Pwogram
Asistans pou Kolèj (CAP) “Miami-Dade County Public School (M-DCPS)” (Lekòl Leta
Miami-Dade County) ap ofri fwa kolèj ak atelye preparasyon pou kolèj sou
entènèt pou paran ak elèv. Nou te kreye nouvo zouti planifikasyon sa yo pou ede
paran yo avèk planifikasyon pou kolèj, aplike pou èd finansyè oubyen bousdetid,
enskri pou fwa kolèj yo, e yo fèt pou ofri elèv ak paran enfòmasyon yo bezwen
pou yo ka fè yon bon chwa pou kolèj.
Pandan mwa sa a, gen
divès eta ki ap patisipe nan evènman Mwa Aplikasyon pou Kolèj la kote elèv ak
fanmi ka resevwa èd nan pwosesis aplikasyon an. “Free Application for Federal Student Aid
(FAFSA)” (Aplikasyon Gratis pou Èd Federal pou Elèv) disponib kounye a e plizyè eta ap fè atelye gratis sou èd finansye.
Resous M-DCPS
genyen sou entènèt yo ogmante aksesiblite ak ekite pou
tout elèv, e seminè
sou entènèt yo ede elèv ak paran ki petèt pa gen aksè fasafas avèk konseye CAP nan lekòl yo. Atelye sa yo
se resous ki pral reprezante yon avantaj pou Fwa Kolèj Nasyonal ki fèt chak ane a ki pwograme pou fevriye
pwochen.
Klike sou lyen anba yo pou plis enfòmasyon e
pou enskri pou seminè sou entènèt ki pral fèt chak semèn:
13 oktòb
6è diswa – 7è diswa
Planning for College Is
a Four-Year Journey RaiseMe Micro-Scholarships
15 oktòb
7è diswa - 9è diswa
The State University
System: Your College Adventure Awaits
18 oktòb
Midi – 8è diswa
NACAC Virtual College
Fair
21 oktòb
6è diswa – 7è diswa
Transitioning to
College for Students with Disabilities
22 oktòb
4è nan aprèmidi - 6è diswa
Historically Black
Colleges and Universities (HBCU) Fair
29 oktòb
6è diswa – 8è diswa
Miami-Dade County
Public Schools Technical College Fair
Plizyè Sesyon
Connecting to Ivy
League Institutions
Pou dènye
enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a
9è diswa sou WLRN 91.3FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa
sou RCH 23 1610AM.
Telechaje
aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps
ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools
ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools
ak AlbertoCarvalho
# # #
20-DGD/040/HD/CM/RL