Ouveti Lekol
Home
English version


AKSELERASYON ATRAVÈ ANWOLMAN DOUB

Anwòlman Doub se yon pwogram eta a patwone kote elèv lekòl segondè pran kou kolèj e kapab genyen kredi kolèj ak kredi lekòl segondè ansanm.  Eta a peye pri ekolaj la e Distri a peye liv yo.  Paske yo pran kou sa yo nan yon kanpous kolèj la, yo responsab pou pwòp transpòtasyon yo. 

Yo bay elèv nan klas Anwòlman Doub yo de (2) pwen bonis ki ale nan total mwayèn jeneral yo “weighted GPA.”  Elèv yo dwe fini 9yèm ane eskolè pou yo kab patisipe nan Anwòlman Doub.  Anplisdesa, elèv yo dwe gen yon mwayèn jeneral “unweighted GPA” 3.0 e yo dwe pase Egzamen Plasman Kolèj la oubyen yo dwe fè nòt minimòm yo mande sou nòt SAT oubyen ACT.  Elèv yo dwe soumèt relve nòt kolèj yo bay konseye gidans lekòl segondè yo pou yo resevwa kredi lekòl segondè pou kou Anwòlman Doub yo.'

Genyen plizyè opsyon ki disponib pou elèv ki enterese patisipe nan kou Anwòlman Doub yo. Tout elèv M-DCPS ki satisfè kritè elijibilite yo kapab anwole nan kou “DE” (Anwòlman Doub) pandan tem Otòn, Prentan, ak Ete yo nan Miami-Dade College, Florida International University, ak University of Florida.  Anplis, gen anpil lekòl segondè M-DCPS ki ofri kou Anwòlman Doub sou kanpous lekòl segondè yo pandan jounen lekòl la e apre lekòl.

“School for Advanced Studied (SAS”) (Lekòl pou Etid Avanse) nan Miami-Dade College ak “Advanced Academic Academy (AAA)” (Akademi pou Etid Avanse) nan Florida International University bay elèv 11yèm ak 12yèm ane eskolè yo tou yon opòtinite pou yo pwofite pran kou sa yo e resevwa yon diplòm lekòl segondè ansanm ak yon degre “Associate of Arts.”

Pou plis enfòmasyon, kontakte Divizyon Matematik, Syans, ak Pwogram Akademik Avanse nan 305-995-1934.

TOP

PREZANS ELÈV

Petèt pa gen okenn faktè ki pi enpòtan pou yon elèv reyisi fè pwogrè lekòl pase prezans lekòl ki regilye e ponktyèl.  Elèv ki eksesivman anreta oubyen absan nan pwogram edikasyonèl yo ap rete dèyè nan reyalizasyon akademik yo.  Absans eksesif nan lekòl, se sa ki anonse move nòt, mank enterè, e sa ka lakoz elèv la kite lekòl.  

Prezans se lè elèv la nan lekòl la nan jou lekòl la ap fonksyone.  Elèv la dwe nan lekòl kote yo asiyen li a oubyen li dwe prezan nan yon aktivite edikasyonèl ki fè pati pwogram yo apwouve nan lekòl la pou elèv sa a.  Yo defini prezans kòm prezans lekòl, prezans nan klas, reta ak kite lekòl bonè.  Yo premye ap repòte absans kòm “pa eskize” e yo ap chanje li pou “eskize,” lè yo resevwa rezon pou absans la.

Absans pou maladi, randevou doktè, lanmò nan fanmi an, obsèvans yon fèt relijye, lè li afekte tout manm nan kwayans sa a, yon evènman lekòl la patwone oubyen yon aktivite anrichisman edikasyonèl direktè a te apwouve davans, yon “subpoena” (lòd pou konparèt) ki soti nan yon ajans ki la pou fè obsève lalwa oubyen yon lòd pou konparèt nan tribinal, sispansyon pou rete andeyò lekòl la, ak absans dokimante paran/gadyen an pa gen kontwòl sou yo, jan direktè a apwouve yo a, se sèl rezon ki akseptab pou yon elèv jwenn yon absans ki eskize. Se responsablite paran/gadyen an pou yo rapòte e eksplike yon absans oubyen yon reta bay lekòl la nan yon espas twa (3) jou elèv la retounen lekòl oubyen yo ap make absans la kòm absans pa eskize.

Elèv ki gen absans yo eskize ap gen twa jou pou yo fè tout travay yo te manke pandan absans yo.  Pa ratrape travay ki pat fèt lè absans eskize/pa eskize yo ap lakoz yon evalyasyon ki pi ba nan akademik elèv la e/oubyen nòt li resevwa pou efò.  Yo mande pou paran ak elèv yo parèt devan yon Komite pou Revize Prezans pou yo ba yo konsèy ak sipò konsènan istwa prezans elèv la.  Anplis, yo ap preskri aktivite ki fèt pou konble tan enstriksyonèl ki manke a.

Yon elèv ki akimile dis (10) oubyen plis absans ki pa eskize nan yon kou anyèl, oubyen senk (5) oubyen plis absans nan klas nan yon kou kèlkonk nan yon semès yo ap kenbe nòt trimès, semès ak final li jiskaske Komite pou Revize Prezans la fè yon depistaj administratif e yo fini entèvansyon yo t ap fè a.

Elèv ki rive nan laj 14 an avèk 15 absans ki pa eskize oubyen plis nan espas 90 jou se elèv ki abitye fè woul.  Yo voye enfòmasyon sa a bay Depatman Sikilasyon Florid http://www.fldoe.org/ese/pdf/y2007-6.pdf e elèv sa a pap elijib pou resevwa oubyen kenbe privilèj pou li kondui.  Yo ka retabli privilèj pou kondui a si elèv la demontre li ka fè 30 jou prezans konsekitif nan lekòl san okenn absans ki pa eskize.

Genyen machasuiv espesifik sou prezans elèv yo jan sa parèt nan règleman Komisyon Konsèy Lekòl 6Gx13-5A-1.041, Prezans Elèv http://www.dadeschools.net/schoolboard/rules/Chapt5/5a-1.041.pdf e nan http://ehandbooks.dadeschools.net/policies/89.pdf.


TOP

 


KLAS TEKNOLOJI APLIKE AK EDIKASYON POU ADILT

Lekòl Leta Miami-Dade County ofri plis pase 100 pwogram etid nan karyè teknik ak edikasyon adilt.  Plis pase 98,900 elèv patisipe nan klas lajounen ak leswa nan 21 sant edikasyon pou adilt ak lòt etablisman separe ki ap fè menm travay la atravè county a.

Pami pwogram karyè teknik yo ofri yo genyen syans agrikòl ak sèvis piblik, edikasyon sou teknoloji biznis, syans fanmi e konsomatè, edikasyon endistriyèl, edikasyon sou syans sante, teknik pou fè pwomosyon (Maketing) ak edikasyon divèsifye. 

Pwogram edikasyon jeneral pou adilt la:

• ede adilt pou vin konn li e vin gen konesans ak ladrès nesesè pou yo jwenn travay e vin endepandan ak tèt yo.

• ede paran vin gen ladrès edikasyonèl nesesè pou vin patnè total nan edikasyon pitit yo.

• ede adilt nan fini demann pou gradyasyon nan lekòl segondè oubyen ekivalan an.

        Adilt kab avanse dapre nivo pwogrè yo sou lekti, lang, redaksyon e matematik.  Anplisdesa, elèv yo kab sèvi ak òdinatè ki gen Entènèt pou resevwa enstriksyon nan sèvi ak yon kourikoulòm san parèy nan pwogram yo sou sijè akademik oubyen vokasyonèl.

         Èd finansye kab disponib pou endividi ekonomi yo ba oubyen travayè ki gen andikap.  Pou plis enfòmasyon kontakte yon sant adilt, ladrès, oubyen sant teknik ki pre w, oubyen kontakte liy enfòmasyon an nan 305-558-8000.

TOP

PWOGRAM SWEN ANVAN AK APRE LEKÒL NAN LEKÒL ELEMANTÈ

Ane sa a 233 lekòl elemantè leta nan Miami-Dade County ap ofri pwogram swen apre lekòl nan    jou lekòl yo.  Y ap ofri pwogram swen anvan lekòl lè gen yon bezwen.
 
Pwogram swen apre lekòl yo fèt osito lekòl lage jiska 6è diswa.  Pwogram swen anvan lekòl yo  kòmanse apeprè inèdtan anvan klas kòmanse.  Paran yo dwe tcheke ak lekòl pitit yo a pou lè espesifik yo kòmanse.

Tout pwogram swen apre lekòl yo ofri aktivite ki planifye, ki enkli asistans ak devwa, jwèt yo kab jwe anndan oubyen deyò, ar oubyen atizana, yon tan pou pran yon ti goute, epi yon varyete aktivite   rekreyatif.  Plizyè pwogram ofri leson nan lekti ak matematik, mizik, seramik, echèk, ar dramatik e lòt   klas ki fèt pou ofri patisipan yo yon varyete eksperyans edikasyonèl anrichisan.  Pwogram swen anvan   lekòl yo ofri elèv yo aktivite trankil e ki byen siveye yo.

Pri pwogram swen apre lekòl la se $40 pa semèn; pri pwogram swen anvan lekòl la koute $20 pa semèn.

Se youn nan sis founisè sa yo ki ofri pwogram yo: Lekòl Leta Miami-Dade County, “the Young Men’s Christian Association (YMCA)” (Asosyasyon Jèn Gason Kretyen), “the Young Women’s Christian Association (YWCA) (Asosyasyon Jèn Fi Kretyen), "Family Christian Association of America (FCAA)" (Asosyasyon Fanmi Kretyen ann Amerik),

  • “After School Program (ASP)” (Pwogram Apre Lekòl)
  • “Sunshine After School Child Care (SASCC)” (Swen pou Timoun Apre Lekòl nan Florid)
  • “South Florida After School All Stars (SFASAS)” (Pwogram Apre Lekòl “ALL STARS” nan Sid Florid) ak
  • “Cool Kids Learn (CKL)” (Elèv ki “Cool” Aprann).     

Paran ki enterese dwe kontakte direksyon lekòl pitit yo pou yo konnen ki pwogram yo ofri.  Ou ka gen plis enfòmasyon lè w ale sou Entènèt nan communityed.dadeschools.net oubyen rele Victor Ferrante nan 305-817-0014.

TOP


PWOGRAM BILENG POU SÈVI PARAN


Nouvo fanmi imigran nan Miami-Dade kab jwenn enfòmasyon sou edikasyon, sèvis kominotè, ak dwa e responsablite paran genyen atravè seminè gratis, ann Espayòl e/oubyen an Kreyòl, Pwogram Bileng pou Sèvi Paran an ofri.  Pwogram sa a, Divizyon Edikasyon Bileng ak Lang Mondyal ofri, se yon  sèvis pou ale jwenn paran imigran, e/oubyen paran ki limite ann Anglè.

Ou kab resevwa orè seminè yo lè ou rele Madan Maria E. Malvar, Divizyon Edikasyon Bileng ak Lang Mondyal, nan 305-756-3078 oubyen vizite paj Entènèt la nan http://bilingual.dadeschools.net/bewl/parent.asp.


TOP


M-DCPS SE NIMEWO EN NAN KESYON BAY SAN NAN FLORID

Pwogram “Blood Drive” (Bay San) an non sèlman edike e fè pwomosyon sou enpòtans sèvis sante kominotè, mentou li ede sove kèk lavi pandan pwosesis la.

Ane lekòl sa a, aktivite bay san Lekòl Leta Miami-Dade County kowòdone pou anplwaye ak elèv, 17 lane e pi gran, ede ranmase 21,308 lit san kòm donasyon e yo ede sove lavi 85,000 moun.  Se rezon sa a ki fè M-DCPS, gen kontra ak: “Community Centers of South Florida (CBCSF)” (Sant Kominotè pou Bay San nan Sid Florid) se nimewo en nan eta Florid la. 

Lekòl ak biwo ki genyen 15 oubyen plis moun ki angaje yo pou bay san kab telefone pou fè randevou ak bis mobil pou pran san an lè yo kontakte Alex Martinez, CBCSF, nan 786-229-8471 oubyen Connie Rodriguez nan 786-942-8904.

Pou plis enfòmasyon, silvouplè kontakte Diana Venturini, Direktris, “Office of Community Services” (Biwo pou Sèvis Kominotè) nan 305-995-1300.

TOP


LEKÒL "CHARTER"

Lekòl "charter" se lekòl leta ki fonksyone anba yon akò kontra ak komisyon konsèy lekòl nan zòn nan. Yo se enstitisyon ki pa la pou pwofi, e jeneralman se yon gwoup paran oubyen pwofesè, òganizasyon, minisipalite, inivèsite, e/oubyen yon konbinezon ki gen plis pase yon gwoup ki gouvène yo. 

Genyen 82 lekòl "charter" kounye a k ap fonksyone nan Miami-Dade County e gen 20 lòt ki gen pou ouvè nan ane lekòl 2010-2011 la.  Sa pral fè yon total 102 lekòl charter ki operasyonèl nan Miami-Dade County.

Pou plis enfòmasyon sou lekòl "charter," tankou pwosesis ouvèti ak règleman ki vin apre yo, ak non ak adrès kote yo lokalize, silvouplè kontakte biwo “Charter Schools Operations” (Operasyon Lekòl Charter) Lekòl Leta Miami-Dade County nan 305-995-1403, oubyen vizite paj Entènèt la nan http://charterschools.dadeschools.net.

