Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
10/2/2020
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Preparasyon pou Paran/Elèv – Kòman pou w Prepare e Kisa pou Atann

Apati lendi 5 oktòb, plis pase 51 pousan elèv “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ap kòmanse modèl aprantisaj Bilding Lekòl senk jou pa semèn nan, yon fwa lekòl yo kòmanse reouvèti gradyèl yo. Elèv paran yo te chwazi “My School Online (MSO)” (Lekòl Mwen Sou Entènèt) ap rete nan aprantisaj distans. Paran yo ta dwe deja resevwa kat notifikasyon yo pa lapòs, ki endike preferans yo te chwazi a. Ou ka jwenn enfòmaskyon sa yo tou sou aplikasyon Mobil Dadeschools la oubyen sou Pòtal Elèv la. Nan premye jou lekòl la, elèv yo dwe prepare pou montre kat la oubyen yon aparèy mobil ki endike yo konfime pou retou fizik nan lekòl la.

 

Klike LA A pou w ka wè mesaj Sipèentandan Alberto M. Carvalho pou paran/gadyen.

 

M-DCPS pase plizyè mwa ap dezenfekte, entreteni e modènize andwa lekòl ak otobis lekòl li yo, e li devlope yon varyete nouvo pwotokòl ak pwosedi pou maksimize sekirite pou elèv ak anplwaye yo. Nou bay enfòmaskyon sa yo an detay nan gid reouvèti lekòl M-DCPS, ki disponib nan lang Anglè, Espayòl ak Kreyòl nan reopening.dadeschools.net.

 

Elèv ak paran/gadyen yo tou jwe yon wòl kritikman-enpòtan nan fasilite sekirite pou tout moun. Anvan tout bagay, paran dwe kenbe pitit yo lakay yo lè yo malad, si yo ta montre siy ak sentòm yon maladi kontajye, e/oubyen si yo te vin an kontak deprè avèk yon moun ki te teste pozitif pou COVID-19. Anplis, M-DCPS kreye yon lis verifikasyon anvan yo rive lekòl, At-Home Daily Student Health Screening,” (Depistaj Sante Elèv Chak Jou nan Kay), pou paran yo detèmine si pitit yo ta dwe ale lekòl. Ou ka jwenn lis verifikasyon an nan reopening.dadeschools.net.

 

Tout anplwaye M-DCPS yo ranpli tou yon tès sante chak jou, anvan yo antre nan lekòl oubyen nan etablisman distri yo. Pandan pwofesè ak administratè yo ap fè tout sa ki posib pou ankouraje konpòtman ki an sekirite nan lekòl la, li egalman enpòtan pou fanmi yo aksantye konpòtman ki an sante lakay yo, e pou yo pale ak pitit yo sou chanjman yo espere wè pandan ane lekòl sa a.  

 

Sa Nou Atann de Tout Elèv

·      Rete lakay si nou malad.

·      Itilize dezenfektan pou men ki gen omwen 60% alkòl lè y ap antre nan bilding nan. Nou ka jwenn estasyon pou dezenfekte men nan zòn anpil moun frekante e nan salklas yo.

·      Lave e/oubyen dezenfekte men nou souvan.

·      Evite touche vizaj ak zye nou.

·      Ogmante distans fizik nan mezi nou kapab.

·      Chak jou, mete yon kouvèti pou vizaj ki apwopriye, byen chita sou vizaj nou e ki pwoteje nen ak bouch nou, nan lekòl e nan otobis. (N ap jwenn plis enfòmaskyon sou kouvèti pou vizaj anba a.) Nou atann pou elèv yo konnen kijan pou yo sèvi ak kouvèti pou vizaj yo pandan tout jounen lekòl la.

·      Limite itilizasyon objè anpil moun ap itilize, tankou ekipman edikasyon fizik, ekipman pou timoun jwe, objè atistik, objè pou jwe, ak jwèt pou timoun. Objè plizyè elèv ap itilize dwe netwaye apre chak itilizasyon.

·      Pote pwòp boutèy dlo ou pou w ka itilize plizyè fwa. Fontèn dlo yo ap fèmen e n ap mete estasyon idratasyon disponib pou ka replen boutèy dlo yo. 

·      Suiv tout direksyon pwofesè ak administratè nou ba nou pou sekirite kominote lekòl la. Li patikilyèman enpòtan pou elèv yo rete nan salklas ak espas yo mete yo a.  

