Home
English version

KLAS TEKNOLOJI APLIKE AK EDIKASYON POU ADILT

Lekòl Leta Miami-Dade County ofri plis pase 60 pwogram etid nan karyè teknik ak edikasyon pou adilt. Plis pase 60,000 elèv patisipe nan klas lajounen ak leswa nan sis kolèj teknik – yo te rele lontan sant pou adilt - ak 15 sant edikasyon pou adilt ak lòt etablisman separe ki ap fè menm travay la atravè konte a.

Pwogram edikasyon karyè/teknik la fèt pou sipòte mendèv lokal la. Li ofri elèv chemen karyè nan domèn endistri/teknik, syans familyal ak konsomasyon, sante/medikal, syans agrikòl, biznis/òdinatè, ak sèvis piblik.

Pwogram edikasyon jeneral pou adilt la fèt pou ede ranfòse ladrès akademik elèv e ofri yo konesans debaz yo mande pou antre nan fòmasyon aprè lekòl segondè. Pwogram konpreyansif sa a ofri klas nan domèn sa yo:

  • Ladrès Debaz Edikasyon pou Adilt
  • ESOL (Anglè pou Moun ki Pale Lòt Lang)
  • Sitwayènte (preparasyon egzamen)
  • Fini Lekòl Segondè
  • GED (Diplòm Ekivalans Jeneral)

Anplis, pwogram nan ofri paran opòtinite pou yo jwenn ladrès edikasyonèl ki nesesè pou yo vin patnè total nan edikasyon pitit yo. Li ofri tou yon opòtinite pou moun ki pèdi travay yo ka jwenn ladrès ki nesesè pou yo re-antre nan mache travay la.

Elèv ki anwole nan pwogram edikasyon karyè/teknik pou adilt ap avanse daprè pwòp vitès yo nan lekti, lang, redaksyon ak matematik. Elèv yo ka sèvi tou ak òdinatè ki gen aksè Entènèt pou resevwa enstriksyon nan sèvi avèk yon kourikoulòm fòmasyon sou Entènèt nan domèn pwogram akademik oubyen vokasyonèl.

Èd finansye disponib pou elèv ki kalifye. Pou plis enfòmasyon, kontakte yon sant edikasyon pou adilt oubyen sant edikasyon teknik ki tou pre w, oubyen rele liy enfòmasyon edikasyon pou adilt la nan 305-558-8000.

TOP

M-DCPS LANSE APLIKASYON MOBIL POU PARAN, ELÈV, ANPLWAYE

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) lanse resamman yon nouvo aplikasyon mobil pou ofri paran, elèv, ak anplwaye aksè pi rapid sou enfòmasyon ki ajou konsènan lekòl. Aplikasyon Mobil “Dadeschools” la disponib kounye a pou telechaje GRATIS pou aparèy “iPhone” ak “Android.”

Aplikasyon mobil la gen ladan:

  • Orè pou klas elèv ak enfòmasyon sou wout otobis

  • Lis tout lekòl leta nan Miami-Dade selon kalite lekòl la

  • Enfòmasyon sou lekòl ki gen ladan sit Entènèt lekòl la, foto, adrès lekòl, nimewo telefòn, enskripsyon, koulè lekòl, ak orè lekòl

  • Fonksyonalite pou kontakte lekòl atravè telefòn oubyen adrès elektwonik

  • Abilite pou wè pozisyon lekòl sou yon kat • Abilite pou voye tèks, lèt elektwonik oubyen mesaj “Twitter” sou enfòmasyon konsènan lekòl • Abilite pou resevwa notifikasyon ki soti nan M-DCPS

  • Enfòmasyon konsènan “Foundation for New Education Initiatives, Inc (FNEI)” (Fondasyon pou Nouvo Inisyativ nan Edikasyon)

  • Sèvi avèk non itilizatè ak modpas pou antre nan Pòtal “Dadeschools” pou resevwa enfòmasyon pèsonalize ki apwopriye pou paran, elèv, e anplwaye

Paran, elèv ak anplwaye ka jwenn tou enfòmasyon konsènan pwogram “Bring Your Own Device (BYOD)” (Pote Pwòp Aparèy Ou) kote w ap jwenn aparèy ki kalifye e kijan pou konekte nan lekòl ou.

Yo ap ajoute lòt fonksyon atravè ane lekòl la.

Mobile app

TOP

 


2015-2016 PREZANS ELÈV

Petèt pa gen okenn faktè ki pi enpòtan pou yon elèv reyisi fè pwogrè lekòl pase prezans lekòl ki regilye e ponktyèl. Elèv ki eksesivman anreta oubyen absan nan pwogram edikasyonèl yo rete dèyè nan reyalizasyon akademik yo. Absans eksesif nan lekòl, se sa ki anonse move nòt, mank enterè, e sa ka lakoz yo retire elèv la lekòl.

Paran ak elèv responsab pou prezans, ki se yon demand lalwa pandan 180 jou lekòl la an sesyon. Yo defini prezans konsa: 1) prezans lekòl – elèv la dwe prezan pandan omwen dezèdtan nan jounen an oubyen li dwe patisipe nan yon aktivite edikasyonèl lekòl la apwouve, 2) prezans nan klas - elèv la dwe prezan nan klas la pandan omwen mwatye peryòd klas la.

Yo ap konsidere absans ki ap suiv yo kòm eskiz rezonab pou tan elèv pèdi nan lekòl: maladi pèsonèl yon elèv, randevou medikal yon elèv, lanmò nan fanmi imedya elèv la, obsèvans fèt relijye, “subpoena” (lòd pou parèt) ki soti nan yon ajans ki la pou fè obsève lalwa oubyen yon lòd pou parèt nan tribinal, sispansyon pou rete andeyò lekòl, deplasman familyal pou elèv ki gen koneksyon militè, ak absans dokimante paran oubyen elèv la pa gen kontwòl sou yo, jan direktè(tris) la apwouve li.

Yo dwe konsidere nenpòt absans ki pa tonbe nan kategori nou sot site yo, kòm absans ki pa eskize. Inisyalman, yo make absans yo kòm “pa eskize” e yo ap chanje yo pou “eskize,” lè paran an bay dokimantasyon ki jistifye absans la. Paran yo responsab pou rapòte e eksplike rezon absans oubyen reta a nan lekòl la, nan espas twa (3) jou elèv la retounen lekòl oubyen absans la ap rete kòm yon absans ki pa eskize.

Si absans yo eskize, elèv la dwe satisfè tout demand edikasyonèl pou kou a avan yo ba li yon nòt e/oubyen yo ba li yon kredi. Elèv la dwe gen jiska twa jou lekòl, pou l remèt travay ratrapaj pou absans ki eskize yo oubyen nan yon peryòd tan ki egal ak kantite jou absans yo. Absans ki pa eskize pa mande pou pwofesè a bay elèv la travay ratrapaj.

M-DCPS kontwole efò entèvansyon kont fè woul lakay elèv laj 6-17, yo konsidere kòm elèv ki abitye fè woul. Yo ka refere elèv sa yo bay yon ajans sèvis sosyal yo chwazi apre yo fin epuize tout sèvis yo.

Elèv ki gen ant laj 14 e 18 ane e yo klasifye kòm elèv ki abitye fè woul, y ap rapòte yo bay Depatman Sekirite Sikilasyon ak Veyikil a Motè nan Florid e elèv sa a pap elijib pou resevwa oubyen kenbe privilèj pou li kondui machin. Yo ka retabli privilèj pou kondui a si elèv la demontre li ka fè 30 jou prezans konsekitif nan lekòl san okenn absans ki pa eskize.

Genyen machasuiv espesifik sou prezans elèv jan sa parèt nan Règleman 5200 sou Prezans Elèv, Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County http://www.neola.com/miamidade-fl/ avèk règleman espesifik yo souliyen nan Mànyèl Règleman pou Repòte Prezans Elèv Jadendanfan rive 12yèm Ane Eskolè http://ehandbooks.dadeschools.net/policies/89.pdf.

 

TOP


PWOGRAM SWEN ANVAN AK APRE LEKÒL NAN LEKÒL ELEMANTÈ

Ane sa a, Lekòl Leta Miami-Dade County ap ofri apeprè 275 pwogram swen “after school” (aprè lekòl) y ap mete nan tout lekòl elemantè leta ak sant Jadendanfan rive 8yèm ane eskolè nan kèk lekòl mwayen nan jou lekòl. Yo ap ofri pwogram swen aprè lekòl yo, kòmanse nan lè lekòl lage, jiska 6:00 diswa. Paran yo dwe tcheke lekòl pitit yo pou konnen espesifikman a ki lè pwogram yo ap kòmanse. Yo ofri pwogram swen “before school” (avan lekòl) yo selon diskresyon direktè (tris) lekòl la e yo kòmanse apeprè inèdtan avan lekòl kòmanse 

Tout pwogram swen aprè lekòl yo ofri aktivite ki planifye, ki gen ladan asistans ak devwa, jwèt yo ka jwe anndan oubyen deyò, ar oubyen atizana, yon tan pou pran yon tigoute, ak yon varyete aktivite rekreyatif. Anpil pwogram ofri leson patikilye nan lekti ak matematik, aktivite STEM, mizik, laboratwa òdinatè, seramik, echèk, ar dramatik ak lòt klas ki fèt pou ofri patisipan yo yon varyete eksperyans edikasyonèl anrichisan. Pwogram swen anvan lekòl yo ofri elèv yo aktivite ki sipèvize e trankil.

Pri pwogram swen apre lekòl la se $40 pa semèn; pri pwogram swen anvan lekòl la se $20 pa semèn. Se youn nan uit founisè sa yo ki ofri pwogram yo:

  • Lekòl Leta Miami-Dade County - Fonksyon Direktè lekòl la
  • “Young Men’s Christian Association (YMCA)” (Asosyasyon Jèn Gason Kretyen)
  • “Young Women’s Christian Association (YWCA) (Asosyasyon Jèn Fi Kretyen)
  •  "Family Christian Association of America (FCAA)" (Asosyasyon Fanmi Kretyen Ozetazini)
  • “Cool Kids Learn (CKL)” (Elèv ki “Cool” Aprann)  
  • “After-School Program (ASP)” (Pwogram Apre Lekòl)
  • “Sunshine After-School Child Care (SASCC)” (Swen pou Timoun Apre Lekòl nan Florid)
  • “South Florida After-School All Stars (SFASAS)” (Pwogram Apre Lekòl “ALL STARS” nan Sid Florid)     

Paran ki enterese dwe kontakte direksyon lekòl pitit yo pou yo konnen ki pwogram yo ofri. Ou ka gen plis enfòmasyon lè w ale sou Entènèt nan www.dadecommunityschools.net oubyen rele Msye. Victor Ferrante, Direktè Egzekitif nan 305-817-0014, eks. 2500.


TOP


M-DCPS SE NIMEWO EN NAN KESYON BAY SAN NAN FLORID

Pwogram “Blood Drive” (Bay San) an non sèlman edike e fè pwomosyon sou enpòtans sèvis sante kominotè, men tou li sove lavi kèk moun pandan pwosesis la.   

Ane lekòl sa a, aktivite bay san anplwaye Lekòl Leta Miami-Dade County ak elèv 17 ane oubyen pi gran te fè, te pèmèt yo kolekte prèske 12,000 lit san kòm donasyon e yo ede sove lavi plis pase 30,000 moun. Se rezon sa a ki fè M- DCPS, ki gen kontra ak “oneblood,” se nimewo en nan kesyon bay san nan eta a.    
   
Lekòl ak biwo ki genyen 15 oubyen plis moun ki pran angajman pou bay san ka telefone pou fè randevou “bloodmobile” (bis mobil pou kolekte san) lè yo kontakte Nieves Losa, Vis Prezidan Fonksyònman nan 786-942-8870.   

Pou plis enfòmasyon, silvouplè kontakte Diana Venturini, Direktris, “Office of Community Engagement” (Biwo pou Angajman Kominotè) nan 305-995-1367.

 

TOP




EDIKASYON KARYÈ AK TEKNIK

Pwogram “Career and Technical Education (CTE)” (Edikasyon Karyè ak Teknik) Lekòl Leta Miami-Dade County prepare elèv nan nivo mwayen e segondè pou toude, kolèj ak karyè atravè pwogram etid e chemen karyè ki sou menm liy avèk gwoup pwogram karyè yo. Elèv CTE yo gradye avèk ladrès teknolojik e akademik nivo mondyal, plis sètifikasyon endistri rekonèt ki nesesè pou yo fè tranzisyon pou edikasyon siperyè ak karyè.

Pou yon lis konplè pwogram CTE ak gwoup pwogram karyè Distri a ofri, silvouplè vizite sit Entènèt depatman an nan http://dcte.dadeschools.net.

Sètifikasyon Endistri
Biznis ak endistri ap mande pou gen yon mendèv ki pi kalifye e ki gen plis ladrès, e pwogram CTE M-DCPS yo sou menm liy avèk inisyativ “One Community One Goal” (Yon Kominote Yon Bi) ki vize gwo endistri ki vital pou ekonomi Miami an. Elèv ki resevwa sètifikasyon endistri gen yon avantaj konpetitif lè yo gradye e yo vin pi kalifye pou mache travay la pandan e apre kolèj e/oubyen lòt edikasyon apre lekòl segondè. Yo apwouve meyè sètifikasyon endistri nan nivo eta a pou kredi kolèj gratis yo bay elèv. Paran ka wè kantite lajan yo ekonomize lè pitit yo gen sètifikasyon endistri pandan yo lekòl, nan: dcte.dadeschools.net/industrycertification.html.

Akedemi Karyè
Akademi karyè yo konbine yon kourikoulòm preparasyon pou kolèj ki konsantre sou karyè. Elèv ki enskri nan akademi karyè yo suiv yon pwogram etid ki fèt pa sekans, ki ap mennen yo nan sètifikasyon endistri ak opòtinite pou resevwa kredi apre lekòl segondè ak bousetid. Elèv chwazi akademi karyè pami divès gwoup pwogram karyè, pakonsekan, sa pèmèt yo fè tranzisyon ant lekòl segondè, kolèj, e karyè.

M-DCPS ofri 53 pwogram pami senk tèm karyè ki se Jeni, Finans, Syans Sante, Ospitalite e Touris, ak Enfòmatik nan 27 lekòl segondè. Yo rekonèt anpil nan pwogram sa yo nasyonalman pou akonplisman yo. Pou plis enfòmasyon sou pwogram sa yo ki resevwa prim, ale sou: dcte.dadeschools.net/naf.html.

Akò pou Patenarya
Elèv CTE ka resevwa kredi kolèj gratis oubyen kredi Kolèj Teknik M-DCPS nan patisipe e fini avèk siksè yon pwogram etid CTE. Akò patenarya avèk Kolèj Miami Dade, Kolèj Teknik M-DCPS ak lòt enstitisyon lokal disponib, akondisyon gen akselerasyon e rediksyon pri pou edikasyon apre lekòl segondè.

Prim “Florida Bright Futures (Gold Seal Vocational Scholars (GSV)”
Elèv CTE yo gen opòtinite pou yo kalifye pou Prim GSV, youn nan twa Prim “Bright Futures,” lè yo fini yon pwogram etid CTE e satisfè kritè inisyal yo. Pou plis enfòmasyon sou demand yo, silvouplè vizite: floridastudentfinancialaid.org/SSFAD/home/uamain.htm.

