. Vin jwenn ak plis pase 74,000 paran ki deja fini yon klas Akademi Paran An!

Akademi Paran An ofri klas atravè nèf sijè ki anchene ansanm, ki gen ladan:

•Ladrès Paran

•Ede Pitit Ou Aprann

•Bon Kòmansman

•Devlopman Pèsonèl

•Ladrès Finansye

•Òdinatè ak Teknoloji

•Sante ak Byennèt

•Ar ak Kilti

•Lang

Akademi Paran An ofri bous pou paran ki enskri nan pwogram GED an pou yo pran egzamen an kòm yon premye esèy gratis.

Siveye pou evènman Akademi Paran An ki amizan pou fanmi aprann ki ankouraje tout fanmi an pou yo aprann ansanm.  Tèm evènman yo fèt mansyèlman nan yon andwa amizan, edikatif ak nan mize ki rich kiltirèlman e atraksyon lokal, e konbinezon akademik, eksplorasyon e fè dekouvèt pandan yo ap pwomote entè-aksyon pozitif ant paran ak timoun.

Pou plis enfòmasyon, silvouplè rele Akademi Paran An nan 305-995-2680 oubyen vizite paj Entènèt nou an nan www.theparentacademy.net.

TOP
PATISIPASYON PARAN: KLE POU REYISIT ELÈV

            Pandan elèv yo ap retounen lekòl, paran yo ranpli ak espwa pou reyisit pitit yo.  Bagay ki pi enpòtan paran kab fè se engaje yo nan edikasyon elèv yo a. 

            Yo ankouraje paran yo pou ale nan aktivite lekòl ak reyinyon yo, espesyalman nan Vizit Lekòl (Open House) anyèl yo ak Konferans Paran-Pwofesè yo.  Antre nan “PTA - Parent-Teacher Association” (Asosyasyon Paran-Pwofesè) oubyen “PTSA - Parent-Teacher-Student Association” (Asosyasyon Paran-Pwofesè-Elèv) lekòl yo e patisipe nan “Educational Excellence School Advisory Council (EESAC)” (Konsil Konsèy Lekòl sou Ekselans Edikasyonèl) se lòt fason ki ekselan pou angaje w.  Patisipasyon sa a enpòtan nan chak nivo edikasyon pitit ou a, espesyalman nan ane kritik adolesans yo.  Paran bezwen kenbe kominikasyon ouvè e onèt epi travay ansanm avèk pwofesè yo pou asiste elèv yo nan pran desizyon akademik ak pou planifye pou lavni.

            Paran yo ap jwenn yon sant resous pou paran nan chak lekòl, kote yo kab jwenn enfòmasyon sou koze edikasyon ak zafè paran epitou enfòme yo sou reyinyon ak atelye yo.  Yo bay paran yo plizyè rapò pandan ane a pou asiste yo nan evalye siksè elèv yo a, ansanm ak pèfòmans lekòl la an jeneral.  Règ Komisyon Konsèy Lekòl la sou patisipasyon paran (6Gx13-1B-1.012, Patisipasyon Paran – Yon Patnè Lakay - Lekòl - Distri) detaye dwa ak responsablite paran yo pandan y ap travay ak lekòl la pou asire siksè elèv la.

Kèk lòt etap enpòtan chak paran dwe pran enkli:

  • Ede pitit ou devlope bon abitid pou etid, bay pitit ou yon kote ki anpè, byen klere ak yon biwo oubyen tab pou l fè devwa l chak aprèmidi;
  • Asire w pitit ou prepare pou l aprann, nan pran bonjan repo ak nouriti e asire w li prepare emosyonèlman pou l etidye chak jou;  
  • Ankouraje, asiste, gide pitit ou pou l kab fè devwa ki difisil e rezoud pwoblèm sosyal yo poukont li; e
  • Kenbe kontak ak pwofesè pitit ou a, voye nòt alekri oubyen mesaj pa lèt elektwonik, e fè aranjman pou pale nan telefòn oubyen fè konferans an pèsòn.  Anplwaye biwo lekòl la, asistan direktè a oubyen konseye a ap asiste w nan fè aranjman pou reyinyon sa yo.

            Pou plis enfòmasyon, paran yo kab kontakte administrasyon lekòl la, oubyen kontakte Biwo Patisipasyon Paran an nan 305-995-1233.