 

Kouvèti pou Vizaj ak Distans Sosyal

·      Paran ak gadyen dwe asire yo voye pitit yo lekòl avèk yon mask ki apwopriye, e elèv yo konprann kijan e kilè pou yo itilize mask la pandan tout jounen lekòl la.

·      Tout moun dwe mete mask lè yo sou pwopriyete komisyon konsèy lekòl la, nan aktivite komisyon konsèy lekòl la, oubyen lè yo monte yon otobis oubyen yon lòt transpò ki apwouve. Elèv  ak timoun ki gen plis pase dezan dwe vin lekòl chak jou avek kouvèti pèsonèl pou vizaj yo.

·      Si yon elèv bezwen yon kouvèti pou vizaj li, nou mande paran pou yo kontakte direktè lekòl pitit yo alavans.  

·      Kouvèti pou vizaj dwe fèt avèk pou pi piti yon moso twal double ki pèmèt moun respire, ki ka lave, ki kouvri nen ak je konplètman; e li dwe byen chita bo kote vizaj elèv la san okenn espas.  

·      Elèv  pa dwe janm pataje mask.

·      Se direktè lekòl la dirèkteman ki dwe apwouve egzanpsyon konsènan kouvèti pou vizaj la, alavans.

·      Kouvèti pou vizaj yo dwe satisfè egzijans Règleman sou Konduit, ak Règleman sou Abiman ak Inifòm Lekòl. Mask yo pa dwe gen sou yo mesaj endesan, vilgè, ki gen rapò ak dwòg, ki gen rapò ak gang, pwovokan, oubyen imaj ki grafik.

·      Elèv ka mete tou linèt pwoteksyon e/oubyen boukliye pou vizaj, anplis mask la, depi yo pa nwasi yo oubyen tente yo yon fason ki eksesif.

 

 

 

Si Gen yon Moun nan Kay la ki Gen COVID-19

·      Si gen nenpòt moun nan kay kote elèv  la rete a ki gen COVID-19, paran/gadyen enfòme lekòl la elèv la te ekspoze ak maladi a.

·      Lekòl la ap konsilte depatman sante piblik pou evalye prekosyon apwopriye yo ki gen ladan, men ki pa limite ak:

o   Mande pou elèv  la(yo) rete lakay pandan 14 jou pou pwoteje kominote lekòl la.

o   Lekòl la ap travay avèk paran an ansanm ak elèv  la pou kenbe elèv la angaje nan travay klas li genyen nan moman an, nan mezi posib.

o   Enfòmasyon yo ap rete konfidansyèl, jan lalwa mande, eksepte nan sitiyasyon  kote li nesesè pou pwoteje anplwaye ak lòt elèv kont transmisyon viris la.

 

Lòt Enfòmasyon Enpòtan pou Paran/Gadyen

 

Pwosedi Lè Lekòl ap Antre/Lage

Nan mezi posib, elèv , paran, ak vizite dwe toujou kenbe yon distans sosyal maksimòm. Lekòl la ap pataje ak paran yo pwosedi espesifik pou lè lekòl ap antre/lage.

 

Aparèy Dijital ak Founiti Klasik

Nan modèl Bilding Lekòl la, se chak pwofesè endividyèlman ki ap detèmine si gen bezwen pou elèv pote aparèy yo. Si yon elèv  pa gen yon aparèy, paran yo dwe kontakte direktè lekòl pitit yo pou mande youn. Elèv yo dwe chaje aparèy yo lakay yo chak swa. Lekòl yo ap ofri paran yo lis pou founiti klasik selon ane eskolè pitit yo.  

 

Enfòmasyon sou Kontak

M-DCPS gen abilite pou kominike kòrèkteman e avèk efikasite avèk paran atravè mesaj vwa, tèks, ak imèl. Li enpòtan pou lekòl pitit ou a gen enfòmasyon pi ajou sou kontak ou. Paran ka bay dènye enfòmasyon yo nan kontakte direktè lekòl pitit yo a. Yo ka chwazi pou resevwa mesaj tèks ijan nan voye mesaj tèks “Y” nan 67587 sou aparèy mobil yo.

 

Aplikasyon Mobil Dadeschools

Aplikasyon Mobil Dadeschools la se yon aplikasyon ak plizyè fonksyon pou paran. Resevwa enfòmasyon enpòtan tankou orè klas, nòt lekòl, nouvèl Distri ak anpil lòt. Telechaje aplikasyon gratis sa a nan aparèy iPhone oubyen Android ou.