TOP


PWOGRAM CHWA YO

Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) ap kontinye devlope pwogram ak lekòl anba kategori “post-unitary” (pos-initè) ki satisfè bezwen ak enterè espesyal elèv e prepare yo pou mond travay la avèk siksè. Pou sipòte inisyativ distri a nan elaji pwogram chwa ki pwomote enpasyalite ak aksè egal, M-DCPS gen yon seri pwogram chwa ki disponib tankou pwogram magnèt, chwa kontwole, sant satelit pou aprann, pwogram chwa volontè lekòl leta (I Choose!) (Mwen Chwazi!), ak Sant K-8 (Klas Jadendanfan rive nan 8yèm ane eskolè).

Pwogram/Lekòl Magnèt

Pwogram ak lekòl magnèt yo atire elèv divès kalite milye nan sèt diferan tèm magnèt ki ofri kourikoulòm espesyalize, yo chak te fèt pou kiltive talan ak ladrès espesifik.  Kounye a, genyen plis pase 300 pwogram magnèt nan plis pase 100 lekòl nan Miami-Dade County.  Elèv yo aprann kijan pou yo kominike, devlope panse kritik, e rezoud pwoblèm avèk pwofesyonèl e eksperyans ki konekte avèk domèn etid yo.  Pwogram magnèt distri a te genyen plizyè prim nasyonal paske li pwomote egalite edikasyonèl e li amelyore kalite edikasyon.  Yo aksepte etidye aplikasyon pou anwòlman nan pwogram/lekòl magnèt yo chak ane ant 1ye oktòb e 15 janvye. Pou plis enfòmasyon ak yon lis pwogram ki konplè, vizite paj Entènèt nou an nan choice.dadeschools.netKontak pou Pwogram Magnèt:  Dtè. Robert Strickland, Direktè Distri, “School Choice and Parental Options,” 305-995-1922, rstrickland@dadeschools.net


Anwòlman Piblik Kontwole

Pwogram Chwa Kontwole nan lekòl M-DCPS yo ofri paran yon opòtinite pou endike nan ki lekòl yo prefere ale nan espas sis chwa kontwole limit prezans.  Chak nan 14 lekòl chwa kontwole nan distri a ofri yon kourikoulòm ranfòse ki santre sou yon tèm akademik.  Opsyon yo aplike sèlman pou paran ki abite nan espas sis limit prezans yo deziye yo.  Pou yo bay yon elèv priyorite nan plasman li nan yon lekòl, yo konsidere si li gen frè oubyen sè nan lekòl la oubyen si li rete toupre lekòl li chwazi a.  Premye Kontak pou Anwòlman Piblik Kontwole: Madan Virna M. Kaufman, Direktris, “School Choice and Parental Options,” 305-995-1922, vkaufman@dadeschools.net.


Sant Satelit pou Aprann

Sant Satelit pou Aprann yo se yon fòm chwa lekòl leta ki pèmèt elèv yo ale nan yon lekòl leta ki menm kote paran yo ap travay la.  Chak sant yo se yon patenarya ant anplwayè a, ki bay lokal lekòl la, ak M-DCPS, ki bay pwogram enstriksyon an.  Kounye a gen de Sant Satelit pou Aprann:  Sant Satelit pou Aprann “Assurant Solutions” ak Sant Satelit pou Aprann “Mt. Sinai.”  Chwa Lekòl ak Opsyon Paran akeyi kesyon antite piblik ak prive ki enterese nan kreye Sant Satelit pou Aprann ak lòt patenarya atravè Pwogram Lekòl “A Business Community (ABC)” (Yon Kominote Biznis).  Disponiblite espas ki apwopriye pou yo vin yon etablisman edikasyonèl ak enterè sifizan bò kote anplwaye yo, se premye konsiderasyon pou biznis k ap anvizaje yon patenarya Pwogram Lekòl ABC.  Premye Kontak pou Sant Satelit pou Aprann: Madan Caryl D. Grant, Direktris Egzekitif, Lekòl Chwa, 305-995-1922, cgrant@dadeschools.net.


Pwogram Opòtinite Bousdetid

Ann akò avèk tèm Plan A+ la, elèv ki enskri oubyen yo asiyen nan yon lekòl yo deziye kòm yon lekòl “F” pou nenpòt dezan nan yon peryòd katran, elijib pou patisipe nan Pwogram Opòtinite Bousdetid la.  Prezans elèv la lekòl dwe rive diran ane kote deziyasyon lekòl la te fèt; oubyen elèv la te prezan yon lòt kote nan sistèm lekòl leta a e yo te asiyen li nan lekòl sa a pou pwochen ane lekòl la; oubyen elèv la ap antre nan Jadendanfan oubyen premye ane eskolè pou premye fwa e yo te enfòme elèv la yo te asiyen li nan lekòl sa a pou pwochen ane lekòl la.  Plan Aplikasyon Pwogram Opòtinite Bousdetid distri a disponib sou Entènèt nan: www.dadeschools.net/ehandbook/OSP/index.htmPremye Kontak pou Pwogram Opòtinite Bousdetid la: Madan Esperanza Macias, Espesyalis Sipò Kourikoulòm, “School Choice and Parental Options,” 305-995-1922, emacias@dadeschools.net.

TOP


SANT ENFÒMASYON POU SITWAYEN 

“Citizen Information Center (CIC)” (Sant Enfòmasyon pou Sitwayen) nan Lekòl Leta Miami-\Dade County, la pou reponn tout moun ki gen kesyon jeneral sou sistèm lekòl la.      

Sant sa a twouve l nan sal 158 nan Bilding Administrasyon Konsèy Lekòl la ki nan 1450 N.E.  Dezyèm Avni, e li founi piblik la dokiman, enfòmasyon jeneral ak pwogram pou reyinyon Komisyon Konsèy Lekòl yo.       

Sitwayen yo kapab kontakte sant la nan 305-995-1128 oubyen vizite l lendi jiska vandredi depi 8:00 dimaten jiska 4:30 nan aprèmidi.
 

Ou ka jwenn Sant Enfòmasyon pou Sitwayen an nan paj Entènèt sa a http://cic.dadeschools.net.  Paj Entènèt Sant Enfòmasyon pou Sitwayen an genyen lyen ki pèmèt moun al sou paj moun gade souvan yo, konsa tou li gen fòm yo itilize pou plase demann dosye piblik yo, e pou mande moun prezante devan Komisyon Konsèy Lekòl la.

TOP


PWOGRAM ASISTANS POU KOLÈJ

“College Assistance Program (CAP)” (Pwogram Asistans pou Kolèj) ki nan Divizyon Sèvis Elèv la, ofri konpreyansyon ak konsèy sou kolèj ansanm ak èd finansye e atelye sou bous etid pou elèv ak paran.

Nan chak lekòl segondè, konseye CAP yo ede elèv yo fè rechèch e chwazi enstitisyon apre lekòl segondè, ranpli aplikasyon pou yo pran egzamen pou antre nan kolèj, enskri nan enstitisyon apre lekòl segondè, èd finansye ak bous etid.

Konseye CAP yo òganize fwa pou kolèj nan lokal lekòl yo ak vizit nan kanpous kolèj yo.

“College Assistance Program” (Pwogram Asistans pou Kolèj) travay an kolaborasyon avèk “College Assistance Program (CAP, Inc.)” (Pwogram Asistans pou Kolèj), yon òganizasyon 501(c)(3) ki pa la pou pwofi, pou li ka bay plizyè milye dola pou ede elèv ki deside ale nan kolèj.  Don CAP Inc. yo se don “last dollar” (lajan yo bay elèv avèk kèk kondisyon) ki satisfè bezwen finansye elèv nan tranzisyon pou edikasyon apre lekòl segondè. 

Pou plis enfòmasyon, elèv yo dwe kontakte konseye CAP lekòl yo nan Depatman Sèvis Elèv la oubyen rele Deborah Montilla, Direktris Distri, nan 305-995-7324.



TOP


OU VLE ALE NAN KOLÈJ?
FWA NASYONAL KOLÈJ AP VIN MIAMI, DIMANCH 20 FEVRIYE

Elèv ak Paran nan Sid Florid la ka rankontre reprezantan k ap soti nan plis pase 200 kolèj ak inivèsite nan Fwa Nasyonal Kolèj 2011 Miami an soti midi rive 4è nan aprèmidi, dimanch 20 fevriye 2011, nan Doubletree Miami Mart Hotel (ki te rele Radisson Mart), 777 N.W. 72 Ave., Miami.

Elèv, paran e lòt moun envite nan fwa gratis la.

Evènman an ap pèmèt elèv ak lòt moun rankontre avèk reprezantan kolèj yo e jwenn repons pou kesyon yo.  Epitou y ap ofri sesyon enfòmasyon ann Anglè, Espayòl, ak Kreyòl sou èd finansye, planifikasyon pou kolèj e sou sa yo mande pou admisyon ak pou pran tès.

Sant konseye ak òdinatè ap pèmèt elèv yo gen aksè sou karyè ki enterese yo e enfòmasyon sou preparasyon pou kolèj, admisyon e bousdetid.

Asosyasyon Nasyonal Konseye pou Admisyon nan Kolèj “The National Association for College Admission Counseling (NACAC) ” e Lekòl Leta Miami-Dade County ap patwone evènman an. Manm Komisyon Konsèy Lekòl, Perla Tabares Hantman se ko-chèmann komite lokal Fwa Nasyonal Kolèj la  Chak ane NACAC patwone fwa nan 48 vil atravè peyi a ki atire plis pase 650,000 elèv ak paran.

Pou plis enfòmasyon, kontakte Deborah Montilla, Direktris Distri, nan 305-995-7324, Liy Enfòmasyon pou Kolèj la nan 305-995-1743, oubyen vizite www.nacacnet.org.

TOP


LEKÒL KOMINOTÈ OFRI OPÒTINITE EDIKASYONÈL NAN PRI KI ABÒDAB

Lekòl Leta Miami-Dade County genyen 13 lekòl kominotè ak 21 lokal edikasyon adilt ki ofri klas nan prèske tout sijè – kòmanse sou yoga pou rive sou lang etranje ak fotografi – swa gratis oubyen yo nan pri abòdab. Yo ofri pifò kou yo nan aprèmidi oubyen nan aswè.

Plis pase 100,000 moun pwofite opòtinite edikasyonèl sa yo, e si yon gwoup vle aprann yon nouvo ladrès, M-DCPS ap fè aranjman pou yo genyen yon klas nan yon lekòl ki nan katye a.

Lekòl kominotèyo ofri klas pou moun tout laj, nan tout nivo ladrès ak aptitid nan lang.  Elèv k ap pran klas pou aprann tape oubyen klas òdinatè kapab amelyore ladrès travay yo.  Kèk nan kou yo ki kab menm sèvi pou kredi kolèj.  Pou plis enfòmasyon sou avantaj ki genyen nan lekòl kominotè yo, rele Victor Ferrante nan 305-817-0014, ekstansyon 2506 oubyen ale sou Entènèt nan communityed.dadeschools.net.

TOP


PWOGRAM KONPREYANSIF SÈVIS ELÈV
POU SATISFÈ BEZWEN ELÈV YO

Lekòl Leta Miami-Dade County ofri elèv ak fanmi yo plizyè sèvis sipò. 

Divizyon Sèvis Elèv mete an fonksyon Pwogram Sèvis Konpreyansif Elèv, yon pwogram ki soti nan klas matènèl rive nan klas adilt ki baze sou yon Ankadreman Devlopman Debaz Elèv ki adrese bezwen akademik, pèsonèl/sosyal, kominotè/karyè, ak sante e byennèt chak elèv.  Moun ki bay sèvis nesesè yo se yon ekip konseye gidans, konseye “College Assistance Program (CAP),” (Pwogram Asistans pou Kolèj), espesyalis “TRUST”, espesyalis Sekirite nan Lekòl, travayè sosyal, sikològ lekòl, manm Ekip Jesyon Kriz nan Distri a, ak moun ki fè depistaj sou sante.

Bi pwogram sèvis elèv la se pou diminye blokaj nan akonplisman siksè elèv yo e pou sipòte yon tranzisyon san pwoblèm e ki reyisi pou elèv nan klas matènèl rive nan klas adilt.  Estrateji ki pi enpòtan yo enkli amelyorasyon sèvis sante ak byennèt; kenbe yon nivo ki efektif nan prevansyon, entèvansyon, preparasyon, repons, ak sèvis pou retablisman; e etabli, epi an menm tan, elaji kolaborasyon avèk òganizasyon kominotè debaz ki bay swen sante, ak sa ki travay nan lòt domèn.

Pou plis enfòmasyon, kontakte konseye gidans lekòl la oubyen responsab Sèvis Elèv la nan lekòl pitit ou a.  Epitou ou kab kontakte “Division of Student Services” (Divizyon Sèvis Elèv) nan 305-995-7338 oubyen vizite studentservices.dadeschools.net oubyen Divizyon Sèvis Sikososyal ak Sipò Klinik nan 305-995-1806.

TOP


(PWOGRAM LEKTI KONPREYANSIF K-12 KI BAZE SOU RECHÈCH)
"K-12 COMPREHENSIVE RESEARCH-BASED READING PROGRAM (CRRP)"

Lekòl Leta Miami-Dade County genyen youn nan pwogram ki pi detaye pou lekti nan peyi a pou tout elèv, soti nan jadendanfan rive nan 12yèm ane eskolè, ki gen ladan egzijans pwogram federal "No Child Left Behind  (NCLB)" (Okenn Timoun Pap Ret Dèyè) ak pwogram eta yo ki rele "Just Read, Florida!” (Annik Li, Florid!).

Plan an mande pou gen enstriksyon nan sis eleman esansyèl lekti yo: son, rekonèt son, lekti kouran, vokabilè, konpreyansyon ak langaj oral. Evalyasyon yo gen ladan tès, kontwòl pwogrè ak dyagnostik inisyal.