TOP


SANT REJYONAL YO

Lekòl Leta Miami-Dade County soudivize ant sis Sant Rejyonal.  Chak sant gen ladan liyon asistan sipèentandan ak anplwaye ki responsab pou bay sipò ak asistans pou paran ak elèv.

Paran kab adrese kesyon yo genyen oubyen pwoblèm ki konsène lekòl pitit yo ki pa ka rezoud nan nivo lekòl la bay yon direktè Sant Rejyonal.  Si paran yo pa satisfè ak rezilta a, yo kab voye desizyon an nan apèl devan asistan sipèentandan Sant Rejyonal la.

Yo dwe adrese kesyon ki relate ak limit, prezans e règleman transfè nan Sant Rejyonal la.  Men adrès ak nimewo telefòn biwo sa yo:

Sant Rejyonal I
733 East 57 St.
Hialeah, FL 33013
305-687-6565
Asistan Sipèentandan: Dtè. Marcos Moran
Directors: Jennifer D. Andreu, Jose L. Dotres, Neraida Smith, Richard Vidal

Sant Rejyonal 2
1515-3 N. W. 167 St., #300
Miami, FL 33169
305-624-8802
Asistan Sipèentandan: Enid Weisman
Directors: Paul J. Greenfield , Marie Harrison,
Maria Llerena, DanySu Pritchett

Sant Rejyonal 3
1080 LaBaron Dr.
Miami Springs, FL 33166
305-883-0403
Asistan Sipèentandan: George Nuñez
Directors: Dtè. Maria De Armas, Dtè. Ruby Johnson
Robert Kalinsky, Verdell D. King

Sant Rejyonal 4
2201 S.W. Fourth St.
Miami, FL 33135
305-642-7555
Asistan Sipèentandan: Essie Pace
Directors: Jorge L. Garcia, Albert Payne, Dtè. Isabel M. Siblesz, Vanassa Washington

Sant Rejyonal 5
9040 S.W. 79 Ave.
Miami, FL 33156
305-595-7022
Asistan Sipèentandan: Janet Hupp
Directors: Carlos Fernandez, Kristal Hickmon,
Dtè. Melanie Fox, Dtè. Kenneth Wheeler

Sant Rejyonal 6
30910 S.W. 157 Avenue
Homestead, FL 33033
305-246-5934
Asistan Sipèentandan: Neyda Navarro
Directors: Dtè. Janice Cruse-Sanchez, Dtè. Alexis Martinez, Jeffrey J. Hernandez, Dtè. Donald Hoecherl

        Chak Sant Rejyonal okipe lekòl segondè ak anchènman lekòl respektif li yo.  Lekòl segondè ki nan chak Sant Rejyonal yo se:

Sant Rejyonal I

Lekòl Segondè American
Lekòl Segondè Barbara Goleman
Lekòl Segondè Hialeah
Lekòl Segondè Hialeah-Miami Lakes
Lekòl Segondè Miami Carol City

Sant Rejyonal II

Lekòl Segondè Dr. Michael M. Krop
Lekòl Segondè Miami Beach
Lekòl Segondè Miami Norland
Lekòl Segondè North Miami
Lekòl Segondè North Miami Beach

Sant Rejyonal III

Lekòl Segondè Miami Central
Lekòl Segondè Miami Coral Park
Lekòl Segondè Miami Northwestern
Lekòl Segondè Miami Springs
Lekòl Segondè Ronald W. Reagan/Doral

Sant Rejyonal IV

Lekòl Segondè Coral Gables
Lekòl Segondè Miami Edison
Lekòl Segondè Miami Jackson
Lekòl Segondè Miami
Lekòl Segondè Booker T. Washington

Sant Rejyonal V

Lekòl Segondè G. Holmes Braddock
Lekòl Segondè John A. Ferguson
Lekòl Segondè Miami Killian
Lekòl Segondè Miami Palmetto
Lekòl Segondè South Miami            
Lekòl Segondè Southwest Miami

Sant Rejyonal 6

Lekòl Segondè Homestead
Lekòl Segondè Miami Southridge
Lekòl Segondè Miami Sunset
Lekòl Segondè South Dade
Lekòl Segondè Felix Varela

TOP


SEKIRITE NAN LEKÒL

            Sekirite nan lekòl yo se priyorite nan Lekòl Leta Miami-Dade County yo.  W ap jwenn enfòmasyon anba a sou kòman pou w repòte krim ki fèt sou propriyete lekòl yo.