 

Iminizasyon ak Vaksen pou “Flu” (Grip)

Nou ankouraje paran pou yo tcheke dosye vaksen pitit yo pou wè si yo gen pou yo pran vaksen yo mande pou antre lekòl la. Nou mande pou tout elèv M-DCPS pran vaksen selon laj yo pou elèv ki gen laj pou ale lekòl pou ane lekòl 2020-2021 an, ki gen ladan elèv ki ap patisipe sèlman nan “My School Online (MSO)” (Lekòl Mwen sou Entènèt). Anplis, jan Sant pou Kontwòl Maladi rekòmande li, meyè fason pou evite grip sezon an se pran yon vaksen kont grip chak ane. Klike LA A pou yon lis kote elèv M-DPS yo ka resevwa vaksen gratis kont grip. 

 

Manje nan Lekòl yo

Tout elèv pral gen aksè pou dejene ak repa midi gratis jiska 31 desanm 2020. Elèv ki prale an pèsonn pral manje manje yo nan kafeterya, salklas oubyen nan yon lòt kote yo deziyen, baze sou plan espesifik lekòl la. Nou pral eskane badj idantifikasyon elèv kounye a pou asire yo resevwa manje, sa ap elimine itilizasyon klavye òdinatè a. Elèv ki prale nan MSO ap ka al chèche plizyè repa madi ak jedi, soti 4:00 rive 5:30 nan aprèmidi. 

 

Transpò

Elèv ki elijib pou transpò Distri a pral resevwa enfòmasyon kòm yon pati nan notifikasyon n ap voye pa lapòs la. Paran ka tcheke aplikasyon dadeschools la tou ansanm ak Pòtal Elèv la pou enfòmasyon sou otobis lekòl yo. Nou ap enplemante estrateji tankou redui kantite elèv nan otobis lekòl, egzije kouvèti pou vizaj pandan yo nan otobis yo, e n ap enplemante yon rekonfigirasyon pou wout otobis yo pou pou maksimòm sekirite. Estasyon pou dezenfekte men ap disponib nan chak otobis lekòl. Nou ap dezenfekte otobis lekòl yo chak jou ant wout maten ak aprèmidi yo.

 

Vizite Etablisman Lekòl yo

Pou evite kontaminasyon COVID-19 la, n ap redui e limite akse pou vizite nan dieksyon lekòl la. Paran yo ta dwe kontakte lekòl yo direktèman pou pran yon randevou. Nenpot vizite ki jwenn pemisyon pou antre nan bilding Distri a ap pase yon depistaj e li dwe suiv tout machasuiv Distri a.

Resous M-DCPS

·      Reouveti Lekòl: reopening.dadeschools.net/ kontinye ofri dènye enfòmasyon ak resous, tankou Gid Reouveti M-DCPS Reopening Guide, “FAQ” (Kesyon Moun Poze Souvan), lyen itil ak seminè sou entènèt pou paran.

·      Akademi Paran an: www.parentacademymiami.com sipòte e motive fanmi avèk aksè sou enfòmasyon ak resous enpòtan sou fòm yon gran varyete zouti fòmasyon, seminè sou entènèt ak resous. Akademi Paran an ap fè nouvo seminè sou entènèt, chak semèn nan twa lang.

·      Depatman Sèvis Sante Mantal: mentalhealthservices.dadeschools.net oubyen (305) 995-7100 pou sipo, sèvis ak resous pou elèv  ak fanmi.

·      Liy Èd pou Aprantisaj a Distans: 305-995-HELP (4357) pou elèv ak paran/gadyen ki gen kesyon sou aprantisaj a distans.

·      Liy pou Sipò Jeneral: 305-995-3000 pou kesyon jeneral, ki pa konsène aprantisaj a distans

·      Pwojè ‘UP-START’: 305-995-7558 pou elèv ki pa gen lojman estab.

·      Edikasyon pou Adilt ak Karyè/Teknik: 305-558-8000 pou adilt e/oubyen elèv karyè Teknik ak enfòmasyon sou enskripsyon.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM e 6è diswa sou RCH 23 1610AM. 

 

Telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho


# # #

20-DGD/039/HD/SD/CM

Follow us