“Career and Technical Student Organizations (CTSOs)” (Òganizasyon Karyè ak Teknik pou Elèv)
CTSOs yo se yon konpozan pwogram CTE yo e yo pataje menm kourikoulòm. Yo ofri elèv opòtinite pou aplike teyori atravè eksperyans pratik. Elèv M-DCPS patisipe aktivman nan divès òganizasyon tankou “Future Business Leaders of America” (Fiti Lidè Biznis nan Amerik la), DECA, “HOSA-Future Health Professionals” (Fiti Pwofesyonèl Sante-‘HOSA’), “Technology Student Association” (Asosyasyon Etidyan Teknoloji), pou nou site sa yo sèlman, kote yo kontinye devlope ladrès ki nesesè pou siksè nan karyè yo chwazi.

Pou plis enfòmasyon konsènan pwogram sa yo, silvouplè kontakte Depatman Karyè ak Edikasyon Teknik nan 305-693-3030 oubyen vizite sit Entènèt http://dcte.dadeschools.net.

TOP


PWOGRAM CHWA LEKÒL

Depi plis pase 60 ane, Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) alavangad nan mouvman chwa nan edikasyon. Kòmanse nan ane lekòl 2014-2015, plis pase 60 pousan elèv klas matènèl rive 12yèm ane eskolè elèv nan M-DCPS fè yon chwa aktif nan seleksyone lekòl oubyen pwogram pou yo enskri. M-DCPS kontinye ap devlope pwogram ak lekòl espesyalize pou satisfè bezwen ak enterè espesyal elèv pandan l ap prepare yo pou mond travay la avèk siksè. Pou sipòte inisyativ distri a nan elaji pwogram chwa ki pwomote ekite ak aksè egal, M-DCPS ofri yon gran kantite pwogram chwa ki gen ladan pwogram magnèt, sant aprantisaj satelit, ak Pwogram Opòtinite Bousetid.

Pwogram Chwa yo se yon envestisman rezonab pou avni elèv nou yo ak bezwen mendèv biznis la pou demen. Kominote nou an ann antye benefisye nan gwo varyete opsyon chwa M-DCPS ofri yo. Paran yo gen yon Chwa ki klè nan Miami-Dade County.

Pwogram/Lekòl Magnèt

Pwogram ak lekòl magnèt yo atire elèv ki soti nan diferan kontèks nan sis diferan tèm magnèt (Karyè ak Pwofesyon, Ar Liberal, Pwogram Entènasyonal, Matematik, Syans ak Teknoloji, Ar Vizyèl e Ar Pèfomans, Klas sou Entènèt) ki ofri kourikoulòm espesyalize, kote yo chak fèt pou kiltive talan, enterè, ak abilite espesifik. Kounye a, genyen plis pase 360 pwogram magnèt nan plis pase 103 lekòl nan Miami-Dade County. Elèv yo aprann kijan pou yo kominike, devlope panse kritik, e rezoud pwoblèm, nan yon domèn etid espesyalize. Pwogram magnèt Distri a genyen plizyè prim nasyonal paske li pwomote egalite edikasyonèl e li amelyore kalite edikasyon. Pou yon katriyèm fwa konsekitif, M-DCPS resevwa plis Prim Merit Nasyonal MSA pase nenpòt lòt distri lekòl nan peyi a. Nan twa ane, lekòl M-DCPS yo resevwa 115 Prim Merit Nasyonal.

Yo aksepte aplikasyon pou anwolman nan pwogram/lekòl magnèt yo chak ane ant 1ye oktòb e 15 janvye. Pou plis enfòmasyon ak yon lis pwogram konplè, vizite sit Entènèt nou an nan www.miamimagnets.org. Premye Kontak pou Pwogram Magnèt yo se: Dtè. Robert D. Strickland, Direktè Administratif Distri “School Choice and Parental Options,” 305-995-1922, rstrickland@dadeschools.net.

Sant Aprantisaj Satelit
Sant Aprantisaj Satelit yo se yon fòm chwa lekòl leta ki pèmèt elèv yo ale nan yon lekòl leta ki menm kote paran yo ap travay la. Chak sant yo se yon patenarya ant anplwayè a, ki ofri lokal pou lekòl la, ak M-DCPS, ki ofri pwogram enstriksyonèl la. Kounye a gen yon (1) Sant Aprantisaj Satelit ki se: “Assurant Solutions Satellite Learning Center.” Chwa Lekòl ak Opsyon Paran ap resevwa kesyon antite piblik ak prive ki enterese nan kreye Sant Aprantisaj Satelit ak lòt patenarya atravè pwogram Lekòl “A Business Community (ABC)” (Yon Kominote Biznis). Disponiblite espas ki apwopriye pou yo vin yon etablisman edikasyonèl ak enterè sifizan bò kote anplwaye yo, se premye konsiderasyon pou biznis k ap anvizaje yon patenarya Pwogram Lekòl ABC. Premye kontak pou Sant Aprantisaj Satelit yo se: Madan Virna M. Kaufman, Direktris, “School Choice and Parental Options,” 305-995-1922, vkaufman@dadeschools.net.

Pwogram Opòtinite Bousdetid

Pwogram Opòtinite Bousetid la pèmèt elèv ki anwole nan yon lekòl yo deziyen kòm yon lekòl ki echwe, jwenn transfè pou ale nan yon lekòl leta ki ap bay pi bon pèfòmans e ki gen espas disponib. Yon lekòl ki echwe se yon lekòl ki te resevwa yon nòt pèfòmans “F” oubyen twa (3) nòt “D” youn aprè lòt. Lè yo pibliye nòt pèfòmans lekòl yo, yo voye anons sou fòm kat lapòs bay elèv ki anwole nan lekòl yo deziyen kòm lekòl ki echwe, avèk enstriksyon sou fason pou patisipe nan pwogram nan. Pou plis enfòmasyon silvouplè vizite sit Entènèt nou an nan www.yourchoicemiami.org, oubyen sit Entènèt eta a nan www.floridaschoolchoice.org. Premye kontak pou Pwogram Opòtinite Bousetid la se: Sheila Jackson, Espesyalis Edikasyon, “School Choice and Parental Options,” 305-995-1922, slwash@dadeschools.net.

TOP


SANT ENFÒMASYON POU SITWAYEN 

“Citizen Information Center (CIC)” (Sant Enfòmasyon pou Sitwayen) nan Lekòl Leta Miami-Dade County, la pou reponn tout moun ki gen kesyon jeneral sou sistèm lekòl la.      

Sant sa a lokalize nan sal 102 nan Bilding Administrasyon Konsèy Lekòl la ki nan 1450 N.E. Second Avenue, e sant la founi piblik la dokiman, enfòmasyon jeneral ak pwogram pou reyinyon Komisyon Konsèy Lekòl yo.       
           
Sitwayen yo kapab kontakte sant la nan 305-995-1128 oubyen vizite l lendi jiska vandredi depi 8:00 dimaten jiska 4:30 nan aprèmidi. 

Ou ka jwenn Sant Enfòmasyon pou Sitwayen an nan paj Entènèt sa a http://cic.dadeschools.net. Sit Entènèt CIC a genyen lyen ki pèmèt moun al sou sit moun gade souvan yo, konsa tou li gen fòm yo itilize pou plase demand dosye piblik yo, e pou moun mande pou yo prezante devan Komisyon Konsèy Lekòl la.

TOP


KÒD POU KONDUIT ELÈV

 

Lekòl Leta Miami-Dade County apwouve yon vèsyon revize “Code of Student Conduct (COSC)” (Kòd pou Konduit Elèv).  COSC a vize pou ofri e mentni yon anviwònman pou aprann ki gen sekirite e ki pozitif pou elèv, pwofesè, anplwaye ak kominote a.

Yon gwo konsiderasyon nan aplikasyon Kòd pou Konduit Elèv la se kiltive yon anbyans pozitif nan lekòl la pou sipòte reyalizasyon akademik, pwomote jistis, sivilite, aksepte divèsite, ak respè youn pou lòt.  Se poutèt sa, yo divize seri estrateji korektif yo an senk gwoup, ansanm ak aksyon disiplinè ki rekòmande e ki obligatwa.

Pwofesè, konseye ak administratè fè efò pou sèvi ak yon varyete estrateji korektif ki pwogresif oubyen estrateji ki fèt pou bay gidans anvan, pandan epi apre yo pran aksyon korektif fòmèl.

Diferans nan laj ak matirite se kritè ki pèmèt yo detèmine ki kalite aksyon disiplinè pou yo pran.  Sepandan, pwosedi ki nan COSC a aplikab pou tout elèv ki anba jiridiksyon Lekòl Leta Miami-Dade County.  COSC a anvigè pandan lè regilye lekòl, pandan y ap transpòte elèv yo nan yon bis lekòl e nan lè ak andwa – ki gen ladan men ki pa nesesèman limite ak evènman lekòl la ap fè, pwomnad, aktivite espò e lòt aktivite – kote administratè lekòl ki apwopriye yo gen jiridiksyon sou elèv yo.

Direktè yo gen otorite pou yo pran aksyon administratif kont yon elèv ki gen move konduit andeyò lekòl la lè sa gen yon efè destriktif sou lòt elèv yo oubyen lè li afekte lòd pwosesis edikasyonèl la.  Yo ranje kalite vyolasyon yo soti nan move konduit ki twouble lòd salklas la, fonksyon lekòl yo, aktivite andeyò lekòl la oubyen transpòtasyon ki apwouve rive nan aksyon malonèt ki pi grav la e aksyon vyolan ki menase lavi.

Gen plizyè kalite aksyon korektif yo ka pran kont move aksyon ak move konpòtman.  Aksyon sa yo gen ladan detansyon, bay fè travay, transfè nan yon lekòl oubyen yon pwogram espesyal, sispansyon oubyen ekspilsyon.
COSC a adrese dwa ak responsablite elèv yo ki gen rapo ak dwa pou aprann; prezans lekòl; dosye elèv; nòt; dwa pou moun pale; ekspresyon ak rasanbleman; ak piblikasyon.  Li souliye dwa paran yo tou pou asire opòtinite pitit yo genyen pou yo jwenn edikasyon.

Elèv oubyen paran ki gen pwoblèm pou entèprete COSC a dwe adrese sousi yo bay direktè lekòl la.  Anplis, si sousi yo genyen an pa rezoud nan nivo lekòl la, yo ka fè yon apèl nan biwo rejyon an e apre sa, nan Distri a.

Paran/gadyen ka gen aksè sou COSC a ann Anglè, Espayòl ak Kreyòl sou paj Entènèt M-DCPS la nan http://ehandbooks.dadeschools.net/policies/90/index.htm oubyen yo ka mande yon kopi nan lekòl pitit yo.

 

TOP


PWOGRAM ASISTANS POU KOLÈJ

“College Assistance Program (CAP)” (Pwogram Asistans pou Kolèj) ki nan Divizyon Sèvis Elèv la, ofri enfòmasyon ak konsèy sou kolèj ak lòt etid apre lekòl segondè, ansanm ak èd finansye e atelye sou bous etid pou elèv ak paran.  Kòm yon pati nan yon pwojè nasyonal, yo bay Aplikasyon Gratis pou Èd Finansye Federal pou Elèv (FAFSA) e yo fè atelye pou bay elèv ak paran asistans pratik.

Nan lekòl segondè yo, Konseye CAP yo sèvi kòm gid tranzisyon pou ede elèv yo fè rechèch e chwazi enstitisyon apre lekòl segondè, ranpli aplikasyon pou yo pran egzamen pou antre nan kolèj, enskri nan enstitisyon apre lekòl segondè, èd finansye ak bous etid. 

Konseye CAP yo òganize fwa karyè kolèj, fowòm kolèj nan lokal lekòl yo ak vizit kanpous kolèj yo.

 “College Assistance Program” (Pwogram Asistans pou Kolèj) travay an kolaborasyon avèk “College Assistance Program (CAP, Inc.)” (Pwogram Asistans pou Kolèj), yon òganizasyon 501(c)(3) ki pa la pou pwofi, pou li ka bay plizyè milye dola pou ede elèv ki deside ale nan kolèj.  Don CAP Inc. yo se don “last dollar” (lajan yo bay elèv avèk kèk kondisyon) ki satisfè bezwen finansye elèv nan tranzisyon pou edikasyon apre lekòl segondè. 

Pwogram Asistans Kolèj la kolabore avèk oganizasyon lokal, eta, ak nasyonal e avèk enstitisyon yo pou bay sèvis ak resous pou satisfè bezwen tout elèv.

Pou plis enfòmasyon, elèv yo ta dwe kontakte konseye CAP lekòl yo nan Depatman Sèvis Elèv la, nan 305-995-7338.

 



TOP


OU VLE ALE NAN KOLÈJ?
FWA NASYONAL KOLÈJ AP VIN MIAMI, DIMANCH 21 FEVRIYE 2016

Elèv ak paran nan Sid Florid la ka rankontre reprezantan k ap soti nan plis pase 200 kolèj ak inivèsite nan Fwa Nasyonal Kolèj 2016 Miami an soti midi pou 4:00 nan aprèmidi, dimanch 21 fevriye 2016, nan Miami Airport Convention Center, 777 N.W. 72nd Ave., Miami.
           
Yo envite elèv, paran ak lòt moun pou patisipe nan fwa gratis la.
           
Evènman an ap pèmèt elèv ak lòt moun rankontre avèk plis pase 200 reprezantan kolèj e jwenn repons pou kesyon yo. Yo ap ofri sesyon enfòmasyon ann Anglè, Espayòl, ak Kreyòl sou èd finansye, planifikasyon pou kolèj, ak sa yo mande elèv yo pou admisyon e pou yo pran egzamen.
           
Sant konseye ak òdinatè ap pèmèt elèv yo gen aksè sou sondaj konsènan karyè ki enterese yo e enfòmasyon sou preparasyon pou kolèj, admisyon ak bous etid.
           
Asosyasyon Nasyonal Konseye pou Admisyon nan Kolèj “The National Association for College Admission Counseling (NACAC)” ak Lekòl Leta Miami-Dade County ap patwone evènman an.  Manm Komisyon Konsèy Lekòl, Perla Tabares Hantman se ko-chèmann komite lokal Fwa Nasyonal Kolèj la.  Chak ane NACAC patwone fwa nan 48 vil atravè peyi a ki atire plis pase 650,000 elèv ak paran.
           
Pou plis enfòmasyon, kontakte Martha Z. Harris, Direktris Administratif, nan 305-995-7338; Rele nan Liy Enfòmasyon pou Kolèj la, 305-995-1743; oubyen vizite www.nacacnet.org.


TOP


LEKÒL KOMINOTÈ OFRI OPÒTINITE EDIKASYONÈL NAN PRI KI ABÒDAB

Atravè ane ki pase yo, plizyè milye moun te kontinye pwofite gwo kantite opòtinite edikasyonèl yo ofri atravè Pwogram Edikasyon Kominotè Lekòl Leta Miami-Dade County. Yo te kreye pwogram akomode sa yo pou satisfè bezwen enstriksyonèl endividyèl oubyen ti gwoup kominotè ki vle ogmante oubyen aprann yon ladrès ki konplètman nouvo.