Se anplwaye ak asistans “Ad Hoc Reading Committee” (Komite pou Amelyore Lekti), ki te devlope pwogram nan, kote yo idantifye li nan nivo nasyonal e nan nivo eta a kòm yon pwogram lekti egzanplè ki te pèmèt elèv yo fè bonjan pwogrè.

Pwogram obligatwa Eta sa a gen ladan estrateji ak demand sa yo:
    •Katreven-dis minit enstriksyon lekti/redaksyon chak jou pou elèv nan klas jadendanfan rive nan senkyèm ane eskolè;
    •Nan lekòl segondè: yo ofri Lekti Entansif oubyen Lekti Entansif + (Plis) pou elèv ki pa twò fò nan lekti;
    •Evalye konpreyansyon elèv yo nan lekti, nan sèvi ak metòd depistaj, kontwole pwogrè ak evalyasyon sou dyagnostik lè gen bezwen;
    •Ofri entèvansyon entansif imedya, lè gen bezwen, nan tout nivo ane eskolè yo pou akselere siksè nan lekti;
    •Ranfòse chak jou, enstriksyon sistematik, ak enstriksyon presi sou fonetik (son), soti jadendanfan rive nan twazyèm ane eskolè;
    •Yo anseye lekti kouran, vokabilè ak konpreyansyon fòmèlman nan tout lekòl segondè.

Eleman kle pwogram nan se devlopman pwofesyonèl detaye pou pwofesè yo nan tout nivo, yon apwòch ki baze sou enstriksyon lekti ak yon ranfòsman sou lekti atravè tout materyèl nan kourikoulòm nan avèk atant yo defini klèman nan chak nivo ane eskolè.  Administratè lekòl la, antrenè pou lekti, Ekip Lidè pou Lekti, ak anplwaye distri a ki ofri yon sipò sistematik nan met tèt ansanm pou plan an kab egzekite yon fason ki efikas.

Se yon gran varyete òganizasyon kominotè, enstitisyon edikasyonèl wo nivo, ak ajans lokal ki sipòte pwogram K-12 CRRP a.

Pou Plis enfòmasyon, kontakte “Division of Language Arts/Reading” (Divizyon Lekti ak Redaksyon) nan 305-995-3122.

TOP


PATNÈ DADE YO

Nan ane 1978 Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) te kreye pwogram “Dade Partners” (Patnè Dade yo) pou yo te konekte biznis ak resous kominotè yo ak lekòl nan zòn yo.  Pwogram nan envite biznis; lidè kominote ak ajans lokal e òganizasyon ki pa la pou pwofi yo pou vin tounen moun k ap pran desizyon e k ap patisipe nan edikasyon piblik Miami-Dade County.      

Depi l te kòmanse, Patnè Dade yo ogmante plis pase 4,000 antite, ki fòme pase 4,200 patnè ant òganizasyon yo e lekòl nou yo. Tout patnè sa yo kontinye ap pataje konesans yo e ofri lekòl nou yo yon gwo kantite resous, tankou leson patikilye ak estaj, founiti ak materyèl pou salklas, menm jan ak finansman pou òganize evènman pou rekonèt pwofesè ak elèv.

Pou plis enfòmasyon sou Patnè Dade yo, silvouplè kontakte Arlene Martinez, Direktris Pwogram Patnè Dade yo, nan 305-995-3050.

TOP


PWOSEDI NAN KA IJANS

Elèv yo dwe gen nan dosye lekòl yo enfòmasyon pou asire yo avèti paran yo rapidman osnon lòt endividi yo te deziyen sou kat ijans la pou lè gen yon ijans konsènan pitit yo.

Paran yo dwe founi enfòmasyon sa a sou yon kat dosye elèv la depi premye fwa yo ap enskri pitit yo nan yon lekòl leta Miami-Dade County; apre sa, yo mete enfòmasyon an ajou chak ane.  Sepandan, li enpòtan pou paran yo mete enfòmasyon an ajou alekri diran ane lekòl la si ta vin gen chanjman nan non, nimewo telefòn oubyen adrès. Anplisdesa, pòtal paran an, ki se youn nan inisyativ teknoloji M-DCPS yo pèmèt paran ale sou Entènèt e fè chanjman nan nimewo telefòn yo.

Lè yon elèv gen yon ijans nan lekòl li osnon pandan yon aktivite lekòl la otorize, responsab yo nan lekòl la dwe avèti youn nan paran yo imedyatman.  Si yo pa ka kontakte okenn nan paran yo, yo dwe rele yon fanmi oubyen yon zanmi ki gen non li mansyone sou kat ijans la.  Yo pap remèt elèv la  bay yon moun si non moun sa a pa sou lis kat ijans timoun nan. Si yo pa jwenn ni zanmi, ni fanmi epi maladi oubyen blesi elèv la grav, y ap rele ekip sèvis sekouris la e/oubyen lapolis.

TOP


PWOGRAM  EKSTANSYON LANG ETRANJE

Yo mete an fonksyon “The Extended Foreign Language (EFL)” (Pwogram Ekstansyon Lang Etranje) a kòm yon modèl "lekòl anndan yon lekòl" e ki sèvi elèv ki enterese nan devlope ladrès bileng e edikasyon ann Anglè e yon lòt lang.  Patisipan nan pwogram nan kòmanse nan yon laj byen bonè pou  yo kab vrèman vin kouran nan lang.  Elèv ki nan pwogram EFL la resevwa youn a dezèdtan enstriksyon nan dezyèm lang yo vize a, tankou Espayòl, Italyen, Fransè, Kreyòl oubyen Chinwa.   

Elèv ki patisipe nan pwogram nan pou yon ane konplè otomatikman enskri nan lòt nivo ane eskolè nan ane k ap suiv la.  Pwogram nan ofri yon etid bileng k ap kontinye jisrive nan 12yèm ane eskolè.    

N ap jwenn plis enfòmasyon, ansanm ak yon lis tout lekòl ki ofri pwogram EFL la ak pwogram doub langaj, lè nou rele Doktè Joanne H. Urrutia, Direktris Administratif, Divizyon pou Edikasyon Bileng e Lang Mondyal, nan 305-756-2902 oubyen vizite paj Entènèt la nan bilingual.dadeschools.net./BEWL/programs.asp#EFL.

TOP


PAJ DETAY

Kantite lekòl
Elemantè   211
Sant K-8 (Jandendanfan-8yèm ane eskolè) 44
Mwayen 79
Segondè 63
Konbinezon 5
Altènatif/Espesyalize
25
TOTAL 
427
Demografi elèv
Espayòl
222,340 64.35%
Nwa
86,569 25.06%
Blan
30,652 8.87%
Lòt
5,981 1.73%

Kantite elèv

345,562
100%
Kantite anplwaye jiska oktòb 2008
Pwofesè

22,386

A Plentan 36,736
A Tan Pasyèl 13,560
Total Anplwaye  50,296

Baz minimòm ak maksimòm salè pwofesè:

  • $38,500-$68,225 (avèk yon Bachelye)
  • $41,600-$71,325 (avèk yon Metriz)
  • $43,650-$73,375 (avèk yon diplòm Espesyalis)
  • $45,700-$75,425 (avèk yon Doktora)

Bidjè Distri a: $4.8 Milya

Dis (10) premye lang elèv itilize kòm lang
prensipal yo

Espayòl  187,397
Kreyòl-Ayisyen 16,768
Fransè  1,878
Pòtigè 1,578
Zhongwen(Chinwa) 692
Ris 478
Arab 475
Urdu (Endou) 411
Vyetnamiz 295
Ebre 244

Kantite elèv ak andikap e elèv ki gen don

Don 29,744
Edikasyon Espesyal (SPED) 37,418
Elèv Edikasyon Eksepsyonèl 

67,162 (enkli elèv ki gen don ak andikap espesyal pou aprann)

Kantite pwogram magnèt/lekòl chwa
Lekòl
101
Anwolman
39,849

 


TOP


FWA AK EKSPOZISYON MIAMI-DADE COUNTY

Fwa a ap kòmanse 17 mas 2011, ane sa a pou ekspoze talan elèv yo e ofri fanmi yo 18 jou amizman!  Fwa a ofri elèv yo tou yon bous $1,000 ki pa renouvlab pou yo ale nan yon kolèj, inivèsite ki akredite, oubyen yon pwogram pwofesyon ki sètifye.  Elèv lekòl segondè oubyen adilt/vokasyonèl yo dwe aplike nan lekòl nan katye yo.  Y ap onore tout resipyan yo nan yon seremoni dine nan Fwa a.

Prim Apresyasyon pou Jèn “The Walter B. Arnold Youth Hall of Fame” Fwa a ofri a te kreye pou rekonpanse elèv nan 6-12yèm ane eskolè  pou sèvis remakab yo nan lekòl yo e/oubyen kominote yo. Y ap onore tout finalis yo nan yon seremoni dine nan Fwa a e yo ap resevwa $100 ak yon plak.  Chak resipyan “The Youth Hall of Fame” yo ap resevwa $1,000 e y ap kwoke foto yo pou onore yo nan mi “Youth Wall of Fame” nan Fwa a.  Elèv yo dwe aplike nan lekòl yo.

Pou plis enfòmasyon sou aktivite sa yo ak lòt pwojè Fwa ak Ekspozisyon Miami-Dade County, egzibisyon ak opòtinite, silvouplè ale sou paj Entènèt Fwa a nan www.fairexpo.com, oubyen kontakte Diana Venturini, Direktris, nan Biwo Sèvis Kominotè
nan Lekòl Leta Miami-Dade nan 305-1367.


TOP


ENSKRIPSYON ANN OTÒN, ORÈ LEKÒL

Lekòl Leta Miami-Dade County yo ap ouvri pòt yo lendi 23 out 2010 pou kòmanse ane lekòl 2010- 2011 la.

Elèv klas matènèl, jadendanfan ak elèv premye ane eskolè yo pral lekòl a 8:20 dimaten pou 1:50 nan aprèmidi.  Elèv dezyèm ane jiska uityèm ane eskolè yo ap gen klas a 8:35 dimaten pou 3:05 nan aprèmidi nan lekòl elemantè ak Sant K-8 yo.  Lè mèkredi tout elèv nan lekòl elemantè ak Sant K-8 yo ap lage a 1:50 nan aprèmidi.  Silvouplè mande nan lekòl pitit ou a pou konfime lè yo kòmanse ak lè yo lage, akoz plizyè lekòl gen diferan orè.

Orè lekòl mwayen yo ap a 9:10 dimaten pou 3:50 nan aprèmidi. Orè lekòl segondè yo ap a 7:20 dimaten pou 2:20 nan aprèmidi. Kèk lekòl elemantè, segondè ansanm ak kèk Sant K-8 espesyal ak kèk sant edikasyon altènatif ap fonksyone sou orè endividyèl pa yo.  Paran yo dwe telefone lekòl pitit yo pou orè sa yo.  Plizyè lekòl mwayen fonksyone sou lè lekòl segondè.  Silvouplè mande nan lekòl pitit ou a pou konfime lè yo kòmanse ak lè yo lage.  

Paran ki pa konnen nan ki lekòl pitit yo prale dwe telefone Depatman Sèvis Prezans, Kat Jewografi ak Limit Prezans nan 305-883-5651.

Menmsi pa gen dat limit pou enskripsyon, yo ankouraje elèv yo enskri bonè pou evite reta nan pwosesis la, e pou asire y ap ka antre lekòl nan jou ouvèti lekòl la.

TOP


“FLORIDA KIDCARE:” PWOGRAM ASIRANS SANTE POU TIMOUN

“Florida KidCare” (Swen pou Timoun nan Florid) se pwogram asirans sante eta a bay timoun ki pa gen asirans ki ant 0-18 an daj.  Li fèt an kat pati:  “MediKids, Healthy Kids” (Timoun Ansante), “Children’s Medical Services” (Rezo Sèvis Medikal pou Timoun) ki gen bezwen swen sante espesyal ak Medicaid (Asistans Medikal) pou timoun.  Lè n ap ranpli aplikasyon an, “Florida KidCare” ap tcheke pou konnen pou ki pwogram timoun nan ka elijib selon laj li e revni fanmi li.
 
Plas yo kab limite nan kèk nan pwogram “Florida KidCare” yo, e yo aksepte aplikasyon sou baz moun ki rive anvan, se li y ap sèvi anvan.  Lè “MediKids”, “Healthy Kids” e Rezo Sèvis Medikal pou Timoun yo ranpli, y ap fèmen enskripsyon pou pwogram sa yo.  Medicaid ap toujou ouvè pou timoun ki kalifye. 

Pou li kalifye, timoun nan dwe ranpli kondisyon elijiblite revni yo e fò li gen pi piti pase 19 an daj, fò li pa gen asirans, fò li se yon sitwayen Ameriken oubyen yon moun ki pa yon sitwayen Ameriken men ki kalifye, fò li pa depandan yon anplwaye eta a ki elijib pou asirans sante, e fò li pa nan yon enstitisyon piblik. 

Menmlè pa gen okenn frè pou Medicaid pou timoun, lòt pwogram yo mande pèman mansyèl    pou asirans selon kantite moun ki nan kay la ak revni kay la.  Pifò fanmi peye $15 oubyen $20 pa mwa.  Si pri a plis, “Florida KidCare” ap enfòme paran an (yo).  Kab gen yon ti frè tou oubyen ko-peman pou kèk sèvis.  Yon timoun ki se yon manm nan yon tribi Endyen Ameriken leta federal rekonèt oubyen ki soti nan tribi Natif-Natal Alaska kab kalifye pou asirans “Florida KidCare” gratis.  

Pou yon aplikasyon oubyen pou plis enfòmasyon, rele “KidCare” nan 1-888-540-5437, oubyen vizite www.floridakidcare.org.