Pou ede elèv ak anplwaye pou yo santi yo alèz nan repòte krim nan lekòl, yo ankouraje yo pou rele 1-877-7BE-BRAVE, yon liy enfòmasyon 24 sou 24 ki pèmèt moun, san yo pa bay non yo, repòte krim k ap fèt sou plas oubyen krim yo antisipe nan lekòl.  Se anplwaye ki antrene pou sa k ap reponn liy telefòn nan, ki anrejistre enfòmasyon yo repòte a e asire Depatman Lapolis Lekòl Leta Miami-Dade oubyen lòt ajans pou ranfòsman lalwa apwopriye reponn byen vit.  Se menm jan tou, Pwogram “Crime Stoppers” (Sispann Krim) Distri a pèmèt piblik la pou rele 305-471-TIPS pou bay enfòmasyon san yo pa bay non yo.  Moun ki rele pou bay enfòmasyon kab elijib pou rekonpans lajan.

Pou fasilite pwosesis notifikasyon anka yon ensidan kritik, Lekòl Leta Miami-Dade County te etabli pandan ane lekòl 2007-2008 la yon liy enfòmasyon pou direktè kab kontakte Distri a imedyatman anka gen yon ijans. Yon fwa yo resevwa apèl la, yo voye yon notifikasyon elektwonik bay anplwaye Distri a ak Sant Rejyonal la.  Pwosesis notifikasyon sa a te redui kantite apèl yo te mande yon direktè pou l fè e li te pèmèt anplwaye nan lekòl yo konsantre sou ensidan yo ap konfronte a.

Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) gen yon plan detaye pou adrese ensidan kritik yo rele “Critical Incident Response Plan (CIRP)” ki bay anplwaye yo machasuiv ak pwosedi pou yo adrese kantite isidan kritik ki kab rive nan lekòl yo.  Anplisde CIRP a, sistèm lekòl la gen yon ekip yo rele “District Critical Incident Response Team (DCIRT)” ki disponib pou asiste lekòl yo anka gen yon ensidans kritik.  DCIRT a satisfè estanda “National Incident Management System (NIMS)” (Sistèm Nasyonal pou Jere Ensidan) an.

Pou plis enfòmasyon, rele Liy Enfòmasyon Pwogram Entèvansyon Kont Woul Depatman Pwogram Espesyal la nan 305-995-2755.

TOP


TRANSPÒTASYON LEKÒL

            Lekòl Leta Miami-Dade County ap bay transpòtasyon pou plis pase 62,000 elèv pa jou pou ane lekòl sa a, l ap itilize 1,500 otobis sou anviwon 1,350 wout bis lekòl yo pase.  Yo bay sèvis transpòtasyon an pou elèv ki abite nan yon distans plis pase demil (2 miles) bò kote lekòl yo ale yo, e pou elèv edikasyon eksepsyonèl yo.

            Anvan lekòl ouvri, paran tout elèv ki kalifye pou transpòtasyon ap resevwa yon kat ki soti nan sant sistèm odinatè lekòl la k ap di ki kote pou elèv la tann otobis la, ki lè otobis la ap pase pran li e ki lè l ap depoze l.

            Paran ki bezwen konnen si pitit yo kalifye pou jwenn transpòtasyon dwe kontakte lekòl pitit yo a pou enfòmasyon.

            Elèv ak paran ki gen kesyon sou zafè transpòtasyon kab telefone sèvis transpòtasyon sistèm lekòl la nan nimewo 305-995-7555, depi 13 out jiska 7 septanm, ant 7:00 dimaten e 5:00 nan aprèmidi.


TOP


PWOGRAM VOLONTÈ LEKÒL

            Pwogram Volontè Lekòl la genyen kounye a plis pase 130,000 volontè ki anrejistre ladan li.  Volontè Lekòl ofri sèvis yo nan plizyè kote ki enkli konseye, leson patikilye, asistan nan salklas, siveyan pou pwomnad e plizyè lòt bagay ankò.  Volontè yo ofri plis pase nèf milyon è sèvis, ki tradui pou yon valè yo estime ki depase $1.7 milya dola.