Lekòl Leta Miami-Dade County ap opere 17 lekòl kominotè ak 21 lokal edikasyon adilt ki ofri klas nan prèske tout sijè – kòmanse sou yoga pou rive sou lang etranje ak fotografi – swa gratis oubyen nan pri ki abòdab. Klas yo disponib nan aprèmidi oubyen aswè pou moun ak gwoup tout laj, nivo ladrès ak kapasite yo nan lang.

Pou plis enfòmasyon sou avantaj ki genyen nan edikasyon kominotè, rele Msye. Victor Ferrante Direktè Egzekitif nan 305-817-0014, ekstansyon 2500 oubyen ale sou Entènèt nan: www.dadecommunityschools.net.

TOP


PWOGRAM SÈVIS KONPREYANSIF POU ELÈV

Sèvis Sipò Pou Elèv Ak Fanmi

Biwo Edikasyon Espesyal ak Sèvis Edikasyonèl ap aplike Pwogram Sèvis Konpreyansif pou Elèv, ki sèvi elèv soti nan klas matènèl rive nan klas adilt. Yo adrese bezwen akademik, pèsonèl/sosyal, kominotè/karyè, ak sante/byennèt atravè yon apwòch travay ann ekip anba kontwòl sikològ, travayè sosyal, konseye lekòl, konseye “College Assistance Program (CAP)” (Pwogram Asistans pou Kolèj), espesyalis TRUST ak lòt pwofesyonèl sante mantal. Pwogram nan sipòte reyisit elèv atravè prevansyon, entèvansyon, jesyon kriz efikas, ak sèvis sekou. Patenarya yo etabli avèk òganizasyon sante ak kominotè yo ede nan elaji kantite sipò ki disponib pou elèv ak fanmi.

Pou plis enfòmasyon, silvouplè kontakte Martha Harris, Direktris Administratif, Divizyon Sèvis Elèv, nan 305- 995-7338.

 

TOP


PATNÈ DADE YO

Nan ane 1978, Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) te kreye pwogram “Dade Partners” (Patnè Dade yo) pou yo te konekte biznis e resous kominotè yo ak lekòl nan zòn yo.  Pwogram nan envite biznis; lidè kominote ak ajans lokal e òganizasyon ki pa la pou pwofi yo pou vin tounen moun ki ap pran desizyon e k ap patisipe nan edikasyon piblik Miami-Dade County.      

Depi l te kòmanse, Patnè Dade yo ogmante plis pase 4,000 antite, ki fòme pase 4,200 patnè ant òganizasyon yo e lekòl nou yo. Tout patnè sa yo ap kontinye pataje konesans yo e ofri lekòl nou yo yon gwo kantite resous, tankou sèvis konsèy, ak estaj, founiti ak materyèl pou salklas, menm jan ak finansman pou òganize evènman pou rekonèt pwofesè ak elèv. 
  
Pou plis enfòmasyon sou “Dade Partners”, silvouplè kontakte Arlene Martinez, Direktris, Pwogram Patnè Dade yo, nan 305-995-1265.


TOP


INISYATIV KONVÈJANS DIJITAL PRÈ APARÈY MOBIL POU ELÈV LEKÒL SEGONDÈ

Youn nan bi ki pi enpòtan nan Inisyativ Konvèjans Dijital la se pou maksimize potansyèl aprantisaj tout elèv nan yon efò pou prepare yo pou yon fiti ki gen siksè kòm sitwayen 21yèm syèk. Nan yon efò pou fè sa, “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ap ofri elèv eksperyans itilizasyon divès aparèy mobil. Itilizasyon aparèy sa yo pral ede yo vin elèv ki endepandan, ki kapab inisye pwòp aprantisaj yo; li ap ofri kolaborasyon ak kominikasyon ant elèv e pwofesè; e pwolonje aprantisaj elèv andeyò salklas la.

Pou ane lekòl 2015-2016 la, aparèy mobil yo ap disponib pou tout elèv Distri a ki nan nevyèm ak dizyèm ane eskolè. Yo ap distribye aparèy yo bay elèv nan kòmansman ane lekòl la, e yo ap telechaje yo alavans avèk yon kantite materyèl pou kou yo.

Lekòl yo ap voye nòt bay paran pou fè yo konnen kilè y ap distribye aparèy yo. Pou yo ka resevwa yon aparèy mobil, elèv ak paran dwe fè sa ki ap suiv yo:

1. Siyen Akò sou Aparèy Mobil pou Elèv la (obligatwa)

2. Peye frè teknoloji $20 yo mande a – elèv ki nan pwogram repa midi nan pri redui ap peye $10 e sa ki nan pwogram gratis la ap peye $5.

3. Patisipe nan yon Reyinyon Oryantasyon (pa obligatwa – si se lekòl la ki mande sa.)

Frè teknoloji a kouvri reparasyon pou pàn aparèy la. Li PA kouvri reparasyon ki fèt akoz neglijans oubyen abi elèv, pèt oubyen domaj ekipman (egz., chajè, bwat, klavye, eks.), oubyen ranplasman aparèy la.

Yo mete règ, pwosedi ak machasuiv distri a konsènan prè ak itilizasyon aparèy mobil yo, nan gid pou paran an ki lokalize nan http://digital.dadeschools.net anba “Parent Resources” (Resous pou Paran). Pou elèv ki chwazi itilize yon aparèy pèsonèl olye pou yo itilize aparèy lekòl la, gen enfòmasyon tou konsènan aparèy pèsonèl (BYOD).

Pou plis enfòmasyon, paran yo dwe kontakte yon administratè nan lekòl pitit yo oubyen yo ka rele Albert Pimienta, Depatman Teknoloji Enstriksyonèl, nan 305-995-2295.

 

TOP


KÒD ABIMAN POU ELÈV 

Lekòl Leta Miami-Dade County gen yon kòd abiman estrik pou elèv yo obsève. Kòd abiman an egziste pou asire aparans elèv yo pa deranje sante, sekirite, pwòpte oubyen anviwònman pou aprann nan. Kòd pou Konduit Elèv la gen estrateji korektif ladan sou fason pou adrese kesyon elèv ki pa respekte kòd abiman an.
   
Gen anpil lekòl ki adopte inifòm pou ankouraje elèv yo amelyore abitid etid yo e pou idantifye yo plis ak lekòl yo.  

Paran ki swete gen plis enfòmasyon sou kòd abiman lekòl la dwe refere yo a vèsyon Elemantè ak Segondè Kòd pou Konduit Elèv la ki lokalize sou sit Entènèt Lekòl Leta Miami-Dade County ehandbooks.dadeschools.net/policies/90/index.htm, oubyen yo ka kontakte tou lekòl pitit yo.

TOP


ANWOLMAN DOUB, OPÒTINITE POU ETID AVANSE

Lekòl Leta Miami-Dade County ofri elèv nan tout nivo yon varyete pwogram pou prepare yo pou edikasyon aprè lekòl segondè pou li ka monte talan ak enterè akademik chak elèv nan nivo maksimòm. Pwogram Akademik Avanse yo dekri anba a ofri metòd akselere pou elèv pran kou nivo kolèj pandan yo toujou nan lekòl segondè.

Pwogram “Advanced Placement (AP)” (Plasman Avanse) Kou Plasman Avanse (AP) yo disponib nan tout lekòl segondè, e enskripsyon ouvè pou tout elèv. Malgre kèk elèv enskri nan kou AP depi yo nan 9yèm ane eskolè, majorite elèv kòmanse pran kou AP nan 10yèm e/oubyen 11yèm ane eskolè. Kou sa yo egzijan, yo ofri travay klas nivo kolèj pandan elèv yo toujou nan lekòl segondè. Pandan elèv yo nan wout pou fini ane lekòl la, yo patisipe nan egzamen AP, ki evalye konesans elèv nan domèn disiplin espesifik ki enterese yo a. Yo klase nòt yo, soti nan en (1) rive nan senk (5). Majorite kolèj ak inivèsite ap bay elèv yo kredi kolèj pou kou AP yo, si yo fè nòt twa oubyen plis nan egzamen an. Sa ede elèv ak paran yo paske elèv yo pap gen pou peye oubyen pran kou sa yo lè yo antre nan yon enstitisyon siperyè. Yo ofri kou AP yo nan sijè ki ap suiv yo: Lekti/Redaksyon, Matematik, Syans Sosyal, Syans, Teknoloji, Lang Etranjè, ak Ar.

Anwolman Doub “Dual Enrollment (DE)” (Anwolman Doub) bay elèv opòtinite pou enskri nan kou kolèj pandan yo toujou nan lekòl segondè. Nan Lekòl Leta Miami-Dade County, yo ofri DE atravè “Miami-Dade College (MDC)”, “University of Florida” (UF), ak “Florida International University (FIU).” Elèv ki kalifye yo ka anwole nan yon kou kolèj, e yo elimine frè lekòl ak frè liv yo pou elèv la. Majorite lekòl segondè M-DCPS ofri kou DE sou kanpous yo pandan lajounen e aprè lekòl. Lè elèv la fini kou DE a, kredi li pran an ka sèvi pou li satisfè demand gradyasyon lekòl segondè li ye a, e li ka sèvi tou pou kredi kolèj. Pou elèv segondè kalifye pou anwolman doub, yo dwe gen yon “unweighted Grade Point Average (GPA)” (Mwayèn Jeneral) 3.0, yo dwe pase “Postsegondary Education Readiness Test (PERT)” (Egzamen Preparasyon pou Edikasyon Aprè Lekòl Segondè) oubyen yo dwe fè nòt minimòm yo mande nan SAT oubyen ACT, e satisfè tout kritè pou admisyon nan MDC oubyen FIU. Pou yo ka resevwa kredi lekòl segondè pou kou Anwolman Doub, elèv yo dwe remèt relve nòt kolèj yo bay konseye gidans lekòl segondè yo. Pou elijibilite ak disponibilite kou DE yo, elèv dwe pale avèk konseye segondè yo.

Pou plis enfòmasyon, kontakte Montserrat Paradelo-Morrison, Depatman Sipò Akademik, nan 305-995-1934.

 

TOP


SÈVIS EDIKASYON POU TIMOUN ANBAZAJ

“Voluntary Pre-Kindergarten (VPK)” (Klas Matènèl Volontè)
“Voluntary Pre-Kindergarten (VPK)” (Klas Matènèl Volontè) se yon pwogram lalwa otorize ki fèt pou prepare chak timoun katran nan Florid pou klas jadendanfan e bati fondasyon pou siksè edikasyonèl yo. “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ofri pwogram VPK a kòmanse 8:20 dimaten pou 11:20 dimaten. Gen yon Pwogram Anrichisman Klas Matènèl ki pwolonje jounen enstriksyonèl la jiska 1:50 nan aprèmidi atravè fon Title I oubyen frè paran. Yo baze anwolman an sou yon kantite 20 elèv maksimòm nan chak salklas nan pwogram ane lekòl la, ki kenbe yon pousantaj yon adilt pou chak 10 timoun. Pou plis enfòmasyon, silvouplè kontakte Biwo Pwogram pou Timoun Anbazaj yo nan 305-995-7632. “Early Head Start” (Kòmansman Edikasyon Byen Bonè) “Early Head Start (EHS)” (Kòmansman Edikasyon Byen Bonè) se yon pwogram a baz kominotè ki finanse federalman pou fanmi revni ba, ki gen timoun piti. Pwogram EHS la sipòte devlopman fizik, sosyal, emosyonèl, entelektyèl, ak linguistik chak elèv e li responsabilize fanmi yo nan devlope objektif pou yo menm ak pitit yo.

Sèvis EHS yo disponib pou fi ansent ki gen revni ki pèmèt yo kalifye ak timoun piti soti nan nesans rive nan laj twazan, nan sis andwa lekòl atravè Miami-Dade County. Yo aksepte aplikasyon pou anwolman pandan tout ane a nan andwa lekòl EHS yo. Pou plis enfòmasyon, demand pou enskripsyon, aplikasyon EHS ak yon lis kote ki ofri pwogram nan ki disponib, vizite sit Entènèt nou an nan http://headstart.dadeschools.net/ oubyen kontakte Biwo Pwogram Timoun Anbazaj la, nan 305-995-7689.

“Head Start” (Kòmansman Edikasyon Bonè)
“Head Start (HS)” (Kòmansman Edikasyon Bonè) se yon pwogram federal pou timoun klas matènèl ki soti nan fanmi revni ba. Timoun ki nan HS patisipe nan yon varyete aktivite edikasyonèl. Yo resevwa tou swen medikal e dantè gratis; yo resevwa bonjan repa ak tigoute; e yo renmen jwe anndan e deyò salklas nan yon anviwònman aprantisaj ki gen sekirite e ki rich. Timoun ki nan pwogram HS yo ant laj 3 ak 5 ane.

Sèvis HS yo disponib, pou timoun revni paran yo fè yo elijib, ki gen laj 3-5 ane ak fanmi yo, nan 35 andwa lekòl atravè Miami-Dade County. Yo aksepte aplikasyon pou anwolman pandan tout ane a nan andwa lekòl EHS yo. Pou plis enfòmasyon, demand pou enskripsyon, aplikasyon HS ak yon lis konplè andwa ki ofri pwogram nan ki disponib, vizite sit Entènèt nou an nan http://headstart.dadeschools.net/ oubyen kontakte Biwo Pwogram Timoun Anbazaj la, nan 305-995-7689.

Pwogram Klas Matènèl pou Timoun ki Gen Andikap
Pwogram Klas Matènèl pou Timoun ki Gen Andikap la ofri yon varyete aktivite edikasyonèl pandan jounen lekòl la. Jounen lekòl ki nan pwogram nan kòmanse a 8:20 dimaten pou 1:50 nan aprèmidi pou pwogram jounen konplè a oubyen 8:20 dimaten pou 10:50 dimaten oubyen 11:20 dimaten pou 1:50 nan aprèmidi pou pwogram mwatye jounen an, lendi jiska vandredi.

Woutin chak jou Pwogram Klas Matènèl pou Timoun ki Gen Andikap la gen ladan: tan salitasyon, rekonèt son, tan pou planifikasyon, tan pou travay, tan pou netwaye, tan pou rapèl, tan pou timoun yo travay nan ti gwoup, sosyalizasyon/devlopman pèsonèl, tan pou timoun yo travay nan gran gwoup, tan pou lekti an gwoup, e tan pou jwe deyò. Yo aplike woutin chak jou sa a selon modèl aplikasyon pwogram ki ap suiv yo: Enklizyon, Pwogram “LEAP” timoun ki gen Divès Karakteristik Kondisyon Otis, timoun ki gen Pwoblèm Pale, “Reverse Mainstream,” (Klas Espesyal pou Elèv Edikasyon Regilye), Klas Separe pou timoun ki gen Divès Karakteristik Kondisyon Otis, ak Klas separe pou timoun ki gen Andikap Entèlektyèl.

Pou plis enfòmasyon konsènan pwogram nou an, woutin chak jou, ak modèl aplikasyon pwogram yo, silvouplè vizite sit Entènèt nou an nan http://prekese.dadeschools.net oubyen rele Pwogram Klas Matènèl pou Timoun ki gen Andikap yo nan 305-271-5701.

 

TOP


PWOSEDI NAN KA IJANS

Elèv yo dwe gen nan dosye lekòl yo enfòmasyon pou asire yo avèti paran yo rapidman oubyen lòt endividi yo te deziye sou kat ijans la pou lè gen yon ijans konsènan pitit yo.
           