TOP


FONDASYON POU NOUVO INISYATIV NAN EDIKASYON

 

Kòm yon òganizasyon sipò dirèk pou “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) “The Foundation for New Education Initiatives, Inc.” (Fondasyon pou nouvo Inisyativ nan Edikasyon) ouvri nouvo domèn opòtinite, inovasyon, motivasyon, ak siksè akademik pou elèv Lekòl Leta Miami-Dade County yo.

Miami-Dade County, Florid te kreye Fondasyon an an 2008 pou amelyore reyalizasyon elèv e angajman kominote a nan sipòte Akademi Paran An ak lòt inisyativ Lekòl Leta Miami-Dade County.  Vizite paj Entènèt la pou ka aprann plis sou misyon Fondasyon an ak kantite inisyativ edikasyon li sipòte nan www.giveourstudentstheworld.org. Oubyen rele nan 305-995-2532.

TOP


MANJE GRATIS, NAN PRI REDUI

Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) sèvi manje nourisan chak jou. Tout manje yo dwe satisfè kritè Depatman Agrikilti Etazini etabli.  Yo sèvi elèv nan tout Lekòl Leta Miami-Dade County dejene gratis chak jou. 

Elèv yo kab peye repa-midi davans sou Entènèt nan www.PayPams.com, oubyen nan kafeterya lekòl la ak chèk oubyen kach.  Repa midi nan lekòl elemantè se $2.25.  Repa midi nan lekòl mwayen ak segondè se $2.50.  Timoun k ap viv nan fanmi ki satisfè règleman federal sou revni yo, elijib pou repa midi gratis oubyen nan pri redui. Pri redui pou repa midi se 40 santim pa jou. 

Gen yon kopi règleman sou Manje Gratis e nan Pri redui ki disponib atravè http://nutrition.dadeschools.net
M-DCPS suiv règleman gouvènman federal la ki pèmèt yo apwouve elèv avèk sètifikasyon dirèk.  Règ sa a di elèv ki sot nan fanmi ki resevwa “Supplemental Nutrition Assistance Program (SNAP)” (Pwogram Asistans Nitrisyon Siplemantè) oubyen “Temporary Assistancs for Needy Families (TANF)” (Asistans Tanporè pou Fanmi ki nan Bezwen) yo elijib pou sètifikasyon dirèk.  Elèv yo apwouve anba sètifikasyon dirèk pa oblije gen yon aplikasyon nan dosye yo pou yo resevwa repa midi gratis.

Yo voye fòm aplikasyon nan tout kay ak yon lèt bay paran oubyen gadyen timoun yo nan kòmansman chak ane lekòl e yo disponib ann Anglè, Espayòl oubyen Kreyòl.  Pou aplike pou manje gratis oubyen nan pri redui, paran e/oubyen gadyen elèv ki pat apwouve nan sètifikasyon dirèk la dwe ranpli yon aplikasyon pou chak fanmi, menmsi timoun yo nan diferan Distri lekòl.  Eksepsyon: Yo mande yon aplikasyon pou chak “foster child” (timoun leta ap okipe).  Remèt aplikasyon an nan lekòl kote ou gen pitit ki pi jèn nan.  Gen kopi adisyonèl nan direksyon chak lekòl.
           
Pou akselere pwosesis benefis manje gratis oubyen nan pri redui, fanmi yo ka aplike tou pou benefis gratis e nan pri redui elektwonikman atravè pòtal paran an.  Paran ka mande modpas pòtal paran yo nan lekòl pitit yo.  Modpas sa a nesesè pou ouvri aplikasyon an sou Entènèt.

Ou ka jwenn plis enfòmasyon atravè Depatman Manje ak Nitrisyon sistèm lekòl la nan nimewo (786)-275-0400. 

SAN DISKRIMINASYON: Daprè lwa Federal ak règ Depatman Agrikilti Etazini, yo defann enstitisyon sa a fè diskriminasyon sou baz ras, koulè, nasyonalite orijin, sèks, laj, oubyen andikap.  Pou pote yon plent kont diskriminasyon, ekri USDA, Director, Office of Civil Rights, Room 326-W, Whitten Building, 1400 Independence Avenue, SW, Washington, DC, 20250-9410, oubyen rele (202)-720-5964 (vwa ak TDD) [kominikasyon kont moun soud]).  USDA se yon founisè e yon anplwayè ki bay tout moun menm opòtinite.

TOP


SÈVIS TOTAL LEKÒL LETA OFRI SÈVIS SANTE E SÈVIS IMEN


Yo deziye diznèf Lekòl Leta Miami-Dade kòm “Health Connect in Our Schools (HCiOS),” (Koneksyon Sante nan Lekòl nou yo).  Yo entegre edikasyon, sèvis medikal e/oubyen sèvis sosyal sèvis pou moun nan lekòl yo pou satisfè plizyè bezwen timoun ak fanmi yo.

Inisyativ Lekòl Sèvis Total yo vize pou ofri avantaj pou lekòl, distri lekòl e pou ajans sèvis sante e imen eta a e lokal piblik e prive pou yo devlope relasyon kolaboratif ki amelyore aksè pou jwenn sèvis pou timoun ak fanmi yo.  Epitou, inisyativ la vize pou kowòdone pwovizyon sèvis yo ofri, elimine menm sèvis yo ki pa nesesè atravè ajans yo, e sipòte pèfòmans timoun yo lekòl.

KONEKSYON SANTE NAN LEKÒL NOU YO
HEALTH CONNECT IN OUR SCHOOLS (HCiOS)

“The Children’s Trust,” Lekòl Leta Miami-Dade County ak Depatman Sante Miami-Dade County ansanm ak patnè kominotè yo te devlope “Health Connect in Our Schools (HCiOS)” pandan ane lekòl 2005-2006 la pou adrese zafè sante elèv ak sante mantal nan yon fason ki egalego nan tout Lekòl Leta Miami-Dade County. Plizyè ekip pwofesyonèl ak parapwofesyonèl (founisè sante ak sante mantal) ap mete baz yo nan plis pase 131 lekòl pandan ane lekòl 2010-2011 la. Bi HCiOS la se pou konekte elèv ak yon kay sante medikal / mantal pèmanan andeyò lokal lekòl la kote prevansyon ak pwomosyon pratik lasante fè elèv ak fanmi yo rive viv pi ansante e anmenmtan jwenn amelyorasyon nan siksè elèv.

Pou plis enfòmasyon, kontakte Deborah Montilla, Direktris Distri, Divizyon Sèvis Elèv, oubyen Wilma Steiner, Direktè Pwogram Sante Konpreyansif, Sèvis Total Lekòl ak Koneksyon Sante nan Lekòl nou yo nan 305-995-7324.

TOP


DEMANN POU GRADYE

Elèv k ap chèche gradye nan yon lekòl segondè leta Miami-Dade gen twa opsyon:  pwogram estanda katran an, 24-kredi a karyè/teknik; oubyen de lòt pwogram gradyasyon akselere ki mande pou elèv yo fini 18 kredi nan twazan.  Elèv ak paran yo gen pou chwazi youn nan opsyon gradyasyon akselere yo pa pi ta pase fen nevyèm ane eskolè a.  Si yo pa fè yon seleksyon, y ap konsidere elèv la te chwazi pwogram estanda katran, 24-kredi a.

Touletwa opsyon yo mande pou elèv yo pase egzamen 10yèm ane eskolè a ki se “Comprehensive Assessment Test (FCAT)” (Egzamen Evalyasyon Konpreyansif nan Florid) e pou akonpli travay kou a mande a avèk siksè.  De (2) pwogram akselere yo se Opsyon Gradyasyon Preparatwa pou Kolèj ak  Pwogram Preparatwa pou Karyè.  Yo mande yon nòt pwen mwayèn jeneral 2.0 sou yon total 4.0 pou yon elèv rive gradye nan pwogram estanda 24-kredi a, e yo mande yon nòt pwen mwayèn jeneral 3.5 sou yon total 4.0 pou opsyon Preparatwa pou Kolèj e 3.0 sou 4.0 pou opsyon Preparatwa pou Karyè a.

Egzijans pou Pwogram Estanda 24-kredi a

Pou elèv ki ap antre nan 9yèm ane eskolè pou ane lekòl 2007-2008 e pi lwen, egzijans pou gradyasyon yo chanje.  Yo mande pou elèv yo satisfè egzijans sa yo pou yo ka gradye:  kat kredi nan lekti/redaksyon avèk yon gwo konsantrasyon nan disètasyon ak literati; kat kredi nan matematik, ki gen ladan Aljèb I ak Jewometri; twa kredi nan syans; twa kredi nan syans sosyal; yon kredi nan ar rafine; e yon kredi nan edikasyon fizik ak entegrasyon lasante.  Anplisdesa, elèv yo ap gen pou fini uit kou kredi elektif. Kat nan kou elektif sa yo, dwe nan yon domèn enterè majè ki apwouve e kat kredi ki rete yo kapab nenpòt kou elektif apwouve yo bay nan lekòl la. Yo egzije tou yon pwojè sèvis kominotè pou elèv ki nan pwogram estanda katran 24-kredi a.

Pou elèv ki te antre nan 9yèm ane eskolè pou ane lekòl 2006-2007 la oubyen anvan, kou yo mande pou yo gradye yo gen ladan: kat kredi nan lekti/redaksyon avèk yon gwo konsantrasyon nan disètasyon ak literati; twa kredi nan matematik, ki gen ladan Aljèb I ak Jewometri; twa kredi nan syans; ak twa kredi nan syans sosyal.  Pwogram estanda a mande kou adisyonèl, ki gen ladan yon semès nan Ladrès pou Jesyon Lavi, yon kredi konplè nan Edikasyon Fizik (pou yon elèv satisfè egzijans sa a, li dwe fini yon semès Aptitid Fizik pèsonèl e nenpòt lòt kou edikasyon fizik yo apwouve), yon semès kredi nan Ar Rafine ak yon semès kredi nan Ar Pratik, e 8.5 kredi nan kou elektif jeneral. Yo mande tou yon pwojè kominotè pou elèv nan program estanda katran, 24-kredi a.

Egzijans pou Opsyon Preparatwa Kolej 18-kredi a

Elèv ki chwazi opsyon gradyasyon sa a dwe satisfè egzijans sa yo: kat kredi nan lekti/redaksyon avèk yon gwo konsantrasyon nan disètasyon ak literati; kat kredi nan matematik, ki gen ladan Aljèb I ak Jewometri; twa kredi nan syans; twa kredi nan syans sosyal; de kredi nan menm lang etranje a oubyen yon demonstrasyon kapasite yo nan lang nan; twa kredi nan elektif; e omwen sis nan 18 kredi yo dwe anwolman doub, Plasman Avanse, Bakaloreya Entènasyonal, Sètifika Entènasyonal Avanse nan Edikasyon, oubyen kou nivo 3.

Egzijans pou Opsyon Preparatwa pou karyè 18-kredi a

Elèv ki chwazi opsyon gradyasyon sa a dwe satisfè egzijans sa yo: kat kredi nan lekti/redaksyon avèk yon gwo konsantrasyon nan disètasyon ak literati; twa kredi nan matematik, ki gen ladan Aljèb I ak Jewometri; twa kredi nan syans; twa kredi nan syans sosyal; twa kredi nan yon sèl pwogram edikasyon karyè/teknik oubyen twa kredi nan kou karyè/teknik anwolman doub oubyen senk kredi nan kou edikasyon karyè/teknik; e de (2) kou elektif, amwenske yo te gen tan pran senk kredi nan yon pwogram karyè/teknik.

TOP


SWEN SANTE; VAKSEN ETA A MANDE


Timoun ki gen pou antre nan klas Matènèl jisrive nan 12yèm ane eskolè pou ane lekòl 2010-2011 la bezwen pran vaksen apwopriye, sinon yo pap ka antre lekòl.

Pwogram vaksen lekòl eta a mande pou tout elèv ki nan Jadendanfan jisrive nan 12yèm ane eskolè resevwa yon dezyèm dòz vaksen MMR.

Tout timoun k ap antre nan klas Matènèl jisrive nan 12yèm ane eskolè dwe pran yon seri vaksen epatit B anplis vaksen sa yo te deja mande pou yo pran pou difteri, koklich, tetanòs, polyo, sawonpyon, malmouton ak lawoujòl.

Tout timoun k ap antre, ki deja oubyen k ap transfere nan klas Matènèl, 3yèm, 4yèm, 5yèm, 6yèm, 7yèm, 8yèm ak 9yèm ane eskolè nan Florid, dwe pran yon dòz vaksen varisèl (chicken pox) oubyen yo dwe gen yon istwa maladi varisèl ki dokimante sou yon Fòm DH 680. Egzijans sa a aplikab tou pou elèv ki pat pase klas matènèl jisrive nan sizyèm ane eskolè.

Tout timoun k ap antre, ki deja oubyen k ap transfere nan klas Jadendanfan ak premye e dezyèm ane eskolè, oblije pran 2 dòz vaksen varisèl la (chicken pox) oubyen yo dwe gen yon istwa maladi varisèl ki dokimante sou yon Fòm DH 680.  Egzijans sa a aplikab tou pou elèv ki pat pase klas Jadendanfan, premye ak dezyèm ane eskolè.

Tout timoun k ap antre, ki deja oubyen k ap transfere nan 7yèm ane eskolè nan Florid dwe gen vaksen Tdap la ki dokimante sou yon Fòm DH 680.

Timoun ka ale lekòl si yo nan pwosesis pou yo pran seri vaksen yo e si yo genyen yon fòm medikal tanporè ki eskize yo, ki klase nan dosye lekòl la.  Se sèl Sètifika Depatman Sante pou Vaksen an, Fòm DH 680, ki akseptab kòm verifikasyon elèv yo anrèg pou vaksen.

Yo ankouraje paran/gadyen pou kontakte doktè yo pou mete yon randevou pou timoun ki afekte ak egzijans pou vaksen lekòl.  Pifò asirans kouvri vaksen yo mande yo.