            Sistèm pou anrejistre sou Entènèt Pwogram Volontè Lekòl la ofri lekòl yo yon fason pou anrejistre nouvo aplikan pou fè volontè pi vit e li kontwole si yo pase lè yo fin tcheke istwa sou vi pase yo.  Li ofri bonjan kominikasyon ant lekòl yo ak Biwo Volontè Lekòl Distri a.

            Verifikasyon sou vi pase volontè a resevwa a depann sou wòl volontè a jwe.  Si volontè a te chwazi youn nan wòl k ap suiv yo, li dwe fè tchèk sou anprent pase li: 

  • Konseye
  • Moun k ap Tande/“Oyente”
  • Siveyan pou Pwomnad Leswa
  • Atlèt/Asistan Espòtif
  • Volontè Sètifye

            Tout lòt wòl volontè yo mande verifikasyon sou vi pase nan nivo I, ki enkli yon rechèch elektwonik sou òdinatè.

            Pwogram Volontè Lekòl la ap grandi e l ap chanje nan fason ki enteresan.  Pou plis enfòmasyon sou pwogram nan e kijan ou kab vin patisipe ladan, vizite Paj Entènèt Biwo Sèvis Kominotè a nan community.dadeschools.net e klike sou “School Volunteer Program” (Pwogram Volontè Lekòl) oubyen rele 305-995-1439


TOP


REFÒM LEKÒL SEGONDÈ

Travay ak elèv nou yo jodi a, e y ap travay ansanm ak ou demen!

Plan Refòm Lekòl Segondè “Secondary School Reform (SSR),” se yon mwayen pou chanje eksperyans edikasyonèl sibstansyèlman pou tout elèv lekòl segondè nan Distri a, pou asire fiti gradye yo gen ladrès nesesè yo ap bezwen pou antre an konpetisyon efektivman nan nouvo mache travay global la.  Li sèvi kòm yon opòtinite pou angaje biznis ak lidè kominotè pou yo elaji eksperyans aprann nan atravè estaj ki konekte yo ak akademi karyè yo.

Onz lekòl te mete akademi karyè yo an fonksyon pandan ane lekòl 2006-2007 la, e disèt lekòl anplis pral kòmanse mete yo an fonksyon pandan ane 2007-2008 la.  Eksperyans estaj la se kote elèv yo mete an pratik fondasyon akademik yo nan mond reyèl la.

Òganizasyon ki enterese nan ofri estaj dwe kontakte Biwo Sèvis Kominotè a nan 305-995-3050 oubyen vizite http://toolkit.dadeschools.net.

TOP


EGZAMEN ESTANDA

            Chak ane yo mezire siksè ak pwogrè elèv nan Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) avèk èd plizyè egzamen estanda distri, eta, e nasyonal.  Kèk nan egzamen pi enpòtan yo nan lis anba a.

            Yo ap administre egzamen “FCAT Sunshine State Standards (SSS)” ki te fèt pou evalye nivo kapasite elèv jan “SSS benchmarks” yo mande l la an mas 2008.  FCAT SSS mezire ladrès lekti ak matematik nan twazyèm jiska dizyèm ane eskolè.  Elèv nan ane eskolè 5, 8 ak 11 ap pran pati syans FCAT la.

            Elèv nan dizyèm ane eskolè yo dwe fè nòt pase nan egzamen FCAT SSS 10yèm Ane a pou yo kab satisfè demand egzamen gradyasyon pou yo kab jwenn diplòm nòmal lekòl segondè.  Elèv ki pa pase sijè ki aplikab FCAT SSS 10yèm Ane yo pral gen lòt opòtinite pou pase egzamen an nan 11yèm ane eskolè e pi wo an septanm 2007, mas 2008 ak jen 2008 pou yo repran egzamen FCAT la.

            Egzamen “FCAT Writing +” evalye abilite elèv yo pou òganize ak eksprime panse yo klèman alekri.  Yo ap administre egzamen “FCAT Writing +” la bay elèv nan katriyèm, uityèm ak dizyèm ane eskolè an fevriye 2008.

            Egzamen “FCAT Norm-Referenced Test (NRT)” a konpare pèfòmans elèv nan Forid yo ak elèv nan yon gwoup nasyonal estanda.  Yo ap administre Egzamen FCAT NRT Lekti ak Matematik bay elèv nan twazyèm ane jiska dizyyèm ane eskol&