Paran yo mete enfòmasyon sa a sou yon kat dosye elèv depi premye fwa yo ap enskri pitit yo nan yon lekòl leta Miami-Dade County; aprè sa, yo mete enfòmasyon an ajou chak ane. Sepandan, li enpòtan pou paran yo mete enfòmasyon an ajou alekri diran ane lekòl la si ta vin gen chanjman nan non, telefòn oubyen adrès. Anplis, Pòtal Paran an, youn nan inisyativ teknoloji M-DCPS yo, pèmèt paran ale sou Entènèt e fè chanjman nan adrès elektwonik yo.
           
Lè yon elèv gen yon ijans nan lekòl li oubyen pandan yon aktivite lekòl la te otorize, responsab yo nan lekòl la dwe avèti youn nan paran yo imedyatman. Si yo pa ka kontakte okenn nan paran yo, yo dwe rele kèlkeswa lòt moun ki gen non li mansyone sou kat la kòm yon kontak ijans. Yo pap remèt elèv la bay yon moun si non moun sa a pa sou lis kat ijans timou nan. Nan ka maladi oubyen blesi grav, yo ap rele Ponpye/Sèvis sekou oubyen lapolis pou vini lekol la. Pa konsekan, li enpòtan pou kat enfòmasyon ak kontak elèv la ajou, si sèvis sekou yo bezwen pale avèk yon moun.

 

TOP


BIWO EDIKASYON ELÈV EKSEPSYONÈL AK SÈVIS SIPÒ ELÈV

“Office of Exceptional Student Education (ESE)” (Biwo Edikasyon Elèv Eksepsyonèl) ak Sipò Elèv sèvi elèv ak fanmi atravè distri a nan devlope, kowòdone e kontwole pwogram ki sipòte elèv ki gen andikap yon fason pou asire yo ajiste kourikoulòm, pratik enstriksyonèl ak konpòtman pou satisfè bezwen edikasyonèl elèv.

ESE administre tou sèvis sante konpreyansif pou pwomote e sipòte depistaj, fòmasyon, ak resous ki la pou asire sante ak byennèt elèv M-DCPS. Biwo a pran angajman pou li ogmante siksè akademik pou tout elèv nan ofri yo aksè a resous lekòl ak kominotè ki selon laj yo, ki pral satisfè bezwen endividyèl chak elèv. Pami pwogram espesifik ak sèvis yo, genyen idantifikasyon ak entèvansyon bonè, konsèy sou sante fizik/mantal, evalyasyon ak plasman sikolojik e edikasyonèl, sipò pou tranzisyon ak prevansyon kont fè woul. Yo etabli kat Sant Sèvis ESE atravè distri a pou ede paran jwenn aksè a sèvis dyagnostik e enfòmasyon. Sant Sèvis ESE yo lokalize nan:

ESE Service Center North
13835 N.W. 97th Avenue
Hialeah, FL 33018
305-827-3025
Kate Cadieux, Administratè Sit la

ESE Service Center North Central
Westview Middle School
1901 N.W. 127th Street
Miami, FL 33167
Alfredia Robinson, Administratè Sit la

ESE Service Center South Central
6521 S.W. 62nd Avenue
South Miami, FL 33143
786-268-4757
Kathy Maguire, Administratè Sit la

ESE Service Center South
900 N.E. 23rd Avenue
Homestead, FL 33030
305-242-8432
Helene Chait, Administratè Sit la

Florida Diagnostic and Learning Resources System/South (FDLRS)
6521 S.W. 62nd Avenue
South Miami, FL 33143
305-274-3501
Delsey Yancoskie, Administratè

Pou plis enfòmasyon, kontakte Ava Goldman, Direktris Administratif nan 305 995 2037.

TOP


PWOGRAM EKSTANSYON LANG ETRANJE

Pwogram “Extended Foreign Language (EFL)” (Ekstansyon Lang Etranje) a egziste depi 1997 e kounye a yo seleksyone li atravè distri a kòm modèl mondyal ansèyman lang pou elèv lekòl elemantè ki enterese.

Lekòl elemantè nan M-DCPS ofri paran chwa pou bay elèv yo opòtinite pou patisipe nan pwogram EFL la. Pwogram EFL la ofri enstriksyon pandan 300 minit chak semèn sou lang, nan yon lang yo vize e lekòl la chwazi; egz. Espayòl, Fransè. Patisipasyon nan pwogram nan baze sou chwa paran e pwen pou antre nan pwogram EFL la se Jadendanfan.

N ap jwenn plis enfòmasyon sou pwogram EFL la lè nou rele Divizyon Edikasyon Bileng ak Lang Mondyal nan (305) 995-2428, oubyen vizite sit Entènèt la nan http://bilingual.dadeschools.net.

“Bilingual School Organization (BISO)” (Òganizasyon Lekòl Bileng) Klas Matènèl – 8yèm ane eskolè:”
Lekòl BISO yo ofri yon modèl pwogram lang doub. Pwogram sa a sèvi elèv ki espesyalman enterese nan devlope konesans ak aprantisaj yo nan de (2) lang : Anglè e yon lòt lang. Lekòl BISO yo suiv yon pwogram enstriksyonèl kote yo konsakre 60 pousan jounen an pou enstriksyon nan Anglè oubyen atravè Anglè, e 40 pousan jounen an pou enstriksyon nan lòt lang ki pa Anglè a oubyen avtavè lang sa a. Tan pou enstriksyon nan divès lòt domèn etid yo suiv règ yo etabli pou tout lekòl elemantè yo avèk yon 60 minit yo ajoute chak jou pou lekti/redaksyon nan lòt lang ki pa Anglè a. Yo ofri enstriksyon nan matyè ki nan kourikoulòm nan atravè toude lang yo. Elèv ki nan akademi ki pi wo yo, Sant K-8 ak lekòl mwayen pousuiv kou lang ak literati yo nan lang yo chwazi a e yo pran yon kou adisyonèl sou imanite yo ofri nan lang ki pa Anglè a. Pwogram nan ofri seksyon Anglè/Espayòl, Anglè/Fransè e Anglè/Pòtigè.

TOP


PAJ DETAY

Kantite Lekòl
Tradisyonèl Charter
Elemantè   172 24
Sant K-8 (Jandendanfan-8yèm ane eskolè) 47 35
Mwayen 50 22
Segondè 57 30
Konbinezon 5 14
Altènatif/Espesyalize
15 0
TOTAL 
346 125
Demografi elèv
Espayòl
243,538 68.4%
Nwa
79,414 22.3%
Blan
26,618 7.5%
Lòt
6,342 1.8%

TOTAL Elèv

355,912
100%
Kantite anplwaye
Pwofesè 18,831
Anplwaye a plentan 34,434
Anplwaye a tan Pasyèl 5,123
Total Anplwaye  39,557
   

Salè Debaz pou pwofesè 10-mwa ki gen Bachelye:
$40,500 - $70,325

  • Sipleman pou Metriz - $3,100
  • Sipleman pou Espesyalis- $5,150
  • Sipleman pou Doktora - $7,200


Bidjè Distri pou 2015-2016: $4.6 milya

Dis (10) premye lang elèv itilize kòm lang
prensipal yo

Espayòl 187,922
Kreyòl-Ayisyen 14,411
Fransè  1,708
Pòtigè 1,674
Zhongwen(Chinwa) 765
Ris 728
Arab  510
Italyen 374
Vyetnamyen 342
Urdu (Endou) 330
Kantite Elèv ki gen Andikap ak Elèv ki gen Don
Kantite Elèv ki gen Don: 42,373
Kantite Elèv Edikasyon Espesyal (SPED): 34,926
Elèv Edikasyon Eksepsyonèl  77,299 (kòmanse ann oktòb 2014)
Kantite pwogram magnèt ak lekòl chwa
Pwogram Chwa
461
Lekòl
103
Anwolman: 200,388

 


TOP


FWA AK EKSPOZISYON MIAMI-DADE COUNTY

Fwa a ap kòmanse 17 mas 2016, ane sa a pou ekspoze talan elèv yo e ofri fanmi yo 21 jou amizman! Fwa a ofri elèv yo tou yon bous $1,000 ki pa renouvlab pou yo ale nan yon kolèj, inivèsite ki akredite, oubyen yon pwogram pwofesyon M-DCPS ki sètifye. Elèv lekòl segondè oubyen Adilt/Vokasyonèl yo dwe aplike nan lekòl nan katye yo. Y ap onore tout resipyan yo nan yon seremoni dine nan Fwa a.     

Prim “The Walter B. Arnold Youth Hall of Fame” (Aprèsyasyon pou Jèn) Fwa a ofri a te kreye pou rekonpanse elèv nan 6-12yèm ane eskolè pou sèvis remakab yo nan lekòl yo e/oubyen kominote yo. Yo ap onore tout finalis yo nan yon seremoni dine nan Fwa a e y ap resevwa $100 ak yon plak. Chak inisye “The Youth Hall of Fame” ap resevwa $1,000 e y ap ekspoze foto yo pou onore yo nan mi “Youth Wall of Fame” nan Fwa a. Elèv yo dwe aplike nan lekòl yo.

Pou plis enfòmasyon sou aktivite sa yo ak lòt pwojè Fwa ak Ekspozisyon Miami-Dade County, egzibisyon ak opòtinite, silvouplè ale sou sit Entènèt Fwa a nan www.fairexpo.com, oubyen kontakte Diana Venturini, Direktris, nan Biwo Angajman Kominotè nan Lekòl Leta Miami-Dade County nan 305-995-1367.


TOP


ENSKRIPSYON ANN OTÒN

Demand pou Admisyon, Enskripsyon ak Vaksen

 

Lekòl leta Miami-Dade County yo ap ouvri pòt yo lendi 24 out 2015 pou kòmanse ane lekòl 2015- 2016 la.

Tout timoun ki rive nan laj sis (6) an oubyen ki pral gen sizan 1ye fevriye oubyen avan, nan nenpòt ane oubyen ki gen ant sizan ak sèz (16) an, eksepte si lalwa Florid di lekontrè, dwe ale lekòl regilyèman pandan tout ane lekòl la. Tout timoun ki enskri nan yon lekòl nan Distri a dwe satisfè demand pou vaksen, selon lwa eta a, e montre prèv egzamen fizik.

Men dokiman pou n pote lè n ap enskri timoun yo:

Elèv ki ap transfere soti nan yon lòt eta, lòt distri nan Florid, oubyen ki fèt nan lòt peyi, dwe satisfè menm demand yo pou enskripsyon, admisyon, ak antre lekòl. Tout elèv dwe ale nan lekòl nan distri a ki nan zòn kote paran/gadyen legal yo rete, amwenske timoun nan te resevwa yon asiyasyon pou yon lòt lekòl atravè yon Transfè Elèv nan Chwa Paran, oubyen atravè Chwa Lekòl ak Opsyon Paran nan Lekòl Leta Miami-Dade County. Pou jwenn lekòl ki nan zòn kote ou rete, ou ka ale sou www.dadeschools.net, seleksyone “Schools, Find your Neighborhood School” (Lekòl, Jwenn Lekòl ki nan Katye ou). Pou fasilite ou, nou mete lyen pou “2015-2016 Initial Entry Registration Procedures Handbook” (Livrè sou Metòd Inisyal pou Enskripsyon ak Antre Lekòl). Menmsi pa gen dat limit pou enskripsyon, nou ankouraje paran yo enskri elèv yo bonè pou evite reta nan pwosesis la, e pou asire y ap ka antre lekòl nan jou ouvèti lekòl la.

TOP


“FLORIDA KIDCARE:” PWOGRAM ASIRANS SANTE POU TIMOUN

“Florida KidCare” (Swen pou Timoun nan Florid) se asirans sante konple pou timoun depi nesans yo rive nan laj 18 ane. Nenpòt fanmi ka aplike; kantite lajan pou w peye depann de salè ak kantite moun ki gen nan fanmi an. Majorite fanmi peye $15 oubyen $20 chak mwa oubyen anyen ditou. Anpil timoun ki pa sitwayen ameriken kapab kalifye.

Anpil elèv nou yo kapab elijib pou asirans sante atravè “Florida KidCare”, menmsi youn oubyen toude paran yo ap travay.

Sèvis yo ofri yo gen landan: vizit doktè, konsiltasyon ak vaksen, preskripsyon, sante mantal, lopital ak operasyon, sèvis pou zye ak zòrèy, swen pou dan, ak ijans.

Gen kat (4) pwogram nan “Florida KidCare”: “Medicaid” (Asistans Medikal) pou timoun, “Healthy Kids” (Timoun Ansante), “MediKids”, ak “Children’s Medical Services” (Sèvis Medikal pou Timoun).

Atravè yon patenarya avèk “Florida KidCare”, Lekòl Leta Miami-Dade County ap ofri enfòmasyon kounye a konsènan pwogram nan e l ap ofri asistans pou moun ka aplike nan lekòl nou yo. Fanmi yo ka pale avèk Lyezon KidCare ki nan lekòl pitit yo oubyen rele liy enfòmasyon Akademi Paran An nan nan 305-995-1207.

Paran ka aplike sou Entènèt tou nan www.floridakidcare.org e klike sou “Apply Online Now”.
           
Pou plis asistans, rele Florida KidCare nan 1-888-540-5437 (gratis).

 

TOP


FONDASYON POU NOUVO INISYATIV NAN EDIKASYON
“THE FOUNDATION FOR NEW EDUCATION INITIATIVES, Inc.”

Kòm yon òganizasyon sipò dirèk pou “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) “The Foundation for New Education Initiatives, Inc.” (Fondasyon pou nouvo Inisyativ nan Edikasyon) ouvri nouvo domèn opòtinite, inovasyon, motivasyon ak siksè akademik pou elèv Lekòl Leta Miami-Dade County yo.

Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County, Florid te kreye Fondasyon an an 2008 pou amelyore akonplisman elèv e angajman kominote a nan sipòte Akademi Paran An ak lòt inisyativ Lekòl Leta Miami-Dade County.

Pou plis enfòmasyon konsènan misyon Fondasyon an ak kantite inisyativ edikasyon li sipòte, silvouplè kontakte Ann de las Pozas, Direktris Egzekitif, nan 305-995-7317, oubyen vizite www.giveourstudentstheworld.org.

 

TOP


MANJE GRATIS, NAN PRI REDUI

Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) sèvi manje nourisan chak jou. Tout manje yo dwe satisfè kritè Depatman Agrikilti Etazini etabli.  Dejene GRATIS pou tout elèv Lekòl Leta Miami-Dade chak jou lekòl. 

Yo ap voye fòm aplikasyon nan tout kay ak yon lèt bay paran oubyen gadyen yo.  Pou aplike pou manje gratis oubyen nan pri redui, moun ki abite nan kay la dwe ranpli aplikasyon an e retounen li nan lekòl kote yo gen pitit yo ki pi jèn nan.  Ranpli sèlman yon aplikasyon pa kay.  Gen lòt kopi ki disponib nan direksyon chak lekòl ann Espayòl, Anglè ak Kreyòl.  Y ap sèvi ak enfòmasyon ki sou aplikasyon an pou detèmine elijiblite e yo ka verifye yo nenpòt lè pandan ane lekòl la.  Moun ka remèt aplikasyon an nenpòt lè pandan ane a.  Pou pwosesis benefis manje gratis oubyen nan pri redui a ka ale pi vit, moun ki abite nan kay la ka aplike elektwonikman sou http://nutrition.dadeschools.net.
 