Timoun paran yo pa kab peye pou vaksen yo kab resevwa vaksen anba pwogram Vaksen pou Timoun, ki ofri vaksen gratis nan sant depatman sante nan county a.

Pou plis enfòmasyon, kontakte Biwo Pwogram Vaksen Espesyal nan Depatman Sante Miami-Dade County, nan 786-845-0550.

Lekòl Leta Miami-Dade yo ofri divès kalite tès pou evalye sante elèv yo, anba sipèvizyon anplwaye lekòl la oubyen anplwaye ki bay swen sante. 

Yo fè tès vizyon chak ane pou elèv nan klas Jadendanfan, 1ye, 3yèm, 6yèm, 10yèm ane eskolè, e nouvo elèv nan Florid ki nan 2yèm ane, 4yèm ane ak 5yèm ane eskolè.

Yo fè tès pou tande chak ane pou elèv nan klas Jadendanfan; 1ye, 3yèm, 6yèm, ak 10yèm ane eskolè e nouvo elèv nan Florid ki nan 4yèm ak 5yèm ane eskolè.

Y ap konseye paran elèv ki pa pase nenpòt nan tès oubyen ki sanble yo ka gen yon pwoblèm vizyon osnon yon pwoblèm tande, pou y al chèche swen medikal kay doktè yo.  

Chak ane, yo fè tès “scoliosis” kolòn vètebral pou elèv 6yèm ane eskolè.

Lè elèv yo gen maladi ki dire lontan oubyen maladi kwonik oubyen andikap ki mande pou yo pran medikaman regilyèman, anplwaye lekòl la ka ede elèv yo, jere oubyen pran medikaman an, lè moman pou elèv la pran medikaman an pa kab ajiste pou l koresponn ak lè li lakay li.

Yon paran oubyen gadyen dwe siyen yon fòm konsantman, epi yon doktè lisansye dwe siyen yon plan tretman alekri ak otorizasyon ki eksplike nesesite medikaman an.  Lè yo mande chanjman medikaman an, paran an osnon gadyen an ak doktè a dwe bay nouvo fòm otorizasyon.  Direktè a ap klete medikaman yo nan yon kote yo deziye.

Pou plis enfòmasyon, kontakte Wilma Steiner, Enfimyè, Direktè, Divizyon Sèvis Elèv, Sèvis Sante Konpreyansif, nan 305-995-1235.

TOP


'PROJECT UPSTART': POWGRAM ASISTANS POU SANZABRI

Anplis kriz ekonomik aktyèl la ak tranblemanntè ki te pase Ayiti resamman an, kantite fanmi ki bezwen asistans ogmante anpil.  Pwogram Asistans pou Sanzabri se yon pati nan Divizyon Sèvis Elèv.  Gen plizyè diferan don ki sipòte pwogram ak sèvis yo bay elèv sanzabri yo ak fanmi yo.

Si yon fanmi ap viv nan youn nan sitiyasyon sa yo:

  • Nan yon abri, motèl, machin, oubyen yon kanpman
  • Nan lari
  • Nan yon bilding ki abandone, trelè, oubyen lojman ki pa adekwat, oubyen
  • Abite ansanm avèk zanmi, oubyen fanmi paske ou pa ka jwenn lojman ki abòdab

Ansuit, timoun ki gen laj klas matènèl ak timoun ki gen laj pou ale lekòl gen kèk dwa oubyen pwoteksyon anba “Mckinney-Vento Homeless Education Assistance Act” la.  Pitit ou gen dwa pou:

  • Ale lekòl, kèlkeswa kote w ap viv oubyen kantite tan ou te viv la.
  • Kontinye nan lekòl yo te ye a anvan ou te vin sanzabri oubyen dènye lekòl yo te ye a, si se chwa pa ou e si sa fezab.
  • Resevwa transpòtasyon ale nan lekòl ou te ye a anvan fanmi li te vin sanzabri.
  • Anwole nan lekòl san li pa bay yon adrès pèmanan.
  • Ak plis

Silvouplè kontakte Divizyon Sèvis Elèv nan Lekòl Leta Miami-Dade County, Lyezon Sanzabri Distri a, Laura P. Chiarello nan 305-995-7318.

TOP


DAT ENPÒTAN NAN ANE LEKÒL 2008-2009 LA

KONJE

  • Lendi 6 septanm - Fèt Travay (Labor Day)
  • Jedi 11 novanm - Fèt Ansyen Konbatan (Veterans Day)
  • Jedi 25 novanm - Jou Remèsiman (Thanksgiving Day)
  • Lendi 17 janvye - Komemorasyon Fèt Dtè. Martin Luther King
  • Lendi 21 fevriye - Fèt Tout Prezidan (All Presidents Day)
  • Lendi 30 me - Fèt pou Onore Militè ki Mouri nan Sèvis (Memorial Day)

JOU POU PWOFESÈ FÈ PLANIFIKASYON

  • Jedi 19 out
  • Vandredi 20 out
  • Jedi 9 septanm
  • Lendi 1ye novanm
  • Madi 2 - Jounen Devlopman Pwofesyonèl
  • Vandredi 21 janvye
  • Lendi 18 fevriye – Jounen Devlopman Pwofesyonèl
  • Lendi 4 avril
  • Vandredi 22 avril
  • Vandredi 10 jen

JOU VAKANS

  • Vandredi 27 novanm - Vakans pou "Thanksgiving" (Jou Remèsiman)
  • Lendi 21 desanm jiska vandredi 1ye janvye  - Vakans Ivè
  • Lendi 29 mas jiska vandredi 2 avril  - Vakans Prentan
 

TOP


KOURIKOULÒM MATEMATIK “K – 12” (JADENDANFAN RIVE 12 ANE ESKOLÈ)

Kourikoulòm Matematik K – 12 la fèt poupouse enstriksyon ki pral ede elèv yo konprann ak itilize matematik pou yo rezone, kominike, ak rezoud pwoblèm nan mond teknoloji a.

Objektif kourikoulòm ak demand yo enkli pati k ap suiv yo:

  • Yo mande kat (4) kredi nan Matematik.  Sekans yo mande pou yon elèv ki pa nan pwogram matematik akselere/avanse gen ladan: Aljèb I, Gewometri, Aljèb II oubyen Aljèb II avèk Aplikasyon Finansye, ak Sijè Avanse nan Matematik.
  • Elèv yo pral aktivman angaje nan matematik yo ap aprann nan pandan pwofesè yo ap itilize metòd enstriksyon ki pèmèt yo fè dekouvèt.
  • Elèv yo pral tranpe nan lekti ak redaksyon nan salklas matematik la, sa ki pral pèmèt yo vin sitwayen ki konn matematik yo byen.
  • Yo pral ankouraje elèv yo pou yo patisipe nan konpetisyon matematik tankou “Elementary Math Bowl, MATHCOUNTS” oubyen “Mu Alpha Theta” pou ede yo devlope ak agrandi ladrès rezònman ak rezolisyon pwoblèm yo.

Pwofesèyo pral pran angajman pou yo kontinye nan devlopman pwofesyonèl yo ki enkli dènye rechèch sou sèvo a pou yo kab aktivman angaje elèv yo nan demach pou yo chèche konprann konsèp matematik yo ap aprann nan.

Plan matematik la ofri yon apwòch estriktire ki amelyore kapasite pwofesè yo pou yo anseye matematik ak pou yo transfòme fason yo anseye ki chita sou konpreyansyon matematik ak rezolisyon pwoblèm.

M-DCPS (Lekòl Leta Miami-Dade County) asosye li ak inivèsite lokal e enstitisyon matematik enfòmèl yo pou ofri pwogram ki ogmante devlopman pwofesyonèl pou pwofesè yo e yo fè pwogram konpetisyon ak enfòmasyon ansanm ak estaj ak eksperyans matematik.

Pous plis enfòmasyon, ou kab kontakte Beatriz Zarraluqui, Direktris Administratif, Divizyon Matematik, Syans, ak Pwogram Akademi Avanse, nan 305-995-1939.


TOP


PLAN SYANS POU K – 12

 

Plan Syans K-12 Lekòl Leta Miami-Dade County a ede elèv yo jwenn konesans sou syans ki nesesè pou yo reyisi nan edikasyon aprè lekòl segondè ak nan travay.

Objektif plan an ak demand yo enkli pati k ap suiv yo:

  • Yo mande twa (3) kredi nan syans.  Sekans yo mande pou yon elèv ki pa nan pwogram syans akselere/avanse gen ladan: Syans Latè/Lespas, Biyoloji, ak yon twazyèm ane nan syans ki gen ladan: Chimi, Fizik, oubyen Syans Entegre III.
  • Elèv yo pral plonje nan li ak ekri nan kou syans yo, ki ap pèmèt yo vin sitwayen ki byen konprann lasyans.
  • Yo pral ankouraje elèv yo pou yo patisipe nan konpetisyon syans oubyen fwa syans pou ede yo devlope ak elaji panse syantifik yo.
  • Pwofesè yo pral pran angajman pou yo kontinye nan devlopman pwofesyonèl yo e pou yo vin gen plis konesans sou matyè ak pratik pedagojik.

Plan an ofri yon apwòch ki òganize, yon fason pou amelyore kapasite pwofesè yo nan anseye syans ak nan transfòme fason yo anseye ki pral chita sou fòmasyon konsèp ak rezolisyon pwoblèm.
Biwo Kourikoulòm ak Enstriksyon (Syans) M-DCPS (Lekòl Leta Miami-Dade County) asosye li ak inivèsite lokal e enstitisyon matematik enfòmèl yo pou ofri pwogram ki ogmante devlopman pwofesyonèl pou pwofesè yo, planifye konpetisyon, fè pwogram enfòmasyon, ofri eksperyans entèn ak eksperyans syantifik an jeneral.

Pou plis enfòmasyon, silvouplè kontakte Beatriz Zarraluqui, Direktris Administratif, Divizyon Matematik, Syans, ak Pwogram Akademi Avanse, nan 305-995-1939.

TOP


KOMISYON KONSÈY LEKÒL MIAMI-DADE COUNTY

Komisyon Konsèy Lekòl Leta Miami-Dade County, Florida egzèse otorite lejislatif sou sistèm lekòl la, e li detèmine règ yo an konfòmite ak lwa Florid yo.  Chak ofisyèl ki eli nan komisyon konsèy nèf-manm nan reprezante yon distri espesifik anndan county a. 

Komisyon Konsèy Lekòl la fè reyinyon jeneralman yon fwa pa mwa, lè mèkredi a 1:00 nan aprèmidi, nan oditoryòm nan ki nan premye etaj “School Board Administration Building (SBAB),” (Bilding Administrasyon Komisyon Konsèy Lekòl) la ki nan 1450 N.E. Second Avenue.  Dat yo apwouve yo afiche nan “Citizen Information Center” (Sant Enfòmasyon Sitwayen) an nan SBAB, Chanm 158, e sou paj Entènèt Lekòl Leta Miami-Dade County nan: www.dadeschools.net/schoolboard/meetings/schedule_2010.asp. Piblik la ka patisipe nan reyinyon yo ki sou televizyon andirèk sou WLRN-TV Kanal 17, sou radyo nan WLRN-FM 91.3 e sou Entènèt nan www.wlrn.org.

Sitwayen ki enterese kapab adrese komisyon konsèy la sou sijè ki enskri nan pwogram nan oubyen sijè ki pa sou pwogram nan lè yo fè yon demand alekri bay Sant Enfòmasyon Sitwayen an anvan 4:30 nan aprèmidi lendi anvan reyinyon an. 

Y ap tande sitwayen yo sou sijè ki konsène atik ki nan ajanda a, oubyen sou lòt sijè nan ajanda Komisyon Konsèy la nan reyinyon Komisyon Konsèy la, ki fèt regilyèman chak mwa nan odyans piblik la, ki dwe kòmanse pa pi ta pase apwoksivman 6:30 nan aprèmidi.  Chèmann nan ka kòmanse rele moun ki vle pale yo ki prezan, imedyatman apre konklizyon ajanda regilye a.  Odyans piblik la pa dwe fini anvan 4:30 nan aprèmidi amwenske tout moun ki siyen pou pale yo prezan e yo te gen opòtinite pou yo pale. 

Ou ka jwenn delè e pwosedi ki diferan lè ou pa suiv delè lendi a, nan rele Sant Enfòmasyon Sitwayen an, nan 305-995-1128.  Nenpòt moun nan piblik la ki gen pou pale e ki bezwen sèvis yon entèprèt Panyòl osnon Kreyòl, lè l ap pale devan Komisyon Konsèy la, dwe mande sèvis sa a lè li fè demand alekri pou l pale a.

Fòm pou fè demand pou konparèt devan Komisyon Konsèy Lekòl la disponib sou Entènèt nan http://cic.dadeschools.net nan tout Sant Rejyonal yo ak nan Sant Enfòmasyon Sitwayen an, SBAB Chanm 158.  Nimewo faks la se 305-995-1151.

Biwo Manm Komisyon Konsèy Lekòl yo sitiye nan Bilding Administrasyon Komisyon Konsèy Lekòl la.  Nou ka kontakte manm Komisyon Konsèy Lekòl yo nan 305-995-1334.

Men Manm Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County, Florid:

  • Chèmann - Dtè. Solomon C. Stinson (Distri 2)
  • Vis-Chèmann - Perla Tabares Hantman (Distri 4)
  • Agustin J. Barrera (Distri 6)
  • Renier Diaz de la Portilla (Distri 5)
  • Dtè. Lawrence Feldman (Distri 9)
  • Dtè. Wilbert “Tee” Holloway (Distri 1)
  • Dtè. Martin Karp (Distri 3)
  • Ana Rivas Logan (Distri 7)
  • Dtè. Marta Pérez (Distri 8)

TOP


“ALUMNI” (ANSYEN ELÈV) LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY
GEN YON NOUVO PAJ ENTÈNÈT

Ansyen elèv Lekòl Leta Miami-Dade County gen pwòp paj Entènèt yo: alumni.dadeschools.net.

