Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
10/12/2020
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Akeyi Retou Lekòl Elèv nan Reouvèti Espase

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) fini avèk siksè premye semèn lekòl an pèsòn nan, ki te kòmanse lendi, pou elèv fanmi yo te chwazi modèl aprantisaj nan Bilding Lekòl la. Kòmanse vandredi plis pase 120,000 elèv te ale lekòl, e dè milye edikatè te retounen nan salklas yo. Nou dwe felisite elèv, fanmi, pwofesè ak administratè yo dèske yo ajiste yo avèk anpil prekosyon nouvo pwotokòl sante yo, ki jwe yon wòl enpòtan anpil pou kenbe lekòl yo an sekirite. Semèn sa a, dè dizèn de milye paran ak anplwaye nan tout kominote a te ranpli tès depistaj sante a lakay yo; elèv ak anplwaye te kouvri figi yo; yo te espase arive otobis yo ak paran ki te vin depoze elèv e yo te kenbe distans sosyal.

Sepandan, M-DCPS te konfime kat ka pozitif COVID-19 nan kat diferan lekòl. Enfòmasyon preliminè endike yo pa te kontrakte viris la nan lekòl yo e nou te suiv pwosedi retrase kontak ki etabli yo, nan asire nou te avize imedyatman nenpòt moun ki te antre an kontak deprè avèk endividi yo nan lekòl la oubyen nan yon otobis lekòl la. Tout kominote lekòl la tou te resevwa notifikasyon byen vit aprè konfimasyon yo. Anplis nou te byen dezenfekte tout lekòl la anvan elèv ak anplwaye yo te retounen. M-DCPS rete angaje pou pwoteje byennèt elèv ak anplwaye nou yo.

Fanmi yo se premye liy defans pou anpeche fiti ka COVID-19 nan lekòl nou yo. Nou ankouraje tout paran pou yo ranpli yon lis verifikasyon tès depistaj sante chak jou lakay yo, yo ka jwenn li nan http://reopening.dadeschools.net e kenbe pitit yo lakay yo si yo montre nenpòt sentòm maladi. Li obligatwa pou tout anplwaye M-DCPS fè yon tès depistaj sante chak jou anvan yo antre nan lekòl ak etablisman Distri yo.

Reouvèti espase la te kòmanse lendi avèk klas matènèl rive nan 1ye ane eskolè, ansanm ak elèv ki gen bezwen espesyal ki nan yon kourikoulòm modifye. Mèkredi, rès elèv elemantè yo, ansanm ak elèv klas 6èm, 9èm, ak 10èm ane eskolè te retounen nan kanpous lekòl yo. Jodi a, nou te akeyi retou elèv ki nan klas 7èm ak 8èm, 11èm ak 12èm ane eskolè. Modèl aprantisaj an pèsòn nan pa yon egzijans e prèske mwatye nan elèv M-DCPS yo te chwazi pou kontinye aprantisaj a distans atravè “My School Online (MSO)” (Lekòl Mwen Sou Entènèt).

Pèsonèl lekòl, rejyon, ak distri yo, te fè plizyè vizit enspeksyon e yo te bay anpil asirans ki gen rapò ak mezi sante ak sekirite pou diminye risk transmisyon COVID-19 la. Toude, elèv ak anplwaye yo te suiv bonjan pratik yo. Sa ki anba yo se dènye enfòmasyon nan domèn ak enterè patikilye:

Teknoloji Distri a pa t eksperimante okenn pwoblèm jeneralize nan domèn konektivite semèn sa a. Gen kèk

2

ensidan izole nou te rezoud rapidman. Teknisyen mikwosistèm nan lekòl yo kontinye ap ofri elèv ak pwofesè sipò nesesè pou pwoblèm teknik tipik yo nenpòt lè yo poze.

Transpò Tout otobis lekòl M-DCPS yo ekipe avèk estasyon pou dezenfekte men e nou redui kapasite otobis yo pou pwomote distans sosyal. Flòt otobis Distri a ki gen plis pase 1,000 otobis lekòl te kòmanse opere plizyè santèn wout transpò, kòmanse lendi maten.

Sèvis Manje Elèv ki nan bilding lekòl yo resevwa dejne ak repa midi gratis e yo manje repa yo selon plan espesifik chak lekòl te devlope. Elèv MSO yo ka kontinye al pran manje yo madi ak jedi, soti 4:00 nan aprèmidi rive 5:30 nan aprèmidi nan tout lekòl atravè Distri a.

Sanitasyon ak Mentnans Pou asire yon repons rapid pou enkyetid konsènan èkondisyone ak vantilasyon, anplwaye mentnans yo te gentan pran pozisyon atravè distri a pou adrese pwoblèm ki ka poze yo imedyatman. Anplis, nou te ofri e deplwaye plis pase 1,100 sistèm pòtab pou filtre lè nan lekòl yo, e nou bay priyorite a kanpous ki pa gen fenèt yo ansanm ak sa ki gen pwogram ”Early Head Start and Head Start” (Lekòl pou Timoun Anbazaj). Distri a te enstale tou 43,000 nouvo filtè. Pwotokòl sanitasyon ki fèt souvan e an pwofondè ap rete anplas. Nou ka jwenn plis enfòmasyon sou efè sa yo nan gid reouvèti ‘Reopen Smart, Return Safe’ M-DCPS la nan http://reopening.dadeschools.net.

Kominikasyon Pou asire tout moun ki gen enterè nan kominote a rete enfòme, Distri a kontinye avèk apwòch li a ki gen plizyè fonksyon pou kominike atant li pou yon retou fizik nan bilding lekòl la. Distri a kontinye mete ajouj paj li kreye pou reouvèti lekòl la, http://reopening.dadeschools.net, ki gen ladan kesyon espesifik li ajoute konsènan bilding lekòl la nan seksyon Kesyon Moun Poze Souvan an. Nou te devlope e distribye yon lis Sa Moun Dwe Tcheke pou Retou Lekòl la bay fanmi nan plizyè lang atravè mesaj otomatik. Nou deja pibliye enfòmasyon atravè imèl, medya sosyal, ansanm ak pwogram radyo Distri a genyen regilyèman. Nou bay mesaj tèks, enfòmasyon konsènan sa paran ak elèv ka atann nan reouvèti lekòl nan bilding lekòl la, tankou konsèy pou konsènan depistaj sante paran yo dwe fè pou timoun avan yo voye yo lekòl chak maten. Entèvyou sou radyo ak televizyon ofri mwayen adisyonèl pou gaye enfòmasyon. Gen kominikasyon ki gen rapò ak lekòl nou difize atravè telefòn, imèl, mesaj tèks ak medya sosyal. Liy Jeneral pou Sipò a (305-995-3000) rete disponib pou resevwa apèl telefonik elèv, paran, anplwaye ak moun ki gen enterè nan kominote a, e Liy Sipò pou Aprantisaj a Distans la (305-995-HELP) kontinye ap ede elèv, paran ansanm ak pwofesè avèk kesyon ki gen rapè ak MSO. Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM e 6è diswa sou RCH 23 1610AM. Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho


# # #

20-DGD/042HD/SD/CM

Follow us