Timoun adoptif yo ap resevwa benefis gratis kèlkeswa revni pèsonèl timoun nan oubyen revni moun ki abite nan kay la.  Timoun adoptif yo pa oblije ranpli aplikasyon pou yo ka resevwa repa midi gratis. 

Tout lòt fwaye yo dwe bay enfòmasyon sa yo ki nan aplikasyon an:

  1. Non tout elèv nan fanmi an – bay nimewo idantifikasyon elèv la, dat nesans li, non lekòl yo ye a e tcheke bwat “no income” nan si l aplikab oubyen bay salè elèv la.

  2. Non tout manm fwaye a – tcheke bwat “no income” nan si li nesesè; si manm fwaye a se yon elèv, ekri non lekòl la pou chak elèv.

  3. Revni total fwaye a ki prezante avèk kantite lajan yo resevwa avan taks, ki kalite revni (egz., salè, “child support,” eks.) e avèk ki frekans chak moun ki abite nan kay la resevwa lajan sa a (an dola e santim);

  4. Siyati yon adilt ki manm fwaye a ki sètifye enfòmasyon yo bay la kòrèk; e

  5. Kat dènye chif nan nimewo sosyal sekirite adilt ki siyen aplikasyon an.  Si manm fwaye sa a pa gen yon nimewo sosyal sekirite li dwe ekri mo “NONE” oubyen yon X nan bwat “No SSN” nan.

Elèv yo kab peye repa midi davans sou Entènèt nan www.PayPams.com, oubyen nan kafeterya lekòl la ak chèk oubyen kach.  Y ap voye enfòmasyon sou PayPams lakay elèv la ansanm avèk aplikasyon pou manje gratis/nan pri redui nan premye jou lekòl la.  Repa midi nan lekòl elemantè se $2.25.  Repa midi nan lekòl mwayen ak segondè se $2.50.  Pri redui pou repa midi se 40 santim pa jou.   

Anba dispozisyon règ sou manje Gratis ak nan Pri Redui a Direktè Administratif la oubyen moun li deziyen (786-275-0400) ap revize aplikasyon yo e detèmine elijiblite.  Si yon paran oubyen yon gadyen pa satisfè avèk desizyon ofisyèl la, li ka vle pale avèk yon anplwaye Biwo Distri a (786) 275-0400 eks. 5000 sou yon baz enfòmèl.  Si paran an swete fè yon apèl fòmèl, li ka fè yon demann oral oubyen ekri bay Direktè Operasyon yo nan (786) 275 0469.

“Daprè lwa Federal ak règ Depatman Agrikilti Etazini, yo defann enstitisyon sa a fè diskriminasyon sou baz ras, koulè, nasyonalite orijin, sèks, laj, oubyen andikap.  Pou pote yon plent kont diskriminasyon, ekri USDA, Director, Office of Adjudication, 1400 Indepandance Avenue, SW, Washington, D.C. 20250-9410 oubyen rele gratis (866) 632-9992 (Vwa). Moun ki gen pwoblèm pou tande oubyen pwoblèm pou pale kapab kontakte USDA atravè “Federal Relay Service” nan (800) 877-8339; oubyen (800) 845-6136 (Espayol).  USDA se yon founisè e yon anplwayè ki bay tout moun menm opòtinite”.          

TOP


SÈVIS TOTAL LEKÒL LETA
OFRI SÈVIS SANTE AK SÈVIS POU MOUN

Yo deziye diznèf Lekòl Leta Miami-Dade kòm Lekòl Sèvis Total.  Yo entegre edikasyon, sèvis medikal e/oubyen sèvis sosyal ak sèvis pou moun nan lekòl yo pou satisfè anpil bezwen timoun ak fanmi yo.

Inisyativ Lekòl Sèvis Total la konsantre sou ofri ankourajman pou lekòl, distri lekòl e pou ajans sèvis sante ak sèvis pou moun nan nivo eta e lokal, piblik e prive pou yo devlope relasyon tèt ansanm ki kapab amelyore aksè sèvis pou timoun ak fanmi yo.  Anplis, inisyativ la vize pou kowòdone pwovizyon sèvis yo ofri, elimine diplikasyon sèvis ki pa nesesè atravè ajans yo, e sipòte pèfòmans timoun yo lekòl.

Pou plis enfòmasyon, kontakte Wilma Steiner, Direktè(tris) Divizyon Sèvis Elèv, Sèvis Sante Konpreyansif nan 305-995-7324.

 

TOP


DEMANN POU GRADYASYON

Elev “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ki ap antre nan 9yèm ane eskolè ka chwazi youn nan kat opsyon eta a apwouve pou yo ka resevwa yon diplòm estanda.

• Pwogram 24-kredi*
• Opsyon 18-kredi “Accademically Challenging Curriculum to Enhance Learning (ACCEL)” (Akademikman Estimilan pou Ankouraje Enstriksyon),
• Yon kourikoulom “International Baccalaureate (IB)” (Bakaloreya Entnènasyonal)
• Yon kourikoulom “Advanced International Certificate Education Program (AICE)” (Pwogram Edikasyon Sètifika Entènasyonal Avanse)

*Anplis, gen de opsyon pou elèv ki gen andikap, yo ka konplete nan pwogram 24-kredi a. Pou plis enfòmasyon sou pwogram edikasyon elèv eksepsyonèl yo, vizite paj Entènèt Biwo Edikasyon Eksepsyonèl ak Sèvis Elèv la.

  • Tout opsyon diplòm mande pou elèv fè yon nòt pasaj nan Egzamen Lekti 10yèm ane “English Language Arts Florida Assessment” Evalyasyon Florid pou Lekti/Redaksyon ann Anglè), ki se evalyasyon gradyasyon nan Lekti, swa pou egzamen “College Board” ACT oubyen SAT.
    • Elèv ki te antre nan 9yèm ane nan ane lekòl 2012-2013 dwe pase evalyasyon Lekti FCAT 2.0 a.
    • Elèv ki te antre nan 9yèm ane nan ane lekòl 2013-2014 e aprè sa, dwe pase Evalyasyon Florid pou Lekti/Redaksyon ann Anglè.
    • Yo mande pou elèv konplete omwen yon kou sou Entènèt nan lekòl segondè pou yo ka gradye.

Elèv yo dwe chita avèk konseye lekòl yo pou asire yo gen enfòmasyon egzat konsènan kou ak evalyasyon yo mande pou gradyasyon, ansanm ak lòt enfòmasyon enpòtan yo bezwen pandan e aprè lekòl segondè.

Pou plis enfòmasyon ki pi detaye konsènan demand pou diferan diplòm, klike sou lyen ki anba a pou w ka jwen Feyè Depatman Edikasyon Florid sou Konsiderasyon Akademik – “Sa Elèv ak Paran Bezwen Konnen.” Feyè yo disponib nan twa lang: http://www.fldoe.org/academics/graduation-requirements.

Feyè sou Konsiderasyon Akademik: Sa Elèv ak Paran Bezwen Konnen:

Si ou bezwen enfòmasyon espesifik konsènan nouvo lwa sa a, silvouplè kontakte konseye lekòl pitit ou a e/oubyen administratè yo. Nan travay ansanm, paran ak anplwaye lekòl M-DCPS ka vrèman fè yon diferans pou elèv nou yo.

TOP


SWEN SANTE; VAKSEN ETA A MANDE

Timoun ki gen pou antre nan klas Matènèl jisrive nan 12yèm ane eskolè pou ane lekòl 2015-2016 la bezwen pran vaksen apwopriye, sinon yo pap ka antre lekòl.
             
Pwogram vaksen lekòl eta a mande pou tout elèv ki nan Jadendanfan jisrive nan 12yèm ane eskolè resevwa yon dezyèm dòz vaksen MMR.
           
Pwogram vaksen lekòl eta a mande pou tout elèv ki nan Jadendanfan jisrive nan 12yèm ane eskolè resevwa yon dezyèm dòz vaksen MMR.
           
Tout timoun k ap antre, ki prale oubyen k ap transfere nan klas Matènèl ak klas, 7yèm, 8yèm, 9yèm, 10yèm, 11yèm ak 12yèm ane eskolè nan Florid dwe pran yon dòz vaksen varisèl (chicken pox), oubyen yo dwe gen yon istwa maladi varisèl ki dokimante sou yon Fòm DH 680 oubyen dokiman vaksen Florid pou maladi varisèl. Demand sa a aplikab tou pou elèv ki pa t pase klas matènèl, 7yèm, 8yèm, 9yèm, 10yèm, 11yèm ak 12yèm ane eskolè
 
Tout timoun k ap antre, ki deja oubyen k ap transfere nan klas matènèl oubyen 8yèm, 9yèm, 10yèm, 11yèm oubyen 12yèm ane eskolè nan Florid, dwe pran 1 dòz vaksen (chicken pox) varisèl oubyen yo dwe gen yon istwa maladi varisèl ki dokimante sou yon Fòm Sètifikasyon Vaksen Florid oubyen dokiman vaksen Florid pou malady varisèl. Demand sa a aplikab tou pou elèv ki te double klas matènèl oubyen 8yèm, 9yèm, 10yèm, 11yèm oubyen 12yèm ak eskolè.

Tout timoun k ap antre, ki prale deja oubyen k ap transfere nan 7yèm ane eskolè nan Florid dwe gen vaksen Tdap la ki dokimante sou yon Fòm DH 680 oubyen dokiman vaksen Florid.  
           
Timoun ka ale lekòl si yo nan pwosesis pou yo pran seri vaksen yo e si yo genyen yon fòm medikal tanporè ki eskize yo, ki klase nan dosye lekòl la. Se sèl Sètifika Depatman Sante pou Vaksen an, Fòm DH 680 oubyen dokiman vaksen Florid ki akseptab kòm verifikasyon elèv yo anrèg pou vaksen.
          
Yo ankouraje paran/gadyen pou kontakte doktè yo pou mete yon randevou pou timoun ki afekte ak egzijans pou vaksen lekòl.  Pifò asirans kouvri vaksen yo mande yo. 
           
Timoun paran yo pa kab peye pou vaksen yo kab resevwa vaksen anba pwogram Vaksen pou Timoun, ki ofri vaksen gratis nan sant depatman sante nan county a, ak sant sante ki gen lisans federal.
           
Pou plis enfòmasyon, kontakte Biwo Pwogram Vaksen Espesyal nan Depatman Sante Miami-Dade County, nan 786-845-0550, oubyen rele 211 e mande pou founisè vaksen nan zòn ou an.
           
Lekòl Leta Miami-Dade yo ofri divès kalite tès pou evalye sante elèv yo, anba sipèvizyon anplwaye lekòl la oubyen anplwaye ki bay swen sante. 
           
Yo fè tès vizyon chak ane pou elèv nan klas Jadendanfan, 1ye, 3yèm, 6yèm, ane eskolè, e nouvo elèv nan Florid ki nan 2yèm ane, 4yèm ane ak 5yèm ane eskolè.

Yo fè tès pou tande chak ane pou elèv nan klas Jadendanfan; 1ye, 6yèm ane eskolè e nouvo elèv nan Florid ki nan 3 yèm, 4yèm ak 5yèm ane eskolè.
           
Y ap konseye paran elèv ki pa pase nenpòt nan tès oubyen ki sanble yo ka gen yon pwoblèm vizyon osnon yon pwoblèm tande, pou y al chèche swen medikal kay doktè yo.

Pwogram “Fl. Heiken Children’s Vision” nan bay egzamen konplè ak linèt pou timoun paran yo pa gen gwo sale. Li pote swen je nan lekol yo nan youn nan minibis mobil pou swen je yo.
           
Chak ane, yo fè tès “scoliosis” kolòn vètebral pou elèv 6yèm ane eskolè. 
           
Lè elèv yo gen maladi ki dire lontan oubyen maladi kwonik oubyen andikap ki mande pou yo pran medikaman regilyèman, anplwaye lekòl la ka ede elèv yo, jere oubyen pran medikaman an, lè moman pou elèv la pran medikaman an pa kab ajiste pou l koresponn ak lè li lakay li.
           
Yon paran oubyen gadyen dwe siyen yon fòm konsantman, epi yon doktè lisansye dwe siyen yon plan tretman alekri ak otorizasyon ki eksplike nesesite medikaman an.  Lè yo mande chanjman medikaman an, paran an osnon gadyen an ak doktè a dwe bay nouvo fòm otorizasyon.  Direktè a ap klete medikaman yo nan yon kote yo deziye. 

Pou plis enfòmasyon, kontakte Wilma Steiner, Enfimyè, Direktè, Divizyon Sèvis Elèv, Sèvis Sante Konpreyansif, nan 305-995-1235. 

TOP


KONEKSYON SANTE NAN LEKÒL NOU YO
(HEALTH CONNECT IN OUR SCHOOLS)
 

“The Children’s Trust,” Lekòl Leta Miami-Dade County ak Depatman Sante Miami-Dade County,  ansanm ak patnè kominotè yo te devlope “Health Connect in Our Schools (HCiOS)” (Koneksyon Sante nan  Lekòl nou yo) pandan ane lekòl 2005-2006 la pou sipòte zafè sante elèv ak sante mantal nan Lekòl Leta Miami-Dade County.

Plizyè ekip pwofesyonèl ak parapwofesyonèl, tankou Travayè Sosyal nan Lekòl yo, Enfimyè ak Oksilyè yo ap estasyone nan plis pase 140 lekòl pandan ane lekòl 2015-2016 la. Objektif HCiOS la se pou konekte elèv yo ak yon sant sante medikal/mantal pèmanan andeyò lokal lekòl la, kote prevansyon ak pwomosyon sante tout kò a ap fè elèv ak fanmi yo rive gen yon pi bon lavi, pandan y ap amelyore akonplisman elèv yo.          

Pou plis enfòmasyon, kontakte Ava Goldman, Direktris Administratif Divizyon Sipò Akademik, nan 305-995-2037.

TOP


'PROJECT UPSTART': POWGRAM ASISTANS POU SANZABRI

Anplis kriz ekonomik aktyèl la, kantite fanmi ki bezwen asistans ogmante anpil.  Pwogram Asistans pou Sanzabri se yon pati nan Divizyon Sèvis Elèv.  Gen plizyè diferan don ki sipòte pwogram ak sèvis yo bay elèv sanzabri yo ak fanmi yo.

Si fanmi an ap viv nan nenpòt nan sa k ap suiv yo:

  • Nan yon abri, motèl, machin, oubyen yon kan
  • Nan lari
  • Nan yon bilding ki abandone, trelè, oubyen lojman ki pa adekwat, oubyen
  • Abite ansanm avèk zanmi, oubyen fanmi paske yo pa ka jwenn lojman ki abòdab

Ansuit, timoun ki gen laj klas matènèl ak timoun ki gen laj pou ale lekòl gen kèk dwa oubyen pwoteksyon anba “Mckinney-Vento Homeless Education Assistance Act” (Akò Asistans pou Edikasyon Sanzabri ‘Mckinney-Vento’).  Pitit ou gen dwa pou:

  • Ale lekòl, kèlkeswa kote w ap viv oubyen kantite tan ou te viv la.
  • Kontinye nan lekòl yo te ye a anvan ou te vin sanzabri oubyen dènye lekòl yo te ye a, si se chwa pa ou e si sa fezab.
  • Resevwa transpòtasyon ale nan lekòl ou te ye a anvan fanmi li te vin sanzabri.
  • Anwole nan lekòl san li pa bay yon adrès pèmanan.
  • Ak plis
Pou plis enfòmasyon, silvouplè kontakte Debra Albo-Steiger, Manadjè Pwojè, nan 305-995-7318.