Sit la gen ladan lyen pou paj ansyen elèv lekòl segondè Miami-Dade; enfòmasyon sou fason pou fè kòmann relve nòt e ranplase diplòm; koneksyon sou sit ansyen elèv M-DCPS sou Facebook (Miami-Dade Schools-Alumni) ak Twitter (@DadeSchoolsAlum); resous pou kontinye edikasyon e amelyore ladrès paran; ak nouvèl konsènan elèv gradye M-DCPS ki selèb.  

Pou plis enfòmasyon, kontakte Jeff Ronci nan 305-995-1265 oubyen alumni@dadeschools.net.

TOP


“NO CHILD LEFT BEHIND SUPPLEMENTAL EDUCATIONAL SERVICES (SES)”
(SÈVIS EDIKASYONÈL SIPLEMANTÈ OKENN TIMOUN PAP RET DÈYÈ)

Paran ka enskri pitit yo kounye a pou leson patikilye gratis!  Kòm rezilta “No Child Left Behind Act of 2001 (NCLB),” (Akò federal 2001 Okenn Timoun Pap Ret Dèyè), timoun ka resevwa plis èd nan sijè akademik tankou matematik, lekti/redaksyon ak syans.  Yo ka resevwa leson patikilye gratis sa a si yo idantifye lekòl timoun nan kòm lekòl ki nan “Bezwen amelyorasyon,” Aksyon Korektif,” ap “Planifye pou Re-òganizasyon,” oubyen nan sitiyasyon “Re-òganizasyon.” Lekòl Leta Miami-Dade County pral ouvè yon peryòd enskripsyon pou ane 2010-2011 la pou “State Approved Supplemental Educational Services (SES)” (Sèvis Edikasyonèl Siplemantè Eta a Apwouve).  Y ap voye dat pou peryòd anwòlman yo bay paran yo ak elèv ki ale nan lekòl ki elijib yo.

Elèv ki nan lekòl “Title I” ki elijib e ki resevwa repa-midi gratis oubyen nan pri redui, elijib pou patisipe nan Pwogram Leson Patikilye SES la.  SES se yon pwogram leson patikilye founisè prive Eta Florid la apwouve, ofri gratis pou paran an.  Sèvis yo dwe ann akò ak pwogram enstriksyonèl distri lekòl la e yo dwe an liy avèk estanda kontni akademik Eta a.  Yo dwe ofri Sèvis Edikasyonèl Siplemantè yo andeyò jounen regilye lekòl la (anvan oubyen apre lekòl, oubyen nan fen semèn).  Paran ki enterese nan anwole pitit yo nan SES kapab ranpli yon fòm ki disponib nan lekòl pitit yo a, atravè Pòtal Paran Distri a nan myportal.dadeschools.net/parent/, nan youn nan Fwa Enfòmasyon Paran SES yo, oubyen pa faks nan 305-995-2540. Peryòd enskripsyon an se 23 out – 8 septanm 2010.

Ou ka jwenn yon lis lekòl “Title I” ki elijib pou patisipe nan SES pou ane 2010-2011 la nan nclbchoice.dadeschools.net.  Pou plis enfòmasyon, silvouplè kontakte Administrasyon “Title I” nan 305-995-4549 oubyen 305-995-3198 oubyen mande nan lekòl pitit ou a.

TOP


AKADEMI PARAN AN: 
Ap ede Paran yo Ede Pitit yo Reyisi nan Lekòl

Travay yon paran pa fasil.  Li pa vini ak yon manyèl.  Se sa ki fè Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) kreye Akademi Paran An – yon sous pou ede reponn kesyon paran yo sou sijè ki afekte lavi timoun, tankou ede timoun yo aprann, ladrès paran, kontwòl finans, e sante ak byennèt.  

Akademi Paran An ofri atelye gratis nan lekòl leta yo, bibliyotèk, plas piblik, kolèj, biznis prive ak sant nan katye yo atravè county a.  Tcheke ki atelye y ap bay nan www.theparentacademy.net. Vin jwenn ak plis pase 100,000 paran ki deja fini yon klas Akademi Paran An!

Akademi Paran An asosye avèk òganizasyon kominotè e kiltirèl yo pou li prezante aktivite enteresan pou fanmi aprann e ki ankouraje tout fanmi an aprann ansanm.  Tèm yo fèt chak mwa nan mize ak atraksyon lokal ki amizan, edikatif e ki rich kiltirèlman, e yo konbine sijè akademik, eksplorasyon ak dekouvèt pandan yo ap ankouraje echanj pozitif ant paran ak timoun.  Gen yon lis aktivite ki pral fèt yo nan paj Entènèt Akademi Paran An.

Pou plis enfòmasyon, silvouplè rele Akademi Paran An nan 305-995-2680 oubyen vizite paj Entènèt nou an nan www.theparentacademy.net.

TOP


PATISIPASYON PARAN: KLE POU REYISIT ELÈV


Pandan elèv yo ap retounen lekòl, paran yo ranpli ak espwa pou pitit yo reyisi.  Bagay ki pi enpòtan paran ka fè se patisipe yo nan edikasyon pitit yo.

Yo ankouraje paran yo ale nan aktivite lekòl ak reyinyon yo, espesyalman nan “Open House”(Jounen pou Vizite Lekòl) yo fè chak ane.  Antre nan “PTA - Parent-Teacher Association” (Asosyasyon Paran-Pwofesè) oubyen “PTSA - Parent-Teacher-Student Association” (Asosyasyon Paran-Pwofesè-Elèv) lekòl yo e patisipe nan “Educational Excellence School Advisory Council (EESAC)” (Konsèy Lekòl sou Ekselans Edikasyonèl) se lòt fason ki ekselan pou angaje w.  Patisipasyon sa a enpòtan nan chak nivo edikasyon pitit ou a, espesyalman nan ane kritik adolesans yo.  Paran bezwen kenbe kominikasyon ouvè e onèt epi travay ansanm avèk pwofesè yo pou asiste elèv yo nan pran desizyon akademik ak pou planifye pou lavni.

Paran yo ap jwenn yon sant resous pou paran nan chak lekòl, kote yo ka jwenn enfòmasyon edikasyonèl, resous kominotè, anons, kalandriye aktivite ak atelye.  Yo bay paran yo plizyè rapò pandan ane a pou asiste yo nan evalye siksè elèv yo a, ansanm ak pèfòmans lekòl la an jeneral.  Règ Komisyon Konsèy Lekòl la sou patisipasyon paran (6Gx13-1B-1.012, Patisipasyon Paran – Yon Patenarya Lakay - Lekòl - Distri) detaye dwa ak responsablite paran yo pandan y ap travay ak lekòl la pou asire siksè elèv la.

Kèk lòt etap enpòtan chak paran dwe pran enkli:

  • Ede pitit ou devlope bon abitid pou etid, bay pitit ou yon kote ki anpè, byen klere ak yon biwo oubyen tab pou l fè devwa l chak swa;
  • Asire w pitit ou prepare pou l aprann, nan pran bonjan repo ak nouriti e asire w li prepare emosyonèlman pou l etidye chak jou;  
  • Ofri ankourajman, asiste, gide pitit ou pou l ka fè devwa ki difisil e rezoud pwoblèm sosyal yo poukont li; e
  • Kenbe kontak ak pwofesè pitit ou a, voye nòt alekri oubyen mesaj pa lèt elektwonik, e fè aranjman pou pale nan telefòn oubyen fè konferans an pèsòn.  Anplwaye biwo lekòl la, asistan direktè a oubyen konseye a ap asiste w nan fè aranjman pou reyinyon sa yo.

TOP


RADYO LEKÒL – PWOGRAM AN KREYÒL POU KOMINOTE AYISYEN AN

Lekòl Leta Miami-Dade County ap prezante Radyo Lekòl, yon pwogram nouvèl sou edikasyon ki dire demi-èdtan, an Kreyòl. Radyo Lekòl ranfòse kominikasyon avèk Ayisyen ki pa pale Anglè nan kominote a. Pwogram nan pase sou WLRN-FM 91.3 lendi – vandredi a 9:06 diswa.

Pou plis enfòmasyon, rele Carline Faustin, Direktris/Prezantatris, Biwo Zafè Ayisyen nan Depatman Relasyon Piblik, nan 305-995-1188 oubyen Simone Degraff, Espesyalis Medya/Prezantatris, nan 305-995-4247.

TOP


SANT REJYONAL YO

Lekòl Leta Miami-Dade County soudivize an senk Sant Rejyonal.  Chak sant gen ladan li yon  sipèentandan rejyonal ak anplwaye ki responsab pou bay sipò ak asistans pou paran ak elèv yo.

Paran ka adrese kesyon yo genyen oubyen pwoblèm ki konsène lekòl pitit yo ki pa rezoud nan nivo lekòl la bay yon direktè Sant Rejyonal.  Si paran yo pa satisfè ak rezilta a, yo ka voye desizyon an nan apèl devan sipèentandan rejyonal Sant Rejyonal la.

Yo ka adrese kesyon ki gen rapò ak limit, prezans e règleman transfè nan Sant Rejyonal la.  Men adrès ak nimewo telefòn biwo sa yo:

Sant Rejyon I

Sant Rejyon II

733 East 57 Street
Hialeah, FL  33013
305-687-6565

Sipèentandan Rejyon:
Dtè. Carmen Marinelli

Direktè Rejyon:
Madan Jennifer Andreu
Madan Martha Montiel
Dtè. Neraida Smith
Mesye Richard Vidal

                                                                  

School Board Annex Building
1500 Biscayne Blvd.
Miami, FL 33132
305-523-0901

Sipèentandan Rejyon:

Mesye Jose L. Dotres

Direktè Rejyon:
Madan Lourdes Gimenez
Mesye Paul Greenfield
Madan Marie Harrison
Madan DanySu Pritchett

Sant Rejyon III

Sant Rejyon IV

1080 LaBaron Drive
Miami Springs, FL  33166
305-883-0403

Sipèentandan Rejyon:
Dtè. Essie S. Pace

Direktè Rejyon:
Mesye Jorge L. Garcia
Madan Vivian Pardo
Mesye Albert Payne
Madan Vanassa Washington

9040 S.W. 79 Avenue
Miami, FL 33156
305 595-7022

Sipèentandan Rejyon:
Dtè. Alexis L. Martinez

Direktè Rejyon:

Dtè. Melanie Fox
Madan Charmyn Kirton
Dtè. Winston Whyte

Sant Rejyon V

Robert Morgan Educational Center
18180 S.W. 122 Avenue
Miami, Florida 33177
305-252-3041

Sipèentandan Rejyon:
Madan Valtena Brown

Direktè Rejyon:
Mesye Steffond Cone
Dtè. Janice Cruse-Sanchez
Madan Barbara Mendizabal
Madan Blanca Valle
Mesye Robert Kalinsky


Rejyon I

Rejyon II

American Senior High
Hialeah Senior High
Hialeah-Miami Lakes Senior High
Hialeah Gardens Senior High
Barbara Goleman Senior High
Wesland Hialeah Senior High
Miami Central Senior High
Ronald W. Reagan/Doral Senior High

Dr. Michael M. Krop Senior High
Miami Beach Senior High
Miami Norland Senior High
North Miami Beach Senior High
North Miami Senior High
Miami Edison Senior High
Miami Carol City Senior High
A. & T Mourning Byscayne Bay Senior High


Rejyon III


Rejyon IV

Coral Gables Senior High
Miami Springs Senior High
Miami Jackson Senior High
Miami Senior High
South Miami Senior High
Booker T. Washington Senior High
Miami Northwestern Senior High

Academy for Advanced Studies
G. Holmes Braddock Senior High
John A. Ferguson Senior High
Miami Coral Park Senior High
Miami Killian Senior High
School for Advanced Studies
Southwest Miami Senior High
Miami Sunset Senior High
TERRA Environmental Research Institute
Felix Varela Senior High


Rejyon IV

Homestead Senior High
South Dade Senior High
Miami Southridge Senior High
Miami Palmetto Senior High

TOP


SEKIRITE NAN LEKÒL

Sekirite nan lekòl yo se yon priyorite nan Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS).  W ap jwenn enfòmasyon anba a sou kòman pou w rapòte krim ki fèt nan lekòl yo.

Nouvo Sistèm Endis Distri a pou Repòtaj Anonim rele “Be Safe” (Fò w Ansekirite), ki gen ladan voye mesaj tèks, li gen tou sipò Entènèt ak telefòn pou repòtaj anonim sou pwoblèm sekirite nan lekòl.  Sistèm repòtaj “Be Safe” la pèmèt elèv, anplwaye, paran oubyen piblik la pou yo rapòte done sou krim, zam, vyolasyon sou dwòg ak lòt sousi sekirite ki genyen nan lekòl yo; konsa y ap redui laperèz pou vanjans e evite lòt ensidan.

“Be Safe” ap disponib nan itilize nenpòt nan twa Opsyon sa yo:

  • Repotaj sou ENTÈNÈT: Yo mete lyen sou paj Entènèt Dadeschools.net yo ki pral redirije itilizatè a sou BeSafe.dadeschools.net.  Gen yon fòm anonim pou ranpli e voye nan moman an.  Aksè Dirèk: http://besafe.dadeschools.net

  • MESAJ TÈKS: Avèk yon telefòn selilè, ou ka voye yon mesaj tèks nan 274637 (CRIMES) avèk mesaj tèks la ki kòmanse avèk “BESAFE;” e endis anonim nan ki vin apre.

  • Repòtaj pa TELEFÒN: Kontinye itilize 305-995-COPS (2677)

Gen tou anpil bwat ki lokalize nan lekòl yo kote elèv yo ka lage enfòmasyon pou rapòte krim ak lòt ensidan e rete anonim. Lekòl Leta Miami-Dade County ak lapolis lekòl la aksepte tou endis anonim an pèsonn, e yo pwomèt pou yo toujou pwoteje idantite moun ki swete vin bay enfòmasyon konsènan sekirite nan lekòl nou yo.

Pou rapòte elèv k ap fè woul, manm kominote a ka rele 305-371-SKIP (7547).  Moun ki reponn liy enfòmasyon sa a se moun ki antrene pou sa, ki anrejistre enfòmasyon an e asire yon repons rapid bò kote Depatman Polis Lekòl Miami-Dade oubyen lòt ajans aplikasyon lalwa ki apwopriye.

Yo ka sèvi ak “BESAFE” pou adrese nenpòt krim, dezòd, oubyen konpòtman boulvèsan e li se yon zouti prevansyon ki patikilyèman efikas pou ankouraje elèv ak lòt moun pou yo rapòte ensidan ki menase sekirite anviwònman lekòl la.

Se menm jan tou, patenarya Distri a avèk Pwogram “Crime Stoppers” (Sispann Krim) e lòt òganizasyon ki remakab, pèmèt piblik la rele 305-471-TIPS pou bay enfòmasyon san yo pa bay non yo.  Moun ki rele pou bay enfòmasyon kapab elijib pou rekonpans lajan.

Pou fasilite pwosesis notifikasyon anka yon ensidan kritik, Lekòl Leta Miami-Dade County te etabli pandan ane lekòl 2007-2008 la, yon liy enfòmasyon pou direktè/tris, konsa yo ka kontakte Distri a imedyatman anka gen yon ensidan kritik. Yon fwa yo resevwa apèl la, yo voye yon notifikasyon elektwonik bay anplwaye Distri a ak Sant Rejyonal la.  Pwosesis notifikasyon sa a redui kantite apèl yo te mande yon direktè pou l fè e li pèmèt anplwaye nan lekòl yo konsantre sou ensidan yo gen nan men yo a.

Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) gen yon plan detaye ki rele “Emergency Operation Plan” (Plan Operasyon Ijans) ki bay anplwaye yo machasuiv ak pwosedi pou yo adrese yon varyete ensidan kritik ki ka rive nan lekòl yo. Anplis, sistèm lekòl la genyen yon “District Critical Incident Response Team (DCIRT)” (Ekip Jesyon Ensidan Kritik nan Distri a) ki disponib pou asiste lekòl yo anka gen yon ensidan kritik.  DCIRT a satisfè estanda “National Incident Management System” (Sistèm Nasyonal pou Jere Ensidan) an.

Anfen, nou vle raple paran ak moun k ap bay swen ki ap kondui nan zòn sekirite oubyen nan zòn ki pre lekòl, yo jwe yon wòl enpòtan nan ogmante sekirite toupre lekòl yo nan kenbe abitid kondui byen.  Nan lè elèv ap rive lekòl e lè y ap kite lekòl la, chofè yo souvan nan prese e yo distrè.  Tandans sa a ka antrene kondisyon ki pa ansekirite pou elèv, moun k ap mache, woule bisiklèt, e kondui machin nan zòn nan, konsa, silvouplè kontwole sa k ap pase bò kote nou e obeyi tout lwa sikilasyon yo lè n ap kondui machin nan zòn lekòl yo.  Pa voye mesaj tèks e kontwole vitès nou!

Pou plis enfòmasyon, rele 505-995-COPS.

TOP


TRANSPÒTASYON LEKÒL

Lekòl Leta Miami-Dade County ap bay transpòtasyon pou plis pase 62,000 elèv pa jou pou ane lekòl sa a, l ap itilize 1,400 otobis sou yon estimasyon 1,200 wout bis lekòl yo pase.  Yo bay sèvis transpòtasyon an pou elèv ki abite nan yon distans plis pase de “miles” (3.22 km) bò kote lekòl yo ale yo, e pou elèv ki gen bezwen espesyal.

Anvan lekòl ouvri, paran tout elèv ki kalifye pou transpòtasyon yo ap resevwa yon kat ki soti nan sant sistèm òdinatè lekòl la k ap idantifye ki kote pou elèv la tann otobis la, ki lè otobis la ap pase pran li e ki lè l ap depoze l.

Paran ki enterese konnen si pitit yo kalifye pou jwenn transpòtasyon dwe kontakte lekòl pitit yo a pou enfòmasyon.


TOP


PWOGRAM VOLONTÈ LEKÒL

Pwogram Volèontè Lekòl konekte resous manm kominote a avèk bezwen lekòl nou yo pou sipòte objektif Distri a pou sipote sikse elèv yo.  Volontè yo travay anba direksyon Direktè a e/oubyen lyezon Volontè Lekol la, e yo konsidere yo kòm patnè nou nan edikasyon.

Avan yo kòmanse sèvi, tout volontè yo dwe enskri atravè pòtal M-DCPS Kominote oubyen Paran nan www.dadeschools.net. Y ap tcheke dosye lapolis tout volontè oubyen yo ka fè anprent yo.

Chak ane plis pase 25,000 volontè te pataje tan ak talan yo pou anrichi lavi elèv nan lekòl nou yo.  Nan lis anba a, w ap jwenn kèk fason ou ka ede:

  • Asiste nan Salklas – ede yon pwofesè avèk bezwen endividyèl salklas la
  • Bay Leson – ede yon timoun nan yon sijè akademik anba direksyon pwofesè a oubyen apre lekòl, avèk devwa li
  • Siveye nan Pwomnad – asiste yon lekòl nan akonpaye elèv lè gen yon pwomnad
  • Asiste nan Klib – bay asistans nan klib ki la pou renfòse lekòl oubyen lòt oganizasyon ki gen rapo ak lekòl
  • Koute – mete w disponib pou ka koute yon elèv anba direksyon yon konseye lekòl
  • Bay Konsèy – sèvi kòm yon zanmi konfyans e yon modèl ki ap pwomote devlopman karaktè

Pou plis enfòmasyon konsènan Pwogram Volontè Lekòl, rele 305-995-2995.

TOP


REFÒM LEKÒL SEGONDÈ

Travay ak elèv nou yo jodi a, e y ap travay ansanm ak ou demen!

Jounen jodi a, elèv ki gradye nan lekòl segondè bezwen nouvo eksperyans ak ladrès pou yo ka pare pou kolèj ak mendèv la e pou yo ka antre an konpetisyon efikasman nan mache travay global la.  Pou fasilite objektif sa yo, Komisyon Konsèy Lekòl M-DCPS apwouve egzekisyon Refòm Lekòl Segondè a.

Sis prensip debaz Refòm Lekòl Segondè ki ap suiv yo bay lekòl segondè M-DCPS yon modèl pou ogmante akonplisman elèv, ogmante prezans elèv, e ogmante to gradyasyon yo: (1) pèsonalize anviwònman pou aprann nan; (2) ogmante angajman akademik tout elèv; (3) responsabilize edikatè yo; (4) devlope lidè ki kredib; (5) angaje kominote a nan jenès la; e (6) entegre yon sistèm ki gen estanda, kourikoulòm, enstriksyon, ak avalyasyon ki wo nivo.

Gen yon akademi nevyèm ane eskolè ki ede elèv fè tranzisyon pou ale nan lekòl segondè e ki prepare yo pi byen pou yo ka chwazi sijè akademi karyè e pou yo ka navige nan lekòl segondè avèk siksè.

Yo ankouraje elèv pou yo pran kou Plasman Avanse, Anwòlman Doub, ak Chemen Karyè; pou yo pase egzamen Sètifika Endistriyèl la avèk siksè; fini pwojè fendetid, e patisipe nan yon pwogram estaj.  Premye kontak pou Refòm Lekòl Segondè: Madan Caryl D. Grant, Direktris Distri, School “Choice and Parental Options”, 305-995-1922, cgrant@dadeschools.net

Plan “Secondary School Reform (SSR)” (Refòm Lekòl Segondè) se yon pwogram ki la pou pote gwo chanjman nan eksperyans edikasyonèl tout elèv lekòl segondè nan Distri a, pou asire elèv ki diplome nan lavni yo gen ladrès nesesè y ap bezwen pou antre an konpetisyon avèk efikasite nan nouvo mache travay global la. Lè yo konvèti yon jounen an uit-peryòd kote yo pral delivre kourikoulòm akademik la atravè yon chema akademi pou karyè e kote yo pral kreye ti kominote pou aprann, nouvo modèl sa a ap ofri elèv lekòl segondè yo plis opsyon.

Pwogram estaj Opòtinite Eksperyans pou Karyè a sèvi kòm yon opòtinite pou angaje biznis ak lidè kominotè pou yo elaji aprantisaj la atravè estaj ki konekte ak akademi pou karyè yo. Pandan elèv yo nan 3yèm oubyen dènye ane segondè, yo ap kapab mete an pratik fondasyon akademik yo nan mond reyèl la.

Òganizasyon ki enterese nan ofri estaj dwe kontakte Biwo Sèvis Kominotè a nan 305-995-3050 oubyen vizite “Community Portal” nan www2.dadeschools.net/community.

Òganizasyon ki enterese nan ofri estaj dwe kontakte Biwo Sèvis Kominotè a nan 305-995-3050 oubyen vizite “Community Portal” nan www2.dadeschools.net/community.

TOP


EGZAMEN ESTANDA

Yo mezire siksè ak pwogrè elèv nan Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) chak ane gras ak egzamen estandadize distri, eta, ak nasyonal yo.  Lis ki anba a gen kèk nan egzamen ki pi enpòtan yo.

“Florida Comprehensive Assessment Test (FCAT)” (Egzamen Evalyasyon Konpreyansif nan Florid) la fèt pou evalye kapasite elèv selon estanda Florid.  Y ap bay elev 4yèm rive 8tyèm ak 10yèm ane eskolè yo egzamen redaksyon an mas 2011, e egzamen lekti, matematik ak syans yo, y ap bay yo ann avril 2011.  FCAT la mezire ladrès elèv yo nan lekti ak matematik soti twazyèm rive 10yèm ane eskolè, ak ladrès elèv yo nan syans nan 5yèm, 8yèm ak 11yèm ane eskolè.

Elèv dwe fè nòt ki montre yo pase egzamen gradyasyon FCAT la nan lekti ak matematik pou yo ka satisfè egzijans pou yo genyen yon diplòm lekòl segondè nòmal.  Elèv yo gen opòtinite pou yo pran egzamen sa yo pou premye fwa nan 10yèm ane eskolè.   Elèv ki pa pase egzamen yo ap gen lòt opòtinite pou pase egzamen yo ann oktòb, ak mas lè yo bay egzamen Repriz FCAT la.

Egzamen “FCAT Writing” (Redaksyon FCAT) la evalye abilite elèv yo pou òganize ak eksprime panse yo klèman alekri.  Yo ap administre egzamen Redaksyon FCAT la bay elèv nan 4yèm, 8yèm ak 10yèm ane eskolè an mas 2011.

Egzamen "Stanford Achievement Test (SAT)" se yon egzamen ki mezire siksè nan estanda nasyonal ki sèvi pou konpare pèfòmans elèv lokal nan etid sijè priyoritè ak pèfòmans elèv atravè peyi a.  An avril 2011, y ap bay elèv 1ye ak 2yèm ane eskolè SAT a pou evalye ladrès yo nan lekti ak matematik.

Egzamen eta a yo rele “Comprehensive English Learning Assessment (CELLA)” (Evalyasyon Konpreyansif sou Etid Anglè) se yon evalyasyon ki chita sou kat ladrès konpetans ann Anglè, k ap fèt nan mwa mas/avril 2011 pou tout elèv, soti klas Jadendanfan rive 12yèm ane eskolè, yo klasifye kòm “English Language Learners (ELL)” (Elèv ki ap Aprann Anglè).  Yo sèvi ak egzamen CELLA yo pou teste kapasite elèv yo nan  koute, li, ekri ak pale Anglè, e rezilta yo pral bay enfòmasyon sou fòs ak feblès elèv yo nan Anglè ak pwogrè jeneral yo fè apre yon tan.

“The Grade 3 Reading Student Portfolio” (Dosye Travay Lekti Elèv nan 3yèm Ane Eskolè) mezire kapasite lekti elèv yo nan Estanda Eta Florid yo chwazi yo.  Yo ap bay elèv ki nan 3yèm ane yo “portfolio” a jiska dezyèm semès nan ane lekòl la.

Yo ap bay elèv 3yèm rive 11yèm ane eskolè egzamen Evalyasyon Pwovizwa Distri a nan kòmansman ane lekòl la e ann otòn ak ivè.  Pwofesè pral sèvi ak egzamen sa yo ki fèt pou mezire estanda Florid ak kritè nan lekti, matematik, ak syans, pou idantifye fòs ak feblès elèv yo, pou vize enstriksyon, e pou suiv pwogrè elèv yo.

Yo evalye tout elèv nan Jadendanfan pou yo ka prepare yo pou lekòl pandan 30 premye jou lekòl yo kòm pati egzamen “Florida Kindergarten Readiness Screener (FLKRS)” eta a.  Egzamen FLKRS la mezire ladrès alfabetizasyon debaz ki nesesè pou reyisit nan Jadendanfan.

Y ap bay egzamen fen kou yo nan tout eta a an me, nan lekòl segondè yo seleksyone, kòmanse avèk aljèb I nan ane lekòl 2010-2011 la.  Y ap bay tout elèv ki enskri nan kou ki aplikab yo tès sa yo.