TOP


ORÈ LEKÒL

Lekòl leta Miami-Dade County yo ap ouvri pòt yo lendi 24 out pou kòmanse ane lekòl 2015-2016 la.

Elèv klas matènèl, jadendanfan ak premye ane eskolè pral lekòl a 8:20 dimaten pou 1:50 nan aprèmidi. Elèv dezyèm jiska uityèm ane eskolè pral lekòl a 8:35 pou 3:05 nan aprèmidi nan lekòl elemantè ak Sant K-8 yo. Jou mèkredi, tout lekòl elemantè ak Sant K-8 yo ap lage a 1:50 nan aprèmidi. Paran, silvouplè mande nan lekòl pitit ou a pou konfime a kilè lekòl la antre e a kilè li lage, paske gen lekòl ki pa gen menm orè.

Orè lekòl mwayen yo ap 9:10 dimaten pou 3:50 nan aprèmidi. Orè lekòl segondè yo, ap 7:20 dimaten pou 2:20 nan aprèmidi. Gen kèk lekòl elemantè, mwayen ak segondè, ansanm ak kèk sant K-8 e sant edikasyon altènatif ki ap fonksyone sou orè pa yo. Paran yo ta dwe telefone lekòl pitit yo pou yo konnen lè sa yo. Gen anpil lekòl mwayen ki fonksyone sou orè lekòl segondè. Paran, silvouplè mande nan lekòl pitit ou a pou konfime a kilè lekòl la antre e a kilè li lage.

TOP


DAT ENPÒTAN NAN ANE LEKÒL 2015-2016 LA

KONJE

  • Lendi 7 septanm   - Fèt Travay (Labor Day)
  • Mèkredi 11 novanm  - Fèt Ansyen Konbatan (Veterans Day)
  • Jedi 26 novanm     - Jou Remèsiman (Thanksgiving Day)
  • Lendi 18 janvye    - Komemorasyon Fèt Dtè. Martin Luther King
  • Lendi 15 fevriye    - Fèt Tout Prezidan (All Presidents Day)
  • Lendi 30 me          - Fèt pou Onore Militè ki Mouri nan Sèvis (Memorial Day)

JOU POU PWOFESÈ FÈ PLANIFIKASYON

  • Jedi 20 out 
  • Vandredi 21 out 
  • Lendi 14 septanm

  • Mèkredi 23 septanm

  • Vandredi 30 oktòb - Jounen Devlopman Pwofesyonèl   
  • Mèkredi 25 novanm

  • Lendi 25 janvye
  • Madi 16 fevriye-Jounen Devlopman Pwofesyonèl
  • Vandredi 8 avril

  • Vandredi 10 jen

JOU VAKANS

  • Vandredi 27 novanm - Konje “Thanksgiving” (Jou Remèsiman)
  • Lendi 21 desanm jiska vandredi 1ye janvye  - Vakans Ivè
  • Lendi 21 mas jiska vandredi 25 mas - Vakans Prentan
 

TOP


ESTAJ

Pwogram estaj yo sèvi kòm yon opòtinite pou fè lidè biznis ak kominotè yo pran angajman pou elaji enstriksyon atravè estaj ki konekte ak akademi karyè e domèn enterè elèv yo nan kolèj.

Elèv yo patisipe pandan yo fèk antre nan lekòl segondè oubyen lè yo pral fini e yo gen opòtinite pou aplike fondasyon akademik yo nan yon kad reyèl.

Plasman pou estaj yo fèt pou plis pase 1,500 elèv nan domèn biznis, syans òdinatè, jeni, relasyon piblik, “marketing” (piblisite), dwa ak politik, jounalis, medikal ak anpil lòt endistri.

Pou aprann plis sou pwogram estaj yo kontakte Arlene Martinez, Direktris, Biwo Angajman Kominotè, nan asmartinez@dadeschools.net oubyen rele 305-995-1265.


TOP


PWOGRAM ASISTANS TELEFÒN ‘LIFELINE’ NAN FLORID

Kominikasyon ant paran ak anplwaye lekòl yo vital pou siksè yon elèv. Sepandan, pou kèk paran, kenbe kontak atravè telefòn enposib paske yo pa ka peye pou sèvis sa a. Erezman, pwogram “Lifeline Assistance” (Asistans Vital) la fèt pou asire tout rezidan Florid gen aksè nan sèvis telefòn ak koneksyon nan kay yo.

“Lifeline,” ki se yon pati nan Pwogram Sèvis Inivèsèl federal la, fèt pou fwaye ki gen revni ba, pou yo kapab resevwa yon kredi pou omwen $9.25 chak mwa sou peman telefòn yo oubyen resevwa yon telefòn selilè “Lifeline” gratis ak minit chak mwa.

Enskripsyon nan pwogram nan fasil pou aplikan ki elijib yo. Paran yo kalifye si pitit yo enskri nan Pwogram Nasyonal Repa Midi Gratis la. Yo ka kalifye tou sou baz pwogram benefis gratis oubyen elijiblite selon revni yo.

Bwochi ak fòm aplikasyon “Lifeline” yo disponib ann Anglè, Espayòl ak Kreyòl sou paj prensipal “Public Service Commission (PSC)” (Komisyon Sèvis Piblik) Florid la: www.floridapsc.com.

Pou plis enfòmasyon, aplikan yo ka rele konpayi telefòn lokal yo, Biwo Konseye Piblik la nan 1-800-540-7039 oubyen PSC nan 1-800-342-3552.

TOP


KOURIKOULÒM LEKTI/REDAKSYON JADENDANFAN - 12YÈM ANE ESKOLÈ

Lekòl Leta Miami-Dade County genyen youn nan plan lekti nan peyi a ki pi konpreyansif pou tout elèv Jadendanfan jiska 12yèm ane eskolè, ki gen ladan demand biwo eta a ki rele ?Just Read, Florida!” (Annik Li, Florid!).

Plan distri Jadendanfan - 12yèm ane eskolè “Comprehensive Research-Based Reading Plan (CRRP)” (Lekti Konpreyansif ki Baze sou Rechèch) mande pou gen enstriksyon nan sis eleman esansyèl lekti yo: son, rekonèt son, lekti kouran, vokabilè, konpreyansyon ak langaj oral. Evalyasyon yo gen ladan egzamen, kontwòl pwogrè ak dyagnostik inisyal.

CRRP a, anplwaye yo devlope avèk asistans “Ad Hoc Reading Committee” (Komite pou Amelyore Lekti) a, yo idantifye li nan nivo nasyonal e nan nivo eta kòm yon plan lekti egzanplè ki te pèmèt elèv yo fè pwogrè enpresyonan nan akonplisman yo nan domèn lekti.

Plan obligatwa eta sa a gen ladan estrateji ak eleman sa yo:

  • 90 minit enstriksyon lekti/redaksyon chak jou pou elèv nan klas Jadendanfan rive nan 5yèm ane eskolè;
  • Konsantrasyon chak jou sou enstriksyon sistematik e presi sou fonetik (son), nan Jadendanfan rive nan 3yèm ane eskolè;
  • Yo ofri Anrichisman Entansif nan Lekti pou elèv ki prèske atenn yon metriz nan lang nan;
  • Evalyasyon kapasite elèv nan lekti, nan sèvi ak egzamen, kontwòl pwogrè ak evalyasyon sou dyagnostik lè gen bezwen;
  • Yo ofri entèvansyon imedya, entansif lè gen bezwen, nan tout nivo ane eskolè pou akselere akonplisman nan lekti;
  • Antrenè lekti ak kontak lekti pou sipòte enstriksyon lekti/redaksyon nan lekòl yo seleksyone.

Pami eleman enpòtan nan plan an genyen tou devlopman pwofesyonèl konplè pou pwofesè nan tout nivo, yon apwòch òganize pou enstriksyon lekti, ak yon konsantrasyon sou lekti atravè tout domèn nan kourikoulòm nan avèk atant yo idantifye klèman nan chak nivo ane eskolè ki gen kòm gid Estanda Lekti/Redaksyon Florid. Administratè lekòl la, antrenè pou lekti, Ekip Lidè pou Lekti, ak anplwaye distri a ofri yon sipò sistematik pou senkwonize egzekisyon plan an yon fason ki efikas

Se yon gran varyete òganizasyon kominotè, enstitisyon edikasyon sipreyè ak ajans lokal ki sipòte CRRP K-12 la.


TOP


KOURIKOULÒM MATEMATIK JADENDANFAN - 12YÈM ANE ESKOLÈ

 

Yo fè Kourikoulòm Matematik K-12 la pou ankouraje enstriksyon nan salklas la ki pral ede elèv yo konprann e itilize matematik pou yo rezone, kominike, e rezoud pwoblèm ki nesesè pou siksè nan yon mond teknolojik.

Pwogram etid yo mande pou Matematik nan M-DCPS reflete demand eta ak distri a, ki gen ladan “Mathematics Florida Standards (MAFS)” (Estanda Matematik Florid), jan yo prezante nan Gid Regilasyon Distri M-DCPS.

Objektif ak demand kourikoulòm matematik yo gen konpozan ki ap suiv yo:

  • Nan Jadendanfan - 5yèm ane eskolè, 60 minit konsekitif, san rete, enstriksyon chak jou nan matematik se yon pati nan pwogram etid yo mande a;

  • Pou elèv ki ap antre nan 9yèm ane eskolè an 2015-2016, yo mande kat kredi matematik. Elèv yo

    • dwe resevwa youn kredi nan Aljèb e youn kredi nan Jewometri e yo dwe pase evalyasyon eta,

    • estandadize EOC Aljèb 1 an, oubyen fè yon nòt konparatif nan PERT, yon fason pou yo ka resevwa

    • yon diplòm estanda lekòl segondè.

Nou ap ankouraje elèv yo pou yo patisipe nan konpetisyon matematik tankou “Elementary Math Bowl”, “MATHCOUNTS,” “Mu Alpha Theta,” ak defi matematik “SECME” (yon konpozan nan Ekspozisyon STEM M-DCPS) la pou ede yo devlope e ogmante ladrès rezònman kritik ak rezolisyon pwoblèm.

Depatman Matematik M-DCPS fè patenarya avèk inivèsite lokal e enstitisyon matematik enfòmèl yo pou ofri pwogram ki ap amelyore devlopman pwofesyonèl pou pwofesè e kreye pwogram konpetisyon ak echanj, ansanm ak estaj e eksperyans matematik.

Pou plis enfòmasyon, silvouplè kontakte Michelle R. White, Direktris Egzekitif, Depatman Matematik ak Syans nan 305-995-1939.

TOP


KOURIKOULÒM SYANS JADENDANFAN - 12 YÈM ANE ESKOLÈ

Kourikoulòm Syans K-12 “Miami-Dade County Public School (M-DCPS” (Lekòl Leta Miami-Dade County) a ede elèv yo jwenn konesans debaz sou syans ki nesesè pou yo reyisi nan edikasyon aprè lekòl segondè e nan mache travay la.

  • Nou ap ankouraje elèv yo patisipe nan konpetisyon syans, ki gen ladan fwa syans nan nivo lekòl ak Distri, e Ekspozisyon STEM (Syans, Teknoloji, Jeni, ak Matematik) Miami- Dade pou ede yo devlope e elaji panse syantifik ak aplikasyon konesans yo nan jeni.

  • Sit Entenet Syans ki gen resous pou paran, elev, ak pwofese yo aksesib nan http://science.dadeschools.net.

“DoS” (Depatman Syans) la devlope yon plan syans ki ofri yon apwòch òganize pou amelyore kapasite pwofesè yo pou anseye syans e pou transfòme pratik enstriksyonel ki konsantre sou fòmasyon konsèp ak rezoud pwoblèm, atravè aktivite rechèch enfòmasyon, aktivite pratik, ak entegrasyon teknoloji.

Dos nan patenarya avèk inivèsite lokal e enstitisyon syantifik enfòmèl yo pou ofri pwogram ki ap amelyore devlopman pwofesyonèl pou pwofesè; sipòte konpetisyon plan STEM elèv yo; patwone pwogram pou al kontakte fanmi yo; ofri estaj e eksperyans syans, an jeneral.

Pou plis enfòmasyon, silvouplè kontakte Dtè. Ava D. Rosales, Direktris Egzekitif, Depatman Matematik ak Syans, nan 305-995-1939.

TOP


KOMISYON KONSÈY LEKÒL MIAMI-DADE COUNTY

Komisyon Konsèy Lekòl Leta Miami-Dade County, Florida egzèse otorite lejislatif sou sistèm lekòl la, e li detèmine règ yo an konfòmite ak lwa Florid yo.  Chak ofisyèl ki eli nan komisyon konsèy nèf-manm nan reprezante yon distri espesifik anndan county a. 
           
Komisyon Konsèy Lekòl la fè reyinyon regilye l yo jeneralman yon fwa pa mwa, lè mèkredi a 11:45 nan maten, nan oditoryòm nan ki nan premye etaj “School Board Administration Building (SBAB),” (Bilding Administrasyon Komisyon Konsèy Lekòl) la ki nan 1450 N.E. Second Avenue.  Dat yo apwouve yo afiche nan “Citizen Information Center” (Sant Enfòmasyon Sitwayen) an nan SBAB, Chanm 102, e sou paj Entènèt Lekòl Leta Miami-Dade County nan: www.dadeschools.net/schoolboard/meetings/schedule.asp. Piblik la ka patisipe nan reyinyon yo ki sou televizyon andirèk sou WLRN-TV Kanal 17, sou radyo nan WLRN-FM 91.3 e sou Entènèt nan www.wlrn.org.
           
Sitwayen ki enterese kapab adrese komisyon konsèy la sou sijè ki enskri nan pwogram nan oubyen sijè ki pa sou pwogram nan lè yo fè yon demand alekri bay Sant Enfòmasyon Sitwayen an anvan 4:30 nan aprèmidi lendi anvan reyinyon an.  Sitwayen yo ka adrese komisyon konsèy la sou sijè ki pa nan pwogram nan, sèlman pandan odyans piblik yo, ki fèt imedyatman apre konklizyon pwogram regilye a, men pa pita pase 6:30 diswa.  Ou ka jwenn delè e pwosedi ki diferan lè ou pa suiv delè lendi a, nan rele Sant Enfòmasyon Sitwayen an, nan 305-995-1128.  Nenpòt moun nan piblik la ki gen pou pale e ki bezwen sèvis yon entèprèt Panyòl osnon Kreyòl, lè l ap pale devan Komisyon Konsèy la, dwe mande sèvis sa a lè li fè demand alekri pou l pale a.
           
Fòm pou fè demand pou konparèt devan Komisyon Konsèy Lekòl la disponib sou Entènèt nan cic.dadeschools.net nan tout Sant Rejyonal yo ak nan Sant Enfòmasyon Sitwayen an, SBAB Chanm 158.  Nimewo faks la se 305-995-1151.
           
Biwo Manm Komisyon Konsèy Lekòl yo lokalize nan Bilding Administrasyon Komisyon Konsèy Lekòl la.  Nou ka kontakte manm Komisyon Konsèy Lekòl yo nan 305-995-1334.

Men Manm Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County, Florid:

  • Chèmann, Madan Perla Tabares Hantman (Distri 4)

  • Vis-Chèmann, Dtè. Lawrence S. Feldman (Distri 9)

  • Dtè. Dorothy Bendross-Mindingall (Distri 2)

  • Mesye Renier Diaz de la Portilla (Distri 5)

  • Dtè. Wilbert “Tee” Holloway (Distri 1)

  • Dtè. Martin S. Karp (Distri 3)

  • Lubby Navarro (Distri 7)

  • Dtè. Marta Pérez (Distri 8)

  • Madan Raquel A. Regalado (Distri 6)

TOP


AKADEMI PARAN AN: 
Ap Ede Paran Yo Ede Pitit yo Reyisi Lekòl

Travay yon paran pa fasil.  Li pa vini ak yon manyèl.  Se sa ki fè Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) kreye Akademi Paran An – yon sous pou ede reponn kesyon paran yo sou sijè ki afekte lavi timoun, tankou ede timoun yo aprann, ladrès paran, kontwòl finans, e sante ak byennèt.  

Akademi Paran An sipòte paran pou yo vin pi aktif nan edikasyon pitit yo nan ofri atelye gratis pandan tout ane a nan lekòl leta yo, bibliyotèk, plas piblik, kolèj, biznis prive ak sant nan katye yo atravè konte a. Sant Resous Lokal ki nan Konplèks Edikasyonèl Parkway la ofri paran opòtinite adisyonèl tou tankou sèvis aplikasyon gratis pou sitwayènte, kou òdinatè debaz ak aksè Entènèt gratis nan Espas Entènèt pou Paran li a. Paran yo gen opòtinite pou patisipe nan atelye ki sou menm liy avèk bezwen yo e ki apwopriye avèk lakay yo e kote y ap travay.

Kourikoulòm Akademi Paran an ede ofri paran yo plis ladrès, konesans ak konfyans nan tèt yo pou yo ka defann edikasyon pitit yo.

Akademi Paran An asosye avèk òganizasyon kominotè yo pou li prezante aktivite enteresan pou fanmi aprann e ki ankouraje tout fanmi an aprann ansanm. Evènman tèm yo fèt nan andwa ki amizan, edikatif e kiltirèlman anrichisan. Evènman sa yo konbine sijè akademik, eksplorasyon ak dekouvèt pandan yo ap ankouraje echanj pozitif ant paran e timoun. Sou sit Entènèt Akademi Paran An n ap jwenn lis aktivite ak atelye yo pral ofri yo.

Pou plis enfòmasyon, silvouplè rele Akademi Paran An nan 305-995-2680 oubyen vizite sit Entènèt nou an nan http://theparentacademy.dadeschools.net.

 

TOP


PATISIPASYON PARAN: KLE POU REYISIT ELÈV

Pandan elèv yo ap retounen lekòl, paran yo ranpli ak espwa pou pitit yo reyisi. Bagay ki pi enpòtan paran ka fè se patisipe nan edikasyon pitit yo.  

Yo ankouraje paran yo ale nan aktivite lekòl ak reyinyon yo, espesyalman nan “Open House” (Jounen pou Vizite Lekòl) yo fè chak ane a. Antre nan “PTA - Parent-Teacher Association” (Asosyasyon Paran-Pwofesè) oubyen “PTSA - Parent-Teacher-Student Association” (Asosyasyon Paran-Pwofesè-Elèv) lekòl yo e patisipe nan “Educational Excellence School Advisory Council (EESAC)” (Konsèy Lekòl sou Ekselans Edikasyonèl) se lòt fason ki ekselan pou angaje w. Patisipasyon sa a enpòtan nan chak nivo edikasyon pitit ou a, espesyalman nan ane kritik adolesans yo. Paran bezwen kenbe kominikasyon ouvè e onèt epi travay ansanm avèk pwofesè yo pou asiste elèv yo nan pran desizyon akademik e planifye pou lavni.

Paran ka jwenn enfòmasyon edikasyonèl, resous kominotè, anons, kalandriye aktivite ak atelye nan lekòl pitit yo ye oubyen lè yo ale nan gid “Frequently Asked Questions” (Kesyon Moun Poze Souvan) yo nan www.engagemiamidade.net/-?frequently-asked-questions-guide/c1jtm.

Yo bay paran yo plizyè rapò atravè Pòtal Paran an pandan ane a pou asiste yo nan evalye siksè elèv yo a, ansanm ak pèfòmans lekòl la an jeneral. Règ Komisyon Konsèy Lekòl la sou patisipasyon paran (Patisipasyon Paran 2111 – Yon Patenarya Lakay-Lekòl - Distri) detaye dwa ak responsablite paran yo pandan y ap travay ak lekòl la pou asire siksè elèv la. Gen anpil rapo ki montre

Kèk lòt etap enpòtan chak paran dwe pran enkli:

  • Ede pitit ou devlope bon abitid pou etid, bay pitit ou yon kote ki anpè, byen klere ak yon biwo oubyen tab pou l fè devwa l chak swa;
  • Asire ou pitit ou prepare pou l aprann, nan pran bonjan repo ak nouriti e asire ou li prepare emosyonèlman pou l etidye chak jou;  
  • Ofri ankourajman, asiste, gide pitit ou pou l ka fè devwa ki difisil e rezoud pwoblèm sosyal yo poukont li; e
  • Kenbe kontak ak pwofesè pitit ou nan voye nòt alekri oubyen mesaj pa lèt elektwonik, e fè aranjman pou pale nan telefòn oubyen fè konferans an pèsòn. Anplwaye biwo lekòl la, asistan direktè a oubyen konseye a ap asiste w nan fè aranjman pou reyinyon sa yo.

Pou plis enfòmasyon, paran ta dwe kontakte administrasyon lekòl la, oubyen kontakte Biwo Angajman Kominotè a nan 305-995-1265 oubyen vizite www.engagemiamidade.net.

TOP


RADYO LEKÒL – PWOGRAM AN KREYÒL POU KOMINOTE AYISYEN AN

Lekòl Leta Miami-Dade County ap prezante Radyo Lekòl, yon pwogram nouvèl sou edikasyon ki 30 minit, an Kreyòl.

Radyo Lekòl ranfòse kominikasyon avèk Ayisyen ki pa pale Anglè nan kominote a. Pwogram nan pase sou WLRN-FM 91.3, lendi – vandredi a 9:06 diswa e sou WSRF-AM 1580, mèkredi a 10:30 dimaten.

Pou plis enfòmasyon, rele Carline Faustin, Direktris/Prezantatris, Biwo Zafè Ayisyen nan Depatman Relasyon Piblik, nan 305-995-1188 oubyen Simone Degraff, Espesyalis Medya/Prezantatris, nan 305-995-4247.

 

TOP


SEKIRITE NAN LEKÒL

Sekirite nan lekòl yo se priyorite prensipal “Miami-Dade County Public School (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County).  W ap jwenn enfòmasyon anba a sou kòman pou w rapòte krim ak lot sitiyasyon ki ka afekte kominote lekòl la.

Sistèm Endis Distri a pou Repòtaj Anonim nan rele “Be Safe” (Fò w Ansekirite), ki gen ladan voye mesaj tèks, li gen tou sipò Entènèt ak telefòn pou repòtaj anonim sou pwoblèm sekirite nan lekòl.  Sistèm repòtaj “Be Safe” la pèmèt elèv, anplwaye, paran oubyen piblik la pou yo rapòte ensidan kote gen krim, zam, vyolasyon sou dwòg ak lòt sousi sou sekirite ki genyen nan lekòl yo; konsa y ap redui laperèz pou vanjans e evite lòt ensidan.

Yo ka sèvi ak “Be Safe” pou adrese nenpòt krim, dezòd, oubyen konpòtman twoublan e li se yon zouti prevansyon ki patikilyèman efikas pou ankouraje elèv ak lòt moun pou yo rapòte ensidan ki menase sekirite anviwònman lekòl la.

“Be Safe” disponib nan itilize nenpòt nan twa Opsyon sa yo:

  • Repòtaj sou ENTÈNÈT: Yo mete lyen sou paj Entènèt Dadeschools.net yo ki pral redirije itilizatè a sou BeSafe.dadeschools.net.  Gen yon fòm anonim pou ranpli e voye nan moman sa a. Aksè Dirèk: http://besafe.dadeschools.net 
  • MESAJ TÈKS: Avèk yon telefòn selilè, ou ka voye yon mesaj tèks nan 274637 (CRIMES) avèk mesaj tèks la ki kòmanse avèk “BESAFE;” e endis anonim nan ki vin apre.
  • Repòtaj pa TELEFÒN: Kontinye itilize 305-995-COPS (2677)

Gen tou anpil bwat depo ki lokalize nan lekòl yo kote elèv yo ka depoze enfòmasyon pou rapòte krim ak lòt ensidan e rete anonim. Lekòl Leta Miami-Dade County ak lapolis lekòl la aksepte tou endis anonim an pèsonn, e yo pwomèt pou yo toujou pwoteje idantite moun ki ta vle vin bay enfòmasyon konsènan sekirite nan lekòl nou yo.

Pou rapòte elèv k ap fè woul, manm kominote a ka rele 305-371-SKIP (7547).  Moun ki reponn liy enfòmasyon sa a se moun ki antrene pou sa, ki anrejistre enfòmasyon an e asire yon repons rapid bò kote Depatman Polis Lekòl Miami-Dade la oubyen lòt ajans aplikasyon lalwa ki apwopriye.

Se menm jan tou, patenarya Distri a avèk Pwogram “Crime Stoppers” (Sispann Krim) e lòt òganizasyon ki remakab, pèmèt piblik la rele 305-471-TIPS pou bay enfòmasyon san yo pa bay non yo.  Moun ki rele pou bay enfòmasyon kapab elijib pou rekonpans lajan.

(M-DCPS) etabli yon liy enfòmasyon pou direktè/tris, konsa yo ka kontakte Distri a imedyatman anka gen yon ensidan kritik. Yon fwa yo resevwa apèl la, yo voye yon notifikasyon elektwonik bay anplwaye Distri a ak Sant Rejyonal la.  Pwosesis notifikasyon sa a te redui kantite apèl yo te mande yon direktè pou l fè e sa pèmèt anplwaye nan lekòl yo konsantre sou ensidan yo gen nan men yo a.

Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) gen yon plan detaye ki rele “Emergency Operation Plan” (Plan Operasyon Ijans) ki bay anplwaye yo machasuiv ak pwosedi pou yo adrese yon varyete ensidan kritik ki ka rive nan lekòl yo. Anplis, sistèm lekòl la genyen yon “District Critical Incident Response Team (DCIRT)” (Ekip Jesyon Ensidan Kritik nan Distri a) ki disponib pou asiste lekòl yo anka gen yon ensidan kritik.  DCIRT a satisfè estanda “National Incident Management System” (Sistèm Nasyonal pou Jere Ensidan) an.

Anfen, nou vle raple paran ak moun k ap bay swen ki ap kondui nan zòn sekirite lekòl oubyen nan zòn ki pre lekòl, yo jwe yon wòl enpòtan nan ogmante sekirite toupre lekòl yo nan kenbe abitid kondui byen.  Nan lè elèv ap rive lekòl e lè y ap kite lekòl la, chofè yo souvan nan prese e yo distrè.  Tandans sa a ka antrene move kondisyon sekirite pou elèv ak lòt moun k ap mache, woule bisiklèt, e kondui machin nan zòn nan, konsa, silvouplè kontwole sa k ap pase bò kote nou e obeyi tout lwa sikilasyon yo lè n ap kondui machin nan zòn lekòl yo.  Pa voye mesaj tèks e kontwole vitès nou! 

Gen enfòmasyon adisyonèl ki disponib sou sit Entènèt nou an nan http://mdspolice.com. 

 

TOP


TRANSPÒTASYON LEKÒL

Lekòl Leta Miami-Dade County ap bay transpòtasyon pou plis pase 60,000 elèv pa jou pou ane lekòl sa a, l ap itilize 1,300 otobis sou prèske 1,000 wout bis lekòl yo pase. Yo bay sèvis transpòtasyon an pou elèv ki abite nan yon distans plis pase de (2) “miles” (3.22 km) pa rapò ak lekòl yo, e pou elèv ki gen bezwen espesyal.

Elèv, ki elijib pou transpòtasyon e ki te pran otobis pou ane lekòl 2014-2015 la, ap resevwa otomatikman yon asiyasyon pou otobis pou ane lekòl 2015-2016 la. Paran timoun ki elijib pou transpòtasyon, men ki PA t itilize sèvis otobis lekòl nou yo pandan ane lekòl 2014-2015 la, dwe kontakte Biwo Wout Otobis Lekòl ki nan Depatman Transpòtasyon an nan 305-969-2225, pou yo ka pran yon asiyasyon otobis pou pitit yo.

Anvan lekòl ouvri, paran tout elèv ki elijib pou transpòtasyon ap resevwa yon kat postal ki soti nan Distri a ki ap idantifye estasyon ak lè otobis la ap pase pran elèv la e kilè l ap depoze li.

Yo ap poste enfòmasyon konsènan bis elèv yo chak swa sou Pòtal Paran an tou nan www.dadeschools.net kòmanse 10 out 2015. Yo ap renouvle enfòmasyon sa yo chak swa. Yo ankouraje paran yo pou yo tcheke enfòmasyon yo pandan tout ane lekòl la pou yo ka gen enfòmasyon ki pi ajou sou ki otobis pitit yo ap gen pou yo pran.

Paran ki enterese konnen si pitit yo elijib pou jwenn transpòtasyon ta dwe kontakte lekòl pitit yo a pou enfòmasyon. Enfòmasyon sou responsablite paran/gadyen ak règ pou konduit elèv pandan yo nan otobis lekòl yo poste sou sit Entènèt Depatman Transpòtasyon an: dot.dadeschools.net.


TOP


PWOGRAM VOLONTÈ LEKÒL

Pwogram Volontè Lekòl la gen ladan volontè serye e ki gan talan ak konseye ki ap sèvi lekòl nou yo pou sipòte objektif Distri a ki se siksè elèv yo.  Volontè yo travay anba direksyon Direktè a e/oubyen lyezon volontè lekòl la, e yo konsidere yo kòm patnè nou nan edikasyon.  Avan yo kòmanse sèvi, tout volontè dwe enskri nan pòtal M-DCPS la kote y ap fè yon rechèch konpreyansif konplè sou istwa pase yo.  Gen plis pase 30 aktivite volontè ou ka chwazi, tankou: 

  • Asiste nan Salklas – ede yon pwofesè avèk bezwen endividyèl salklas la.
  • Bay Leson – travay avèk ti gwoup nan salklas la anba direksyon pwofesè a pou ede avèk travay akademik elèv la.
  • Siveye nan Pwomnad – ede pwofesè ak elèv lè gen pwomnad.
  • Asiste nan Klib – gen ladan klib ki la pou renfòse lekòl ak lòt òganizasyon ki gen rapò ak lekòl.
  • Disponib pou Koute  – yon adilt ki se zanmi yon timoun, anba direksyon yon konseye lekòl.
  • Bay Konsèy – volontè yo mete youn a youn avèk elèv oubyen an ti gwoup.  Wòl yo se bay yon sistèm sipò pou elèv yo. 