“Florida Assessment for Instruction in Reading (FAIR)” (Egzamen Florid pou Enstriksyon nan Lekti) evalye pwogrè elèv la pandan l ap devlope ladrès kritik nan lekti, k ap prepare l pou konn li bonè.  Y ap administre FAIR bay tout elèv Jadendanfan rive nan 3yèm ane eskolè, ak elèv yo chwazi nan 4yèm rive 12yèm ane eskolè.

Elèv yo kapab chwazi tou pou yo patisipe nan pwogram ki ap suiv yo Konsèy Administrasyon Kolèj la ak "ACT" Inc. ofri:

• “PSAT,” Konsèy Administrasyon Kolèj la ofri, se yon egzamen y ap bay tout elèv 10yèm ane ak elèv 9yèm e 11yèm ane eskolè ki enterese ann oktòb 2010.  PSAT a ofri antrènman pou pran egzamen SAT a epitou li se egzamen ki detèmine si elèv la kalifye pou pwogram "National Merit Scholarship" (Bous etid Merit Nasyonal).  Nan eseye pou ranfòse preparasyon pou kolèj e pou sipòte seleksyon kou ki pi rijid pami elèv nan lekòl segondè nan Florid, eta Florid la te fòme yon patenarya ak Konsèy Administrasyon Kolèj la pou peye frè egzamen pou tout elèv 10yèm ane eskolè ka patisipe nan PSAT a.

• Egzamen SAT Konsèy Administrasyon Kolèj la ofri, ak ACT yo ofri atravè “ACT Inc." la, se egzamen opsyonèl pou antre nan kolèj, elèv yo ka pran pandan tout ane a dapre dat ki fikse pou yo.  Elèv k ap pran SAT oswa ACT a ka mande pou yo voye nòt yo bay kolèj oubyen inivèsite yo chwazi yo.

Yo fè elèv yo ak fanmi yo konnen rezilta egzamen yo nan yon tan rezonab.  Se lekòl elèv yo ki voye rezilta pwogram egzamen distri ak eta a lakay ak elèv la.  Paran ki bezwen èd pou yo entèprete nòt sa yo, dwe kontakte pwofesè pitit yo oswa konseye gidans lekòl yo.

Pou plis enfòmasyon sou egzamen sa yo ak lòt egzamen, tcheke "testing calendar" (kalandriye egzamen) an nan paj Entènèt distri a nan www.dadeschools.net.  Gen plis enfòmasyon sou chak pwogram egzamen yo ki disponib nan http://oada.dadeschools.net/TestInfo/testinformation.asp.

TOP


KÒD ABIMAN POU ELÈV 

Lekòl Leta Miami-Dade County gen yon kòd abiman sevè pou elèv yo obsève.  Kòd abiman an egziste pou asire aparans elèv yo pa kreye yon pwoblèm pou sante, sekirite, pwòpte oubyen anviwònman pou aprann nan.  Kòd la se pa pou kontwole longè cheve oubyen kalite rad elèv yo mete.

Se direktè a, pwofesè a oubyen lòt anplwaye Komisyon Konsèy Lekòl la ki enkyè, ki detèmine kisa ki reprezante yon danje pou sekirite ak sante, distraksyon yon elèv nan aktivite salklas, oubyen deranje yon pwogram lekòl.  Yo ka disipline elèv ki vyole kòd la sèlman apre yo te ba yo yon  opòtinite pou korije vyolasyon an e apre yon konferans paran-pwofesè.

Gen kèk lekòl ki resevwa apwobasyon Komisyon Konsèy Lekòl la pou adopte kòd abiman ki pi sevè. Genyen tou, plizyè lekòl ki adopte inifòm pou ankouraje elèv yo amelyore abitid etid yo e pou idantifye yo plis ak lekòl yo.

Paran ki swete gen plis enfòmasyon sou kòd abiman lekòl la dwe kontakte lekòl pitit gason oubyen pitit fi yo.

TOP


KÒD POU KONDUIT ELÈV

Lekòl Leta Miami-Dade County apwouve yon vèsyon revize “Code of Student Conduct (COSC)” (Kòd pou Konduit Elèv).  COSC a vize pou ofri e mentni yon anviwònman pou aprann ki gen sekirite e ki pozitif pou elèv, pwofesè, anplwaye ak kominote a.

Yon gwo konsiderasyon nan aplikasyon Kòd pou Konduit Elèv la se kiltive yon anbyans pozitif nan lekòl la pou sipòte reyalizasyon akademik, pwomote jistis, sivilite, aksepte divèsite, ak respè youn pou lòt.  Se poutèt sa, yo divize seri estrateji korektif yo an senk gwoup, ansanm ak aksyon disiplinè ki rekòmande e ki obligatwa.

Pwofesè, konseye ak administratè fè efò pou sèvi ak yon varyete estrateji korektif ki pwogresif oubyen estrateji ki fèt pou bay gidans anvan, pandan epi apre yo pran aksyon korektif fòmèl.

Diferans nan laj ak matirite se kritè ki pèmèt yo detèmine ki kalite aksyon disiplinè pou yo pran.  Sepandan, pwosedi ki nan COSC a aplikab pou tout elèv ki anba jiridiksyon Lekòl Leta Miami-Dade County.  COSC a anvigè pandan lè regilye lekòl, pandan y ap transpòte elèv yo nan yon bis lekòl e nan lè ak andwa – ki gen ladan men ki pa nesesèman limite ak evènman lekòl la ap fè, pwomnad, aktivite espò e lòt aktivite – kote administratè lekòl ki apwopriye yo gen jiridiksyon sou elèv yo.

Direktè yo gen otorite pou yo pran aksyon administratif kont yon elèv ki gen move konduit andeyò lekòl la lè sa gen yon efè destriktif sou lòt elèv yo oubyen lè li afekte lòd pwosesis edikasyonèl la.  Yo ranje kalite vyolasyon yo soti nan move konduit ki twouble lòd salklas la, fonksyon lekòl yo, aktivite andeyò lekòl la oubyen transpòtasyon ki apwouve rive nan aksyon malonèt ki pi grav la e aksyon vyolan ki menase lavi.

Gen plizyè kalite aksyon korektif yo ka pran kont move aksyon ak move konpòtman.  Aksyon sa yo gen ladan detansyon, bay fè travay, transfè nan yon lekòl oubyen yon pwogram espesyal, sispansyon oubyen ekspilsyon.

TOP



DOSYE ELÈV AK ENFÒMASYON KONFIDANSYÈL

Lwa Eta Florid ki rele "Family Educational Rights and Privacy Act" (Dwa pou Edikasyon Fanmi ak Akò sou Vi Prive) ansanm ak seksyon 1002.22 pwoteje vi prive, e yo bay paran, gadyen ak elèv garanti y ap gen aksè a enfòmasyon ki nan dosye edikasyonèl elèv yo.  Paran an gen dwa pou l kesyone egzaktitid dosye sa yo.

Dapre lwa sa yo, yon moun pa gen dwa devwale enfòmasyon ki nan dosye yon elèv san konsantman paran an, gadyen an oubyen elèv ki elijib la davans, sof nan ka eksepsyon ki mansyone nan lwa anwo yo.  Lwa yo genyen sèten eksepsyon konsènan demand konsantman davans pou livre dosye elèv ki enkli, men ki pa limite ak, ofisyèl lekòl yo ki gen yon enterè lejitim nan zafè edikasyon, epitou nan ka kote tribinal voye manda oswa pase lòd tribinal.  Pou asire respè lwa yo, sistèm lekòl la pibliye enfòmasyon detaye ki di ki fason pou kenbe e livre dosye elèv yo.  Enfòmasyon sa yo nan Manyèl Dosye Edikasyonèl Elèv la, yo mete kòm referans nan Règleman Komisyon Konsèy Lekòl 6GX13-5B-1.07.

Ckak lekòl dwe avèti paran, gadyen oubyen elèv ki elijib yo anyèlman e alekri, sou dwa yo genyen pou yo enspekte e revize dosye elèv yo.  Yon fwa yon elèv genyen 18 lane oubyen li nan yon enstitisyon ki bay edikasyon aprè lekòl segondè, pèmisyon oubyen konsantman yo te mande paran yo, e dwa yo te akòde yo, vin transfere bay elèv la sèlman, amwenske elèv la kalifye kòm yon depandan anba pwovizyon lwa a.

Elèv yo dwe kontakte biwo enskripsyon lekòl yo, si yo vle voye relve nòt yo bay kolèj oubyen sèvis ki bay bousdetid yo.

TOP


KANPAY ANPLWAYE AK ELÈV POU “UNITED WAY” NAN
DISTRI A PRAN PREMYE PLAS NAN TOUT PEYI A

Anplwaye ak elèv Lekòl Leta Miami-Dade County te kontribye plis pase 29 milyon dola pou United Way Miami-Dade depi patenarya sa a te kòmanse an 1974, e yo pran devan tout sistèm lekòl nan peyi a nan fè kanpay. 

Pou anpil elèv, patisipe nan kanpay la vin tounen yon eksperyans pou aprann ki fè sans. Kanpay United Way pou ane sa a ap kòmanse 4 oktòb pou rive 5 novanm.

United Way envesti nan ede timoun ak jèn jwenn siksè nan lekòl e retire yo lari a, li asire granmoun yo jwenn swen ak akonpayman, li bay fanmi yo zouti yo bezwen pou yo rete ansanm, li ede moun rete ansante e byen pòtan, li fè pwomosyon endepandans ekonomik, e li chèche èd vit lè gen ijans.

Pou plis enfòmasyon, silvouplè kontakte Diana Venturini, Direktris, Biwo Sèvis Kominotè nan 305-995-1367.

TOP


RADYO, TELÈVIZYON PIBLIK WLRN
SÈVI KOMINOTE SID FLORID LA


Radyo ak Televizyon Piblik WLRN se yon antrepriz ki gen divès aspè ki lisansye anba Komisyon Konsèy Lekòl Leta Miami-Dade County, ki gen televizyon, radyo ak pwopriyete medya enstriksyonèl.  Pami medya difizyon yo genyen WLRN-TV 17.1 ak WLRN Learn 17.2 ki afilye avèk (PBS), e WLRN-FM 91.3 ak WKWM-FM 91.5 (ki sèvi Florida Keys) ki afilye avèk (NPR).

WLRN-TV Kanal 17 difize plis pwogram timoun pase nenpòt lòt estasyon difizyon lokal avèk plis pase 80 èdtan prezantasyon chak semèn avèk kontni ki resevwa prim.  Yo rekonèt WLRN-TV kòm meyè estasyon PBS "Ready To Learn (RTL)" (Prepare pou Aprann) nan Florid ki konbine bonjan pwogram televizyon PBS pou timoun ak yon varyete efò pou rive jwenn kominote a pou ede timoun devlope ladrès pou aprann.

WLRN-RTL devlope patenarya avèk òganizasyon kominotè lokal yo e li fè atelye gratis pou bay paran, pwofesè, ak founisè swen pou timoun yo resous pou yo ka asire jèn timoun nan kominote nou an pare pou aprann lè yo antre lekòl.  Kòm yon aspè nan efò enstriksyon debaz sa a, WLRN RTL pwomote benefis ki genyen nan lekti e li distribye plis pase 20,000 liv chak ane bay timoun, bibliyotèk lekòl elemantè yo, ak sant lokal ki bay swen pou timoun.

Kanal 17 difize tou dokimantè PBS ki pran gwo prim, biyografi ak pwogram mizik tankou “Nature, Nova”, “American Experience,” ak “Great Performances.”  Telespektatè yo ka gade pwogram televizyon piblik ki pi popilè ki pase chak semèn, tankou "Antiques Roadshow, Globe Trekker, Charlie Rose," ak plizyè lòt espektak sou kuizin ak anrichisman kiltirèl.

WLRN-TV pwodui tou plizyè pwogram lokal, tankou “ArtStreet,” seri televize ki entwodui odyans yo nan yon varyere eksplozyon atistik ki ap pase nan Sid Florid la.  Kanal 17 chak ane kouvri parad “Junior Orange Bowl ak “Martin Luther King, Jr,” “Silver Knight Awards” ak Konsè Anyèl “New World School of the Arts” konn fè nan Jou Konje.

WLRN Learn 17.2 ofri yon varyete chwa kontni altènatif ki gen ladan pwogram timoun ann Espayòl; egzèsis fizik, detant ak seri yoga; pwogram PBS kòman pou fè kuizin, penti ak ar; plis nouvèl entènasyonal ak pwogram kiltirèl.

WLRN-FM 91.3, klase nimewo en estasyon NPR nan Florid, sèvi yon odyans plis pase 400,000 moun pa semèn, soti nan Palm Beach pou rive nan Key West, li ofri pwogram tankou  "Morning Edition, All Things Considered, A Prairie Home Companion ak Car Talk." WLRN Radio emèt tou nan fòma radyo dijital HD avèk de kouran pwogramasyon: 91.3-1, ki difize nan menm moman avèk pwogramasyon kanal prensipal la, e 91.3-2, ki rele “WLRN XTRA HD”, ki prezante pwogram “alternative news and talk” (nouvèl ak koze altènatif).  Toude kouran sa yo disponib sou Entènèt nan www.wlrn.org. WLRN-FM 91.3 ofri tou youn nan pi gwo Sèvis Lekti sou Radyo nan peyi a ? yon sèvis 24 sou 24, 7-jou pa semèn pou rezidan nan Sid Florid la ki gen pwoblèm pou wè.

WLRN jere Bibliyotèk pou Videyo ak Fim distri Lekòl Miami-Dade, yon bibliyotèk ki prete videyo ki sipòte tout faz enstriksyon edikasyonèl.

Pou plis enfòmasyon konsènan Radyo ak Televizyon Piblik WLRN, silvouplè rele 305-995-1717.  

 


Top