Pou enskri kòm volontè nan yon lekòl, kontakte biwo prensipal lekòl ou a pou w ka pale avèk Lyezon Volontè Lekòl la oubyen vizite sit Entènèt nou an nan dadeschools.net e enskri nan pòtal paran oubyen pòtal kominotè a.
Pou plis enfòmasyon sou kijan pou vin yon konseye oubyen volontè sètifye silvouplè rele 305-995-2995.

TOP


EGZAMEN ESTANDA

 

Yo mezire siksè ak pwogrè elèv nan Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) chak ane avèk egzamen estandadize distri, eta ak nasyonal yo. Lis ki anba a gen kèk nan egzamen enpòtan yo.

“Florida Standard Assessment (FSA)” (Evalyasyon Estanda Florid), ranplase egzamen “Florida Comprehensive Assessment Test (FCAT) 2.0” (Egzamen Evalyasyon Konpreyansif Florid), pou prentan sa a. Nouvo evalyasyon yo ap mezire pwogrè ak akonplisman chak elèv nan Estanda Florid yo.

Yo pral administre evalyasyon FSA ki ap suiv yo:

  • Lekti/Redaksyon Anglè nan 3yèm-11yèm ane eskolè ki gen ladan Lekti, Lang, ak Ekout; yo ap mete tou yon pati Redaksyon nan 4yèm-11yèm ane eskolè

  • Matematik nan 3yèm-8yèm ane eskolè

  • Aljèb 1 EOC

  • Aljèb 2 EOC

  • Jewometri EOC

Nouvo egzamen yo ap ofri yon evalyasyon ki pi reyèl sou FSA yo, paske l ap gen plis pase kesyon chwa miltip. Yo ap mande elèv pou yo kreye tablo, fè entèraksyon avèk kontni egzamen yo e ekri ak reponn fason ki diferan de egzamen tradisyonèl yo. Nouvo kalite kesyon sa yo pral evalye ladrès rezònman ki pi wo lakay elèv la, nan fè fas ak atant FSA yo.

Anplis, y ap kontinye evalye “Next Generation Sunshine State Standards (NGSSS)” (Estanda Nouvo Jenerasyon Eta ‘Sunshine’) avèk FCAT 2.0 Syans nan 5yèm ak 8yèm ane eskolè; Repriz Lekti FCAT 2.0; Repriz EOC Aljèb 1; EOC Biyoloji 1; EOC Sivik; ak EOC Istwa Etazini.

Yo ap kalkile evalyasyon NGSSS EOC nan Aljèb I, Biyoloji 1, Sivik, Jewometri, ak Istwa Etazini pou 30 pousan nan nòt final elèv yo pou kou a. Se elèv ki enskri nan kou EOC ki elijib yo ki ap pran evalyasyon sa yo, kèlkeswa nivo ane eskolè yo.

Elèv ki te antre nan 9yèm ane eskolè an 2012-2013, dwe fè yon nòt pasaj nan egzamen gradyasyon Lekti FCAT 2.0 a pou satisfè demand pou yo ka gen yon diplòm estanda lekòl segondè. Elèv ki pa fè nòt pasaj nan egzamen Lekti a ap gen lòt opòtinite pou repran egzamen an nan otòn ak prentan.

“Florida Assessment for Instruction in Reading (FAIR)” (Egzamen Florid pou Enstriksyon nan Lekti) ak iReady evalye pwogrè elèv la nan l ap devlope ladrès kritik nan lekti, e/oubyen devlopman ladrès pou konn li bonè, e yo administre yo nan otòn, ivè, prentan. iReady ki gen yon konpozan enstriksyonèl tou, yo administre li pou tout elèv nan Jedendanfan-3yèm ane eskolè, e pou elèv yo seleksyone nan 6yèm – 8yèm ane esklolè. Yo administre FAIR pou elèv yo seleksyone nan 9yèm – 12yèm ane eskolè.

Elèv yo kapab chwazi tou pou yo patisipe nan pwogram ki ap suiv yo Konsèy Administrasyon Kolèj la ak "ACT" Inc. ofri:

• “PSAT” se yon egzamen y ap bay tout elèv 10yèm ane eskolè ak elèv 9yèm e 11yèm ane eskolè ki enterese, ann oktòb. PSAT a ofri pratik pou pran egzamen SAT e li se egzamen ki detèmine si elèv la kalifye pou pwogram "National Merit Scholarship" (Bousetid ‘Merit’ Nasyonal). Nan eseye ranfòse preparasyon pou kolèj e pou sipòte seleksyon kou ki pi rijid pami elèv nan lekòl segondè nan Florid, eta Florid te fòme yon patenarya avèk Konsèy Administrasyon Kolèj la pou peye frè egzamen pou tout elèv 10yèm ane eskolè ka patisipe nan PSAT a.

• Egzamen SAT, ak ACT egzamen opsyonèl pou antre nan kolèj, elèv yo ka pran pandan tout ane lekòl la. Elèv ki ap pran SAT oswa ACT a ka mande pou yo voye nòt yo bay kolèj oubyen inivèsite yo chwazi yo. Anplis, nòt pasaj elèv yo fè nan SAT ak ACT ka sèvi pou satisfè demand pou egzamen gradyasyon Lekti FCAT 2.0 e nòt pasaj konparatif nan Matematik PERT la ka sèvi pou satisfe demand pou egzamen EOC Aljèb 1 an.

Yo fè elèv ak fanmi yo konnen rezilta egzamen yo nan yon tan rezonab. Lekòl elèv yo ba yo rezilta pwogram egzamen distri ak eta yo pou pote lakay, e yo poste yo sou Pòtal Paran Distri a. Paran ki bezwen èd pou yo entèprete nòt sa yo, dwe kontakte pwofesè pitit yo oubyen konseye gidans yo.

Pou plis enfòmasyon sou egzamen sa yo ak lòt egzamen, tcheke "testing calendar" (kalandriye egzamen) an nan paj Entènèt distri a nan www.dadeschools.net.  Gen plis enfòmasyon sou chak pwogram egzamen yo ki disponib nan http://oada.dadeschools.net/TestInfo/testinformation.asp.

TOP


DOSYE ELÈV AK ENFÒMASYON KONFIDANSYÈL

Lwa Eta Florid ki rele "Family Educational Rights and Privacy Act" (Akò Edikasyonèl sou Dwa ak Vi Prive Fanmi) ak seksyon 1002.22, Kondisyon Florid, pwoteje vi prive, e yo garanti paran, gadyen ak elèv aksè sou enfòmasyon ki nan dosye edikasyonèl elèv yo.  Paran an garanti dwa pou l kesyone egzaktitid dosye sa yo.

Daprè lwa sa yo, yon moun pa gen dwa devwale enfòmasyon ki nan dosye yon elèv san konsantman davans paran an, gadyen an oubyen elèv ki elijib la, sof nan ka eksepsyon ki mansyone nan lwa anwo yo.  Lwa yo genyen sèten eksepsyon konsènan demand konsantman davans pou livre dosye elèv ki enkli, men ki pa limite ak, ofisyèl lekòl yo ki gen yon enterè lejitim nan zafè edikasyon, epitou nan ka kote tribinal voye manda oswa pase lòd tribinal.  Lwa yo bay tou paran ak elèv ki depase laj 18 an, ki kesyone validite done sa yo, pèmisyon pou mande yon rankont.  Si yo refize damand la nan nivo lekòl la, yo ka fè yon apèl nan nivo Sipèentandan Rejyon an.  Si yo refize damand la nan nivo rejyon an, yo ka fè yon apèl devan Direktè Distri, Divizyon Sèvis Elèv.  Pou asire respè lwa yo, sistèm lekòl la pibliye enfòmasyon detaye ki di fason pou kenbe e livre dosye elèv yo.  Enfòmasyon sa yo nan Manyèl Dosye Edikasyonèl Elèv la, yo mete kòm referans nan Règleman Komisyon Konsèy Lekòl 6GX13-5B-1.07.

Ckak lekòl dwe avèti paran, gadyen oubyen elèv ki elijib yo anyèlman e alekri, sou dwa yo genyen pou yo enspekte e revize dosye elèv yo.  Yon fwa yon elèv genyen 18 lane oubyen li nan yon enstitisyon ki bay edikasyon aprè lekòl segondè, pèmisyon oubyen konsantman yo te mande paran yo, e dwa yo te akòde yo, vin transfere bay elèv la sèlman, amwenske elèv la kalifye kòm yon depandan anba pwovizyon lwa a.

Elèv yo dwe kontakte biwo enskripsyon lekòl yo, si yo vle voye relve nòt yo bay kolèj oubyen sèvis ki bay bous etid yo.

TOP


KANPAY ANPLWAYE AK ELÈV POU “UNITED WAY” NAN
DISTRI A PRAN PREMYE PLAS NAN TOUT PEYI A

Nan selebre 41 ane patenarya, anplwaye ak elèv Lekòl Leta Miami-Dade County te kontribye plis pase $33 milyon pou United Way, e yo pran devan tout sistèm lekòl nan peyi a nan fè kanpay.

Pou anpil elèv, patisipe nan kanpay la vin tounen yon eksperyans pou aprann ki fè sans. Kanpay United Way pou ane sa a ap kòmanse 28 septanm pou 30 oktòb.

United Way ede timoun ak jèn jwenn siksè nan lekòl e retire yo lari a, li asire granmoun yo jwenn swen ak akonpayman, li bay fanmi yo zouti yo bezwen pou yo rete ansanm, li ede moun rete ansante e byen pòtan, li fè pwomosyon endepandans ekonomik, e li chèche èd vit lè gen ijans.

Pou plis enfòmasyon, silvouplè kontakte Diana Venturini, Direktris, Biwo Angajman Kominotè nan 305-995-1367.

TOP


RADYO, TELÈVIZYON PIBLIK WLRN
SÈVI KOMINOTE SID FLORID LA


Radyo ak Televizyon Piblik WLRN se yon antrepriz ki gen divès aspè ki lisansye anba Komisyon Konsèy  Lekòl Miami-Dade County, ki gen televizyon, radyo ak pwopriyete medya enstriksyonèl.  Pami medya  difizyon yo genyen WLRN-TV 17.1 ak WLRN Learn 17.2 ki afilye avèk (PBS), e WLRN-FM 91.3 ak  WKWM-FM 91.5 (ki sèvi Florida Keys) ki afilye avèk (NPR).

WLRN-TV gen yon piblik plis pase 800,000 moun ki gade li pa mwa, soti anba Palm Beach County rive Key  West.  Kanal 17.1 difize plis pwogram timoun pase nenpòt lòt estasyon difizyon lokal avèk plis pase 70 èdtan prezantasyon chak semèn avèk kontni ki resevwa prim.  Yo rekonèt WLRN-TV kòm meyè estasyon PBS "Ready To Learn (RTL)" (Pare pou Aprann) nan Florid, ki konbine bonjan pwogram televizyon PBS pou timoun ak yon varyete efò pou rive jwenn kominote a pou ede timoun devlope ladrès pou aprann.  WLRN-RTL devlope patenarya avèk òganizasyon kominotè lokal yo e li fè atelye gratis pou bay paran, pwofesè, ak founisè swen pou timoun yo resous pou yo ka asire jèn timoun nan kominote nou an pare pou aprann lè yo antre lekòl. 

Kanal 17.1 difize tou dokimantè PBS ki pran gwo prim, biyografi ak pwogram mizik tankou “Nature, Nova”, “American Experience,” ak “Great Performances.”  Telespektatè yo ka gade pwogram televizyon piblik ki pi popilè ki pase chak semèn, tankou "Antiques Roadshow, Globe Trekker, Charlie Rose," ak plizyè lòt espektak sou kuizin ak anrichisman kiltirèl.      

Anplis, WLRN-TV pwodui dokimantè televize ki resevwa prim ki fè gwo efè nan Sid Florid la e li distribye kontni sa yo nasyonalman bay lòt estasyon PBS. Pami dokimantè orijinal ki ranpòte Prim yo, genyen: “Deep City: The Birth of the Miami Sound,” yon istwa konsènan de (2) jeni mizikal, Willie Clarke ak Johnny Pearsall, ki te kreye premye konpayi pwodiksyon disk nan Florid, ki se pwopriyete moun nwa, yo te rele “Deep City Records” nan mitan ane 60 yo; “Treblinka’s Last Witness,” yon fim pasyonan e emosyonèl kote dènye sivivan moun konnen, Samuel Willenberg, an pèsòn, rakonte lavi li pandan “Holocaust” (Jenosid Nazi yo) e kòm yon prizonye Juif nan Treblinka, youn nan twa Kan Lanmò yo “Aktion Reinhard”; ak “Journey to the Macy’s Thanksgiving Day Parade ki ofri yon koudèy prive e enspirasyonèl sou kisa sa mande pou w patisipe nan youn nan pi gwo evènman nan ane a, lè yo te seleksyone Fanfa Florid “Tarpon Spring” pou pèfòme nan parad 2013 la. 

WLRN-TV Learn 17.2 ofri yon varyete chwa kontni altènatif ki gen ladan pwogram timoun ann Espayòl; egzèsis lejè, detant ak seri yoga; pwogram PBS kòman pou fè kuizin, emisyon penti ak ar; plis nouvèl entènasyonal ak pwogram kiltirèl. 

WLRN-FM 91.3, ki klase antèt nan estasyon NPR nan Florid, sèvi yon piblik plis pase 400,000 moun pa  semèn, soti Palm Beach rive Key West, li ofri pwogram tankou  "Morning Edition, All Things Considered, A Prairie Home Companion avèk Car Talk."  WKWM-FM 91.5 se estasyon NPR ki sèvi "Florida Keys”. 

 WLRN Radio emèt tou nan fòma radyo dijital HD avèk de (2) kouran pwogramasyon: 91.3-1, ki difize nan menm moman avèk pwogramasyon kanal prensipal la, e 91.3-2, ki rele “WLRN XTRA HD”, ki prezante pwogramasyon “alternative news and talk” (nouvèl ak koze altènatif).  Toude kouran sa yo disponib sou Entènèt nan www.wlrn.org.

WLRN-FM ofri tou youn nan pi gwo Sèvis Lekti sou Radyo nan peyi a ? yon sèvis 24 sou 24, 7-jou pa semèn pou rezidan nan Sid Florid la ki gen pwoblèm pou wè.     

WLRN Instrumental Television (ITV) jere Bibliyotèk Videyo distri lekòl Miami-Dade, ki se yon bibliyotèk ki la pou prete moun videyo (DVD) ki sipòte tout faz enstriksyon edikasyonèl yo.  WLRN ITV pwograme e li jere tou rezo televizyon sikui fèmen distri a ki bay elèv ak pwofesè douz (12) chèn ki gen kontni enstriksyonèl ki aksesib dirèkteman nan salklas la.    

WLRN se founisè Sid Florid pou “PBS TeacherLine,” ki se opòtinite devlopman pwofesyonèl sou Entènèt pou edikatè.  Kou kalite siperyè sa yo, ki baze sou estanda e sou nivo ane eskolè, yo fè yo nan yon fòma aksesib
sou Entènèt ki fè aprantisaj la enteresan, fleksib e kolaboratif. 

Pou plis enfòmasyon konsènan Radyo ak Televizyon Piblik WLRN, silvouplè rele 305-995- 1717 oubyen vizite www.wlrn.org.

   

 


Top